Pawoldouvanjou

Pawoldouvanjou

Chak maten anvan l fè jou,nou pote yon mesaj enspiran ki pou motive w epi rekonfote w pou jounen an

15/06/2023

15 jen
Tit: Lavi

Lavi w se kado w. Si w pat genyen kado sa, ou pa tap genyen anyen. Ou ka viv san anpil bagay men san lavi ou se pouvye. Pa kite anyen fè w bliye si pi bon, pi bèl kado ou se laviw. Sonje renmen lavi.
Ret fokis motivasyon!

14/06/2023

14 jen
Tit: Reyalite lavi

Pa gen moun ki wè a kilè ou leve pou w al bouske lavi.
Pa gen moun ki konnen konbyen pòt ou frape avan yonn ouvri pou ou.
Anpil fwa yo jije w sou sa yo panse de ou pandan yo pa janm konnen kisa ki reyalite lavi w.

Ret fokis motivasyon!

13/06/2023

13 jen
Tit: Konnen tèt ou

Ou se premye moun ki dwe konn tèt ou, konn fòs ou, konn feblès ou.
Pa kite pawòl lòt fè w blive ki kalte moun ak nanm kew ye.
Nan konplikasyon w kwaze nan lavi w, sonje ou pa t janm febli se tout nannan w ki aji nan edew kenbe.
Konnen ki moun ou ye.

Ret fokis motivasyon!

11/06/2023

11 jen
Tit: Lavi gen anpil sipriz

Apre tout efò ou fè nan lavi w, atann ak anpil sipriz kote moun ou pa t janm panse a se
li ki pral mande anraje nan di tout kalte koze ki pa menm sanble w.
Fè yon ti pwoche!

Mande l ki sa ou fè l, lang li lou kou pwa 50 paske se kotew soti pou rive la ki pwoblèm
Ii.
Sonje, w ap toujou genyen moun ki renmen w e lòt ki pa renmen w.

Ret fokis motivasyon.

10/06/2023

10 jen
Tit: Libète w

Libète w, yo pap fèw kado sa,ni tou yo paka prete w li,

libète se pran pou pran l.

Anpil fwa nou santi anndan nou k ap mande chanjman. Nan tèt ou lanbi
libète w pa bouke kònen, pèrèz fè w paka afwonte pè ki kouche sou chimen libète w.
sonje, libètew se pran pou w pran l.

Ret fokis motivasyon!

09/06/2023

9 jen
Tit: Nou chaje ak bon enèji

Idantifye sa w genyen pou konstwi sa w bezwen.
Anpil fwa nou abandone tout sa nou genyen,tout sa lanati mete sou chimen nou pou nou al chèche byen lwen.
Souvan se mank vijilans ki fè nou pa sezi atan kantite mèvèy ki nan anviwònman n.
Sonje, nou chaje ak bon enèji, an n travay pou n vanse.

Ret fokis motivasyon!

08/06/2023

8 jen
Tit: Lè w aji byen, ou beni

Sa rive souvan yon moun chwaziw kòm advèsel san w pa menm okouran.

Chak pa ou fè an plis deranjel.

Sa konn rive lè w kwaze l ou ba l bon Jan salitasyon ak senserite w poutan pou li menm ou pata dwe viv.

Sonje, lè w sensè epi ou aji byen, ou beni.

Ret fokis motivasyon!

07/06/2023

7 jen
Tit: Rete moun ou ye a

Rete moun ou ye a.
Travay sou tèt ou chak jou pou pa detounen.
Mete men nan pouse pwojè lavi miyò a konsa w ap jwenn enèji nan batay pou rann lòt viv jan moun dwe viv.
Sonje, plis w ap ede lavi mache se plis lavi pa w ap pi bèl.

Ret fokis motivasyon!

06/06/2023

6 jen
Tit: Plas ou

Atansyon! se pa tout moun ki di w deplase, nan
sousi pou pwotejew. Anpil fwa, moun ki mande w
deplase a, sa ka rive rèv li se pran plas Kotew ye a. Li pa p bezwen konnen ki kantite mou kap viv de plas sa a travè ou. Sonje, plas ou dwe sou kontwòl ou.
Ret fokis motivasyon.

