EDIKANET

EDIKANÈT, se asosiyasyon edikatif, ki konpoze de jèn etidyan natif natal, ki bay tèt yo objetif,

EDIKANET 10/12/2023

PATAJE OPINYON W PANDAN W GEN CHANS POU W GENYEN !

EDIKANET_
_Edikasyon nan Lang Kreyòl Ayisyen sou Entènèt_


Mwa desanm nan rive ! Ane a pral fini, anpil espwa ap boujonnen pou ane k ap vini an.

_Kijan w ta renmen pase fen ane sila a ?_
_Ki pwojè w pou ane 2024 la ?_
Nou tout ki ta renmen fè desanm nou bèl epi genyen kichòy, EDIKANET di nou : Vini !

Anpil bon bagay deja la ap tann nou, vin bay jarèt pou yon nouvèl Ayiti menmjan ak nou.
Konkou deba anliy EDIKANET ap òganize a se yon pòt ki louvri,anpil kado, prim ak staj gentan sèten pou gayan yo.

Kisa ki anpeche w vin youn ladan yo ?

Yon videyo ki dire 5minit 59 segonn pou pi plis, epi pale ak tout kè w se sa sèlman.

Pa gen laj , sèl kondisyon pale kreyòl byen .

Pou nou kapab enskri:
_Klike sou_ 👇🏿
https://forms.gle/yJdnYbbxyoUkLt9v7

Oubyen

Ekri nou sou :
[email protected]

+50941583394

WhatsApp oubyen Telegram

_Demen se nou jodi a !_

EDIKANET

EDIKANET Men enfòmasyon yo: KONKOU DEBA ANLIY _Pou nou kapab enskri nan konkou deba EDIKANET ap òganize a, nou dwe ranpli fòmilè sa a epi suiv enstriksyon yo._

07/12/2023

Opòtinite pou tout Ayisyen alawonnbadè !

Photos from EDIKANET's post 06/12/2023

PATAJE OPINYON W PANDAN W GEN CHANS POU W GENYEN !

EDIKANET
_Edikasyon nan Lang Kreyòl Ayisyen sou Entènèt_


Mwa desanm nan rive ! Ane a pral fini, anpil espwa ap boujonnen pou ane k ap vini an.

_Kijan w ta renmen pase fen ane sila a ?_
_Ki pwojè w pou ane 2024 la ?_
Nou tout ki ta renmen fè desanm nou bèl epi genyen kichòy, EDIKANET di nou : Vini !

Anpil bon bagay deja la ap tann nou, vin bay jarèt pou yon nouvèl Ayiti menmjan ak nou.
Konkou deba anliy EDIKANETap òganize a se yon pòt ki louvri,anpil kado, prim ak staj gentan sèten pou gayan yo.

Kisa ki anpeche w vin youn ladan yo ?

Yon videyo ki dire 5minit 59 segonn pou pi plis, epi pale ak tout kè w se sa sèlman.

Pa gen laj , sèl kondisyon pale kreyòl byen .

Pou nou kapab enskri:
_Klike sou_ 👇🏿 https://forms.gle/yJdnYbbxyoUkLt9v7

Oubyen

Ekri nou sou :
[email protected]

+50941583394

WhatsApp oubyen Telegram

_Demen se nou jodi a !_

Photos from EDIKANET's post 05/12/2023

Mèt Seremoni aktivite ki te fèt sou Lang Kreyòl la 28 Oktòb pase nan Fakilte Dwa ak Syans Ekonomik Pòtoprens, FDSE Inivèsite Leta Ayiti...

01/12/2023

Fanm !🧐🤔

Tout sa w pa t janm konn sou fanm ! W ap sezi. 30/11/2023

Sa w pa ta panse ...

Tout sa w pa t janm konn sou fanm ! W ap sezi. Fanm ooo !Yo pa t janm panse sa... men poutan.

30/10/2023

Zonbi nan lekòl Ann Ayiti...

Photos from EDIKANET's post 29/10/2023

Jodi 28 oktòb 2023, nou te bay yon konferans sou kijan nou ka fè Kreyòl la sèvi lang potomitan pou fè konnen patrimwàn entèlektyèl, kiltirèl, ak ekonomik Ayisyen ?! Difikilte ak pòt ki louvri.

Se te nan Fakilte Dwa ak Syans Ekonomik, Pòtoprens, FDSE, Inivèsite Leta.

EDIKANET te resevwa envitasyon sal 3èm ane jiridik vakasyon maten pou diskite sou gwo bout tonton sijè ke nou bay tèt nou misyon pou travay la. Avèk pou envite onè sou panèl la tou Pwofesè Caleb, e kamarad Pierrevensky ki sòti Fakilte Etnoloji !

Mèsi ak Asistans lan ki te deplase pou fè Yon ti batbouch ansanm pandan n t ap komemore Lang ak kilti Kreyòl nan jou selebrasyon fèt li.
Jan pwovèb la Di l La, Yon sèl dwèt pa manje kalalou.

25/10/2023

Pou selebrasyon jounen lang ak kilti Kreyòl, komite klas 3èm jiridik Maten nan FDSE envite Staf etidyan Ayisyen, *EDIKANET*, nan Yon kokennchenn sijè deba Samdi k ap 28 oktòb la depi 1h nan Aprè midi pou rive 3h30 PM, FDSE, wout Oswald Durand, Pòtoprens Ayiti, sou
tèm:

*Kijan nou ka fè kreyòl la sèvi lang potomitan pou fè konnen patrimwàn entèlektyèl, kiltirèl ak ekonomik Ayisyen an ?*
*Difikilte ak pòt ki louvri*

*Comment faire du créole un support majeur dans le champ de notre potentiel intellectuel, culturel et économique ?*

*Enjeux et opportunités*

Antre lib, men se sou rezèvasyon.
Pou rezève plas ou pou gwo kokennchenn aktivite sa, klike sou lyen sa :

https://docs.google.com/forms/d/e/1FAIpQLSdtUzjCDkozImmIE2aaWgMLYUKfT_xs7xdvGDuLpRRxd8lSmg/viewform?usp=pp_url&entry.137502466=wi&entry.677339006=wi&entry.100820376=Wi+,nan+ILA

02/10/2023

Lizay tout moun !
EDIKANET pote yon bon nouvèl pou nou.
Nan jou yo la, EDIKANET ap pibliye plizyè done pou timoun lekòl klasik yo. Espesyalman pou timoun NS4 epi 9èm ane.

