Djoüna La Divä 509

Djoüna La Divä 509

Informations de contact, plan et itinéraire, formulaire de contact, heures d'ouverture, services, évaluations, photos, vidéos et annonces de Djoüna La Divä 509, Musicien/groupe, Canapé-vert(Rue jn Baptiste), Delmas.

25/08/2023
03/02/2022

Djoubiyey Dance

16/05/2021

Men poukisa lèw kite bebe an fè plis tan pye atè li mache pi rapid ,anpil paran ayisyen pa konn sa, pa kenbe konesans sa pou kò'w pataje'l pou lòt moun jwenn

Pataje tèks sa pou plis ayisyen ka li paske'm konn wè nan legliz paran kap bat yon timoun paske pandanl ap mache an li tonbe pandan timoun nan gen yon soulye nan pye'l,yo pa konn si se soulye an ki koz , gen moun ki konn ap di m "doc pitit mw an gen tan mwa li pako mache sa'k koz sa ?" dèfwa tou timoun nan konn gen yon reta paran pa janm prete atansyon pi lè'l gen 3 zan poul al lekòl , yo oblije di paran pou al kay Dr avè'l avan

Nòmalman ou ka tann yon bebe jiska 18 mwa poul mache , men nou konn ap tande moun kap di pitit yo mache sou 8 mwa ,sou 10 mwa poutan gen lòt bebe yo gen 24 mwa yo paka mache eben menvite nou li ti atik sila kap debat enpòtans pye atè genyen nan mache kay yon bebe

Plizyè pwofesyonèl sante konseye pou paran yo libere pye bebe yo, poul ka devlope kapasite pou'l mache

Daprè Dr Saad Abu Amara ki se yon (chirijyen òtopedik pedyatrik) nan lopital CHU a Rouen di nan yon entèvyou lè'w kite yon bebe pye atè sa devlope pye'l a" muscle" ki nan pye'l, sa ki ranfòse yo pou bebe an rive kanpe e mache, sa pèmèt bebe an dekouvri sansasyon lè pye'l apiye atè, e mouvman pou'l adapte ,sa ki se yon gran atou nan aprantisaj pou mache

M konnen paran ayisyen renmen lè pye bebe yo bèl a bèl ti soulye yo eben m'ap di nou bebe an pa bezwen yo pou apran'n mache, pou'l ka jwenn ekilib li bebe an ap bezwen ret pye atè

Menm chosèt pa konseye, lè bebe an lakay li pye atè pou'l rete,lè'l fin mache pou kòl san èd pèsòn, paran'l ka achte ti soulye a sèmèl plat yo, sa ki soup yo pou li,li ka mete yo lèl pral nan jaden, lèl pral nan pwomad oubyen nan yon seremoni tankou legliz etc... men toujou sonje pye atè an nètman pi agreyab

Like & pataje pou plis moun jwenn konesans

Idantifye yon moun li avèw

Kerry NORBRUN

Photos from Djoüna La Divä 509's post 29/04/2021

Hi

17/01/2021
Photos from Dıy Ideas's post 13/04/2020
Vous voulez que votre personnage public soit Personnage Public la plus cotée à Delmas ?
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Vidéos (voir toutes)

Téléphone

Site Web

Adresse

Canapé-vert(Rue Jn Baptiste)
Delmas
ARTISTIQUE