Neyoo sante

Neyoo sante

Neyoo sante

Photos from Astuce facile's post 02/09/2022
Photos from Recettes Fitness's post 12/06/2022
29/05/2022

Lorye yon fèy mèvèye
🍃Si w gen yon bagay enpotan pou w regle nan demen maten, li bon pou w dòmi avè l anba zorye w. Lè w fè sa li mete tout enèji pozitif ki anndan w an bran l, konsa yo ka vin gide w nan domi. Moutre w chemen an ede w pran bon desizyon. Se yon boustè pou entwisyon w.

🍃 Si w anvi konsa kisa yon moun ki nan antouraj ou panse de ou, ke se fanm zanmi ou menaj. Pran fèy lorye a kenbel nan men dwat ou site non moun sa twa fwa, epi mete l anba zorye w al domi. Yap vin di w ekzakteman sa w sipoze konnen an nan rèv ou.

🍃Lè w mete l anba zorye w, li fè domi pran w pi vit, somèy ou pi profon e rèv ou yo pi klè pi byen detaye.

Lòt fason ankò nou ka itilize fèy sa

🍃 Pou w atire chans bon enèji anndan lakay ou, mete yon ponyen fèy lorye sèch nan yon asyèt osinon yon ti chodyè. Mache nan tout kay la avel pou lafimen an bat tout kwen anndan.

🍃Mete fèl lorye vèt nan dlo wap benyen, repete tout sa w bezwen epi vide dlo sou ou. Sa ap debloke w kote ke w pat menm konnen si w te bloke. Se yon beny pirifikasyon li ye tou, ou ka ajoute yon ti florida ladanl.

🍃 Pou w fè biznis ou mache, mete fèy lorye nan tiwa biro bifet oubyen kontwa ou. Simen fè w yo tout otou biznis lan.

🍃 Mache ak fèy lorye nan pòch ou, mete 3 fèy nan bous ou. Sa elwanye negativite sou ou, epi l atire lajan anpil. Lè w gen fèy sa sou ou malfektè ki vin sonde w ap panse w gen gro pwen.

🍃 Si w swete yon bagay reyalize nan vi w pi vit posib, ekri l sou yon fèy lorye epi boule l.

🍃 Se yon nan fèy ou ka etilize ni pou w retire giyon ni pouw atire chans. Li ka dezanvoute w elt…..

🍃 Anpil espòtif entènasyonal toujou gen fèy lorye sou yo, li baw fòs spirityelman li kenbe mantal la wo.

🍃Te lorye bouste entwisyon w li rann ou pi saj.

🍃 Si ou sonje youn ankò wa ajoute l nan kòmantè yo.✍️✍️✍️

PS: A chak fwa wap itilize l, ouvri bouch ou pale di l sa w bezwen an. Pa janm bliye ke pi gro fòs la se ou.
Like paj la
Epi pataje pòs sa
Pou plis moun ka wè l.

27/02/2022

Men rezon ki konn fè anpil gason konn panse vajen fi twò laj, mesye detwonpe nou ,tout moun pretem atansyon nou ,vin pran konensans sou sa , poun pa pale nenpòt kòman ankò

pa ezite pataje tèks sa ,patajel nan tout gwoup yo pou plis moun ka gen enfo nan edikasyon seksyèl sitou nan sijè Tabou sa yo, E pa bliye Se yon fraz nou tande anpil nan lari a nan mitan ti bredjenn yo, nan baz yo, sitou nan moman blag ap woule! E ta sanble gen moun ki pi gran ki toujou ap panse a sa menm si yo pa pale li, e gen fi tou ki konnn gen ti enkyetid sa, enben jodi a nou vinn eklèsi ti sijè tabou sa pou nou.

Medam,Siw ta renmen achte boule de Geisha pou miskle perine a sere vajen nou,pou lèn ap akouche,Lè ap fè sèks,rele nan +509 44 04 0140, sin gen whatsapp klike sou lien sa ,wap antre an kontak dirèk a yon responsab lap livrel pou nou:
https://wa.me/+50944040140

Avan tou, vajen se pati ke gason an mete peni li an e ki gen pou bay pasaj lè bebe ap soti, se la tou règ yo soti, vajen gen dimansyon 6santimèt pou rive 12 santimèt longè e lajè li soti nan 3-4 santimèt pou rive 6-8 santimèt lajè! Dimansyon sa yo varye selon liv wap li a epi tou selon chak sitiyasyon, paske lè sèks, vajen an pran dimansyon peni ki ladanl lan sou enpak plezi a epi lè akouchman tou, dimansyon sa chanje.

