LELE nan san nan san nèt

Informations de contact, plan et itinéraire, formulaire de contact, heures d'ouverture, services, évaluations, photos, vidéos et annonces de LELE nan san nan san nèt, Prêt-à-porter et accessoires, Delmas.

23/01/2022

🌹Maten an nou vin di'w sa BO yo sinyifi (sa yo vle Di) ak Jès yo tagg yon Moun ou konnen ki renmen bo:

1- Yon Bo sou do men vle di : Je t'adore fèm devni moun pa'w
2- yon Bo bò figi vle di : mwen vle nou jis rete zanmi pa plis ke sa
3- yon Bo bò kou vle di : mwen vle'w, pa kitem.
4- yon bo sou tèt bouch vledi : wi mwen renmen'w
5- yon bo nan zòrèy vle di : se jwe map jwe
6- yon bo sou fwon vle di map proteje'w
Men ki siy yo ye.

👉 yon Bo sou do men se siy respè
👉 yon Bo nan kou se siy pasyon
👉 yon Bo sou fron se siy proteksyon
👉 yon Bo sou nen se siy Trayizon
👉yon Bo sou do pye se siy Obeyisans
👉 yon Bo sou tèt bouch se siy L'amour
👉 yon Bo sou chevew se siy tandrès
👉 yon Bo sou manton ou son siy de farouch

🌹Kounya men Jès yo:

💗 s'il antre men'w nan men'l pandan nap mache sa vle di'l di'w li fidèl.

💗 si'w wè lap gade'w anpil nan 2 grenn zye aprè on ti diskisyon sa vle di se padon'w lap tann, li vle'w padone'l.

💗si lap karese ti cheve'w, jwe avè yo sa vle di li admire'w.

💗 si'w wè'l renmen sasiyèt ou, pike bò kòt ou sa vle di'l renmen kò ou, fizik ou atire'l.

-💗 s'il dòmi nan bra'w sa vle dil vle rete nan vi ou.

💗 si lap manyen kwis ou, sa vle dil sou sa, li anvi'w.

💗si lap s***e bò kou'w, sa vle di'l vle fè lanmou avè'w.

💗 si lap mezire senti'w, lap peze'l sa vle di'l dezire de ou.

💗 aprè'w fin d'il on bagay ou wèl pran 2 lè'w dousman sa vle dil dakò avè'w.

💗 sil mòde'w nan zòrèy sa vle di li vle coeur ou.

💗 si'l file'w lang sa vle di li anvi pran lang ou.

💗si pandan nap jwe apre sa'w wè'l rete lap gade'w sa son kesyon, li jis vle di'w èske'w renmen'm tout bon.

💗 s'il grate pla men'w, sa vle di li anvi'w, li vle sèks .

💗 si'l met men'l sou fwon'w sa vle di li renmen'w amò, li pap ka viv san ou.

💗 si'l anbrase'w nan senti ak 2 men sa vle di mwen amoureux(se).

💗 s'il peze dwèt ou sa vle di anbrase'm.

💗 s'il mete men'l sou dèyè'w sa vle di mwen pa vle kite'w ale.

💗 si lap pase men nan do'w tou dousman sa vle di li anvi fè lanmou avè'w.

💗💗💗💗💗💗💗💗💗💗💗💗💗💗💗💗💗

Èske'w konnen sa vrèman bèl lè nou tou 2 konnen tout ti jès sa yo, nou ka ap pale antre nou moun pa janm konnen.... Men domaj pafwa fi a konnen yo, gason an pa konnen yo, pafwa se gason an ki konnen fi a pa konnen yo. Ebyen nou koupe sa sèk, apati de jodi a. Tout koup dwe konnen sa yo.

✔ Sispann di lanmou pa egziste se nan feyton ki gen lanmou, e ou ki efò'w fè poul egziste, poukisa'w pafè feyton a 2 a mennaj ou ?✌

26/10/2021

Aprèw fin li tèks sa ou pap minimize aransò ankò,men tout byenfè aransò gen sou sante nou, men kiyes ki pa dwe manje aransò

Pataje tèks sa poul ka atenn plis ayisyen ka jwenn konesans paske nou souvan tande ayisyen ap di li manje janbon kounya li pap tounen nan aransò, yo redwi aransò a manje malere pou yo montre yo pap manje aransò, konsa tou gen moun ki pap manje pate oubyen spageti san aransò...genyen ki pa negosye ti chiktay yo

Poutan li fè pati de pwason gra yo
selon American Heart Association(AHA) moun ta dwe konsome pwason sa yo o mwen 2 fwa pa semenn pou pwofite de byenfè yo sou sante nou
eben jodya m vin prezante nou sak nan aransò e tout byenfè aransò gen sante yon moun ke n te ka pa konnen

Aransò fè pati de pwason ke yo plis peche nan moman, li rich an vitamin B yo, vitamin A a vitamin D, li gen "selenium a phosphore" etc...

