Kathou2206

Kathou2206

Tu pourrais aussi aimer

Jewellery by Tyler
Jewellery by Tyler

Bienvenue à tous

Kathou2206 03/11/2022

Kathou2206 Join me on the Spaces by Wix app to easily stay updated and get in touch on the go.

Photos from Kathou2206's post 13/07/2022

https://chat.whatsapp.com/LLrH8bGnZQu4aZ8dgnj0o8 Vinn HT en gros ou en détail à prix Piyay💋

29/06/2022

Bon à savoir

Maladi Gonore son maladi nou pran nan fè sèks san pwoteje ki konn koze gwo ka**l brile, pataje tèks sa pou ede moun idantifyel paskel konn koze moun paka fè pitit e se li anpil fwa ki bay medam yo twonp bouche, lè fanm ansent fèl li konn enfekte je bebe an nan akouchman si anyen pa fèt sa konn rann yo avèg

se yon maladi yo klase pami maladi nou trape nan fè sèks san proteje, yo souvan rele l "chaude-pisse " a koz de doulè li bay lèw ap p**i ,li responsab pa yon bakteri nou rele "Neisseria gonorrhoeae ou gonocoque"

Kijanl transmèt ?
Li transmèt selon pratik seksyèl nou yo: vajinal oubyen a**l kom:
-Lè w ap pratike sèks oral(tibèf)si moun kap fèl pou ou an enfekte nan gòj ... oubyen tou si moun wap fèl pou li an enfekte nan òga'n jenital li
-nan penetrasyon
-lè moun ap liche anis( trou dèyè ) yon lòt
-Lè plizyè moun ap pataje jwèt seksyèl yo (ex: fo peni)

Oubyen tou
- li ka atake je moun nan pa ekszanp : yon moun ki sot mastibe oubyen fouye dwèt li nan vajen yon moun ki enfekte pi menm dwèt sa li metel nan jel sanl pa rann kont ,oubyen yon manman ka transmèt li bay pitit li nan akouchman, si nouvo ne an antre an kontak avèk ekoulman vajinal la

Kiyes ki a risk?
-Yon moun ki gen plizyè patnè sèksyèl
-moun kap fè bagay san prezèvatif
-moun ki te gen yon enfeksyon seksyèlman transmisib deja
-moun kap viv avèk VIH la
- lakay omoseksyèl
-travayè seksyèl

Komanl manifeste ?
Ou gen yon peryod de youn a 6 jou aprè w fin enfekte an kew pap santi anyen

Kay fi kijanl manifeste?
Lakay fi li souvan "asymptomatique" sa vle di li enfekte men li pa santi anyen

-Kòl matris li ka anfle sa ki pral abouti a yon ogmantasyon oubyen chanjman nan sekresyon vajinal la,likid ap sot nan bouboun li ki konn gen sant

-li konn bay fi an ka**l brile , li ka wè nan kilot li oubyen li wè bouboun li ap bay yon sekresyon, jòn oubyen vèt, ki gen vye sant...

-li konn ap remake ti tras san nan kilòt li sanl pa gen règ
-li konn santi doulè lèl nan rapò
-li konn santi doulè anba ti vant li sanl pa gen règ

Kom konplikasyon :
-li ka anfle youn ou tou 2 tronp yo ,ki jwe yon gwo wòl nan reprodiksyon se li ki pèmèt rankont spèmatozoyid a ovosit la , sak pral pase vin gen reyaksyon ant sistèm defans ou avek jèm mikrob yo, sa pral retresi limyè twonp lan oubyen bouche l se youn nan rezon ki bay tronp bouche, moun nan ka paka fè pitit , sa ki anpeche spèmatozoyid yo pase poul al kontre ovosit la

oubyen tou sa ka mennen a yon gwosès Ektopik kote fin gen fegondasyon men "zygote " la paka desann nan matris la a koz de limye twonp lan ki retresi , donk gwosès la ap evolye nan twonp lan, e ka rive pete twonp moun nan, moun nan ka menm endispoze telman doulè a atwòs, si pa gen okenn priz an chaj ki fèt moun nan ka pèdi lavi

Ou ka santi twonp ou anfle lèw gen doulè nan youn ou 2 bò anba ti vant ou

Donk si twonp ou anfle sa ka rann ou paka fè Pitit oubyen ou gen anpil chans fè yon gwosès Ektopik sa vle di an deyò matris