Pa bliye abòne ak paj EDIKANET yo sou tout rezo sosyo yo pou pa rate anyen.

7 Bagay k ap pèmèt ou reyisi lekòl, inivèsite san kè sote 18/09/2023

Pou rantre ane lekòl sa, videyo sa a ap vrèman itil ou !

7 Bagay k ap pèmèt ou reyisi lekòl, inivèsite san kè sote Ou menm ki toujou konn gen pwoblèm nan chèche konnen ki meyè metòd ki genyen pou reyisi lekòl, ak inivèsite !- Music by Virtuosound Studio from Pixabay- Musi...

Sèl grenn moun ki te rive konn bout latè 27/08/2023

Videyo sa bèl anpil ! W ap aprann anpil bagay.

Lasyans !

Sèl grenn moun ki te rive konn bout latè • Music by Musictown from Pixabay• Music by Alexi Action from Pixabay• Music by raspberrymusic from Pixabay

Tout sa w pa t konn sou Vitiligo nan 1 minit ! 23/07/2023

https://youtu.be/OKvGme6UWp4

Tout sa w pa t konn sou Vitiligo nan 1 minit ! Kisa vitiligo a ye ?Jodi a an kèk minit w ap aprann sou sa Vitiligo a ye tout bon.Sous deyò pou kreye videyo a : 1) https://www.afvitiligo.com2) https://www...

09/03/2023

-8 Mas Jounen Entènasyonal Dwa Fanm-
EDIKANET di Fanm yo gen Dwa !
Bon jounen selebrasyon dwa fanm !

Istwa kanaval an Ayiti 21/02/2023

https://youtu.be/eL-u1z3aqKE

Istwa kanaval an Ayiti Gen anpil moun ki konn ap poze tèt yo kesyon sou depi kilè koze kanaval la te rantre sou zile DAyiti, ebyen nan videyo Sila a EDIKANET dekòtike 2,3 Gran pwen...

Pi gwo inivèsite USA ! 29/01/2023

https://youtu.be/5j1MP7VgBp8

Pi gwo inivèsite USA ! Èske w te konnen inivèsite Sila se youn nan pi Gwo inivèsite nan monn nan.

Photos from EDIKANET's post 28/01/2023

Pou moun ki te Al pase konkou nan Fakilte Syans Moun, men rezilta yo ! Inivèsite Leta Ann Ayiti.

24/01/2023

Kòman l fè dous konsa ??

Kòman l fè dous konsa ? 24/01/2023

Kòman l fè dous konsa ?

Kòman l fè dous konsa ? Se enkwayab ! Anpil Nou ka chèche yon non pou bay, men ofinal, pa gen yon non presi vre. E kesyon moun abitye poze : Kòman l fè dous konsa ?Jodi a nou vin ak...

17/01/2023

Pèseverans se kle reyisit sou long tèm !

16/01/2023

Kòman konprann sa ?

15/01/2023

Èske w te konnen ?

14/01/2023

Yon ti moman motel (fim,) ak yon fo zami.

Lektè nou yo, nou kontan prezante nou atik sa a ki lonje dwèt sou yon move abitid plis pase yon milya moun sou tè a genyen malgre yo konnen davans, pou anpil nan yo gwo danje mòtèl ki gen nan sa.
Nòmalman, tout moun renmen fè zanmi. Se yon bagay ki natirèl lakay nou. Sepandan pifò moun ap dakò li pi enpòtan pou nou chèche gen bon zanmi pase pou nou ta gen yon pakèt fo zanmi.
Anpil zanmi pa vle di "bon" zanmi pou sa.
Pa egzanp, nan dat 25 desanm 2010 la, yon dam 42 lane nan peyi Grann Bretay te fè konnen sou yon rezo sosyal anpil moun itilize, li ta pral touye tèt li. Dam sa a te gen yon pakèt zanmi sou rezo sosyal la epoutan pa gen youn nan yo ki te rele l oswa ede l.Nan jou apre a , lapolis te jwenn li blayi atè lakay li san vi. Li te touye tèt li.
Ala tris! Sa k te pase a fè n sonje jan li enpòtan pou n byen chwazi zanmi ak moun n ap frekante.
Di nou sa w panse de zanmitay sa a?

"Yo te fè w fè konesans ak li, lè w te nan jenès ou. Anpil jenn parèy ou te konn kare yo avè l tèlman yo te santi yo alèz ak li. Ou te petèt ezite,men kòm zanmi w yo te vin popilè ak li, ou antre nan lo a tou. Lè w anba estrès, li fè w jwenn yon moman soulajman. Ou jwenn li tout lè, li fè w parèt gen konfyans nan tèt ou, anpil kamarad admire w pou sa. Men depi kèk tan, ou vin wè sa w te konprann nan se pa t sa.Ou vin wè li toujou vle ak ou epi ou plede ap panse avè l. Li menm konn fè moun ki bò kote w pa ka sipòte w kèk fwa. Sa k pi rèd la,li menm vòlò nan kòb ou fè,li fè w pa ka viv sante, li fè w pa ka byen pran swen moun ou renmen toutbon. Aktout ou te vle fè yon kraze kite sa a,li pa t pèmèt ou sa.
Nan yon sans, li vin ap kòmande w. Ou ta pito pa te janm kontre ak li."
'Si m te konnen toujou dèyè.'