Men dèfwa koze vajen twò laj oubyen gen twou a pale souvan, e gen fi ki menm konn al lopital pou sa, men gen kèk ti sitiyasyon ki konn pote konfizyon an, menm si sa rive vre vajen fi konn pèdi dimansyon nòmal li, nap pran yo youn pa youn.

Men sitiyasyon yo
* dèfwa se anpil librifikasyon, fi a mouye anpil, ki konn fè nèg la panse fi a gen yon vajen konsa,akoz penetrasyon an tèlman fèt rapid e fasil.

-dèfwa se nèg la ki manke an ereksyon ki konn vinn fèl pa santi filin kontak peni an dwe gen a vajen an.

Sa yo se ti sitiyasyon klas*k yo nou debat anvan, men sa rive vre defwa vajen an konn vinn laji! Gen yon pati ki rele 'Perine' lakay fi a ki kenbe tout miskl ki soti depi nan Pibis rive nan anis li, Perine sa itil anpil nan akouchman e nan sèks tou, dayè se gras a miskl sa yo fi a konn ap bay nèg la sansasyon kenbe peni li pandan sèks, li konn ap jwe a peni nèg la, ti plezi sa ki konn fè nèg yo depale a, enben gen posiblite pou miskl sa yo relache e vinn bay fi a sansasyon ke vajen li vinn lach, tankou fi ki soufri anpil nan yon akouchman oubyen ki fè anpil pitit.

Se dechiri ak distansyon miskl sa yo ki konn koze sa, e ki konn fè defwa gen sa ki rele 'Pet Vaginal' la kote bouboune fi a ap fè ti bri, se miskl sa yo ki konn manke fèm ak mouvman penetrasyon an!

**********Eske gen solisyon pou sa? *********
Wi wi, genyen, anvan Doktè a dwe byen konn dosye ak istwa vi seksyèl pasyan an e si li wè li nan nesesite fè sa vre, li ka fè sa yo rele Reyedikasyon Perineyal la ki gen 3 etap ladanl ( teknik manyèl, byofidbak epi elektwostimilasyon ), gen mwayen chirijikal tou men nou pap pale de sa nan tèks sa.

Mèsi
like & pataje pou plis moun jwenn ti konesans sila
idantifye yon moun li avèw
Exama Jean Rodrigue Junior
si w ta renmen li jan de ti tèks sa yo jis klike sou lien sila pouw ka al like paj sante anba tonèl :
https://www.facebook.com/Sante-Anba-Ton%C3%A8l-2339884806074912/

Medam,Siw ta renmen achte boule de Geisha pou miskle perine a sere vajen nou,pou lèn ap akouche,Lè ap fè sèks,rele nan +509 44 04 0140
sin gen whatsapp klike sou lien sa ,wap antre an kontak dirèk a yon responsab lap livrel pou nou:
https://wa.me/+50944040140

21/02/2022

Ph du Vagin

Le pH permet de mesurer l’acidité ou l’alcalinité d’un milieu, comme la peau ou les muqueuses de l'organisme.

Lorsque l’on est en milieu acide, le pH peut varier de 1 à 6.
En milieu basique, le pH peut aller de 8 à 14.
Lorsqu’il est à 7, on parle d’un pH neutre.
Le pH change selon la région du corps. Qu’en est-il dans les zones intimes, internes et externes ?

Chez la femme non ménopausée, un pH vaginal normal varie de 3,8 à 4,5.
La vulve et la région péri-anale se composent de peau (pH 8 en moyenne) et d’une muqueuse, toujours un peu plus acide (pH 4,8 en moyenne).

Pourquoi le pH vaginal est-il important ?
Le vagin est un milieu acide grâce à sa flore bactérienne. Lactobacilles, streptocoques et autres micro-organismes sains sécrètent de l’acide lactique. Cette acidité naturelle opère une sélection sur les bactéries présentes et empêche la prolifération d’agents pathogènes, responsables d’infections.

Le pH du vagin change au cours de la vie. Neutre avant les premières règles, il diminue progressivement pour atteindre une moyenne de 3,8 à 4,5 jusqu’à la ménopause. Ensuite, le vagin devient moins acide.
Un équilibre fragile
Les variations du pH vaginal peuvent entraîner un déséquilibre de la flore microbienne et donc l'apparition d'infections vaginales telles que des mycoses ou des vaginoses bactériennes. Or, de nombreux facteurs peuvent l’influencer. Par exemple :

La prise d’antibiotiques
Un manque ou un surplus d’œstrogènes ou de progestérone
Une toilette intime trop fréquente ou inadéquate (douches vaginales, utilisation d’un savon avec un pH mal adapté à celui du vagin,...)
Des modifications anatomiques
Des sécrétions vaginales ou cervicales plus importantes qu’à l’habitude
Les règles (le pH augmente)
Les rapports sexuels (le sperme augmente le pH vaginal durant quelques heures)
La grossesse et le post-partum
En pratique
Des prélèvements vaginaux à environ 3 cm de l’entrée du vagin, s’avèrent très utiles pour déceler d’éventuels déséquilibres bactériens et les traiter de manière précoce. Cela permet de limiter les infections qui, non détectées, peuvent remonter dans les organes génitaux ou provoquer des lésions.