-Li ka atenn ovè yo, matris lan , tronp yo ki ka vin rann fi an paka tonbe ansent ...

bakteri an ka pase nan san pi li gaye nan tout kò moun nan li ka bay problèm kè ,problèm po etc...moun nan ap santi yon fyèv, doulè nan atikilasyon yo tankou chevi, pwanyè,jenou etc...li ka wè bagay kap pouse sou pol , si anyen pa fèt li ka pèdi lavil

Lakay gason :
- lè lap p**i ka**l li brilel
- li konn ap fòse poul p**i
li ka evolye tankou moun nan konn wè pij ap sot nan penil lèl prese peni an

-pi tèt penil vin tou wouj
konplikasyon li ka bay Kay gason se:
- anfle pwostat li

- epididyme( ki jwe yon wòl nan matirasyon a stoke spèmatozoyid yo ) anfle sa ki koz gason an vin paka ansent fi

- testikil li konn anfle lèw touche l li ka fèl mal, tout sa yo ka rann gason an vin pa ka fè pitit, sa yo ka akonpanye de fyèv

Kay tifi , ou wè bouboun timoun nan anfle pi li wouj yo trapel pi souvan nan abi seksyèl malerezman...

Nan ka 2 sèks yo
-Li ka atake trou dèyè moun nan trou dèyèl ka ap gratel yon ekoulman ap soti nan dèyè l, lèl ap twalèt sa fèl mal, li toujou santi yon bezwen al twalèt

-Enfeksyon nan goj: souvan pa gen okenn sentòm , oubyen moun nan ka santi yon gòj fè mal...

-Je moun nan ka enfekte, jel ap gratel,jel wouj, e ka gen yon ekoulman vèt ou jòn, lakay nouve ne souvan, si pa gen anyen ki fèt li ka vin avèg se youn nan rezon ki konn koze anpil moun avèg yo ka diw yo avèg depi lè yo pat gen lespri... souvan se sa ki koz ,donk ann proteje nouvo ne yo

Komanw proteje konn bakteri sa ?
-Proteje n lè nap fè seks, met prezèvatif
- depiste fanm ansent yo
-pi timoun yo voye je sou yo

siw santi siy a sentom sa yo ou sipoze avize patnè sèksyèl ou paske nou tou 2 dwe trete
Tout sa poum di nou gonore pa yon jwèt
Li ka rann yon fi paka fè pitit

Si yon fi ansent li ka bal yon "grossesse extra uterine" kote timoun nan ka devlope nan twonp lan olye de matris la, li bay gwo doulè anba vant, li konn menm pete twonp lan ki ka koze emoraji moun nan ka menm mouri sil pa swanye.

Lakay ti mesye yo li ka rann yon gason paka fè pitit tout sa poum di mesye yo sispann akize medam yo

Si nou nan yon koup nou wè 1 an pase nou pa janm ka fè pitit ti mesye met ògèy de kote se al kay Dr ansanm pou yo bay nou tou 2 fè examen konsa nap ka arive fè pitit la ansanm tout bagay ap rezoud , se pitit la ki fwi yon fwaye...

E menm lèw ta rive gen yon pitit malerezman siw enfekte ,li ka gen konsekans sou nouvo ne a lap bal sa yo rele "ophtalmie purulente" ki ra ,ou obsèvel kèk jou aprè akouchman ...popyè timoun nan anfle ,jel wouj pi lap bay yon sekresyon jòn oubyen blanch kom konsekans, li ka menm koz li vin avèg
Si nou remake siy a sentom sa yo fonn al Kay Dr rapid rapid... Ou menm a patnè w

Like & pataje
Tag yon moun li avèw
Norbrun Kerry Care-ry

04/05/2022

Tout saw ap gade la se fibwòm ki sot anndan yon sèl moun ki te gen pwoblèm poul fè pitit, ki bal espwa kel ka ansent kounya ,se rezilta travay doktè ayisyen ki se doktè Demas Erlandy a doktè Doccy Delvales, ann tou fon ti pale de Fibwòm ,yon ti konesans anplis ap bon pou nou pa neglije pataje post sa pou plis moun gen konesans menm jan avèw

anpil fi fè fibwòm an Ayiti ,kèk konn prezante siy a sentom yo men souvan yo pa konn si se fibwòm, men anpil pa konn si yo fèl paske anpil fwa li pa bay okenn siy a sentom

kisal ye? konbyen tip ki genyen? ki diferans ki gen ant fibwòm a kis? ki konplikasyon l ka prezante ?kilè pou opere? tout sa nou pral wè ansanm

fibwòm nan se yon Timè yo klase kòm beniy sa vle dil pap transfòme an kansè ,ki devlope nan Matris fi