• Kisa nou wè ki pa mache nan relasyon sa?
• Ki konsèy ou t ap bay yon moun ki twouve l nan yon sitiyasyon konsa?

•• Nou ankouraje nou li paragraf annapre yo pou n dekouvri ansanm pèsonalite fo zanmi sa epi kèk konsèy pratik ki ta ka ede yon moun ki nan yon sitiyasyon danjere konsa.

Ak tout kè nou, nou swete n yon bon lekti.
EDIKANET

----------------------

Laverite sou fo zanmi an

Èske w te rive wè de kisa nou t ap pale nan kòmansman atik la?

Fo zanmi n ap pale de li la a, pa yon moun toutbonvre. Men, pou anpil moun, li tèlman okipe yon plas enpòtan nan lavi yo, li tankou yon zanmi entim pou yo. Se kalite relasyon sa a anpil moun ki konn fimen oswa ki gen abitid fimen genyen ak sigarèt.
Yo santi yo manke yon bagay lè yo pa rale yon nway menm si se ta pou yon grenn jou sèlman. Sa ki koz depandans sa (oswa vin esklav li), se prensipalman akoz yon sibstans ki nan pwodui sa a ki rele 'Nikotin'. Nikotin nan se yon dwòg ki fò anpil, ki ale chita nan sèvo moun k ap fimen an .Li rive atenn sèvo moun sa a, nan sèlman sèt (7) segonn. Sa lakoz moun nan santi l yon jan rikaks oswa konn santi l byen nan po l. Men se pa san konsekans etandone li fè moun nan vin esklav epi li gen gwo efè sou rès pati nan kò a, tankou: kè, poumon, gòj elatriye.
Plis yon moun fimen, se plis li vin difisil pou l sispann. Gen estimasyon ki fè konnen sou chak senk (5) moun ki vle sispann fimen, se sèlman youn oubyen de (2) nan yo ki rive kenbe pandan ennan oubyen plis oswa ki sispann nèt.

Mòtèl nan tout sans

Imajine yo ta ba ou manje ou pi renmen an men yo ta di w, yo mete yon pwazon vyolan ladan ki ka touye w nan kèk ane, èske w t ap manje manje a kanmenm jis paske ou renmen manje sa?

Se sèten yon moun ki nòmal, pa t ap fè yon bagay konsa. Men poukisa toujou gen anpil moun ki kontinye ap fimen tabak ak lòt sibstans menmjan an?
Kontrèman ak sa kèk moun panse, pwodui sa yo fasil pou achte, pou itilize epi nan anpil kote yo bon mache.
Piblisite yo ak medya yo, kontinye ap ankouraje moun yo achte pwodui sa yo ki danjere pou sante moun epi yo depanse anpil lajan nan reklam yo fè pou pwodui sa yo kòmsi lavi moun pa t gen enpòtans oswa lajan pi enpòtan pase lasante ak lavi moun.
Èske se pa manje a nou manje kanmenm ?

Sou chimen lanmò

Èske n te konnen fimen lakoz lanmò plis pase sis milyon moun chak ane?
Li lakoz yon moun mouri chak sis segonn.
Sa ki pi tris la, lafimen sigarèt la tèlman danjere pou sante nou, li lakoz lanmò plis pase sis san mil moun (600000) ki pa fimen men ki respire lafimen sa a. Daprè Oganizasyon Mondyal laSante (OMS), pa gen okenn fòm yo itilize tabak pou fimen ki san danje.
Daprè Fran Smith, yon ekriven ki parèt nan jounal National Geographic, fè konnen:" Plis pase yon milya moun fimen epi tabak se youn nan bagay ki lakoz senk maladi ki fè plis moun mouri: maladi kè , stwok , enfeksyon respiratwa , maladi respiratwa ki grav ak kansè nan poumon."
Fanm ansent ki ap fimen yo, non sèlman fè tèt yo mal men tou yo fè ti bebe yo a ditò.

Ou ka pot laviktwa!

Se sèten, nou pa ta janm swete tonbe nan yon sitiyasyon konsa. Men, jan w te ka swete sa, ou ta vle pou moun nou te pale nan kòmansman atik sa a, jwenn konsèy ak direksyon, se kapab yon fanmi, yon zanmi oswa yon lòt moun.

• Ede l jwenn yon motivasyon
(Fè l sonje sa ap amelyore sante l epi l ap ka mete yon ti lajan sou kote)
• Chèche jwenn èd ki san danje
• Ede l pou l prepare ak sitiyasyon sa a
(Fikse yon dat epi koupe pon ti kras pa ti kras rive jis nan dat la)

Gen anpil lòt konsèy ki ka itil nou ka bay moun sa a. Si posib ede l nan mezi ou kapab.
Pou plis enfòmasyon konsènan kèk pwen ki nan atik sa, voye ekri nou sou blòg la oswa sou paj nou. N ap kontan reponn nou.
Pa bliye, pataje atik la!
EDIKANET

12/01/2023
12/01/2023

12 janvye 2010 - 12 Janvye 2023
13 lanne... Nou pa p bliye.
Moman silans pou tout frè ak sè nou yo ki te tonbe jou sa a.

Top 10 inivèsite ki pi bon nan monn nan ! Top 10 des meilleures universités au monde ! 11/01/2023

https://youtu.be/sGenBas70nI

Top 10 inivèsite ki pi bon nan monn nan ! Top 10 des meilleures universités au monde ! TOP 10 pi gran Inivèsite nan monn lan pou lanne 2022 a !Pandan gen anpil peyi ki mete api yo nan lanne 2022 a sou Espò, pi presizeman sou koup monn foutbòl m...

10/01/2023

Asèlman seksyèl, Kadejak
Refleksyon sou sosyete nou an.

