Brikabrak INFOS

Brikabrak INFOS

Tu pourrais aussi aimer

Kerenza Laelia semiu 4910
Kerenza Laelia semiu 4910

100% information

21/06/2024

Pandan enstalasyon Normil Rameau kòm
Nouvo direktè jeneral lapolis la ,Normil Rameau pa salye ansyen direktè jeneral polis la ki se Frantz Elbe , kisa nou panse de sa ?

Move jès 🇭🇹👁️

21/06/2024

Roody Sanon repon Rony Timothee ki pa vle Normil Rameau kòm DG PNH la.

21/06/2024

Ansyen Chèf gang 400 mawozo a di, pi gwo bagay ki deranje l, se paske l pa vle Manman l mouri, pandan l nan prizon. Germine Joly alyas Yonyon pran angajman devan Jij la, poul pa janm komèt zak sa yo ankò. Yonyon di sèl sa li bezwen, se retounen jwenn fanmi li | Miami Herald

21/06/2024

🇨🇦Alfonso Davies chanje mayo ak Messi apre match la 🇦🇷 🫱🏼‍🫲🏿

21/06/2024

Milien Denise se non bèl demwazèl sa ki ta gen pwoblèm mantal men ki twouvel nan kominn kwadèboukè pi presizeman nan zòn Remi Depi plis pase yon mwa kote gen kèk bon samariten nan zòn nan ki pran swenl bal manje bal bwè achte rad poul ka mete sou li .

Nap fèw konnen ke Denise se timoun Gantye zòn galèt chabren

Moun nan zòn ap mande pou fanmi Denise ta fè yon jan pou ta vini chache’l paske fanmi an ka pa konnen kote’l ye .

Nap mande ak tout moun ki pral gade foto ak videyo pou yo ta ede nou patajel pou mesaj la ka rive jwenn fanmi Denise Milien .

Nb : Nou bay nouvèl nou pa fè nouvèl

Kontinye abòne ak nou pouw ka rete konekte ak nou 24/24.

21/06/2024

Se yon bèl kou Muscadin fè jodia, pa nan grenn se yonn nan band! ki tap bay gwo pwoblèm zòn mariani.. Theriel Thelus bay tout detay.

20/06/2024

Mesye sa wap gade la rele Reynold Guerrier se li menm ki dikektè jeneral Ofis nasyonal Idantifikasyon ( ONI ) se biwo sa ki la pou bay moun kat dèmalòg la .

Gen moun ki gen 2 zan depi yo. fè kat la ki pa janm ka jwenn li gen moun ki menm peye gwo lajan pou ka jwenn kat la .

Malerezman gen plizyè milye konpatriyòt Ayisyen ki fè kat sa depi plizyè mwa e menm plizyè ane ki pa janm ka jwenn li

Notre Haïti 🇭🇹👁️

20/06/2024

Manzè Carole kap mete prensip sou Blondedy , ann tande !!!

19/06/2024

Tande byen wi peyia
===============

” Si’w se gang kache pa kache lapolis ap mache sou ou”

Dixit Edgard Leblanc Fils nouvo prezidan peyi dayiti a fè konnen

19/06/2024

Epòk top Jack , mari wildiana tap koze avek cycy💔

19/06/2024

Ansyen Senatris Dieudonne Numa Etienne konseye Manb Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon yo ki soti nan depatman Nò a chita ansanm pou kontinye ak divès chantye tankou wout nasyonal nimewo1 an ak kouran elektrik la ki te lanse sou ansyen prezidan jovenel Moïse.

18/06/2024

Flash: Yon delegasyon nan Police Nationale d'Haiti - PNH, ki te dirije pa Enspektè Jeneral Joachim Prophète ak Chèf SWAT Mersan Robinson, te rankontre jounen Madi 18 Jen 2024 la ak Enspektè Jeneral Polis Kenya Japheth Koome nan Nairobi, Kenya.

Diskisyon yo te konsantre sou misyon Sipò Sekirite Miltinasyonal (MSS) k ap vini ann Ayiti, ki pral dirije pa lapolis Kenya.

Delegasyon ayisyen an te eksprime konfyans yo sou sipò Kenya a epi mete aksan sou enpòtans kolaborasyon sa a. IG Japheth Koome reyafime angajman Kenya pou retabli lapè ak estabilite an Ayiti.

IG Noor Gabow, ki pral dirije misyon MSS la te asiste reyinyon an tou.