Nou jwenn li pi souvan Kay fi ki nan ras nwa e ki nan laj 30 a 50 ans, 50% fibwòm pa prezante okenn sentom se menm Jan a kis la m tap pale nou an se toujou nan kad yon ekzamen jinekolojik, doktè dekouvri moun nan gen fibwòm sa vle di menm si nou santi nou byen fok nou al Kay doktè poun fè check up...

matris la se òga'n bb an devlope
Nan pati matris la nou jwenn kò, isthme ki relye kò a kol la, li gen kol la se antre an e se la moun nan konn devlope kansè kol matris, pi nou jwenn fon matris lan, a kotel gen 2 bra ki se twonp yo...

Li gen 3 kouch prensipal:
- tinik ekstèn yo rele serez
- yon tinik moyenn
-tunique entèn yo mikez

Fibwòm nan ka devlope nenpòt kote nan 3 tinik sa yo

Fibwòm nan ka devlope an deyò de matris, lè sal" sous-sereux"

Li ka projte nan kavite matris la se li ki souvan fè fi an ap bay anpil san menm deyò règ, lè sa "sous -muqueux"

Li ka devlope nan muscle matris la ki pèmèt li kontrakte ki se "myomètre"

Fibrome nan ka devlope devan ou dèyè matris la

Fibrome nan diferan de kis la pa :
-sak fòme yo kis la se likid

-fibrome nan pi di ke kis la

Faktè ki ka mennen a fibwòm se :
- familyal nou konn jwenn nan yon fanmi plizyè moun fè fibwòm , nan plizyè jenerasyon

- moun ki nwa pi devlopel ke lot ras yo

-moun ki sekrete anpil oestrogene ki se yon òmonn fanm

-Moun ki nan laj 30 a 50 ans gen anpil risk

Pa gen fibwòm lè timoun nan pako fòme
Yo gwosi pandan gwosès e regrese aprè

Yo souvan ret stab oubyen regrese lè moun nan atenn menopoz( lè pa gen règ ankò)

Siy a sentom li ka baw :

se siy revelatè prensipal la li fè règ la dire plis tan el vin pi abondan moun nan ka menm rive idantifye ti boul nan Sanl

- moun nan ap bay San an deyò de règ

-sa konn rive kote moun nan bay San anpil anpil lap bay San e pandan règ e san règ moun sa yo konn menm rive anemie

-Moun nan gen gwo doulè Anba ti vant lè règ moun nan konn di li pa ka leve pyel telman doulè a atròs lèl kanpe doulè a ogmante, lel kouche oubyen ret o repo doulè a diminye li konn santi yon bagay Lou Anba ti vant li sa se lèl gwo

-Vajenl konn ap bay anpil sekresyon

vant fi an konn vin gwo, e lè fibrome nan gwo konsa li konn konprese organ ki a kote matris la tankou:
-vesi moun nan konn plede leve al p**i lèl ale li bay yon ti kal p**i

-"re**um" ki se yon pati nan trip lan avanw pran touye dèyè moun nan, li dèyè matris la, lè fi fibwòm nan konpresel li konn fè moun nan plede gen yon fo anvi al twalèt , li konn menm rive konstipe

-li konn konprese" uretere" la ,uretere la se yon ka**l ki pèmèt pasaj p**i an de ren an a vesi an, lèl konpresel tout p**i a ret anlè, li konn menm tounen nan rein , p**i a vin staze nan ren an e ren an vin enfekte.

li konn konprese Venn ki nan anviwonnmanl lè sa moun nan gen varis yo parèt souvan nan janb li kote Venn janb li yo gwosi e yo parèt tòde

Kòm konplikasyon
fibwòm nan konn paka jwenn San, moun nan konn gen gwo doulè, li konn gen yon fyèv de 38 a 39 degre C, moun nan konn bay yon San menm pandan yon mwa nwa an deyò de règ sa souvan lye a yon fibrome sous sereux yo

