JEV Motivation

JEV Motivation

Notre priorité est de vous aider à réveiller en vous votre MOTIVATION, car il n'est dutout pas fa

30/04/2022

Vandredi 29 Avril 2022

***
Gen yon seri de moun, depi yo fin satisfè tèt yo, yo inyore tout lòt moun ki dèyè.
Jodi a zanmi mwen vle di w: Lè w jwenn yon sous ki ba w bon jan dlo ki pou pase swaf ou aprè yon wout ki te long anpil, lè w fin satisfè, pa sal sous la avan w ale ; konnen ke gen moun dèyè ki swaf toujou. Si moun avan w yo te sal sous la, ou pa t'ap jwenn dlo pwòp pou w bwè. Pa wè tèt ou sèlman. Piga w egoyis.
✍️

29/04/2022

Jedi 28 Avril 2022

***
Senp oubyen konplike, Cho oubyen timid, nenpòt jan w ye w'ap toujou atire on seri de moun.
Aprann sa: Kapasite ou genyen pou w Chame lòt moun se yon don ki ka ede w mete moun ou vle nan panye lavi w. Gen yon jan w ye, w'ap toujou jwenn de moun vle antre nan vi w, men se ou k pou triye pou w konn kiyès w'ap bay lese pase. Toujou pran tan pou w wè kiyès ki pap deranje prensip ou yo avan w ouvè pòt la.
✍️

27/04/2022

Mèkredi 27 Avril 2022

***
Twò kwè nan tèt nou pafwa konn fè n inyore si lanati ka jwe wòl konseye pou yon lespri toumante.
Jodi a zanmi m vle w aprann sa: Se pa tout lè w'ap jwenn solisyon pou pwoblèm ou an anndan pwoblèm lan menm. Gen yon nivo kat la mare 14 nan men w, ou dwe leve sou tab la pou w al reflechi kote ki pa gen bri. Gen de solisyon w'ap chèche, se nan van lanati k'ap soufle nan zòrèy ou w'ap jwenn repons yo.
✍️

27/04/2022

Madi 26 Avril 2022

***
Rann sèvis konn bay chagren, men se sèlman si w pat fè l ak tout kè w.
Zanmi m:  Se pa nan tout sikonstans vre volonte w genyen an ka fè efè li dwe fè a tout bon. Pafwa ou konn vle retire yon moun nan yon sitiyasyon men li menm li pa anvi retire tèt li ladann. Lè w santi volonte w la ta ka tounen yon frèt pou ou pi devan, zanmi pa fòse pou w pa di si w te konnen; men sèlman suiv sa kè w di w fè a.
✍️

25/04/2022

Lendi 25 Avril 2022

***
Avan tout gwo kalkil, anpil fwa nou toujou pran tan nou pou n chèche wè ak kiyès moun pou n pase moman vyeyès yo.
Jodi a m vle di w zanmi: Lè Tan an fin soufle sou ou epi pote ale tout ji nan kò w, gen de bagay ou pap janm ka fè yo ankò; men kè kontan w ap toujou rete, paske gen de lòt ou te konn fè nan jenès ou ak moun ou renmen an, vyeyès pap ka anpeche n fè yo. Pa janm sispann fè kè nou kontan.
✍️

24/04/2022

Dimanch 24 Avril 2022

***
Anpil moun toujou ap tann ke se yon lòt ki pou sipliye yo pou yo fè sa yo menm yo ta dwe pran kòm yon devwa, yon obligasyon.
Aprann sa jodi a zanmi: Lè w se yon mari, yon madanm, yon paran, yon travayè, yon apranti oubyen yon chèf, pa kite moun fòse w fè sa w konnen w dwe fè. Chak fwa ou kite se yon lòt moun k'ap fòse w pou w fè devwa w, ou sanlè pèdi tout konfyans moun sa yo te ka genyen nan ou.
✍️

24/04/2022

Samdi 23 Avril 2022

***
Se yon gwo kado pou paran nou te mete n lekòl. E jis kounya nou kontinye jwenn moun k'ap fè nou don Konesans oubyen materyèl.
Tande zanmi: Lè yon moun ba ou oubyen pataje sa l genyen avè w, li plis ke enpòtan pou ou menm ou aprann miltipliye l pou w satisfè tèt ou plis. Ou ka toujou jwenn moun aprann ou kenbe penso, aprann ou pentire; men se ou k pou aprann marye koulè pou anbeli lavi w.
✍️