05/06/2023

5 jen
Tit: Se pa tout moun ki renmen w

Anpil fwa nan lavi nou bay tout eneji nou nan bay atansyon a moun ki pa renmen nou, pandan nou abandone sila yo ki pare pou bay lavi yo pou nou.
souvan nou ta swete tout moun renmen nou e konprann nou.
Sonje!genyen moun menm tèt yo, yo
pa renmen.
Ret fokis motivasyon.

04/06/2023

4 jen
Tit: Nou chak gen yon istwa

Poukisaw pè atak yo? kijan wap fè pare kou siw pa konn pran kou?
Anpil fwa nou kite atak yo fè nou pè avanse sou chimen nou.
Ki pi bèl bagay ki genyen pase rakonte kantite kou ou pran avanw rive nan destinasyon ou.
Sonje, nou chak genyen yon istwa pou nou rakonte, se nan pran kou nou aprann anpil kou

Ret fokis motivasyon!

03/06/2023

3 jen
Tit: Rete fèm

Rete fèm.
Gen de moman nan lavi, difikilte yo vini tankou gwo rafal van melanje ak gwo kout loray.
ou konn ap di tèt ou pouki se ou. Anpil fwa, se
moman an ki rive pou tout moun dekouvri kalite
moun ak nanm ke w ye a.
Sonje, se apre gwo konba wap vin pi djanm.

Ret fokis motivasyon!

02/06/2023

2 jen 2023
Tit: Souri
Kle souriw dwe nan men w.
Pa tann se kè kontan yon lòt ki ba w yon priz souri. Ou ka travay tèt ou
pou pwoteje souri w kont tout sa k ka mete min sou vizaj ou.
Sonje, ou se premye ki dwe fè tèt ou plezi
menm si move van lavi chaye ta vle koupe souriw.

retfokis motivasyon.

02/06/2023

1e jen
Tit: Pa ri nan malè lòt

Pa pran plezi Nan malè lòt.
Genyen bagay ki pase devan w olye ou pran plezi pito w aprann de li pito.
Anpil fwa sa w ap gade k ap pase frèw la konn sou wout paw.
Pwofite di tèt ou : "kite m aprann pou lè m nan sitiyasyon sa ,kòman m ap fè pou m soti tèt mwen"
Pa ri nan malè lòt.

Ret fokis motivasyon!

31/05/2023

31 me
Tit: Respè

Pèdi yon match pa dwe fè w bliye kantite fwa ou chanpyon nan lavi w.
Anpil fwa, nou bliye kantite mèvèy ki fètnan lavi nou paske rezilta yon demach pa t favorab.
Panse ak moman viktwa w yo. Travay pou w kontinye pote viktwa. Sonje, se pa yon sèl pa ki mete w kote w ye jodi a.
Ret fokis motivasyon!

30/05/2023

30 me
Tit: Mo rale mo

Mo mennen mo .
Gen de pawòl ou di yon moun,
atann ou ak yon renpons ki ka chifonnen lespriw.
Souvan nou fache pou repons yo pandan nou bliye kesyon yo.
Nan mete mo, ti mo rale gwo mo.
Sonje, lè w mande respè, ou dwe pare pou bay li menm nan moman ki pi difisil la.

Ret fokis motivasyon!

29/05/2023

29 me 2023
Tit: Fè tèt ou konfyans

Se pa sa yon moun di de ou ki pral defini kiyès ou ye. Se pito moun ou ye a. Anpil fwa, nou kite pawòl lòt ap repete febli n oubyen detounen nou sou chimen nou. Nou konn prèske rive epi yon pawòl fè w kanpe nan wout.
Sonje, nou dwe konn tèt nou epi fè tèt nou konfyans.
Ret fokis motivasyon!

