Kervens Picard

🎉Nou valorize lang Kreyòl la.✍️Nou bay konsèy : Motivasyon,✊santimantal❤️nou trete sijè sou Labib.📖

Kervens Picard (PDG) _- ECRICAIN, JOURNALISTE, GRAPHIC-DESIGNER, COMMUNICATEUR SOCIAL, CONSEILLER (Coach life) et Étudiant en Théologie.

06/01/2024

Kiyès ou panse ki plis asire? 🤔

06/01/2024

Eske se vre?
Fanm pote plent,
pou nèg li pa renmen.

03/01/2024

Lè JOZYAS👶 te gen 2 zan, MAGDA👸 te gen 3 fwa laj li. Jodi a bay JOZYAS 16 zan. Ki laj MAGDA kounye a? 🤔48🎉22🎉18🎉20🎉60🎉30?

03/01/2024

si papa Jan
se se sèl pitit papa Pyè,
•kisa Pyè ye pou Jan?

02/01/2024

Yon fanm achte yon tè,
Mari a ENVESTI, li fè kay sou tè a.
Si yo ta vin divòse.
Pou kiyès kay la ta dwe ye?

02/01/2024

Ou jwenn 1000 dola pou w ak Kervens.
Yo di w pran $100 anplis li.
Kòman w ap separe kòb la?

02/01/2024

M swete Bondye ba w
pwòp mennaj pa w ane sa.🤗
K ap pou ou sèl. 🙏
Bon lanne 2024 🎉

31/12/2023

Menm jan moun nan ka chwazi pa renmen w ankò a.
Menm jan ou ka chwazi renmen yon lòt.👌

31/12/2023

Klike sou sonèt la pou w wè ↓
Epi pataje l aprè sa w fin wè a.
Gen anpil moun ki ta renmen nan plas ou, men ki pa gen chans sa. Bondye fè w gras. 🙏
Ajoute yon kòmantè si w rekonesan.↓👌

31/12/2023

Timoun ede sè Nadia priye. 🙏🙏
Li tonbe, tout jenou l yo dekale. 🤕
Ta sanble se sou yon kapèt nèf 😭😭ouff

31/12/2023

kote jeni yo 🤗 vin la
Ki rezilta?

30/12/2023

Madanm mwen ap touche 4 mil dola pa mwa.
M ap touche 3 mil dola pa mwa.
Daprè ou; Konbyen kòb ki rantre nan Kay la pa mwa?

29/12/2023

Men 10 bagay yo ↓ fin li tèks la.🙆‍♂️🙆‍♀️
1• Selon yon rechèch «« International Journal of Psychophysiology»» fè batman kè de (2) moun ki damou senkwonize otomatikman youn ap gade lòt nan je pandan pliske 3 minit ! (Sa vle di kè yo bat ansanm)

2• Lè w pral anbrase yon moun ou mete tèt ou agoch ou adwat ? Si w toujou fè bizou pou moun sou bò dwat, sanble ou fè pati gran majorite a ! Efektivman selon yon etid ilanndèz (Irlandaise), 80% moun toujou fè bizou pou lòt sou bò dwat.

3• Senbòl kè an nou konnen jodi a parèt apati ane 1250. Avan ane sa yo, senbòl sa ♥ , pa t konn relye a lanmou men pito ak yon fòm “ fèy de lyè ”. (Yon fèy ki fèt menm jan ak senbòl kè an) ♥

4• Li syantifikman pwouve ke lè w damou li diminye nan nivo konsantrasyon w e li rann ou mwens pwodiktif. Selon ««Journal Motivation and Emotion»» akoz moun ki damou yo vin nan panse youn ak lòt toutan sa vin rann yo mwens pèfòman. Yo vin mwens konsantre sou travay.