Depi semèn pase Ann Ayiti nou kapab swiv gen yon sitiyasyon ki vin viral sou rezo yo, kote sosyete a ap kritike konpòtman yon pastè ke yo jije deplase. Sa ki endinye anpil moun.

Pou eseye eklere sou kèk pwen, kèk konsèp anpil moun ap plede repete, nou vin ak atik sa a pou ou, yon fason pou eseye louvri je n sou 2,3 bagay.

Pou lektè yo :

Nan lanne 1999, Asanble Jeneral Nasyon Zini yo te deklare jou 25 novanm nan " Jounen Entènasyonal pou Eliminasyon Vyolans sou Fanm ". Sa te fèt nan objektif pou sansibilize opinyon moun yo sou vyolans ki ap fèt sou fanm yo.
Vyolans ki fèt sou fanm yo tèlman ap vale teren, yon ansyen sekretè jeneral Nasyon Zini, Kofi Annan te deklare : "Vyolans sou fanm se yon pwoblèm mondyal ki parèt nan nenpòt ki sosyete ak kilti. Li rive yon fanm kit ras li, gwoup etnik li, orijin sosyal li, richès li, nasyonalite l oswa [...] kondisyon l."
Malgre anpil pwogrè reyalize nan domèn dwa moun nan epòk nou an, nan anpil peyi toujou gen anpil enjistis, inegalite ak vyolans ki ap fèt sou fanm yo.
Atik sa a ap konsidere sèlman youn nan yo. Se youn nan pi gwo vyolans yo te ka fè sou yon moun.Vyolans sa a nou kapab konsidere l tankou yon atak dirèk yo fè sou diyite yon moun pou imilye li oswa pou fè l soufri.
Nan kad atik sa a, n ap pale espesyalman sou "kadejak yo fè sou fanm* yo".
Plizyè kote nan atik la, nou sèvi ak mo "vyòl" la tou ki gen menm sans ak mo kadejak la pou presize kèk fwa aksyon sa a yo fè sou yon moun.
Jan nou pral wè sa, gen anpil rezon ki koz mal sa a pèsiste nan sosyete nou yo. Ki rezon sa yo ?

Paragraf ki vin annapre yo ap ede nou jwenn repons lan.

Nou swete nou tout, yon bon lekti !

EDIKANET

______________________________________________

*Anviwon yon vyòl sou dis fèt sou yon gason

Yon maleng nan sosyete a

Chak ane, gen plizyè milyon moun yo vyole oswa ki sibi yon lòt fòm vyolans seksyèl. Selon rechèch ki fèt, byen souvan se jèn yo yo plis vize. Ozetazini, pa egzanp, yo estime apeprè mwatye nan moun yo vyole yo, se moun pi potko gen 18 (dizuit) an.
Se paske zak sa yo vin pi kouran alèkile ki fè li ijan pou nou pale sou yon sijè konsa.
Pwoblèm sa a gaye anpil jounen jodi a, anpalan de moun ki ap fòse moun fè sèks avè yo kote byen souvan se jèn tifi yo ak jèn adolesan yo yo plis vize. Jan deklarasyon ansyen sekretè jeneral Nasyon Zini an, Kofi Annan montre sa, vyolans ki fèt sou fanm yo ka parèt nan nenpòt ki sosyete kèlkeswa tandans relijye ki domine sosyete a ak konviksyon moun yo genyen sou dwa fanm yo.
Li enpòtan tou pou nou byen konprann ki sa aksyon sa yo ye, kijan nou ka pwoteje tèt nou ak konsekans tèrib ki mache ak zak kriminèl sa yo ki tankou yon maleng pou sosyete nou yo pou nou ka prepare lespri nou pou si se ta nou menm oswa yon lòt moun nou renmen ki ta viktim epi pou n konn sa pou n fè.

Vyolans seksyèl ak abi seksyèl sou timoun

Vyolans seksyèl ka fè referans ak yon kontak seksyèl san konsantman ki pafwa fèt ak anpil fòs. Li ka enplike kèk bagay tankou: abi seksyèl sou timoun oswa adolesan, relasyon seksyèl ant moun menm fanmi (sa nou rele *ensès la*) ak lè yon pwofesyonèl ou sipoze fè konfyans tankou yon doktè, yon pwofesè, yon manm klèje, ap eksplwate w seksyèlman. Yo ka fè vyolans seksyèl la swa nan pawòl swa fizikman epitou byen souvan yo menase viktim nan pou l pa al di sa.
Youn nan yo, se sa yo rele vyòl la ki se rapò seksyèl devègonde yo fè sou yon moun (jeneralman yon fi) san konsantman l, lè yo sèvi ak fòs, ak vyolans, lè yo chèche entimide l oswa lè yo sèvi ak riz pou komèt zak sa a.
Kèk fwa tizonnay seksyèl konn yon pa ki mennen nan kadejak. Alèkile anpil jèn konn sibi tizonnay seksyèl swa nan lekòl yo, nan travay yo oswa lòt kote.
!Pou plis detay gade atik :" Yon vi konekte- Enfliyans rezo sosyo yo (Gwo danje ki gen nan sa)👉https://edikanet509.blogspot.com/2020/01/yon-vi-konekte-jen-yo-pou-lekte-yo.html?m=1

Zak kriminèl sa yo lakoz anpil dega nonsèlman sou plan fizik men tou sou plan afektif ak sikolojik. Bò kote timoun piti yo, efè yo pi grav epi yo ka dire anpil anpil tan.
Ann konsidere kèk dega sa lakoz

Konsekans nan lavi viktim yo.

