Remedh

Permettre a chaque haitien de contribuer a changer Haiti, promouvoir la democratie et de respecter l'

Dans le but d'assumer sa responsabilite sociopolitique, le Reseau des Militants Engages pour la Democratie (REMEDH) rassemble les nationalistes du pays pour promouvoir les valeurs democratiques et le changement integral de la personne.

08/06/2023

🏴🚩 MOUN MADLIN KOTE NOU?

Pitit Dessalines nan Brado kote nou? Dimanch kap 11 jen 2023 nap lakay nou pou nou bay levanjil la depi 3 zè boul, Lidè Karismatik la Moïse Jean Charles pral bannou pozisyon li sou dosye jamayik la. Tout moun madlin bonè, bonè vini an foul ak drapo papa Dessalines nou nan gwo ransanbleman sa.

Nou p ap kanpe nan wout nou prale Jiskobou pou Ayiti chanje.

Biwo Kominikasyon

05/06/2023
Photos from Sosyete Global Kreyol's post 03/05/2023
29/04/2023
29/04/2023

Bwa kale nan Unibank sa nan petyon vil. Pou koze dola sa ap gen kouri wi.

29/04/2023
28/04/2023

E si nou tout ta mete sa sou profil sa pou n Lanse yon Mesaj Bay Mèt Gang yo?🖖

27/04/2023
Photos from CamerBuzz's post 15/04/2023
13/04/2023
10/04/2023

YON TÈKS DALY VALET KI MERITE PATAJE.
An rezime li di "Ayiti pyeje anba yon dominasyon ameriken ki paralize l"
POUKI? Paske dirijan ayisyen yo se esklav mantal ki pè TonTon Sam, epi k ap pran dikte nan men kolon kont enterè peyi a...
KI SOLISYON? Vote dirijan ki gen diyite, ki gen karaktè, ki gen volonte, onètete. Dirijan ki konn Leta, Dirijan ki ka gade blan nan je, ki ka negosye ak li egal egal, nan enterè nasyon an.. Dirijan ki moun!
JISKOBOU !

Tonton Sam ak Ayiti ! DALY VALET

M ta renmen konnen ki sa AYITI fè Tonton Sam l ap peye. Ayiti tankou yon piti pi gran an ap kofre. Sendomeng tabli relasyon diplomatik ak Lachin depi 2018. Sendomeng gen relasyon ak Larisi nan nivo Anbasadè. Rejyon Karayib la, Amerik Santral, Amerik Latin louvri diplomati yo sou Lachin ak Larisi. Brezil jouke nan BRICS pandan Ajantin ranpli aplikasyon pou l jwenn klèb sa.

Ayiti pyeje anba yon dominasyon ameriken ki paralize l menm nan nivo diplomatik. Depi Ayiti ta vle fè yon mannèv diplomatik nan menm sans ak Sendomeng, Tonton Sam estomake. Dirijan Ayisyen yo bat ba. Dominasyon sa rive jouk nan chwa politik ekonomik Ayiti. Youn nan pi gwo erè prezidan Jovenel se te vote an 2018 pou mete alye ak zanmi istorik Ayiti deyò nan OEA, nou vle pale de Venezwela. Ayiti pa t jwenn anyen serye an retou nan men Etazini pou vòt sa apa soutni rejim konteste Jomo a. Poutan, lè Ayiti t ap vote pou mete Kiba deyò nan OEA nan lane 1962, François Duvalier te negosye tennfas ak Ameriken pou leve sanksyon Kennedy te mete kont rejim li an. Apre leve sanksyon yo, Duvalier te egzije avan vòt la pou Ameriken ba yo lajan pou devlope enfrastrikti nan peyi a. Ameriken te blije sede e yo te satisfè egzijans Duvalier yo. Se lajan sa ki t a pral sèvi pou fè Ayewopò entènasyonal Toussaint L'ouverture a.