23/04/2022

Vandredi 22 Avril 2022

***
Gen moun ki bezwen yon lòt pou yo pale lè y'ap travèse yon moman difisil. Men gen lòt ki konn bezwen moun pou yo pale pawòl ki pa menm regade yo.
Jodi a m vle di w : Pa kite pèsonn sèvi ak lavi w tankou chodyè pou yo vin bwase tout zen yo bezwen bwase. Tan an enpòtan anpil pou ou, pran l pou w regle bagay k'ap ede w avanse. Lè zen a fini, chalè a bese, se ou k'ap rete tou sal ak kras zen an.
✍️

22/04/2022

Jedi 21 Avril 2022

***
Anpil fwa gen kèk relasyon ki kraze, se paske youn nan moun yo pa aksepte fè konpwomi.
Jodi a zanmi m vle w konprann sa : Fè yon mea culpa pap retire anyen sou kalite moun ou ye a, ni li pap diminye nan richès ou. Nan nenpòt relasyon ou ye a : zanmitay, pwofesyonèl oubyen lanmou, li toujou bon pou w aprann rekonèt lè w antò e aprann aksepte eskiz lòt moun lan pou relasyon an ka dire pi lontan.
✍️

20/04/2022

Mèkredi 20 Avril 2022

***
Dirije pa mande pou w ni twò Mòl ni twò Rèd. Chak sitiyasyon gen jan pou w trete yo.
Konprann sa zanmi : Menm jan ou pa ka itilize menm fòs yon mato pou frape tout klou, se menm jan ou pa ka reprimande tout moun ki anba w ak menm fòs la. Chak kè, chak nanm, chak moun gen nivo frap pa yo yo ka pran, aprann konnen kijan pou w jere chak moun ki anba lòd ou pou w pa fè yon moun santi li san valè.
✍️

20/04/2022

Jedi 14 Avril 2022

***
Anpil moun toujou fè efò pou yo ede lòt moun chase strès, pandan gen de lè yo menm yo konn rete konsantre.
Jodi a zanmi m'ap raple w sa: Menm jan ou ka pataje souri w ak lòt moun pou yo ka santi yo byen, se menm jan an tou ou ta dwe ka fè tèt ou plezi ak pwòp souri pa w. Ri se yon remèd pou tout lespri ki touman; L'ap bon pou ou si anndan chanm ou, ou ta ofri tèt ou yon seyans griyen dan gratis.
✍️

13/04/2022

Madi 12 Avril 2022

***
Depi w pa gen prensip, pwojè w yo ap toujou mal pou reyalize jan w vle l la.
Apati jodi a zanmi, aprann mete kontwòl sou tout ti detay nan lavi w. W'ap pran plezi w ak zanmi w! Limite l. W'ap pran plezi w pou kont ou ! Limite l; paske gen yon moman pou w regle chak bagay. Kwonometre tout sa w gen pou w fè, konsa w'ap gen tan pou w regle tout sa w swete yo, epi w'ap wè 24trè w la se yon richès.
✍️

12/04/2022

Lendi 11 Avril 2022

***
Moun ki konn sa ki rele viv ansanm pap janm konble chemen an lè yo fin pase; y'ap toujou kite tras pou moun k'ap suiv yo.
Jodi a zanmi m'ap di w sa: Li toujou bon pou w suiv tras paran w, yon bon zanmi, oubyen yon lòt moun ki te fè yon bon chemen; Men li enpòtan tou pou pandan w'ap suiv tras moun sa a pou w eseye kite tras pye pa w tou, konsa ap gen plizyè chemen posib pou moun k'ap vin dèyè yo.
✍️

10/04/2022

Dimanch 10 Avril 2022

***
Anpil moun pa janm antann yo sou ki MÈT pou yo adore, men yo dakò gen yon MÈT ki sou tèt tout moun.
Jodi a konprann sa: Ou pa gen je dèyè tèt, pwoteksyon w pa depann de ou nèt. Ou pap okouran de tout sa k ka rive w, se pou sa li enpòtan pou w toujou pale ak Siperyè w la. Moman adorasyon ou pase pou kont ou ak mèt ou a, se youn nan mwayen ki ka ede w antann ou avè l pi byen. Adore plis an sekrè.
✍️