Li gen omega 3 ki redwi risk maladi kè a veso, maladi azaymè, regile imè moun e konbat depresyon , li bloke kwasans selil kansè yo

-anransò son ekselan sous pwoteyin li gen 9 asid amine esansyèl ki pa pwodwi pa kò nou ke n ap jwenn nan aransò an ,pwoteyin bon pou fòmasyon anzim, po, òmonn,"muscle",zo, plizyè etid revele efikasite pwoteyin pwason yo sitou mori genyen nan sekresyon ensilin ki pèmèt kò an konsome s*k sa ki ede nou konbat maladi s*k

Lòt etid montre efikasite pwason gra yo genyen sou enflamasyon nan atikilasyon

Aransò rich an fosfò ki se 2èm mineral ki pi abondan nan kò nou aprè calcium, fosfò bon pou sante dan, zo,pou selil ki nan kò, pou devlopman kò nou

-Aransò rich an selenium ki ede kò an lite kont radiko lib pou pwoteje selil e prevni kansè

-Aransò gen vitamin B2 ki son bon reparatè tisi ki nan kò nou, nan fòmasyon globill wouj nan san nou

-aransò gen vitamin B3 ki bon pou fòmasyon ADN nan kò a pou bon devlopman nou

-aransò rich an vitamin B6 ki bon pou sistèm nève nou

-li gen vitamin B9 ki de konsè an vitamin B12 jwe yon wòl nan fòmasyon selil ki nan san nou, kidonk aransò bon pou san

-Li gen vitamin A ki bon zye nou anplis de sa ki bon pou sante po a dan nou

-li gen vitamin D ki bon pou sante zo a ede ranfòse sistèm defans kò nou

-li gen fè ki bon pou san

-li gen" zinc" ki bon pou s*katrize blese, devlopman bebe nan vant manman,òmonn seksyèl,a òmonn nan tiwoyid nou, li ede pankreya nan patisipe nan sentèz a liberasyon ensilin pou lite kont maladi s*k

Gen kèk kategori moun ki pa dwe manje anransò:

-a koz aransò rich an" purine" moun ki soufri maladi gout pa dwe konsomel ,gout la ki se yon maladi ki lye avek yon to acide urique ki wo, kom konsekans li koze enflamasyon nan atikilasyon, e bay gwo doulè nan atikilasyon

-moun ki soufri maladi tansyon paske aransò gen anpil sèl

-fanm ansent pa dwe manje pwason boukannen ni aransò kri paske li ka kenbe anpil bakteri,viris sa ki ka fatal pou fanm ansent

Like & pataje pou plis moun ka jwenn konesans

Idantifye yon moun li avèw

Kerry NORBRUN

08/10/2021

Tray paran ayisyen ap fè tifi yo pase pou kesyon vyèj, li jis nan fen nap wè jèn gason yo konn ap fè de medam yo

pa kenbe konesans sa pou kòw, pa neglije pataje tèks sa

Jiska jounen jodya paran ayisyen toujou ap di depi tifi p**i fò sa vle dil nan ti gason, genyen konn ap fè tifi ouvri janm timoun yo men lajè pou chèche konnen, oubyen eseye antre dwèt yo, kiyes ki konbyen jèn fi an Ayiti ki grandi a twoma sa yo

Pataje tèks sa pou plis ayisyen jwenn konesans paske m konn tande pale ke gen paran ki konn bat tifi a rigwaz make tout po timoun nan paske yo te tande jan tifi an tap p**i an li p**i fò, yo konn kite mak a twomatis sou tifi yo

Gen paran tou aprè chak yon nonb de jou yo fè tifi yo ouvri pye yo men lajè pou chèche konn si yo vyèj, genyen menm ki konn ap fouye dwèt yo nan ti vajen tifi yo pou chèche konn si yo vyèj, nan fouye dwèt konn genyen ki tou pèdi tifi yo paske yo konn nik fouye dwèt yo nan vajen tifi an san gaye

Men anpil sa yo pa konnen , se ke youn nan sa yo estime yo pa gen rapò a tifi vyèj