Ayiti ap betize jodi a, e li tankou yon kokobe nan relasyon l ak Tonton Sam. Fòk relasyon sa redefini, fòk li jwenn yon sèten ekilib ki anfavè tou 2 peyi yo. Balans lan gen fòs kote. Dirijan Ayisyen yo koupab anpil lefèt yo montre yo konfòtab nan posti diplomatik restavèk sa. Dayè nou konstate Sendomeng gen yon gwo fòs polis, yon gwo lame ak gwo ekipman ak lojistik militè , yon sèvis entèlijans solid. Tou sa ak èd ameriken. Menm endistri fabrike zam Sendomeng devlope lakay li. Poutan menm yon peta Tonton Sam pa vle vann Ayiti pou sekirite pèp Ayisyen an ak pwoteksyon teritwa nasyonal la. Politik 2 pwa, 2 mezi sa Etazini genyen l ant Ayiti ak Sendomeng, depi lè yo te okipe tou 2 peyi sa yo, tout zile a nèt, apre 1915 nan kad deplwaman politik enperyalis Tonton Sam nan Amerik Latin ak Karayib la.

Ayiti ap foule anba Tonton Sam. Ayiti dwe redefini tèt li antanke nasyon ak Eta. Li dwe rekalibre relasyon diplomatik li yo nan sans enterè nasyonal nou menm jan Sendomeng bay tèt li otorite pou l fè sa nan enterè nasyonal pa yo. Tonton Sam pa dwe jennen nou menm jan yo pa jennen Sendomeng lan. Nou pa dwe kite pèsonn peyi jennen nou lè n ap defini enterè ak priyorite nasyonal ak entènasyonal nou. Nou bezwen lidèchip politik eklere nan gouvènay peyi a ki konprann dinamik jewopolitik yo, ki ka fè konpwomi nan kad dinamik sa yo, san nou pa sakrifye an ti soumi entèrè siperyè nasyon an pou fè lot nasyon plezi.

Youn nan pi gwo dyalòg istorik, sensè, kouraje, serye Ayiti dwe genyen nan defann enterè nasyonal ak entènasyonal pèp ayisyen an se ak Etazini pou kat la rebat anfavè tou 2 pati yo. Sinon politik pi gwo foule pi piti a, sitou lè pi piti a gen mantalite restavèk, ap fè Ayiti rete kokobe tout tan.

Daly Valet
10 avril 2023

04/04/2023

🔴 : Washington se dit profondément attristé par les échanges commerciaux entre le Brésil et la Chine en yaun.

“Nous sommes profondément préoccupés par les transactions commerciales entre laChine et le Brésil dans leurs monnaies nationales au lieu du dollar USA. Il s'agit d'une violation des droits de nos citoyens américains qui dépendent d'un taux de change stable du dollar$ sur le marché mondial.

Déclaration de Karine Jean-Pierre, responsable de la Maison Blanche :
Les Usa ne permettront pas à d'autres pays de lui dicter leurs conditions dans le commerce mondial. Nous voulons avertir que la violation des droits des Américains ne restera pas sans conséquences pour ces pays.

Plusieurs pays arabes, d'Amérique latine,du Moyen-Orient, d'Asie d'Afrique ont commencé par abandonné le Dollar américain au profit du Yuan et des monnaies locales. Une décision qui ne plaît pas à Washington.

_Actualités

Photos from Vive l'armée D'Haïti's post 03/04/2023
03/04/2023

DIRIGER, C'EST PRÉVOIR !
Konsèy Sekirite LONI pral chita sou dosye Ayiti a semèn sa a. Larisi k ap prezide l.

31/03/2023
27/03/2023

Yo pa wont non mezanmi

25/03/2023

Pòtoprens, Ayiti 21 mas 2020

Bonjou, bonswa
Konpatriyòt

Sa depan de ki peyi w ye oubyen de ki kontinan w ye nan 5 kontinan yo.
Mwen eskize m jodia douvan tout moun ki té rele m yo e m te gen difikilte pou m té pale ak nou, paske mwen tap ekri teks sa a sou telefòn nan pandan jounen an. Mwen mande w stp pran tan w pou w li l byen.

Emisyon sa a ak teks sa a pwal sèvi w pou lavi, anpil nan yo se bagay mwen te aprann e mwen te kon pale ak yon seri de prezidan ki te fe yon revolisyon e ki tap dirije pandan 30 Lane Komandan Fidel Castro Ruz, e Lula ex prezidan Brezil Pandan 2 manda, prezidan peyi Urigwe Jose Mujica, prezidan Hugo Chavez Venezuela, Prezidan Dilma Rouself Peyi Brezil, prezidan Vásquez peyi Uriguay, Prezidan Maduro Venezuela.