09/04/2022

Samdi 09 Avril 2022

***
Se pa souvan yo bay moun ki pa gen eksperyans plas yo pou yo ka vin gen eksperyans tou; Se youn nan baryè ki koz anpil moun bloke.
Jodi a zanmi m'ap envite w bay tèt ou Eksperyans. Fè CV w bèl pa toujou vle di pou w te gen anpil tan anplwaye; men li ka bèl paske w se Patwon. Lè w pa jwenn antrepriz ofri w anyen, Antreprann yon bagay. Lè anyen pa egziste nan antouraj ou pou satisfè w, ou menm Kreye.
✍️

08/04/2022

Vandredi 08 Avril 2022

***
Lanmoun yon moun gen pou tèt li se youn nan fòs ki ka ede l fè siksè oubyen rete yon kote san l pa janm avanse.
Jodi a konprann sa: Ou ka toujou vle gen menm fòs ak yon moun, ou ka toujou vle gen menm zèl, menm gete avè l, men Ou pap janm Li Menm. Gen yon moman ki rive, fòk ou sispann eseye wè lòt moun nan ou, paske si w rete nan chèche wè ak kiyès ou sanble ou ka fini pa bliye kiyès ou ye.
✍️

07/04/2022

Jedi 07 Avril 2022

***
Anpil moun konn bay tèt yo pwoblèm lè yo wè yon lòt moun ap pase byen wo, epi yo menm yo poko ka rive nan objektif pa yo a. Jodi a m'ap di w zanmi : Pa panse tout moun k'ap pase anlè tèt ou ap rive avan w; nou tout pa pral menm kote. Anpil fwa, kote yon moun ap prese pou l rive a, gendwa se kote ou menm ou pral chanje vitès la. Pa mete vitès paske yon moun ap pase sou tèt ou ; men pito paske ou menm ou gen yon kote pi lwen ou vle ale.
✍️

06/04/2022

Mèkredi 06 Avril 2022

***
Twò nayif pafwa konn fè anpil moun pran kou nan men moun yo pa ta panse akoz yo pa ka fè diferans ant moun ki vle byen pou yo ak moun ki vle pwofite de yo.
Jodi a zanmi aprann sa: Si se sou vizaj yon moun ou gade pou w fè l konfyans, ou riske pran nan Lyon po Mouton. Li enpòtan pou w aprann fè diferans ant moun k'ap goumen kont ou ak moun k'ap goumen pou ou pou w ka konnen ki kote pou w kanpe.
✍️

05/04/2022

Madi 05 Avril 2022

***
Anpil moun toujou ap veye okazyon lè yon lòt pran yon baf nan lavi a akoz de yon erè, pou yo pwofite denigre l.
Jodi a zanmi m vle w konprann : Se pa jounen jodi a Moun ki gen bwa nan je yo konn ap wè pay ki nan je lòt moun. Moun k'ap kouri jije yon lòt poutèt li gen yon mak klou nan lavi l akoz de yon erè, anpil fwa Lavi pa yo konn gen plis twou pase paswa. Pa fè menm jan avè yo. Sispann mal Jije.
✍️

04/04/2022

Lendi 04 Avril 2022

***
Soti sou moun k'ap vin rakonte w, rive sou rezo sosyal yo kote mesaj sikile rapid vit, anpil fwa mesaj ki rive jwenn ou yo konn defòme deja 10 fwa nan yon tikras tan.
Jodi a m vin di w zanmi: Aprann filtre tout pawòl ki vin jwenn ou, aprann dechifre, eseye analize mesaj la pi byen pou w wè si w ka pwolonje l oubyen si w dwe stope l nan pwent pa w la, pou pi devan pou w pa konplis nan fo enfòmasyon.
✍️

03/04/2022

Dimanch 03 Avril 2022

***
Aprè yon echèk, gen anpil moun ki konn tou bay objektif yo do, paske yo jije yo te dwe fè yon sèl pase menm jan kèk moun konn fè on sèl kout kle a.
Jodi a zanmi m vle w konn sa: Lavi w se tankou yon jwèt Dam; Chak move pa ou santi ou fè, se akoz ou te mal fè kalkil pou objektif ou yo. Sa pa vle di ke jwèt la fini. Konsantre w, reflechi, epi repedale paske ou vivan toujou; Ou ka rive kote w vle a.
✍️