Ann pran p**i an , dabò fòn konnen kanal pou pèmèt fi p**i an sòti an pa gen anyen pou wè a vajen , p**i pa sot nan yon kanal yo rele irèt ki debouche sou yon ti twou ki pa anlè vajen an, e l pa gen anyen a wè a vajen, vajen li mm son pasaj ki al bay sou kòl matris fi an , irèt la li menm sot nan vesi ,p**i fò p**i fèb depann de volim p**i kap vini an li pa gen anyen pou wè

2èm kwayans lan se chak fwa paran yo ap fouye chèche gade si tifi vyèj , yap chèche imèn nan sa yo inyore se ke imèn nan konn disparèt pou kòl avèk laj sitou lakay tifi ki renmen pratike ekzèsis fizik oubyen renmen monte beka'n , se rezon sa ki fè OMS retire tès vijinite nan pratik medikal, si yon paran mennen yon timoun kay Doktè pou chèche konn sil vyèj yo ka sanksyone doktè sa e timoun sa a lavni ka pot plent pou paran

3eme pawòl la pi di toujou se paran kap tate tifi yo , tate an se eseye antre dwèt yo pou konn si tifi an vyèj , sa o kontrè se pèdi yo pèdi tifi an , genyen ki konn bay san a sa , ki donk sa yo pa gen okenn rapò a vijinite

Bonis: gen anpil gason ayisyen ki konn ap baze sou ti krèm blach vajen an fi konn bay nan moman sèks pou di fi an pa fè sèks lontan si gason an gen lontanl pa wè fi an lèl ap sèks avèl sil pa wè ti krèm sa yo konn kite fi an e di fi an ap twonpe yo, eben ti krèm sa pa gen okenn rapò a fè sèks se kèk jou avan fi an gen règ li ou plis wèl se sa yo rele deskwamasyon an se vajen an kap renouvle kouch li e nan pwosesis renouvèlman li konn bay ti krèm sa

Like & pataje pou plis moun ka jwenn konesans

Idantifye yon moun li avèw

Kerry NORBRUN

Pou tout moun ki tap mandem poum refere nou yon pedyat, m jwenn yon bon pedyat pou nou ak yon bèl klinik ki ekipe

ki se Dr Sanon Nathalie li fè etid li a letranje li tounen nan peyil poul ede l sistèm sante an,
klinik li byen ekipe e byen areye e pwòp, e respekte tout mezi pwoteksyon yo jann ka ap gade nan imaj sa yo la ,timoun nan ap tou benefisye de yon check up jeneral si tout fwal ta gen yon lòt pwoblèm , Dr an ap gentan detektel avan sa grav

nik di Se Kerry NORBRUN ki voyew nan klinik la pou w benefisye de avantaj yo , e yon pri abòdab menm ou menm ap sezi
klinik lan ouvri de 09h00 AM pou fini a 01h PM. Adrès la se 23 Rue Richard Jules Delmas 75.

Pou plis infòmasyon nou ka rele nan nimewo sa : +509 4273-5020
Siw gen whatsapp klike sou lien sa pouw ka pran randevou:
https://wa.me/+50942735020
Lew fin klike sou lien klike sou "continuer vers la discussion" wap antre dirèk

29/07/2021
Photos from My hair'bio style's post 21/05/2021
14/05/2021

VIN SIPÒTE ATIS OU A LELE

Vous voulez que votre entreprise soit Magasin De Vêtements la plus cotée à Delmas ?
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Vidéos (voir toutes)

VIN SIPÒTE ATIS OU A LELE

Site Web

Adresse

Delmas
Autres Prêt-à-porter et accessoires à Delmas (voir toutes)
BLACK INDY official BLACK INDY official
C. Celo
Delmas

Viens regarder une vidéo avec moi, viens évacuer le stress

Couba deal Couba deal
Delmas, 6120

Fayou-Mi entreprise Fayou-Mi entreprise
Tabarre 62
Delmas

Xpress Way Store Xpress Way Store
Delmas

Xpress Way Store est un e-market spécialisé dans la vente de vetements et accessoires par l’inte

L'alpha 2000 Shop L'alpha 2000 Shop
Delmas 29
Delmas, HT6120

La Classe et votre style sont notre priorité �

Paryaj lakay Paryaj lakay
Village De La Paix
Delmas

Dayoo  pirerre-antoine Dayoo pirerre-antoine
Jacmèl
Delmas

Jhonsley_509 Jhonsley_509
Port-au-Prince
Delmas, DESÀLOIN

Vous êtes déjà abonné à cette page?

Plaka pa'm Plaka pa'm
Delmas 33 , Rue Street Patrick
Delmas

De La  Tête aux Pieds Store De La Tête aux Pieds Store
Auto Route Delmas 40A
Delmas

vente de vêtement et accessoires