Yè maten vandredi 20 más la vè 11h40 am se moman pou m te nan vizit nan las Vegas, Los Angeles , San Diego nan kalifòni , Tijuana nan peyi Meksik, Arizona. Mwen te oblije anile vizit sa yo, pou sitiyasyon kap devlope nan mond la, e mwen desann byen ba, pou m eskizem atout moun nan Zòn sa yo, antreprenè, Pastè doktè, avoka e senp sitwayen ki pa nan politik e ki dakò fok Ayiti chanje, men ki te bay tan yo pou te fè tout planifikasyon, depanse lajan, mete ak manb e dirijan pati Pitit Desalin yo, pou yo te prépare gwo vizit sa a.

Pandan mwen pa te vwayaje a, mwen te entèveni nan mikwo Luco DESIR sou sitiyasyon peyi a ak pwoblèm coronavirus la, nan emisyon sa a mwen te evalye 17 pwen mwen te bay leta depi 6 jou pou yo te rezoud pou te anpeche nou te tonbe anba fleyo sa a, e si li rive desizyon pou nou te pran. Ki pòt soti nou, kisa yo fè deja?

Mwen mande’w yon ti tan pou w tande entèvyou sa a, menm si w te tande l deja mwen voye l pou retande l ankò, pou w fè w remake yo, tanpri distribiye l bay zanmi w, fanmiy w ak sou rezo Sosyal yo.

An menm tan:

Men 22 panse sayo mwen voye pou w reflechi, li yo byen wi e medite anpil sou yo, yap sèvi w nan konba lavi a.

1 ) Lè se lajan kap pale la vérité fèmen Bouch li, men sa paka anpeche verite etabli to ou ta.

2) moun ki gen lafwa pa janm pou kont li

3) chimen ki mennen kay zanmi pa janm long .

a) Si w ta envite yon moun vin wè w li di w se paske wout lakay w lwen ki fè li pa vin wè w, se paske li pa zanmi w vre
b) si w grangou zanmi w pa ba w manje, li pa fout zanmi w.

4). pawol ki sensè pa janm elegan, men sa ki elegan yo pa foseman sensè.
Ekszanp:

Te gen yon pakèt jèn ki té leve kanpe 2003-2004 ak revandikasyon yo, laboujwazi ak gran don volè tè parèt ak tout kalite pwomès yo Rekipere mouVman an pou yo te sove sistèm nan.
Yo vini ak Nouvo kontra sosyal 2003-2004 laboujwazi a, ki te rele mouvman yo a dezyèm vwa a.
yo te di yap bay pèp la nan yon ti tan tou kout, lekol ak inivèsite pou tout TIMOUN ak jèn gratis, mete ak bous aletranje.
Lopital pou tout moun.
Travay pou tout moun.
Poutan:
se te franchiz, bank santral, ONA, Ministè finans elatriye yo te pran
Mete anba men yo, yo te vin pi rich. E jèn sa yo, hummm zewo.

3000 mil kay pou pèp la, gen 50.000 ki la deja se Prezidan Preval ki pa vle bay tè ki fè nou pokò koumanse fè kay sa yo e rès yo déjà sou lanmè, metem prezidan poum retirenou anba tant yo. Hmmm zewo.
sa se te pawol 2010-2011.

Jiskaprezan moun yo anba tant yo ap tann.

Bannann pou tout moun, manje nan asyèt pawol 2015-2016. Hummm zewo ankò pi rèd.

2016 Moise Jean Charles di an ale nan kou Kasasyon pou n al chwazi yon jij pou Ranplase Mateli.
Moise jean Charles di si nou pran Privert kom prezidan nou pwal kriye.
Mezanmi mwen ta mouri pou sa!