28/05/2023

28 me
Tit: Leve pye w
Menm si chimen an trase pou ou,
se ou ki pou leve pye w pou w mache sou li.
Sa rive souvan sa w t ap tann depi lontan an rive sou ou epi ou pa rive sezi okazyon an; neglijans ak laperèz mare pye w. Sonje, se ou sèl ki ka fè l pou tèt ou.

Ret fokis motivasyon!

27/05/2023

27 me
Tit: Jwe patisyon pa w

Nan lavi, toujou bat pou jwe patisyon pa w la.
Men anpil chay pa lou se vre, men se lè chak me jwe wòl yo nan leve chay ki lou.
Lè w mete enèji pa w san rezèv.

Konsyans ou ap an pè paske w te mete men pou ede lavi mache.
Pa gade si lòt neglije patisyon pa w la.

Ret fokis motivasyon!

26/05/2023

26 me
Tit: Bon rankont

Bon rankont.
Genyen rankont ou fè sou chimen w, menm ou menm w ap mande tèt ou kijan kwazman sa fè fèt.
Ou pa ta di se rezon sa menm ki te mete w nan lari. Se tankou ou kwaze sa w t ap chèche a san manke anyen. Souvan, li pa pote anyen materyèl, men ou santi l chaje. Li pote limyè.
Ret fokis motivasyon!

25/05/2023

25 me
Tit: Silans

Lè moman silans lan rive, pa ezite fè silans.
Se pa touttan ou oblije nan rakonte.
Genyen moman se silans ou k ap retire w nan lo. Nan lavi , anvan w di yon pawòl ke w pa metrize, pito w kite silans ou olye ou lage nan rakonte.

24/05/2023

24 me
Tit: Sa ki rann ou pi fò

Moun k ap eseye bare chimen w lan,
si l te konnen ki kantite baraj ki pi gwo epi ki pi difisil ou pase deja nan lavi w, li ta di: "Non , eseye bare w te tan pèdi".
Gen eksperyans ou fin fè, menm si w pa sòti jan w te swete l la, men li rann ou pare pou tout sa kap vini sou chimen w.
Ret fokis motivasyon!

23/05/2023

23 me
Tit: Pasyans

Sa k pral fè kè w kontan an konn dèyè pòt la.
Nan moman menm ou chwazi abandone a, se pa tout sa w vle k ap bon pou ou.
Souvan, vye bout bwa ou konn neglije a se li ki pral sèvi w baton pou w apiye pou vanse pi douvan.
Sonje, se pa sa l sanble a ki fè valè li.
Men se pito itilite l.

Ret fokis motivasyon!

22/05/2023

22 me
Tit:Dòmi leve se yon gras

Kiyès ki pa kontan lè yo dòmi epi yo leve.
Dòmi leve se yon gras; paske anpil moun konn depanse tout sa yo posede yo pa rive travèse kafou lanmò.
Menm si w ka genyen anpil bèl pwojè ki poko ateri, pa di w pa gen chans.
Gade kantite kado lavi pote ba w epi di Bondye mèsi.

Ret fokis motivasyon!

20/05/2023

20 me
Tit: Di Bondye mèsi

Kelke swa nan difikilte ke w twouve w, gade tèt ou di bondye mèsi.

Anpil fwa se difikilte yo ki pral fè w dekouvri senserite ki chita nan aksyon ak pawòl moun ki nan antouraj ou.

Souvan, se lè w fin travèse move moman ou konnen vrè moun ou ye a.

Ret fokis motivasyon!

19/05/2023

19 me
Tit: Jere lonè w

Se bon lonè k ap ede w sove respè w.
Anpil fwa, nou kritike fason yo resevwa nou.
Se nou menm ki ouvè pòt bay jwe ak diyite n.
Souvan nan bliye kiyès nou ye, jenou n konn jwenn tè nan do valè.
Jere lonè w.

Ret fokis motivasyon!

18/05/2023

18 me
Tit: zanmi

Sa ka rive ou konn pale ak yon moun chak jou
Epi yon sèl kou ou rete ou pa konn sil Monte ebyen sil desann.

pa kouri jije l paskew pa tande l.
Pa prese di ke l abandone oubyen trayi.