-Fibwòp ka kozew paka fè pitit a chak fwaw ansent ou pèdi timoun nan ou vin pa ka mennen yo gwosès a tèm, sitou nan yon fibrome sous muqueux pa bliye li ogmante pandan gwosès,li ka provoke yon avòtman, li ka bay yon problèm nan akòlman placenta

-li ka konprese twonp lan sa ki ka bouche orifis la, lè ze la vle pase pou al nan matris la, li pa ka sa lèl ap gwosi nan twonp lan, twonp lan ka Pete lè sa moun nan ka pèdi anpil san si pa gen yon swivi li ka anemi ki ka vin grav e mennenl a lanmò

-Anemi se youn nan konplikasyon kòz moun nan telman pedi san

-lè fi an ansent li konn anpeche bebe an vire nan vant manman e fèl bay move prezantasyon nan moman akouchman

-nan moman akouchman toujou fibwòm nan ka fè obstak a tèt bebe an e voyew fè sezaryèn

yo chwazi opere sa depann:
-de gwosèl
-de kotel ye nan matris la
-de sil ap bay konplikasyon

Depiw santi sentom sa yo kouri al lopital , e pa bliye 50% ka li pa bay sentom fow fè ti check up ou pou w konn si tout bagay nòmal pa ret tann ,pita pi tris

Kerry NORBRUN

Photos from Kathou2206's post 27/01/2022

Plase kòmand pa nou 💸💸💸

27/01/2022

💸💸💸

27/01/2022

Important

Tout fi ta dwe li e pataje tèks sa pou plis lòt fi jwenn konesans sa tou

Men 10 bagay tout fi kap met kilòt dwe konnen sou kilòt ,dim ki nimewo ou pat konnen, pa kenbe konesans sa pou kòw

Pataje tèks sa pou plis fi ka jwenn konesans paske jounen jodya anpil ayisyèn ap fè enfeksyon vajinal malgre yo respekte règ lijyèn,men sa yo pa konnen kilòt yap mete an ka jwe yon wòl nan sa, gen fi ki konn ap met kilòt ki kite pil mak sou po ,yo pa konn si sa ka vin yon danje pou yo, genyen ki pa konn si se kilòt koton oubyen sentetik pou yo mete, nou te konnen siw met yon tanga ki twò piti oubyen twò gwo pou ou ka baw enfeksyon?

nou pral ouvri jew nan tèks sa sou koze jann ap sèvi a kilòt pou kenbe vajen nou an sante

1-gen de sitiyasyon ki rive li konn rekòmande pou fi an pa mèt kilòt pa ekszanp nan ka yon fi ki fè enfeksyon ki koze pa chanpinyon jan de fi sa yo konn ap bay yon sekresyon tankou lèt kaye, eben chanpinyon yo renmen kote ki imid , lè fi ki viktim de enfeksyon sa pa met kilòt ankò ,pa gen imidite ankò ,dayè yo remake lè fi sa yo pa met kilòt pandan enfeksyon vajinal pandan yon tan , yo gen yon ti soulajman

2-kilòt pa dwe kite mak sou pow sil kite mak sou pow sa senpleman vle di ke li twò piti pou ou , lefèt kel twò piti ka iritew pouw se sak konn rive anpil fi kotel kite yon bann mak wouj bò kwis fi an , kote sa yo konn enfekte, ann pran ekszanp yon kilòt tankou tanga , sil twò piti oubyen twò gwo a koz de fil la ki pase nan fant dèyè an li ka pran mikwòb ki nan anis ou (twou deyèw) pote nan vajenw e sa ka bòw yon enfeksyon nan vajen, sak pi bon an se met yon tanga yon gwosè nòmal

3-ou dwe dòmi san kilòt paske sa enpòtan pou redwi nan imidite kilòt la ap kreye ,imidite favorab pou mikwòb miltipliye nan vajenw e baw enfeksyon ,lèw retire kilòt ou vajen an mwen imid e li resevwa lè

4-ou pa dwe met yon kilòt 2 fwa sou ou siw pa lavel rezon an se paske kilòt an kontak dirèk avèk pow, li absòbe tout sa pouw rejte tankou swe, glè, sekresyon, san, tras twalèt etc... sa vin fè yon kilòt son veritab bouyon mikwòb, se rezon sa ki fè ou dwe lave yo aprè chak lèw fin mete yo