Pou yon timoun piti, moun ki pi gran yo la pou pwoteje l pou gide l pou ede l byen devlope. Se pa etonan si timoun yo tou natirèlman fè paran yo ak lòt moun ki pi gran pase yo konfyans. Malerezman, gen moun pafwa menm kèk paran oswa zanmi konn pwofite inosans timoun yo pou fè abi seksyèl sou yo. Lè sa rive, gen timoun ki pa konprann sa ki ap pase a men gen lòt ki ka twouve sa etranj ki ka menm pale sa ak yon lòt moun. Byen souvan moun sa a konn pa vle kwè sa timoun nan ap di l la epi li konn menm vle reprimande l.Se konsa anpil nan timoun sa yo konn vin fè depresyon jis yo rive nan adolesans yo. Lè sa rive,li vin pi difisil pou yo jwenn èd yo bezwen.Tout sa vin pètibe devlopman timoun nan ak konpòtman l parapò ak sosyete a.
Se vrèman yon gwo mechanste!
Nou tout dwe sonje:
• kit se nan domèn afektif, kit se fizikman, timoun yo pa pare pou yo gen relasyon seksyèl. Piske yo timoun toujou, yo pa vrèman konnen tout sa aktivite sa enplike se sa k fè yo pa tap janm dakò fè l vre.
• Piske timoun yo gen tandans fè pi gran yo konfyans, yo poko fin devlope sans pou mefye yo de move moun. Nan liv Dwa moun genyen pou yo inosan an (ann anglè) nou li:"Moun k ap fè vyolans seksyèl yo konn ki jan pou yo 'bay may' epi yon timoun pa tèlman abil pou l defann tèt li kont yo".
Li klè yon timoun ki viktim yon zak konsa pa responsab.
Kit se sou timoun piti kit se sou yon jèn oswa yon granmoun, konsekans yo grav anpil. San nou pa bliye gwo posiblite ki genyen pou trape yon maladi seksyèl tankou SIDA oswa vin ansent, lòt konsekans tankou gwo depresyon, gwo strès ki vin apre zak la (strès pòs-twomatik) ak lide pou fini ak sa, se kèk nan pakèt konsekans ki kapab difisil pou sipòte.

Yon tris reyalite

(Èske w te konnen?)❓❓

Apeprè 15 milyon¹ (15000000) jèn adolesan ant 15 pou rive 19 an nan monn nan te viktim kèk rapò seksyèl fòse yon fwa nan lavi yo.

Nan monn nan, yon fanm sou twa viktim vyolans fizik oubyen seksyèl kote byen souvan se yon moun entim ki fè l.

Nan lanne 2017, sou chak de fanm yo te touye, youn nan yo te asasinen swa pa yon ti mennaj swa pa pwòp fanmi l.

Daprè World Report 2020, ta gen 11 (onz) fanm ak jèn tifi yo ta fè kadejak sou yo pandan masak ki te fèt nan mwa novanm 2018 la nan La Salin.

Yon konplis anba anba

Sosyete a VS reyalite

Nan pati sa nou prezante kèk ide ki gaye nan sosyete nou yo ki favorize zak sa yo.

✓ Daprè sosyete nou an :
1) kadejakè a toujou yon moun viktim nan pa konnen.
2) Pa ka gen vyòl si fi a pa gen mak sou kò l ak lòt siy ki pou montre li te eseye reziste.
3) Viktim nan konplis si li pa fè anyen pou li reziste.
4) Yon fanm ka eksite yon gason fè Kadejak sou li, si li mal abiye, pa egzanp si li mete yon ti kal jip sou li, rad ki fè tout fòm kò l deyò oswa lè li bwè jis li sou ak lè li aksepte yon gason mennen l lakay li.
Vs

Reyalite a :
1) Nan anpil ka, viktim nan konn moun ki agrese l la. Selon liv Kòman pou w pale sou kesyon sèks ak pitit ou (ann anglè) "Sou chak twa moun yo vyole, gen de nan yo ki konn moun ki fè yo sa a. Nan pifò ka, se pa yon etranje ki jis sote sou moun nan sanzatann" gen etid ki montre 84% fanm yo vyole yo te konn agresè a. Menm nan kad maryaj la kapab gen vyòl. Lè sa yo di se yon vyòl konjigal. Sa rive lè mari a egzije madanm li fè sèks avèk li alòske fi a pa sou sa, epi li (mari a) itilize fòs li pou l fòse l kouche avè l.
2) Kit li te reziste fizikman kit li pat fè sa, pa gen anpil fanm ki prezante mak sou kò yo moun ka wè.Domaj yo plis sikolojik.

3) Kèlkeswa jan yo fè l la, Kadejak la se sèks yo fè ak yon moun, lè yo itilize fòs oswa menas, ak tout viktim nan pa vle. Kidonk se paske yo itilize fòs sou viktim nan ki pat vle yo vyole l la, ki fè agresè a tounen yon kadejakè. Se pa paske yon fanm oblije soumèt li anba kadejakè a paske li pè oswa li te anba presyon ki fè nou ka di li te dakò ak zak la. Li klè si l te ka chwazi, li t ap evite vyòl la.
4) Se pa paske yon fi montre li manke vijilan ki fè li merite pou yo fè Kadejak sou li. Pa gen anyen ki bay kadejakè a rezon, se li sèl ki koupab.
Jan nou sot montre sa anlè a, anpil ide yo transmèt nou depi toupiti nan sosyete a ka eksplike konpòtman ak fason anpil moun panse sou zak kriminèl sa a ki se kadejak ki kontinye fè fanm lapenn.

Men gen yon pi gwo mal pase zak kadejak la li menm. Kisa li ye? Ki fason pou nou pwoteje tèt nou ? Epitou ki sa moun ki viktim yo ka fè pou yo jwenn èd ?
Se kesyon sa yo ak lòt ankò ki pral trete nan dezyèm pati atik sa a k ap gen pou tit :

"Kadejak-Refleksyon sou sosyete nou yo (2yèm pati)"
Li suit atik sa a nan pati Dezyèm vyòl la.

https://edikanet509.blogspot.com/2020/07/kadejak-refleksyon-sou-sosyete-nou-yo_23.html?m=1

Pa bliye like, abòne ak paj la pou plis lòt moun jwenn li, e pou jwenn plis kontni.