03/04/2022

Samdi 02 Avril 2022

***
Chak moun k'ap viv, ki vle rive lwen, toujou bezwen fikse je l sou yon moun, pran l kòm egzanp li pou l ka fè sa l dwe fè. Anpil moun ta renmen fè menm wout Entèl te fè paske yo panse rezilta a ka menm pou yo.
Jodi a zanmi m vle w aprann DEKOUVRI moun ou vle suiv la. Moun sa w pran kòm modèl ou a, kiyès li ye; pou se pa lè w fin echwe nan suiv li pou w'ap vin konn ki kalite moun li ye tout bon.
✍️

01/04/2022

Vandredi 01-04-2022

***
Nan egzistans ou, si w pa janm aprann anyen, ou pap janm konnen ki domèn ki lye avè w. E si w pa janm teste anyen, ou pap janm konnen a ki nivo Entèlijans ou ka devlope.
Jodi a m vle di w: Touche anpil domèn pap janm fè de ou yon moun ki pa konn sa l vle. Touche anpil domèn pap janm fè de ou yon moun ki pèdi chemen l. Men touche anpil domèn ap fè w jwenn, yon jou, ki kote ou dwe branche w tout bon.
✍️

22/10/2020

Tag yon zanmi ou konnen ki toujou la pou l sipòte w nan tout sa w'ap fè ; Se ap yon temwanyaj vivan. Mete yon ti pawòl rekonesans pou tout fwa ou te vle dekouraje e ke li menm li te sipòte moral ou.

21/10/2020

Tout Riske ou Riske jodi an, se sa ki pral ba w rezilta a, se sa ki pral ba w kè kontan demen an.

Sou chemen w, w'ap toujou jwenn moun ki vle bare w pou w pa rive ; w'ap toujou jwenn moman ki pou fè w abandone, men pa janm bliye ke w gen yon objektif.

Anyen pa dwe anpeche w rive fè SIKSÈ ou vle a. Pa okipe moun k'ap lonje dwèt sou ou, moun k'ap pale anpil sou do w. Si yo te gen yon bagay y'ap fè, yo pa t'ap gen tan pou yo wè w k'ap travay.

Rizilta k'ap tann ou demen an pi gwo ke tout ti pwoblèm ou te ka rankontre sou chemen w. Dimansyon kè kontan w lan ap depase mil fwa e plis dimansyon tristès ou yo.

Pa janm bliye, pwoblèm pa fèt pou moun ki pa pwojte anyen. Pa gen okenn bagèt majik k'ap ba ou sa w bezwen an sou plas. Se travay pou w travay.

Pa janm dekouraje, epi pran tout kritik yo, analize yo pou w ka kontinye rann pwojè w la pi klè devan je w.

17/10/2020

"Mwen Kwè Nan Ou, Ou Poko Pèdi"

"Bat lavi pitit mwen, yon jou zetwal ou gen pou l briye."
Sa se pawòl tout papa ki vle wè pitit yo rive
Kote yo menm yo pat janm reve,
e menm je kale yo pat konn imajine.

"PASYANS, se sa m ka di w; edikasyon se sa m ka ba w.
Mwen se sòyèt; nan menm g'on bout sèvyèt pou siye swe lamizè ak imilyasyon.
Sou tèt mwen, yon panyen pèse k'ap fè m pran desepsyon.
Tout sa se pou ou menm jenn fi jenn gason".
Sa yo se plenyen yon manman yo trete fanm lamas.
Ki pa janm pè pran lari menm lè w tande lavalas.

Manman, Papa, Pitit, tout ap plenyen.
Zòrèy mwen byen kanpe, m tande yon bri ki sot nan ginen
E ki di: "M kwè nan ou, ou poko Pèdi"
Ou mèt jwe dènye zèl kat ou a,
G'on delivrans k'ap tann ou nan kafou a.

Jèn tankou vye; Sa k fenk vini e sa k prale, tande:
"Se nan chimen jennen yo kenbe chwal malen
Se nan pèseverans ou gen pou jwenn delivrans."
Mwen kwè nan ou, ou poko pèdi.
Nan lite lite, ou gen pou w jwenn bout lavi.