5-ou pa dwe lave kilòt ou menm janw lave tout lòt rad ou, poukisa ? Paske a sibstans nou lave kilòt yo se bagay chimik sa ki ka irite po a oubyen pwovoke reyaksyon alèji epi nòmalman nou ta dwe lave kilòt nou a dlo cho pou touye maksimòm de mikwòb, epi fòn byen mete yo seche nan solèy sa ankò ap ede nou elimine maksimòm bakteri, pa bliye lòt rad yo ka fel kenbe plis mikwòb

6- kilòt nap fè spò yo se kilòt spesyal ki fèt pou sa paske lèw ap fè spò wap transpire ,sa kreye imidite e imidite sa pral kreye miltiplikasyon mikwòb sa ki ka baw enfeksyon , kidonk ou pa ka fè spò a nenpòt kilòt

7-ou dwe chanje tout kilòt ou chak ane,menm yo pa ize selon pwofesè an mikwobyoloji Philip Tierno
ann wè poukisa ,rezon an senp se paskew malgrew lave kilòt ou gon yon kantite mikwòb kap toujou rete, yo konn anviwon 10mil mikwòb ki rete men majorite mikwòb sa yo pa danje pou sante fi an,konsa genyen ki konn danje pou fi an pami yo gen E. coli, staphylocoques, ak anpil lòt

8-preferew met kilòt an koton ke kilòt sentetik paske kilòt an koton an kenbe mwens chalè ,vajen an ap mwen imid epi lè plis pentre kilòt koton an kidonk vajen an ap kenbe mwens imidite

9-pa kite bikini yo fè anpil tan sou nou , rezon an senp lèw ap benyen vajen an vin imid, lefèt kew kite bikini an fè anpil tan sa vin kenbe imidite sa nou konnen deja dega imidite an ka pwovoke

10-ti pòch nou wè ki nan fouk kilòt an koton yo se pa pou sere anyen ,yo la pou kenbe mikwòb kap sot nan vajen an, pou anpeche mikwòb sa yo miltipliye,epil anpeche kilòt la fwote a po bouboun ou pou l pa irite bouboun ou

Like &pataje pou plis moun jwenn konesans
idantifye yon moun li avèw

Norbrun Kerry Care-ry

27/01/2022

Bon à savoir

Men kèk efè Mastibasyon ka gen sou yon moun,vin li ansanm...

Pa neglije pataje tèks sa pou plis moun ka jwenn konesans sou fenomèn sa , sitou moun ki renmen mastibe yo nou ta dwe pataje tèks sa nan nenpòt 100 gwoup😂

paske gen anpil pawòl kap pale sou li tankou:
-Eske Mastibasyon fè moun avèg vre?
-Eskel fè moun soud vre?
-eskel redwi nan kapasite pou ti mesye yo antre an ereksyon?
-Eske siw fèl twòp ou ka ejakile san? etc...nou pral debat tout aspè sa

Avan m kòmanse map sèlman raple nou ke abitid sa konn vini depi nan vant yo konn ap fè yon sono pi doktè yo konn ap remake fetis la ap fè jès mastibasyon an nan vant manmanl ,janm te montre nou li nan yon sono deja...

Nan moman sa la, moun anndan, paka sòti, aktivite redwi, men sak pi rèd la ou paka wè 'bae' ou, oubyen 'bae' yo😂
Sitou pou moun ki a distans yo e ki sou kontwòl parantal strik.
Genyen malgre yo lib pou sòti, men yo deside pa antre nan relasyon seksyèl akoz Kowona ( nou aplodi sa).

Sa vinn fè majorite moun nan moman an mastibe plis, ayayay, nan moman an, Bondye wè koze wi anba syèl ble li a.

Mastibasyon vini a yon pakèt abitid tankou:
-gen koup ki mastibe ansanm
-gen mari konn ap gad madanm li kouche epil telman ap kontanplel li prefere mastibe

Gen fi renmen mastibe menm jan a gason

-gen fi ki reziye yo mastibe paske patenè yo pa ase ouvè pou yo di yo ke yo pa renmen penetrasyon, e sou ti fèy tabatchè a pou li jwe😂

Eske nou konnen tou mastibasyon pa yon mal?
Depi ou rete nan limit nòmal la e pa kite ou devlope depandans lan

Eske gen efè segondè?