Anpil fwa, li menm tou li konn ap di menm bagay la, pa prese jije zanmiw san w pa konnen kisa bagay la ye.

Ret fokis motivasyon

17/05/2023

17 me
Tit: Antouraj ou

Poukisa w ap tann bravo nan men lènmi w.
Pouki w panse lènmi w ap swete byen pou ou?
Sa pa ta dwe deranje w lè lènmi pale mal nan sa ki gen pou wè avè w; paske rèv yo se wè w nan dans kimele.
Sonje, ènmi ou pa anfas ou sèlman, souvan yo nan lantouraj ou tou.

Ret fokis motivasyon!

16/05/2023

16 me
Tit: Pale sa w konnen

Poukisa ou pale sa w pa konnen?
Pouki w vle pale nan tout sijè?
Li toujou pi bon lè w metrize sa w ap di.
Anpil fwa, nou rann lòt viktim ak pawòl k ap soti nan bouch nou.
Sonje, plis ou pale san w pa konnen, se plis n ap rale move enèji sou tèt nou.
Ret fokis motivasyon!

14/05/2023

14 me
Tit:Mete nanm

Mete nanm ou nan tout sa w ap fè, se mete baryè kont konplotay ak dekourajman.
Anpil fwa, ou konn ap pran anpil frap epi ou wè w toujou ap fè siksè.
Se paske nan desizyon w ap pran yo, ou mete nanm ou ladan l.
Toujou batay pou w pa fè anyen kont volonte w.

14/05/2023

13 me
Tit:Rann sèvis

Gen moun ki renmen rann sèvis, ki mete tout enèji l nan ede lòt.
Anpil fwa, lòt konn tante abize kouraj yo. Souvan, moun sa yo konn bliye tèt yo nan rann lòt sèvis. Yo konn panse yo egare, poutan yo nan beb yo.
Lè yon moun ap rann ou sèvis, sa pa vle di li egare pou sa.

Ret fokis motivasyon!

12/05/2023

12 me
Tit: Valè lavi

Valè lavi.
Valè w chita nan enpòtans ou bay lavi: lavi moun, lavi zannimo yo ak lavi plant yo.
Lavi nou chak atache ak yon misyon.
Menm jan moun gen misyon yo, se konsa tou lanati genyen misyon pa li.
Ann bay lavi valè.
Se pi bon kado ke w dwe pwoteje.
Ret fokis motivasyon!

11/05/2023

11 me
Tit: Rekòlte se bon bagay

Rekòlte se bèl bagay. Souvan, nan sezon plante, ou konn gade epi w santi w pou kont ou.
Sa ka rive lòt kache pou je w pa tonbe sou yo. Men, kou moman rekòt la rive, atann ou ke w pral genyen tout vye non.
Pa kite vye non fè w bliye lè w t ap plante a.
Ret fokis motivasyon!

10/05/2023

10 me
Tit: Lanati kanpe kote w

Lanati kanpe kote w.
Se pa san rezon genyen de moman nan lavi w, ou konn ap mande tèt ou: Koman w fè pou travèse difikilte ki sou chimen w.
Ou konn panse w pral febli epi yon vwa, yon pawòl mete w kanpe djanm. Lè kè w bon, lanati kanpe kote w. Ret fokis motivasyon!

09/05/2023

9 me
Tit:Won san baton

Pa prese rantre nan sa w pa konnen.
Souvan, nou rantre nan yon seri won san nou pa pran tan chèche konprann ni pye, ni tèt ladan l.
Sonje, se pa tout bagay w ap ka wè ak je w. Gen de bagay se entelijans ou kap ede w konprann li anvan w rantre nan won san baton.

Ret fokis motivasyon!

08/05/2023

8 mai

Lèw fè byen , ou beni epi w grandi.
Anpil fwa, nap tann se moun nou fè byen avè l ki ta dwe retounen nou menm jès la.
Atansyon! Sou chilen benediksyon, ou pa kite anyen kanpe w. Misyon ou se fè byen epi aji byen.
Menm lè w santi w trayi, pa abandone chimen benediksyon ou.
Ret fokis motivasyon!