Le Sage ✍

01/07/2020

Jodi a 1 Jiyè 2020; Gen yon mwa ki fenk fini, youn fenk kòmanse, ane a ap mache pou l fini li menm tou, men lavi w pa fini, lavi w fenk kare dewoule paske w plen pwojè ki poko reyalize.

Men tou, ou ka sezi wè malgre ane a ap avanse, ou menm ou rete an plas, paske ou pa janm travay, ou pa janm fè yon pa pou w amelyore sitiyasyon w lan.

Toujou sonje tan an pap tann ou! E konsa tou ou pa dwe gade sou laj ou gentan genyen ou pa reyalize yon objektif, pou w tou abandone l pou sa. Yon Chato pa janm fin bati yon sèl kou.

Pou w amelyore moun ou ye a, ou gen pou w travay anpil. E pi devan lè w'ap kanpe gade w nan yon miwa, w'ap fyè de moun ou pral vin ye a.

Pa janm bliye sa: "Objektif ou yo, se yo ki bay lavi w tout sans li."
(Jev Le Sage)

25/06/2020

Si pandan egzistans ou, ou antoure ak byen materyèl epi nivo respè w vin pi wo ke poto elektrik, bat bravo pou sa.
Si pandan yon fraksyon segond ou ta pèdi tout byen materyèl ou, epi w jwenn moun kontinye ba w respè w toujou, ou mèt bat yon lòt bravo pi fò pou tèt ou.

Pa inyore sa, gen anpil moun ki rele w Mesye/Madam, se akoz machin sa ou posede a, akoz kay sa a, akoz biznis sa oubyen akoz anpil lòt bagay toujou ou posede; men se pa moun ou ye a yo respekte tout bon.

Se vre l'ap difisil pou w dekouvri moun sa yo! Men ou ka teste antouraj ou pou w wè kiyès ki bay BYEN w yo respè olye se OU MENM yo bay respè. Ou dwe fè atansyon ak moun sa yo.

Nivo Respè w pa dwe an fonksyon de byen ou posede, men pito an fonksyon de kalite moun ou ye a. Rete ou menm, toujou amelyore pèsonalite w, epi rete gade jan respè w ap pran valè.
(Jev Le Sage)

23/06/2020

Envite yon zanmi w vin suiv paj "Jev Motivation" an, se pèmèt kantite a double.
Chak ou fè sa, se konsèy yo ou bay posibilite rive pi lwen.
Fè sa kounya pou w ka ede Paj La grandi.
👍

14/06/2020

Li pi di lè se antoutaj ou k'ap taye zèb anba pye w. Li pi di lè se antouraj ou k'ap planifye echèk ou. Li pi di lè se rat kay la k'ap manje pay kay la.

Yon bon zanmi, se moun ki konnen enpòtans sakrifis ou yo, e ki toujou la pou ankouraje w. Ki toujou prè pou l fè w wè tout sitiyasyon posib devan yon desisyon; men se pa moun k'ap dekouraje w la.

Gen moun ki pa janm eseye fè anyen, men kou w pran desizyon pou w fè l, li di w'ap echwe. Lè sa ou menm ou gen yon sèl chwa, se elwanye w de li paske siksè w pral fè nan sa ka rann li jalou. Sa l panse li paka fè a pa dwe enfliyanse w; ou diferan de li. Pa kite perèz pa l la anvayi w.

Moun ki pa gen motivasyon se moun ki ranpli plis ak jalouzi. Elwanye w de yo. Atire sou ou pi plis chak jou moun ki gen menm vizyon avè w yo.
(Jev Le Sage)

08/06/2020

Chak moun ki gen fas yo fikse sou lavni, gen yon kote yo prale. Gen anpil moun ki konn kote yo prale a, men ki pa konn ki chemen pou yo pran. Konsa tou, genyen ki konn kote yo prale, ki konn chemen an, men ki jis bezwen yon boustè ki pou ba yo motivasyon.

Si pandan w sou wout la ou remake yon moun pye pou pye dèyè w, ou mèt konnen l se youn nan moun sa yo kanmenm. San w pa bezwen konn ki kote l prale a, m'ap di w kontinye mache. Kapab se ou menm ki flèch l'ap suiv la.