Annou wè avi kèk ekspè!
Majorite ekspè chita sou yon sèl konklizyon ke pa gen efè segondè sou fizik moun jan yo ta fè konprann nan apa de fatig kwonik epi ti karans an kèk sibstans tankou kalsyòm, men sa rive nan fason moun nan mastibe a konn gen blesi ak twomatis ( pa egzanp pou gason, ka gen twomatis sou vèn kavènez yo ki se 2 gwo venn ou jwenn chak bò peni gason an )

Pou fi sa ka rive gen alèji oubyen enfeksyon ( si li itilize sèkstòy e si yo pa pwòp ) .

Lòt pi gwo pwoblèm ankò ou ka rankontre se depandans lan, se lè li anpeche ou regle aktivite ou, li konn tounen yin veritab rityèl paske gen moun ki konn paka konsantre nan travay, lekòl, gen moun ki konn annik wè yon jip oubyen yon imaj epi boom, kap gentan ap file si e gason , plato a gentan ap griji si e fi!

Gen mari kap leve dèyè do madanm yo kap manche sou pwent pye al bouch pou al fèl
E se la yo mande akonpayman medsen an, se lè ou santi mastibasyon an depase
ou.

Men mastibasyon lè li fèt nan limit nòmal, li ede anpil moun,
- genyen li ede dòmi
- genyen li evite twonpe patenè yo
- genyen li pèmèt detann yo
-li ede kalme pilsyon
-li ede retire strès
-li ede moun nan konn kòl

-gen gason tou ki fèl anvan yal jwe yon match, yo gentan lage premye dlo a pou yo ka dire plis, paske gen match siw mal pase, menm bloke yo ka blokew aprè!

Nan jenerasyon sa la, paran dwe gen yon kontwòl sou adolesan yo paske yo menm yo plis ekspoze a mastibasyon akoz telefòn ak entènèt ki ap mennen ki ka fè yo vinn akwo a yon plezi ki nouvo pou yo.
Like & pataje pou plis moun ka li avèw
Idantifye yon moun li avèw

Exama Jean Rodrigue Junior & Kerry NORBRUN

Pa bliye abone ak paj sante anba tonèl sou lyen sa:
https://www.facebook.com/Sante-Anba-Ton%C3%A8l-2339884806074912/

Mèsi

25/01/2022

Souvent tu arrives dans une famille et tu vois un vieux père d’environ 40 ans qui est là, c’est lui on envoie pour payer la boisson quand il y a des invités. C’est lui qui dans les réunions de famille décapsule les boissons avec ses dents. Penses-tu que c’était son rêve de vie ça ? Je ne crois pas.

Quand tu trouves dans un bureau une tantie aigrie, qui parle mal aux gens, qui visiblement n’a pas envie de faire ce pourquoi on la paie, mais comme elle est fonctionnaire de l’Etat personne ne peut rien lui dire, est-ce que tu penses honnêtement qu’elle a rêvé d’être ce genre d’agent ?

Chaque matin, tu montes dans le taxi pour aller au boulot, et il y a ce même vieux-là qui est là, chauffeur au milieu des jeunes. Quand toi-même tu le vois tu sais que ce n’est pas une affaire de passion. Le gars est fatigué, mais si tu lui dit d’aller se reposer c’est injure qui va tomber sur ta tête. Crois-tu que c’était comme ça qu’il voyait sa vie à cet âge ? Non, je ne pense pas.

La tantie qui est assise au quartier qui n’a pas de mari mais qui joue les bonnes vielles mères des jeunes filles de la cité, s’affaire sur tout le monde et met sa bouche dans tout, penses-tu que c’était sa vie idéale ça ? Non, je ne crois pas.

Le tonton qui est retraité et sympa au quartier, mais qui chaque fin du mois lutte pour payer son loyer, et évolue de crédit en crédit, même dans sa retraite n’avait pas intentionnellement voulu être à ce niveau, surtout à cet âge.

La vérité est que ceux dont la vie suscite aujourd’hui en toi mépris ou compassion n’avaient pas prévu se retrouver là. Ils ne sont pas à blâmer mais à comprendre. Comprendre ne veut pas dire justifier. Mais tu dois comprendre pour en tirer leçon. Voici ce qu’on ne te dit pas souvent.