18/06/2024

“ Rameau Normil n'est pas l'homme du moment pour la Police nationale d'Haïti “

Dixit : Pierre Antoine Louis | ancien militaire haïtiano-américain ✍🏼

18/06/2024

Komisè gouvènman jiridiksyon Aken an mèt Exama Adrien deklare ke li pral chanje taktik , li pap nan arete bandi mete nan prizon ankò paske chak fwa li arete yo lajistis libere yo .

Se pou rezon sa li pral itilize mòd operatwa komisè Muscadin an ki se « ……….«.

komisè Adrien te tou pwofite voye yon mesaj piman bouk bay tout gang ame kap fouye moun nan zòn mòn zoranje pou yo kite pratik sa sinon gen 2 rekonpans ki rezéve pou yo :

1) Prizon
2) Lanmò
Pakse jiridiksyon lap dirije a pap ka tounen pòtoprens.

18/06/2024

Ramil Rameau pran nan cho

Nan yon konferans pou laprès responsab òganizasyon sosyo politik VIV AYITI a Rony Thimoté deklare ke yo pap ka retounen ak Normil Rameau nan figi moun la ankò paske Normil se yon militan politik PHTK ki te konn ap bay moun bal nan tèt Manifestasyon .

Militan politik la te fini pou’l di Normil Rameau se eleksyon lap vini prepare pou ansyen prezidan Michel Martelly ,e Rony te tou pwofite mande pou yo sispann itilize kadav 3 ajan UTAG yo pou fè kanpay politik yo .

17/06/2024

Flash: Premye Minis defakto Doktè Conille Garry enstale Madam Ketleen Florestal nan tèt (Ministè Planifikasyon ak Koperasyon Eksteryè) jounen lendi 17 jen 2024 la nan sal konferans Toussaint Louverture ministè a.

16/06/2024

Militan politik ,evade prizon Arab mete yon avi rechèch dèyè yon bann moun ki tap sipò gouvennman Ariel Henry a tankou
1) Ronald Richemond
2) Marjory Michel
3) Saurel Yacinth
4 ) Rose Mila Petit Frère
5) André Michel
6) Sorel Yacinthe
Pou site sa yo selman

Kesyon anpil moun ap poze pou kisa Arab pat fè menm bagay sa aprè lanmò ansyen prezidan Jovenel Moise .

🇭🇹👁️

16/06/2024

Dam sa gen 4 pitit li di pa bezwen nèg ki gen pitit ,koze yo anpil mezanmi an tande tout detay yo !!!!

15/06/2024

Flash: Rameau Normil nonmen kòm nouvo direktè jeneral Police Nationale d'Haiti - PNH la.

Konsèy Prezidansyèl la ak Premye Minis defakto Garry Conille deside mete l nan plas Frantz Elbé, ke anpil moun ap kritike pou jesyon li nan enstitisyon lapolis la.

Arete pou nonmen l ofisyèlman an ta dwe soti talè konsa si anyen pa modifye.

15/06/2024

Ronaldinho pa wèl kap sipòte ekip Brezil sa nan Copa a. Misye di manke talan, manke motivasyon, ekip la pa bon. "Yon pakèt jwè mwayen"

15/06/2024

FLASH !!!

Joseph Ludy se non evade prizon sa ki jwenn Arestasyonl nan Ayewopò Tousen Louvèti nan moman li tap pran avyon poul te kite peyi a an destinasyon Etazini

15/06/2024

Jonas Lapierre se yon sitwayen sa wap gade la, lapolis rive mete men sou li pou brakaj ,vòl ame ak kek lot deli yo reprochel. Lapolis ap fèl pale.

13/06/2024

Flash: Police Nationale d'Haiti - PNH mete anba kòd ayè madi 11 jen 2024 la, Jean Guillaume Joseph.

Individi sa ta jwenn arestasyon li apre ladwàn nan Kap Ayisyen ta dekouvri yon kivèt ble ki te gen ladan yo plizyè chajè ak plizyè bwat katouch ki soti nan peyi Etazini ki t ap antre Ayiti ke li ta sipoze resevwa.

Pou moman an, individi sa nan men lajistis pou swivi ka li a merite.

13/06/2024

Theriel Thelus bay rezon ki fè moun nan Hotel yo pran kòb la nan men Mackenson ( NBS) Ann tande !!!