09/01/2023

EDIKASYON SE CHIMEN DEVLOPMAN

Manje nou manje gen gwo konsekans sou kò nou ak sante nou, se sak fè nou byen chwazi sa n ap manje ak sa n ap bwè. Men chak jou ki pase gen yon ògàn nan kò nou nou pa janm sispann alimante, byen souvan san n pa menm rann nou kont poutan se li ki defini kiyès nou ye, lavi nou ak chwa nou fè. San li, li klè nou t ap mouri.

Èske l pa tap bon pou n veye ak kisa n ap nouri ògàn sila a ?

Ògàn sa, se sèvo nou. Manje pa l se konesans ak enfòmasyon nap pran chak jou yo. Konesans yo, nou jwenn yo nan edikasyon nou (petèt nan lekòl oswa lòt fason moun ka aprann) se sa yo ki manje sèvo a, ladan l gen yon bagay ki pi konplèks ki se lespri nou. Malerezman anpil moun pa aprann fason pou yo itilize l, yo kite se lòt moun ki fè sa pou yo konsa, yo sispann viv toutbon.

Edikasyon se chimen devlopman, se youn nan mwayen n itilize pou n nouri lespri nou.
Èske n pa ta dwe veye sou kalite edikasyon sa a menm jan nou veye sou kalite manje n ap manje ?

Si Edikasyon n fèb, lespri n ap fèb, epi tout yon peyi ap fèb.

09/01/2023

7 gwo mistè ki defye entèlijans lòm sou latè !

Èske li posib pou n kominike ak yon moun k ap viv plis pase plizyè santèn milye kilomèt de kote n ye a san nou pa oblije deplase?
Èske li posib pou n rive fè konesans ak plizyè kategori moun ki pa gen menm kilti, ki pa p viv menm kote , ki pa pale menm lang san nou pa deplase?
Èske li posib pou nou fè laviwonn tè a nan kèk èdtan sèlman?
Èske l posib pou n vwayaje al pi lwen ke planèt nou an?
Èske l posib pou n prevwa kèk fenomèn natirèl tankou : siklòn ak sechrès?
Kesyon sa yo ka parèt dwòl pou yon moun k ap viv nan 21yèm syèk la ta poze men lè n pran tan n pou n byen gade, n ava rive wè tout pwogrè nou fè depi nan kòmansman evolisyon nou antanke èt vivan entèlijan . An reyalite kesyon sa yo kache plizyè milye ane dekouvèt, rechèch ak eksperyans sòti sou gran paran nou yo ki te dekouvri dife rIve sou nou menm ki ap lanse teleskòp JAMES WEBB nan lespas pou ogmante konesans nou sou linivè.

Se vre, limanite fè anpil pwogrè e ak vitès bagay yo prale a, nou ka di sa yo se tòkèt la, chay la dèyè.
Pou anpil moun ,imajinasyon lòm san limit, yo rete kwè, anpil sa nou konsidere jiska prezan kòm rèv ka vin tounen reyalite pi vit pase sa nou ta ka panse.
Anpil nan moun sa yo rete pozitif sou lavni, yo kwè ak entèlijans nou ak lespri kreyatif nou demontre antanke espès entèlijan makonnen ak lasyans, n ap rive rezoud gwo pwoblèm limanite ap rankontre jodi a(pwoblèm rasyal, etni, sante, rechofman klimatik, elatriye...), pou yo menm se jis yon kesyon tan.
Kontrèman ak moun sa yo, gen yon bonkou moun pami yo memn gwo syantifik ki pa fin wè bagay yo kon sa, okontrè!

Se sèten, ou menm k ap li atik sa a wè bagay yo yon jan, ou ka pataje l ak nou lè w kite yon mesaj, n ap kontan anpil konn sa w panse.

Depi tout tan gen tan, gwo pwogrè nou rive reyalize antanke espès, sòti nan bezwen natirèl nou genyen pou n konprann sa ki toutotou n, pou amelyore kondisyon lavi n oubyen akoz yon pwoblèm lanati mete devan nou. Nan fason sa yo, nou rive fè anpil , men toujou gen bagay nou pa konprann.Lasyans se youn nan fason nou itilize pou reponn plizyè mistè legzistans nou fè n kwaze.Nou vin remake tou youn nan zouti pisan li genyen se 'Matematik'.

Sa pa etonan, dayè tout gwo revolisyon syèk pase yo nan domèn teknik, endistri, teknolojik ak lamedsin te fèt sou chapant zouti sa pa egzanp :rezo telekominikasyon yo, machin otonòm yo, robotik, machin, avyon, fize,...
Imajine ki sa monn nan t ap sanble san dekouvèt zouti sila a paske menm si sa parèt mistè , linivè sanble gouvène daprè yon seri Lwa matematik ki gen gwo enpak sou egzistans nou.Rive dekouvri Lwa sa yo siyifi pou nou menm, pi byen konprann fonksyonnman linivè, amelyorasyon kalite lavi nou epi domine tè a ak tout sa ki sou li.
Se pou rezon sa yo, plizyè gwo tèt tankou:Steve Job, Stephen Hawking, Albert Einstein, Marie Curie ak plizyè lòt ankò te kontribye nan gwo revolisyon syèk pase a. Men malgre konesans nou pa sispann ogmante, gen pwoblèm ki sanble tenas.Jou n ava rezoud yo se va yon kokenchenn avanse san parèy.
Se kon sa 24 me 2000 ,yon enstiti matematik yo rele 'Clay Institute of Mathematics ' te prezante yon lis 7 pwoblèm ki te rèd anpil menm pou pi gwo jeni dantan yo. Yon pri yon milyon dola vèt ak rekonesans entènasyonal se tou sa enstiti a ak kominote syantifik la ap bay nenpòt moun ki rive rezoud youn nan 7 pwoblèm sa yo. Jou pwoblèm sa yo va rezoud se va yon pa enpòtan ki va franchi nan konpreyansyon plizyè fenomèn fizik, nan ekonomi, nan sekirite bankè, elatriye.