5• Daprè “Statistique Canada” , Anviwon 1 koup sou 13 pa ap viv nan menm kay. Selon yon resansman ki reyalize an 2011, anviwon 1,9 milyon moun te nan relasyon amourez ak yon moun ki pa abite menm kote avè l. (Relasyon long distans) 💞 ❤️‍🩹 👍 Picard Kervens Pluss

6• “ Filofobi ” se yon tèm yo itilize pou defini “pè tonbe damou” 🖤

7• Selon ““Pew Research Center””, 23% nan koup k ap byen pase jodi a yo fòme gras ak divès aplikasyon rankont anliy yo. (Fesbouk, watsap, enstagram, ...)❤️🥰

8• Daprè «Bureau Américain du en recensement» dire mwayenn maryaj ki ap tèmine pa yon divòs se 8 tan.

9• Nan peyi “Kebèk” se jou samdi ki gen plis maryaj e se dezyèm samdi nan mwa dawout ki toujou gen plis maryaj. Toujou selon «Statistique Canada » plis pase 800 maryaj fèt nan jou sa.
Ou panse l diferan Ayiti? Ki jou w panse moun yo plis marye ?🤔

10• Nan kat yon etid sikològ “Gordon Gallup” fè, yon premye bizou ka fè yon moun tonbe damou w konsa l ka fè l tou pa ret sou ou. 66% nan medam yo di premye kontak lang yo ak lang yon gason se 1e bagay ki ap detèmine si relasyon an ap dire ou pa.🖇️❤️‍🩹

Bonis :
Selon chèchè yo nan ««Université de Chapman»» nan Kalifoni konsènan enfidelite. Medam yo plis fidèl. Kisa w ka di nan sa ? E pou Ayiti kiyès ki plis fidèl, medam yo oubyen mesye yo ?

©Rechèch✅ : Kervens Picard 👍

29/12/2023

Syèl ak lanfè ✓
Se 2 plas ki reyèl “daprè labib”
•Kisa yon moun dwe fè, si l pa vle al nan lanfè🔥??

28/12/2023

Si ton ex te dit: «Tu ne trouveras jamais quelqu'un comme moi!» Réponds lui: «C'est justement l'idée!»

27/12/2023

★Ou pa ka bay akolad ak yon moun k ap fikse w ak 2 men l nan pòch, ou pa ka ap kouri dèyè yon moun ki p ap mache kontre w.💛💜

26/12/2023

Kouri rezoud ti sa 🙌

26/12/2023

Jwaye nwèl 🎉🎆🎄
Byen fete! Fè pridans!
Si w ap bwè pa kondi.

25/12/2023

Li pral di w li pat menm konn si l prale 👌
E medam yo ki pase pran l. 🏃💃
😎😎

20/12/2023

Regarde et dis-nous ! 🙈🙈


Ne triche pas ! 🚯

20/12/2023

Renmen ak yon moun ki renmen m
Oubyen renmen ak yon moun mwen renmen ?
Si m pa vle soufri, ki chwa ki pi bon ?

20/12/2023

“ Pito w renmen l
li pa avè w
olye li avè w
li pa renmen w. ” 🙌

20/12/2023

Mwen gen 7 ze
Mwen bouyi 4
Mwen fri 2
Mwen manje 4
Konbyen ze Mwen rete ??

11/12/2023

3+3x3+3 =?

a) 12 b) 36
ch) 15 d) 21
Kote jeni yo 🤗

11/12/2023

Kote jeni yo 🤗
Vin la 🙌🙌
Pa fè kòmsi w pa wè l 😀
❤️❣️♥️💕💖💞💗💓
Abòne ak paj la si w renmen jan de pòs sa yo.😍😍

11/12/2023

Men 5 siy k ap montre w si relasyon w lan preske kraze. ↓ 😨💔

Ou renmen l anpil, se te tout rèv pou l ta toujou ret nan vi w ? Si wi, deja m swete w tout bonè nan mond lan. Men an tout onètete m pral ba w kèk siy depi w wè yo prezante degaje w pou w sove l si tout fwa w pa ta vle l kraze.