Yon Gwoup senatè ak kek dirijan mwen te ka di ki pwoch mwen.
Yo di:
Moise Jean Charles vin makout, men Moise J C vle Mateli Rete Sou Pouvwa a, gen militan pitit Dessalines ak militan fanmiy lavalas voye wòch sou lokal pitit Dessalines Lan, ki nan Delmas 33, paske yo te di, men letènel bay yo yon bon Papa prezidan ki pwal bay yo pouvwa, ki pwal retire yo nan mizè men Moise JC pa vle sa. Mwen te voye 2 dirijan pitit Dessalines al pale nan yon manif pou pitit Dessalines pou yo te di nou pa vle Privert, yo te manke tiye yo.
Ki pi zè yo te fè madanm Ansyen prezidan Aristide vini nan envestiti Privert Nan palè Nasyonal. Jis pou yo te rasire tout militan yo. E pou te montre yo se mwen ki mechan.

Pi gwo kou a Eddy Jackson Alexi ki te gen nimewo kòd facebook ak tweeter mwen, yo te itilize l alepok sa a, zanmi mwen ki tap jere kominikasyon pou mwen nan moman Kanpay elektoral mwen an, mete yon nòt Deyò pou li di men Moise Jean Charles ak G8 alepok ki tap mennen batay la ak mwen al chita nan palè ak Mateli.

Poutan epòk sa a m te nan nò peyi a.
Epi pi gwo problèm nan ni moun aletranje ni Nan tout Peyi a anpil nan yo ap di mwen Moise w twò Egoyis kite Privert pase.
Bay pep la yon ti chans.

Poutan se te afè laboujwazi, anbasad ak Nèg politik ki tap règle. Se te ona, ministè, direksyon jeneral elatriye.
Pep ki tap goumen an se te zewo pou li.
Se sa nou rele pawol ki sensè pa janm elegan e pawol ki elegan pa foseman sensè.
Yo te rayi Jezi pou verite,
Yo te rayi Dessalines pou menm verite a,
Galile te jije paske li te di latè tounen otou solèy, li Soufri pou sa apwè yo wè se li ki té gen rezon.

Men sa yo pa konpran w pa ka kache limyè anba tab.

Banbou pa konn pouri.

5) zanmi pa janm twòp, men yon sèl èdmi deja twop.

6) kote ki Pagen espwa paka gen efò, men avèk espwa tout bagay posib.

7 ) peyi pa janm mouri.

8) nan tout demach wap toujou panse byen kote’w vle rive.

9) inyorans anpil moun bay pouvwa a yon ti kras moun.
( yo mete lekol ak lot zouti pou sa)

10) vyolans se pi gwo zèl kat moun ki enkonpetan.
(Vyolans politik, vyolans ekonomik ak vyolans Diplomatik)

11) echek pa rive pa aza
Viktwa pa rive pa aza
( tout planifye)
Erè erè egal echek

12 fok w pa gen tan jodi a, pou w gen tan demen.

13)Lè map jwe mwen pa nan jwet.

14) Pa gen aza nan lavi, men gen randevou.

15 sa ki mennen viktwa yon moun nan lavi, se lè w gen Kouraj pou w ale jiskobou, senserite ak disiplin.

16) pa gen pèsòn moun ki ka bare rivyè kap desann.
( Ti David bat Goliat)
(Ti David se Ayiti Cheri, Goliat se Sistèm nan)
Yon jou la jou.
Yon jou lap jou pou nou pèp Ayisyen an.

17) le w gen twop lajan li mete w nan ensekirite.

18) moun pa janm bliye randevou ki gen enpotans.
(Eske Moun kon janm bliye randevou viza nan anbasad meriken)

19) ti zwazo te ka alez,pawaze, fete anpil anlè a men, se gwo van ki pa bay chans.
( Ayiti te ka alèz men se gwo peyi ki pa ba nou chans)

20) nesesite pa janm soti byen
( si w kite se le malè rive sou w wap planifye w pap ka soti)

21) si w fè yon viktwa politik san make listwa, san w pa gen idéoloji, san rasin, san difikilte se menm jan ak yon kay ki bati sou sab lanmè, konen li pap kenbe.

22) se pa tout lè ekspè gen rezon.
(Nan Lane 1929 se lè sa a te genyen pi gwo Pwodiksyon nan mond lan poutan se ane ki te gen plis mizè. Te gen resesyon nan epok sa a.