Pwoblèm sa yo tèlman difisil, gen yon selèb matematisyen, Paul Erdös ,yon lè pandan l t ap pale sou youn nan pakèt pwoblèm sa yo, ki te di :"Syans matematik la pa ko pare pou rezoud yon pwoblèm kon sa".

Nan epòk modèn n ap viv la, kote nimerik la vle foure kò l tout kote, yon epòk kote entèlijans atifisyèl la pwomèt, kote ekonomi an ap bouje san rete, kote tranzaksyon ap fèt chak jou, vwayaj elatriye, rezoud kèk nan pwoblèm sa yo ka gen menm efè lè nou te envante entènèt!

Ki non pwoblèm sa yo? Ki kote yo sòti?

Se kesyon sa yo ak lòt ankò ki va reponn nan pwochenn atik k ap sòti sou tèm sa a.

Photo crédit : Reddit

08/01/2023

Kisa sa vle di nonb premye ?!

🇵‌🇦‌🇸‌🇼‌🇦‌
𝐄𝐑𝐀𝐓𝐎𝐒𝐓È𝐍

Eratostèn te vin ak metòd sa a pou li te ka rive idantifye yon kategori nonb enpòtan ki pote non

'Nonb premye' .

An nou wè poukisa non metòd li a apwopriye.

Ki sa ki yon 'nonb premye' ?

Nonb nou itilize pou nou konte tout kantite ki antye sètadi san mòso nan lavi nou chak jou, ki se baz nimewotasyon yo aprann timoun yo konte lè yo lekòl matènèl ki se: 0,1,2,3 ...

fè pati yon koleksyon nonb ki rele antye natirèl ki gen pou senbòl ℕ . Senbòl sa a reprezante Ansanm antye natirèl yo. Se sèlman nan ansanm nonb sa a nou jwenn nonb premye yo.

Yon nonb premye se yon antye ki pi gran oswa ki egal ak 2 ki gen ekzakteman de divizè* pozitif diferan ki se : 1 ak tèt li.

Tout lòt nonb ki pa premye, yo rele yo 'nonb konpoze'.

_________________________________________________________

*divizè yon antye , se yon antye ki fè rès divizyon eklidyen an egal 0 lè nou fè kalkil la.egz: 5 se yon divizè pou 15 paske 15/3=5×3+0 ; 6 se yon divizè pou 48 paske 48/6=8×6+0 men 5 pa yon divizè pou 48 paske 48/5=9×5+3

Epi si yon antye se divizè yon lòt, n ap di nonb li divize a se yon miltip li.

_________________________________________________________

Pa egzanp 3 se yon nonb premye paske sèl divizè pozitif li genyen se 1 ak 3.

33 pa yon nonb premye paske 33 gen 4 divizè ki se: 1, 33, 11 ak 3.



Tout nonb ki pa premye se yon nonb konpoze paske tout lòt antye natirèl yo ka dekonpoze an yon pwodui nonb premye kote miltiplikasyon sa a pa p menm ak dekonpozisyon okenn lòt nonb.

Egzanp: 33= 3×11 ( 3 ak 11 se de nonb premye)

30=2×3×5 ; 60=2×2×3×5 (2,3 ak 5 se nonb premye yo ye)

Sa valab pou nenpòt antye. Sa ki fè ak sèlman tout nonb premye yo , nou kapab fè parèt nenpòt ki nonb antye.

Nan je matematisyen yo , nonb premye yo tankou blòk ki pèmèt nou konstui tout nonb ki anndan ansanm ℕ nan.

Menm jan li klè ansanm antye natirèl yo enfini sètadi li pa gen dènye eleman (n ap ka toujou jwenn yon nonb ki pi gran pase yon lòt) se kon sa tou depi sou tan matematisyen Eklid nou konnen ansanm nonb premye yo enfini tou.

Men ki rapò sa genyen ak Paswa Eratostèn nan ?

Ebyen menm jan yon paswa pèmèt nou jwenn eleman ki itil nou lè nou fè l pase nan yon likid kèlkonk se kon sa tou lè nou enterese pou n jwenn tout nonb premye yo, l ap jis sifi pou n pran paswa Eratostèn nan epi pase l pami tout antye natirèl yo epi sa ki va rete nan paswa a se va nonb premye yo.

Kòman pou nou sèvi ak Paswa Eratostèn nan ?

Paswa Eratostèn nan mande pou nou jis elimine tout nonb konpoze yo pou nou ka jwenn tout nonb premye yo.

An pratik, n ap kòmanse ak chif 2, epi n ap retire tout nonb ki pè yo sètadi 4,6,8,10,...

Epi n ap retire tout miltip chif 3 yo, tout miltip chif 5 yo, tout miltip chif 7 epi n ap kontinye kon sa nètale.

Si nou ta enterese konnen tout nonb premye ki gen ant 1 ak 20.

N ap bezwen pase paswa a de fwa

ℕ 𝕒𝕡 𝕜ò𝕞𝕒𝕟𝕤𝕖 𝕒𝕜 𝕔𝕙𝕚𝕗 2 𝕖𝕡𝕚 𝕟 𝕒𝕡 𝕣𝕖𝕥𝕚𝕣𝕖 𝕥𝕠𝕦𝕥 𝕟𝕠𝕟𝕓 𝕜𝕚 𝕡è 𝕪𝕠 𝕖𝕜𝕤𝕖𝕡𝕥𝕖 2 (𝕡𝕒𝕤𝕜𝕖 𝕝𝕚 𝕡𝕣𝕖𝕞𝕪𝕖) .