1• Mank kominikasyon
Nan kòmansman relasyon an ou te remake toujou gen kè kontan, toujou gen bèl sijè e li difisil pou n tèmine chak lè n ap kominike se toujou bèl womans men vin rive nan yon peryòd ou wè konvèzasyon yo pa gen cham ankò pou li oubyen pou ou. Se «ok, hmm, dakò» Nou youn vin pa entèrese tande lòt ankò.

2 • Repwòch 😨
Jijman ak repwòch se kèk bagay ki trè danjere pou relasyon w lan. Pa gen moun ki pafè tout moun gen defo. Si yon defo oubyen yon konpòtman deranje w nan kòmansman relasyon w lan, mete nan tèt ou w pral jwenn bagay ki 10 fwa pi mal ke sa chak ane. Si w te aksepte l nan kòmansman relasyon an e poukisa w vle l chanje kounye a ? Depi moun nan toujou ap repete w sa w te fè l byen lwen lontan, l ap jije tout erè w fè, mete w sou men w. : M pa di moun nan dwe dakò ak tout bagay nonplis.

3 • Mank afeksyon
Touche l, anbrase l, ti bizou sou tèt bouch, ti womans nan telefòn. Si n deja nan Kay ou wè lè w nan kizin nan se lòv k ap tonbe se kèk siy ki di relasyon w lan an sante. Men lè w rive nan yon faz kote l pa fyè pou l kenbe men w nan lari ankò, li pa fyè menm pou l poste w ankò, li pa pwouve w lanmou l pou ou ankò, li vin sispann ak sakrifis li te konn fè pou ou yo. Mete w sou men w ...

4 • Dispit toutan
Toutan e preske chak jou se yon pale anpil, pafwa san menm yon bon rezon, dispit san sans e menm rive di bagay ki pa t dwe di. Youn pa gen respè pou lòt. Nou youn ap nève sou lòt toutan e pafwa san yon bon rezon. Si relasyon w lan rive nan faz sa, mete w sou men w ...

(Ekri nou prive si w bezwen konsèy oubyen pou w patisipe nan Ribrik SELIBATÈ yo.)

5 • Sans inik.
Si nou vin rive nan yon faz kote se yon sèl moun k ap fè sakrifis, se yon sèl moun ki toujou gen rezon, yon sèl moun ki toujou ap mande padon. Si nan konvèzasyon nou yo, nan planifikasyon yo, se yon sèl moun ki gen dwa deside. “Bagay yo dwe ekilibre” Resezi w ...

P.S _- Ou dwe santi w ere nan relasyon w ye a, si w vin rive nan yon faz kote pa gen kè kontan ankò, Resezi w. M pa konseye w bay vag. Chache konn rezon an pou w rezoud li. Pa lage chay la sou sou kont yon sèl moun, ou gen travay pa w pou w fè. M sot bay kèk siy k ap montre w “li preske kwaze ” men l ap kraze se si w pa pran men w.
Ekri pa : Picard Kervens ✍️© All right reserved
Si w bezwen kòman pou w jere sa, si w twouve w nan faz sa, kòmante ↓
• Abòne ak paj la si w renmen jan de konsèy sa yo. ❤️ Kervens Picard 👍

09/12/2023

Kote jeni yo 🤗
Vin la 😊🙌🙌
🎈🎈🎈🎈
(Pa bliye abòne ak paj la, si w renmen jan de pòs sa yo)😍❤️

08/12/2023

Yon manman gen 6 pitit gason,👨Yo chak gen yon sè 💁
Konbyen moun ki gen nan fanmi an?
A) 13 b) 8 ch) 14 d) 7 e)okenn

07/12/2023

Zanmi m gen yon sèl moun ki p ap janm abandone w🤔
Yon sèl moun ki p ap janm bliye w
Pa lòt ke moun ou dwe kòb la.😎

06/12/2023

Ki pi gwo sanksyon
yon moun ka bay naj li,
si l gen prèv li twonpe l ?