Nan Lane 1945 apwè dezyèm gè mondyal, nasyon zini te Kreye paske te gen twop moun ki tap mouri. 10.000.000 ki tap mouri chak ane anba bonb, poutan ekspè yo te reyini pou sove lemond e pou anpeche moun mouri. nan dènye ane sa yo se 20.000.000 moun ki mouri se pa anba bonb, men se anba grangou, mizè, malaria, kolera elatriye.

E menm dènye ane sa yo ankò, nou genyen 7.300.000.000 (sèt milya Twa san milyon) abitan nan mond la, poutan agrikiltè nou yo nan mond la pwodwi manje pou 12.000.000.000 (douz milya) moun. Sa vle di yo pwodwi manje pou preske 4.700.000.000 (kat milya set san milyon) moun anplis.

Epoutan jodia gen moun ki pa jwen manje pou yo manje.

Se paske ekspè yo enpoze nou yon sistèm ekonomik enjis e yon movèz distribisyon richès mond lan.

E sa yo gen repèkisyon lakay nou.

Fok ekspè yo ak gwo peyi yo pale ak nou lòm politik yo sitou nou ki onèt ki gen vizyon sosyetal, pa mande m nan ki peyi mwen abite, ki orijin mwen, ki koulèm.
Dayè mwen pokò di pèsonn moun ki modèl ekonomi nou dwe mete anplas.
Koman li rele oubyen li pwal rele mwen pa konen.
Sel sa mwen konen, mwen gentan reflechi a yon lot model ekonomik ki se yon Sistem ekonomi-politik Miks proksimite, solidarite, oubyen pwoposyonalite, sa vle di li pwal genyen 4 paramèt ladan l:
1) bank yo ki sa yo pwal gen kòm benefis pou yo rete djanm.

2)Enstitisyon yo ki sa yap benefisye pou rete Djanm.

3) kliyantèl la oubyen envètisè sa a, sa kap garanti li konfyans li yo. Se yo ki toujou viktim.

4) kominote yo ki sa yo ka benefisye de bank yo.

Fok gen yon fòmil dechanj,
Sa nou rele Dinamik dekout,
Fok yon tande lòt, jis pou nou fè yon kreyasyon potansyél.
Li Mèt yon moun kap Netwaye soulye fok w tande l paske li gen yon jan li wè vi li, paske chak moun panse yon jan pou li fè vi li.

Mwen se Moise jean Charles mwen aprann anpil anpil, mwen fè anpil Eksperyans, mwen te gen anpil chans nan lavi m poum te gen yon Gran paran ki t ap fè yon revolisyon e ki t ap dirije yon peyi pandan 30 Lane ki té rele komandan Fidel Castro Ruz ki te fè m vin lakay vin aprann, e m t ap frekante l pandan 11 Lane, mwen te tande konsèy li yo ak Eksperyans li yo,
Sa ban mwen posiblite pou m konprann tout sivilizasyon yo ak sistem yo e konprann lemond, nou soufri tout, tout byen sivilizasyon yo fè nou konprann tout, tout sa yo fè kòm mal nou wè tout. Sa vle di nou konnen sivilizasyon yo, poutan ekspè yo pa ka konprann,
Fòk yo tande nou, paske sivilizasyon konn mouri.

Gade sa istwa ekspè nan ane 1929, premye fwa lemond te pwodwi manje konsa.
Poutan se lè sa ki té gen plis mizè epok sa a, se te resesyon total.

1950 ekspè yo di le mond Sove ak petwol la, yo bay fomil pou devlopman.

poutan nan ane 1970 Mexique ak Iran manke disparèt kom gwo pwodiktè petwol anba mizè.

1982 politik ekonomik ajisteman striktirèl expert yo pwopoze mond la, ekonomikman palan pwoblèm pi rèd e Kriz politik.

E nou tout te wè sak rive US sou Prezidan Bouch Fis nan ekonomi ekspè yo pwopoze yo.
E finalman gade sa ki rive ekspè yo nan Medsin modèn nan nan dosye pandémik lan "coronavirus la"

Lewop vini ak linyon ekonomik ewopeyen apwè yon bon tan yo vini ak linyon ewopeyen men apwè sa li te tonbe sou Brexit ak peyi Angletè, lewòp oblije chanje, repanse tout gwo akò yo te siyen nan peyi la Hollande.