Ap rete: 2,3,5,7,9,11,13,15,17,19

ℕ 𝕒𝕡 𝕡𝕒𝕤𝕖 𝕡𝕣𝕒𝕟 𝕔𝕙𝕚𝕗 𝕜𝕚 𝕧𝕚𝕟 𝕒𝕟𝕟𝕒𝕡𝕣𝕖 𝕒 𝕜𝕚 𝕤𝕖 3, 𝕡𝕚𝕤𝕜𝕖 𝕝𝕚 𝕤𝕖 𝕪𝕠𝕟 𝕟𝕠𝕟𝕓 𝕡𝕣𝕖𝕞𝕪𝕖 , 𝕟 𝕒𝕡 𝕣𝕖𝕥𝕚𝕣𝕖 𝕥𝕠𝕦𝕥 𝕞𝕚𝕝𝕥𝕚𝕡 𝕝𝕚 𝕪𝕠 𝕜𝕚 𝕥𝕖 𝕣𝕖𝕥𝕖 𝕟𝕒𝕟 𝕡𝕣𝕖𝕞𝕪𝕖 𝕡𝕒𝕤𝕖 𝕒.

Ap rete: 2,3,5,7,11,13,17,19

Rive la, youn nan nonb ki rete yo pa miltip lòt, sou baz metòd Paswa Eratostèn nan nou ka di suit:

2,3,5,7,11,13,17,19 se tout nonb premye ki gen ant 0 ak 20.

Metòd ki sot prezante a la,se li ki pote non "PASWA Eratostèn" nan.

Byenke metòd Eratostèn nan efikas, li pran tan pou aplike epi li pa pèmèt nou rekonèt yon fason rapid si yon nonb se yon nonb premye avan nou pase paswa a.

Li pa pèmèt nou nonplis konnen kòman nonb premye yo ranje nan mitan antye natirèl yo.

Petèt n ap mande tèt nou, poukisa pou n chèche konnen ki kote nou ka jwenn yon nonb premye ? Èske sa gen efè sou lavi n ap mennen chak jou ?

Jan nou pral wè sa nan dènye pati atik sa a, nonb premye yo itil nou chak jou!

Ki sa yo itil?

Etandone li difisil pou n rekonèt byen vit si yon nonb se yon nonb premye epi lefètke distribisyon nonb premye yo sanble an dezòd, yo jwe yon wòl enpòtan nan tranzaksyon k ap fèt toupatou sou tè a, nan sistèm bankè a ak nan sistèm pwoteksyon done sou entènèt rive nan sekirite kont nou labank.

Rive konnen ekzakteman kòman yo ranje nan mitan ansanm antye natirèl yo t ap yon gwo revolisyon nan sitèm kodaj done yo (kriptografi) epi pèmèt lojisyen yo kreye lojisyèl ki pi sekirize.

Erezman matematisyen yo rete kwè sa posib akoz yon pwoblèm ki pote non 'Ipotèz Riemann' nan ki yon jou n ava rezoud li ap pèmèt nou reponn kesyon sa a ki rete yon mistè pou matematisyen yo depi digdantan

Kòman Nonb premye yo ranje nan mitan antye natirèl yo ?

Vous voulez que votre école soit école la plus cotée à Delmas ?
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Vidéos (voir toutes)

Opòtinite pou tout Ayisyen alawonnbadè !
Fanm !🧐🤔
Zonbi nan lekòl Ann Ayiti
Kòman l fè dous konsa ??
Twitter abònman 8$ pa mwa, Elon musk fè anpil moun pran kriz ! Kisa istwa a ye ?
Ou pase tès sa deja ?! W ap sezi aprann de seri de bagay nan vi w ou pa t janm konnen
Youn nan pi gwo sekrè yo pa t janm devwale w lekòl !

Téléphone

Adresse

Maïs Gâté
Delmas
Autres Site internet éducatif à Delmas (voir toutes)
UMP Universite UMP Universite
Rue Garou Guinou
Delmas, 6120

Formation

J.judeley J.judeley
Delmas 31, Rue Barbancourt #25
Delmas

Estrateji Lavi Estrateji Lavi
Delmas

Chak ti desizyon gen enpak nan viw. Nou la pou nou konseyew

mecenat.ht mecenat.ht
Delmas, HT6120

Mécénat une autre façon de transcender l'ecriture haïtienne. Mécénat yon lòt fason pou n dekouvri ekriti ayisyèn lan.

Institut Culturel Karl Lévêque-ICKL Institut Culturel Karl Lévêque-ICKL
22, Rue Fragneauville 2, Delmas 75
Delmas

Centre de réflexion, d'analyse sociale et d'éducation populaire.

EDUsoli EDUsoli
Delmas

EduSOLI est un service innovant d'accompagnement scolaire. Plus qu’un aide aux devoirs et leçons à la maison; nous aidons les élèves du (2e et 3e) cycle fondamental à consolider l...

Jules faine Jules faine
Passe Reine
Delmas

Avec Dieu nous ferons des exploits.

Intérêt Général Haïti Intérêt Général Haïti
Delmas 69
Delmas, HT6120

IGH est une initiative citoyenne visant à éduquer la population sur l'Administration publique...

Nathoue Nathoue
Cap-Haïtien
Delmas

Rose Ecole Ménagère Rose Ecole Ménagère
Delmas 29
Delmas, 6120

Rose Ecole Menagere

Université Saint Augustin d'Haïti - USAH Université Saint Augustin d'Haïti - USAH
1, Delmas 28 A
Delmas

Université

Institution Mixte Claudy Senatus Institution Mixte Claudy Senatus
#30 2eme Ruelle Jeune Delmas 19
Delmas

Institution Mixte Claudy Senatus est Est une école Chrétienne fondée en 1996.