En fait, ils avaient tous des souhaits, de bons souhaits pour leur futur. Mais, ils ont fait chaque jour des choix d’actions contraires à ce qu’ils voulaient. Je veux dire quoi par-là ?

C’est subtil, mais on ne s’en rend pas compte. Le vieux père qui décapsule les boissons avec ses dents a peut-être été mis à l’école mais un moment il s’est dit que c’est trop dur. Pourtant des gens qui avaient les mêmes difficultés que lui ont persisté et sont autonomes aujourd’hui.

La tantie aigrie de la fonction publique se disait peut-être que comme il n’y a pas travail elle va faire un concours en attendant, et puis elle a été prise dans l’engrenage. Elle a perdu de vue ce qu’elle a toujours voulu et s’est laissée engloutir par les sombres aspects de ce qu’elle faisait. La monotonie, l’absence de perspective professionnelle, tout cela l’a démotivé, et un jour son mauvais caractère s’est sclérosé.

Le vieux qui ne veut pas laisser la conduite est certes fatigué mais il n’a pas pu économiser pour s’acheter ne serait-ce qu’un seul taxi. Il a fait des choix différents, son quotidien, les plaisirs du moment, puis plus rien. Il est contraint à travailler jusqu’à sa mort.

En fait, toutes ces personnes avaient de bons souhaits, mais ont agi dans la direction opposée. Est-ce que ce que tu t’apprêtes à faire aujourd’hui, la minute que tu passes en ce moment, l’argent que tu prévois dépenser ce week-end avec tes potes, le choix que tu es sur point de faire, est-ce que tout cela sert vraiment le rêve que tu as ?

Tu sais, tout le monde peut rêver, mais il n’y a que les gens disciplinés, qui agissent conformément à ce qui sert leur rêve, et cela sur la durée, qui y parviennent.

Tu connais tes rêves, dès maintenant élimine ce qui ne te sert pas.

Bon début de week-end partenaire 🎈

On se donne Rendez-Vous Au Sommet ⛰️🦅
Le 1er qui arrive aide les autres à monter 😉

Ne sois plus une victime des arnaqueurs, lis attentivement cette publication 👇🏾👇🏾👇🏾
https://www.facebook.com/101114034820473/posts/454723879459485/

©Dr. Serge KOUKOUGNON,

Vous voulez que votre entreprise soit Bijoutier la plus cotée à Port-au-Prince ?
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Téléphone

Adresse

Rue Daut
Port-au-Prince
6116

Autres Bijoux/montres à Port-au-Prince (voir toutes)
Gran Dam Collection Haiti Gran Dam Collection Haiti
33 Bis 2ème Avenue Du Travail
Port-au-Prince, 6113

Gran Dam Collection se yon liy bijou ki fèt a men. Bijou sa yo kreye ak divès materyèl pou ba ou yon

BoulBi Bijouterie BoulBi Bijouterie
Marché En Fer
Port-au-Prince, 6110

BoulBi Bijouterie

Marloo store Marloo store
Port-au-Prince

Nous sommes Marloo store et nous fonctionnons 7 jours sur 7,nous livrons sur toute l'étendue natio

Prerood a bon prix Prerood a bon prix
Port-au-Prince Rue Magloire Ambroise Prolonger
Port-au-Prince, 509

Bijoux

Brenda Dior Brenda Dior
Port-au-Prince

Smily Boutique Smily Boutique
Route De L'aeroport
Port-au-Prince, HT6110

Bienvenue dans ta boutique préférée, la boutique qui priorise ton beau sourire.

Macky bon produit Macky bon produit
Delmas 24
Port-au-Prince, HT6110

☆Macky bon produit☆ permet ou ht saw vle ak yon prix abordable e few jwenn bon produit yo pi rapid

MaSa Make up store MaSa Make up store
Carrefour AEROPORT
Port-au-Prince, 509

At MaSa's accessory we really help our customers with products of quality we sell earrings, watches

vann online� vann online�
Port-au-Prince, HT99410

vin ht a bon pri

Feude bracelet Feude bracelet
Port-au-Prince

chelen.kreyasyon chelen.kreyasyon
Port-au-Prince

Metew klere ak Chelèn !

Kate_jewerly&accessories Kate_jewerly&accessories
Port-au-Prince

vente de bijoux et accessoires de mode