An 1988 Politk ak ekonomik globalizasyon mond la, krach finansye.
E Donald Trump pwal eli kòm prezidan Etazini sou label pwoteksyonis ekonomik,
E depi fin eli vre li rapatriye tout antrepriz amerikèn ki té nan lòt peyi li rapatriye yo Ozetazini.
Fòk gen yon regilatè.
Fòk ansanm nou redefini paradig ekonomik yo, Repanse sistèm bankè a, alafwa pou pwofi yo ale ni pou enstitisyon yo ni pou kliyantèl la, paske Kliyantèl la depoze kòb li nan bank e bank la oze pran kòb la w depoze a lap fè biznis ak li.

Se pou tout rezon sa yo mwen panse fok pran wout pou n Ankouraje koperasyon SID SID la,
Paske loksidan jodia loksidan oblije repanse tèt yo.
Sak ki pwal pase?
Koperasyon bilateral yo pwal gen Konsekans ponktyèl, li rive yon kote se donan donan, bay mwen pou m bay w.
Pwal oblije gen yon relasyon patenarya,
Pou koperasyon Milti Lateral yo, douvan karans minrè ak pwodwi "brut" gwo peyi yo.

Douvan monte anpil lòt peyi ki pa oksidantal kom pisans e ki pa oksidantal, douvan eklatman Kominote ak oganizayon peyi nò oksidantal yo, nou pwal rive yon kote tout koukou pral Klere pou zye yo.
-tankou jodi a nan pwoblèm coronavirus la.
-tankou nan epòk Kolonyal yo, tout koukou klere pou zye yo.

Mezanmi mwen sezi wè Etazini ak kanada se pwason kraze nan bouyon, lè w soti kanada se sou teritwa kanada menm w Tcheke paspò, jodi a yoin fèmen fontyè ak lot.

Menm bagay Peyi Lafrans ak Almay.
Lewòp vire do bay peyi Itali.
Hmmm mezanmi.

Le wap fè politik fok w pwevwa,
Malgre efè negatif kolonizasyon yo fè sou nou Ayisyen ak lot peyi kolonize Tankou amerik latín amerik di sid ak kontinan afriken an, malgre polisyon ak dezas ekolojik, se nou menm ki rezèv limanite patikilyèman Lafrik.
Jodi a ti peyi yo grandi zye yo kale.

Poutan koperasyon SID SID la, youn pap lage lot, menm nan moman lanmo.
Peyi Kiba voye Doktè ak medikaman Lachin ak 🇻🇪 Venezuela.
Li menm ede loksidan. Tankou Itali.

Sa ki pi rèd la gen yon bato anglè ki chaje ak moun ki malad tout peyi Alye yo genyen pa resevwa yo, se peyi Kiba ki resevwa yo, trete yo e pwopte bato a pou yo.
Ed entènasyonal la pwal oblije obeyi ak yon lot lojik ki pa dominan domine.

Poum fini mwen kontan Jodi a mwen fè pati komite de yon gwo oganizasyon ki gen menm dimansyon ak nasyon zini ki pwal pwoteje e travay ak tout nwa nan mond la, se ide sa yo mwen pwal fè pase ladan l, paske nou pwal abòde kesyon ekonomik yo tou.

Mèsi kenbe la.
Nou pwale jiskobou

Moise Jean Charles

20/03/2023

KOUNYE A N AP PALE !
ENTÈNASYONAL LA ECHWE A TRAVÈ BINUH
KI TE GEN POU MISYON :
1) Ede Ranfòse stabilite politik nan peyi a
2) Ede reyalize Refòm politik, lejislatif, elektoral
3- Akonpaye Dirijan yo nan kanpe strikti pou eleksyon lib, onèt, demokratik
4) Ede Ranfòse Lapolis pou bon jan sekirite
5) Ede Diminye Vyolans ak Kidnaping
6) Ede Ranfòse Lajistis pou kwape koripsyon
7) Travay ak dirijan yo sou respè Dwa moun

BINUH ECHWE NAN TOUT 7 PWEN YO !