12/06/2024

Wowww ! Nou aprann byen bonè maten an nouvèl lanmò Blanche TUNASI, ki se madanm Pastè Marcello Tunasi (RDC). Daprè premye eleman enfòmasyon yo li ta viktim yon kriz kè ! Se yon gwo kou pou Pastè Marcello ki toujou montre nan ki nivo li renmen madanm li. Lavi sa dwol anpil wi !

Paix à son âme, sympathies à toute la communauté évangélique touchée par ce deuil. Force, énergie positive à la famille Blanche, Tunasi. Que vraiment la terre lui soit légère.

12/06/2024

Frè Gabe vinn reponn Ougan Bilolo , ann tande repons lan !!

12/06/2024

Deblozay gwo pwoblèm pou minis sante Garry Conille fenk nome a. Eske se vre medsen ki vin responsab sante tout popilasyon an pa gen diplòm medsin? Pran san nou tande koze!!!!

12/06/2024

Daprè Merissier se pou 400 dola us , Janmsotba avek Lionel nan kont , epi nèg yo diw yo se Milyonè wi , eske se Milyonè bò katredral ?

10/06/2024

NBS , Mackenson kap kriye pou kòb li yo vòlè nan yon Hotel an Haiti.

10/06/2024

Message à la nation du Premier Ministre de facto Garry Conille!!!

Vous voulez que votre entreprise soit Entreprise De Médias la plus cotée à Les Cayes ?
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Vidéos (voir toutes)

Roody Sanon repon Rony Timothee ki pa vle Normil Rameau kòm DG PNH la.
Se yon bèl kou Muscadin fè jodia, pa nan grenn se yonn nan band! ki tap bay gwo pwoblèm zòn mariani.. Theriel Thelus bay...
Manzè Carole kap mete prensip sou Blondedy , ann tande !!!
Epòk top Jack , mari wildiana tap koze avek cycy💔
Ansyen Senatris Dieudonne Numa Etienne konseye Manb Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon yo ki soti nan depatman Nò a chita an...
Kelkeswa fason an nou viktim depi se Ayiti nou ye , Hmmm Merci peyi m.
Eske nou wè travay chèf gang lanmò 100 jou avek lajan ti malere yo , Hmmm Haiti.
Dam sa gen 4 pitit li di pa bezwen nèg ki gen pitit ,koze yo anpil mezanmi  an tande tout detay yo !!!!
Jonas Lapierre se yon sitwayen sa wap gade la, lapolis rive mete men sou li pou brakaj ,vòl ame ak kek lot deli yo repro...
Theriel Thelus bay rezon ki fè moun nan Hotel yo pran kòb la nan men Mackenson ( NBS) Ann tande !!!
Frè Gabe vinn reponn Ougan Bilolo , ann tande repons lan !!
Deblozay gwo pwoblèm pou minis sante Garry Conille fenk nome a. Eske se vre medsen ki vin responsab sante tout popilasyo...

Type

Téléphone

Site Web

Adresse

Les Cayes
Autres Média à Les Cayes (voir toutes)
Creative studio Creative studio
Les Cayes, HT8110

C'est une plateforme qui a pour but d'accompagner et de valoriser la créativité des jeunes. Créative Studio vous embarque dans la découverte d'un monde professionnel, la photograph...

Ténèbres Ténèbres
Les Cayes

Rane Hit Promo Rane Hit Promo
Carrefour-boyer Cayes
Les Cayes

Promotion, émission, reportages, Animations

Émission Expo-Jeune Émission Expo-Jeune
Cayes Impass 500 Ans #7
Les Cayes, HT8110

EXPO-JEUNE : Une emission a caractere educatif et socio-culturel , chaque samedi a compter de 8h 30 AM , sur la radio caramel 106.5 FM (www.caramelhaiti.net) . Reprises : Tous les...

PLEZI PAM Actualité PLEZI PAM Actualité
Les Cayes, 8110

Plezi Pam | News| Sports | Music stay tuned for more

WoodJ Promo 86 WoodJ Promo 86
Les Cayes

Cette page est basé sur l'assurance des promotions

Kach-kach HT Kach-kach HT
Camp-perrin
Les Cayes, HT

Les Cayes News Les Cayes News
Les Cayes
Les Cayes

Zantray Mizik Zantray Mizik
Les Cayes

Mèsi dèske w chwazi swiv nou, mèsi pou fidèlite w anvè nou Nap travay pou nou satisfèw #Zant