Ou pa gen pou w'ap touye tèt ou sou wout la, men ou sèlman gen pou w suiv plan ou gen nan men w lan. Epi konsa, tout moun k'pa suiv ou an silans yo ap benefisye de ou san w pa konnen.

Pa febli. Suiv chemen an san rete nan wout jis ou rive nan objektif ou a; konsa moun k'ap suiv yo pap rejwi dèske yo pase kite w, men pito dèske w te yon Flèch Direksyon pou yo.
(Jev Le Sage)

05/06/2020

Chak fwa ou envite yon zanmi w vin suiv paj "Jev Motivation" an, ou ede yon moral anplis pou l remonte; ou ede zanmi sa pou l pa febli. Kontinye pataje lyen paj la ak zanmi w yo! Gen konsèy pou tout moun.
✍️

01/06/2020

Suiv chemen w, Suiv rèv ou, pa kite pawòl moun dekouraje w. Jodi a ou ka ap swe nan chemen an, moun ka ap lonje dwèt sou ou, men domaj yo pa konn ki sa ki nan tèt ou.

Nan tèt ou gen yon olan ki bati. Yon chemen ki trase soti kote w kanpe a rive kote w'ap reve a. Sèl ou menm ki konnen. Depi plan w lan byen bati, ou mèt inyore tout moun ki te ka ap pase w nan rizib.

Jodi a se sou y'ap lonje dwèt; demen se sou yon lòt yo pral lonje dwèt. Sa vle di y'ap toujou rete yon sèl kote pou yo gade moun k'ap mache sou chemen siksè yo, e yo menm yo pap fè yon pa.

Suiv Chemen w. Kenbe men ak moun ki konprann e ki pataje menm objektif avè w.
(Jev Le Sage)

30/05/2020

Rèv ou, se ou ki konnen l. Li toujou bon pou w nouri l tankou yon zwazo k'ap nouri pitit li nan nich, yon fason pou lè l rèc sa a pral vin reyalite, pou l ka vini ak tout fòs li merite.

Pa kouri di wi lè yo pwopoze pran yon pòs ke ou menm ou santi ou poko gen fòs ase pou w jere. Ou ka gen laj avanse se vre, men kapasite pou w jere pa depann de laj ou, men pito de entèlijans ak konpetans ou.

Tit ou reve pote a, travay pou w pote l. Aprann plis done ki pral sèvi w yo. Aprann plis de pòs ou anvi okipe a, epi prepare mantal ou pou w ka fè fas ak tout pwoblèm ou pral gen pou w rankontre pi devan yo.

Tit ou vle pote a ap rive nan lè li dwe rive. Pa twò prese, pa sote etap obligatwa yo. Mache jan w dwe mache, pran fòs pou w ka pran pòs ou.
(Jev Le Sage)

26/05/2020

Sou chemen w'ap suiv la, lè w bouke ou ka jwenn kèk pye bwa pou w apiye sou yo, kanpe anba yo pou w pran yon ti frechè. Li bon pou ou! Men domaj si w vle rive tout bon, w'ap oblije deplase kanmèm epi kite pye bwa a nan plas li.

Anpil nan vi w se konsa yo ye! Se sèlman yon pye bwa sou chemen w; men yo pap rive lwen avè w. Sèl sa k'ap rive avè w kote w prale a, SE OU MENM menm.

Pa panse okenn moun ap rete etènèl nan lavi w. Pa panse gen pèsonn k'ap ka ede w a 100% pou w reyalize tout sa w bezwen. Menm si moun lan ta ba w tout bagay, gen yon grenn ki rete, se MOTIVASYON W, se li k'ap fè w reyalize l tout bon.

Fè tèt ou konfyans plis pase jan w te ka fè yon lòt moun konfyans. Paske pou w rive, ou se sèl moun ki ka degaje 200% enèji pou tèt ou.
(Jev Le Sage)

26/05/2020

Konsèy Ou resevwa a ka itil ou jodi a, demen, oubyen yon jou kanmèm.
Ede yon lòt moun benefisye menm konsèy sa yo, petèt konsèy k'ap remonte moral li a ka la ap tann li.
Pataje lyen Paj la ak zanmi w; envite yo vin reveye motivasyon yo.🤝

19/05/2020

Yo toujou di si w pou kont ou nan yon wout, ou ka dekouraje. Men si se nou plizyè k'ap suiv menm wout sa a, n'ap ankouraje e nou ka rive pi lwen.