SÈL REYALIZASYON MADAN LALIME FÈ NAN NON BINUH SE : FEDERE GANG. SE POU SA NOU DEKLARE, BINUH RESPONSAB TOUT ENSEKIRITE KI BLAYI NAN PEYI A...
AYITI PA FÈ ZAM, LI PA VANN ZAM. SE POU SA, NOU MANDE REPARASYON POU TOUT VIKTIM ENSEKIRITE A.

NOU CHANTE ANTÈMAN BINUH...KI PA BYENVINI SOU TÈ PAPA DESSALINES NAN DITOU.

Timeline photos 20/03/2023
20/03/2023
19/03/2023

La ville des Cayes, dans le Département du Sud en 1954. 📍🇭🇹

Vous voulez que votre entreprise soit Organisation à But Non Lucratif la plus cotée à Delmas ?
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Our Story

Dans le but d'assumer sa responsabilite sociopolitique, le Regroupement des Modernistes pour l’Epanouissement et le Developpement d’Haiti (REMEDH) rassemble les nationalistes du pays pour promouvoir les valeurs democratiques et le changement integral de la personne.

Vidéos (voir toutes)

Misye byen esplike pwogram tèt chat Biden mete deyò pou mete dezinyon nan mitan fanmi Ayisyèn an...
Ayisyen kale Je 👀 nou! Louvri Zorey👂🏻 nou. #KaleJeNou #levekanpe #reveyen #tètansanb #louvrizoreynou #noubouke #NOUPAKAP...
Ansyan Sen. Moïse Jean-Charles prezante Konsèy Tranzisyon Pèp Souvren an (KTPS) pou retire HAYTI nan move enpas li trouv...
Ayisyen kale Je 👀 nou! Louvri Zorey👂🏻 nou. Se leve kanbe  li ye.#KaleJeNou #levekanpe #reveyen #louvrizoreynou #noubouke...
Ayisyèn Kale 👀 Nou!#KaleJeNou #levekanpe #reveyen
Bòn Fèt Drapo!!

Adresse

15 Rue Charbonniere
Delmas
Autres Organisme communautaire à Delmas (voir toutes)
Club des Jeunes Orchidee pour l'Education et l'Epanouissement Social Club des Jeunes Orchidee pour l'Education et l'Epanouissement Social
Delmas 67 # 4
Delmas

Objectif: Emancipation et Développement Intellectuel des jeunes en favorisant les activités récr?

The cost of living is to high The cost of living is to high
219 Delpark Ext 2
Delmas, 2210

Unité des Jeunes Conquérants en Action Unité des Jeunes Conquérants en Action
Rue Amazone Et Laurent
Delmas

1-Découvrir et promouvoir les talents chez les jeunes 2-Encourager la productivité chez les jeunes 3-Exploiter nos talents pour Dieu

Metroprod'z Metroprod'z
Delmas

Organisme Socio-cuturel et commercial

sagesse.ederson sagesse.ederson
Rue Durocher
Delmas

Je un communicateur sociales ainsi journalistes radio télé.Mercatique ainsi que un relationiste

Jeune de Delmas en action Jeune de Delmas en action
Delmas 75 Rue Catalpa Imp Fernand
Delmas, 509

FSHFiertéSocialHaïtienne FSHFiertéSocialHaïtienne
Delmas

TEAM: F. S. H = Fierté Social Haïtienne

ELITE ELITE
Delmas

��������� Nan gwoup sa, nou pale sujet instructif, s*x, relation, sport, LGBTQ Nou fè gwoup la, nan objectif pou nou instruit lòt.

Tshintsha ma afrika Mpumalanga Tshintsha ma afrika Mpumalanga
1202 Mandela Drive Ext 14 Botleng Section
Delmas, 2210

Non-profit organization

Ascededd Ascededd
Catalpa
Delmas

we need help for the poor children's in Haiti

Catalyseur de l'Espoir Catalyseur de l'Espoir
Delmas

CATALYSEUR DE l'ESPOIR !

CASHD CASHD
Delmas 60
Delmas

CASHD : CLUB ACTIF DE LA SOCIETE HAITIENNE POUR LE DEVELOPPEMENT. est une association qui a pour but de promouvoir l'emancipation sportive de la jeunesse.