07/05/2023

7 me
Tit: Kwè nan tèt ou

Koute kè w. Kwè nan tè ou. Aji byen pou w ede lavi donnen.
Panse ak sa ki bèl ki te make lavi w. Anpil fwa, nou kite ond negatif la kouvri nou.
Nou konn pa menm gen tan pou nou viv sa k bon nan antouraj nou.
Sonje, se sèl ou ki ka libere w de move enèji yo.
Ret fokis motivasyon!

06/05/2023

6 me
Tit: Kenbe pou lavi

Pa bay tèt ou pwoblèm pou kantite tan w ap fè sou wout . Anpil fwa, nou abandone paske nou santi kafou pou pran souf la pa atè isit.
Sonje, se pa kantite tan an, men se atenn objektif ou ki se viv lavi ki rezève pou ou a.
Ret fokis motivasyon!

05/05/2023

5 me
Tit: Pa abandone
Genyen bagay ki pase nan lavi ki pou ta fè w di : "Bon, mwen abandonne. Mwen kite tout bagay tonbe".
Men lè w panse a kantite moun ki kwè nan ou epi ki konte sou ou, ou dwe di tèt ou: "Non, mwen pap kanpe".
Sonje, pandan youn ap neglije sa w pote, genyen plizyè k ap tann ou avè l. Ret fokis motivasyon!

Vous voulez que votre personnage public soit Personnage Public la plus cotée à Pétionville ?
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Adresse

Delmas 105
Pétionville
HT-6140
Autres Conférencier sur la motivation à Pétionville (voir toutes)
Remfort 1er Média Remfort 1er Média
Pétionville

La voix de la jeunesse ! Liberté égalité fraternité. l'Union fait la force

Mise à Part Mise à Part
#22, Impasse Boule De Homme, Delmas 105
Pétionville, 2126

Mise à part pour le retour de Jesus

Des Mots Pour Toi 24 Des Mots Pour Toi 24
Pétionville

Page de motivation!

Konsèy ankourajman ak rekonfò Konsèy ankourajman ak rekonfò
Pétionville

Ou menm ki dekouraje,ki panse lavi fini pou ou,paj sa la poul edew

PAWÒL SAJÈS PAWÒL SAJÈS
Chavannes
Pétionville

Pawol Sajès la se yon ribrik ki la pou remonte moral e ki ap ede w reflechi sou kek pwen ki enpotan nan lavi.... Pa bliye renmen paj la, epi pataje chak grenn videyo ke nou pibliy...

Dr-Eliccel Paul Motivation Plus Dr-Eliccel Paul Motivation Plus
Petionville
Pétionville

Dr. Eliccel PAUL : conférencier en motivation, Développement personnel, éducation financière, en

Rodolphe Deroselin Rodolphe Deroselin
Pétionville, 6121

Welcome! Here it's all about motivation, awareness and law of the universe.

Ajimotiv_Hayti Ajimotiv_Hayti
Thomassin 32
Pétionville

Association des Chômeurs d'Haïti - ACHA Association des Chômeurs d'Haïti - ACHA
Pétionville, HT

L'ACHA se veut être la source de la matérialisation des vœux des chômeurs. Trouver un emploi qui

Enèji Kotidyen Enèji Kotidyen
Pétionville

Pour ceux qui souhaitent développer leur potentiel et qui ont besoin de motivation, Enèji Kotidyen

Billydjee motivation Billydjee motivation
Rue George Sylvain
Pétionville, 509BILLYDJEEMOTIVATION

Pour vous motiver un peu, Un ou deux textes par jour partagez la page partagez les texts aimez

CadamHaïti CadamHaïti
Rue Aimée Bastien Prolongée (pyron)
Pétionville, 509

CadamHaïti es une blogue à travers laquelle vous pouvez voir mes citations, mes Quotes, mes pensées.