Pa etone w tou si w ta wè sou wout sa, gen kèk grenn ki pa pote okenn bon konsèy pou ou. Se vre, yo sou wout la avè w! Men objektif yo se dekouraje w pou fè w bay vag nan wout. Lè sa a, se pou w aprann devlope kapasite w pou w ka reziste kont move grenn sa yo.

Reyisit ou depann de ou. Sa ka rive ou jwenn kèk moun ankouraje w! Men pa gen pèsonn moun k'ap pote w al depoze kote w vle rive a.

Toutotan ou gen plis moun nan antouraj ou k'ap rekonfòte w, li pi bon. Debarase w de moun ki vle bloke w yo; men pito, fè plas pou sila yo ki vle akonpanye nan bon direksyon an jis ou rive nan limit ou vle a tout bon.
(Jev Le Sage)

13/05/2020

Kiyès ou ye? Repons sa a se sèl ou menm ki ka bay li tout bon. Konsa tou, ou ka sèlman bay moun posibilite dekouvri kiyès ou ye apati de konpòtman w; apati de sa w kite moun fè w e di de ou.

Ou pap janm jwenn respè w nan men moun si ou pa pwouve ke w merite l tout bon. Gen moun k'ap toujou eseye pase dinyite w anba pye; e si w kite yo fè sa san w pa di anyen, w'ap pèdi dinyite sa e w pap janm jwenn li ankò.

Aprann stope tout moun ki ap vyole prensip ou met nan lavi w. Aprann stope moun k'ap fè w sa w pa vle a. Pa plenyen nan fon kè w, men aji. Pa bay moun pye sou ou. Sinon ou pap janm ka gade pèsonn nan je; w'ap san karaktè.
(Jev Le Sage)

06/05/2020

Poukisa anpil fwa gen moun ki toujou vle pran Sa ki pa pou yo? Menm jan Santan toujou ap eseye pou l pran tout Glwa ki dwe al jwenn Bondye.

Lè w gen yon kòlèg travay k'ap fè efò chak jou pou l bay bon Fwi, epi chak rapò ki soti yo tande se ou k te fè X ak Y, kijan w santi w? Konsyans ou ta dwe repwoche w paske ou menm ou konnen ou pat travay pou sa vre.

Lè w pran bravo lòt moun, sa ka fè w jwenn yon pwomosyon, epi w rive avan lè w, pi lwen memm ke kòlèg yo. Se vre, tout glwa sa yo ap fè w parèt Bèl. Men jou yo dekouvri vis, defo, ak magouy ou yo, w'ap soti lèd, e w pap menm konn ki pye pou w met devan pou w ale.

Sa ki pa pou ou ka toujou fè w byen pandan yon ti tan, men li pap janm ka ret nan men w pou tout tan.
Toujou bat pou w resevwa sa w merite. Aprann bay moun chans jwi sa yo merite yo menm.
(Jev Le Sage)

29/04/2020

Lè w vle fè siksè, lè w vle reyalize yon pwojè, ou pa sipoze koube w, ni abande devan okenn obstak ou te ka rankontre. Gen moun w'ap rankontre sou wout ou, se sa sèlman y'ap fè: Eseye Bloke w.

Si sa ta rive pandan w'ap lite pou w rive, ou wè yon moun pyeje wout ou, li fè w tonbe, ou menm leve kanpe, bat bravo pou sa paske w pral jwi de sa pi devan.

Yon moun ki fè w tonbe ka panse li fini avè w, li ka panse li bloke w pou tout rès vi w, men pa enkyete w pou sa, paske so sa l ba ou a kapab yon mwayen pou ou pou w ka wè pi byen wout ki mennen nan siksè w vle a.

Pa gade kote negatif ki genyen nan so ou ka pran, men fè de tout malè ki rive w yon opòtinite pou w ka chwazi yon pi bon chemen.
(Jev Le Sage)

Vous voulez que votre personnage public soit Personnage Public la plus cotée à Port-au-Prince ?
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Téléphone

Adresse

Port-au-Prince