05/12/2023

Pran nenpòt nonb ou vle.
Double l. Ajoute 6 ! Divize l pa 2
Mwens nonb ou te kòmanse avè l la
🥳 Rezilta ap ba w 3

03/12/2023

Si w gen yon zanmi w
ki gen movèz alèn,🤕
kòman w t ap di l la ?
San w pa frase l. 🙏

02/12/2023

Lè yon moun renmen w,
ou pa renmen l, si l ap pèsiste w.🤕
Kisa w fè pou dekouraje l ?
San w pa blese l.

01/12/2023

W al kay naj ou premye fwa,
manman l ap chache yon kòb li pa wè l.🤕
Epi w tande l di nou pa t janm konn pèdi kòb isit la non.😲🙄

01/12/2023

Où sont les génies ?🤗😇
A vous le clavier 😊🙌

30/11/2023

Le chat 🐈 miaule
Le chien 🐕aboie
Et la poule🐔 fait quoi❓

30/11/2023

Mwen gen 4 frè
E chak frè yo gen 4 frè
Konbyen nou ye an tou?

30/11/2023

Devinette 😎

26/11/2023

Se pa eseye n pa eseye, se pa vle n pa vle... 🙌🙌🙌

25/11/2023

Gen nan sitiyasyon w ye ou pa ka nan swiv ni tann,😞 se boure pye w✊ Swa w genyen,👌 swa w aprann e pou w genyen fòk ou aprann.✋✊💜💖💜💖

Vous voulez que votre entreprise soit Service Informatique Et électronique la plus cotée à Port-au-Prince ?
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Vidéos (voir toutes)

Èske tout moun se pitit Bondye?Non, tout moun pa pitit BondyeVin tande rezon an daprè labib#FrGuens #Bible #KervensPluss...
Gradiyasyon edityan nan tewoloji Institut Biblique Baptiste Nouveau Tes tament

Téléphone

Adresse

#Aimer Paj La/pou'w Ka Jwenn Tout Bèl Tèks Mwen Yo/anpil Konsèy Sou Relasyon D'amour _zanmi'm Pa Kite Stress Potew Ale _ Like Paj Mwen An _ Epi Wap Konn Kijan Pouw Viv Ak Kijan Pouw Jere Relasyonw
Port-au-Prince
509
Autres Un design graphique à Port-au-Prince (voir toutes)
GraphZone GraphZone
Delmas
Port-au-Prince, 6120

Logo, Site Web, Rapport Annuel, Magazine, Billboard, Banner, Dépliant... Quel que soit votre besoin, GraphZone est disposé à vous accompagner.

Lorga Creatives Lorga Creatives
Tabarre 48
Port-au-Prince, 6110

Lorga Creatives💥💥 peut transformer l'image de vos rêves en réalité.

LB_Grafik LB_Grafik
Port-au-Prince

Graphic designer, créateur de contenus visuels...

Mr_Cdesign Mr_Cdesign
Thomassin 32
Port-au-Prince, HT6110

Avec Nous toute votre imagination prend son sens.

Pro_Techdesign Pro_Techdesign
Route Nle # 2
Port-au-Prince

💡Yon logo pa dwe sèlman yon fòm, li dwe pito yon senp fòm ki gen yon sinifikasyon byen pwòp !

zakdesign26 zakdesign26
Port-au-Prince

Zak.Design is a brand company specializing in graphic design, brand development.... at Zak.Design your branding is a priority

Foreign Foreign
Rue De La Réunion
Port-au-Prince, 93

aimez nous pour nous aider .

ManGrah05 ManGrah05
Marin#3 Route Nationale# 1
Port-au-Prince

Lholey-Design Haiti Lholey-Design Haiti
Port-au-Prince

Life is to short to be wrong

Ricky Design Ricky Design
Carrefour
Port-au-Prince

Prode Prode
Port-au-Prince, 6823

nous offrons les services de " web design, impression, graphic design, Photo-videographie, serigraphie, youtube helper.etc

Man Graph Man Graph
Marin#3 Route Nationale# 1
Port-au-Prince