Lors de la grossesse, c’est une donnée régulièrement analysée par le gynécologue, toujours en prévention. En effet, les infections peuvent perturber le développement du fœtus ou causer certains problèmes, comme un accouchement prématuré ou une chorio-amniotite.

Auguste Marie Danielle

21/02/2022

MEN KIJAN POU SOULAJE KONSTIPASYON LAKAY TI BEBE , pataje tèks sa pou plis moun dekouvri ti jès sa yo

Ou remake ke sa gen nenpòt 2-3 jou depi bebe ou a pa twalèt, li gen doulè nan vant l'ap plenn ou pa konn kisa pou'w fè ebyen men kèk teknik kap edew soulaje bebe ou a. Swiv foto a a chak nimewo yo.

1. JANM LEVE

Apeprè 20% ti bebe ak jenn timoun soufri konstipasyon, sa ki rann yo mal alèz ak chimerik. Si pitit ou a se youn nan yo, kouche li sou do epi pliye janm li pou pote yo sou vant li, pandan wap fè ti peze dousman.

2. BEKÀN

Yon lòt egzèsis ki sanble pa enpòtan, men ki trè efikas: wap kite timoun nan nan menm pozisyon an, kouche sou do, kenbe ti janm li yo epi fè'l fè mouvman tankou li tap pedale, asirew ke kwis li yo dirije sou tou 2 bò nan vant li.

3. MOUVMAN GLISÈT

Masaj a la men yo travay trè byen kont konstipasyon. Youn nan yo se lèw tape dousman sou do bebe a ak fè masaj nan vant li ak yon mouvman tankou w'ap trennen oswa bale, ak 2 pla men ou yo, youn apre lòt la. Bon direksyon an se soti nan pati ki pi ba nan vant la, peze dousman.

4. REVÈY

Varyasyon masaj anvan an: kenbe je pye li yo ak mase vant li ak mouvman pandan wap fè ti peze an menm tan men pa twò fò, fè ti wonn tankou jan ou konn wè zegwi revèy yo ap vire a. Se konsa, anplis entesten li ap libere, men wap kontribye nan ede sistèm gastwo-entestinal la vin mati.

5. AK 2 MEN

Mete ti bebe a sou vant (mete yon jwèt devan li pou amize li, paske jeneralman timoun yo pa renmen pozisyon sa a). Mete youn nan men ou anba vant li epi lòt la sou do l epi peze tou 2 pa twò fò

6. DEMI FAS

Si ti bebe w la difisil poul twalèt epi li ap pouse pou li fèsa, pozisyon sa ap ede li: mete li kouche sou bò gòch, detire youn nan ti janm li yo epi pliye lòt la, w'ap fè ti peze kwis la sou vant li. Apresa mete li sou bò dwat epi chanje pye yo pozisyon.

Like& pataje pou plis moun jwenn konesans
Idantifye yon moun li avèw

Pa bliye ke foto yo ap edew wè kijan pou'w fè epi pa bliye se ak yon bebe ou annafè ou sipoze aji ak souplès.

Pédiactu
Pa bliye like paj pediactu klike sou lien sa
https://www.facebook.com/pediactu00/

19/10/2021

kansè kòl matris son kansè moun ka pran nan fè bagay twò bonè avan 17 an, oubyen renmen fè san pwoteje se gason anpil fwa ki bay fi li lel trasmèt li yon viris ki rele HPV,pataje tèks sa pou plis moun ka jwenn konesans paske depi nou wè yon fi atenn menopoz(12 mwa sanl pa wè règ li) pi britsoukou nou wè san vide sou li, se konn siy kansè kòl matris al lopital avèl vit veye sou manman nou...

Avan tou kansè regroupe plizyè maladi ki gen yon pwen komen ki se selil kanserez yo

Selil se pi piti inite fonksyonèl ke tout èt vivan posede ,li mitipliye, li grandi, vyeyi, li mouri , donk poul mouri gen yon ansanm de prosesis ki pral anjedre sa yo rele apoptoz lan ki se mò programe selil la, eben nan kad kansè an selil la pèdi kapasite sa li mitipliye de fason anòmal,e li pa janm mouri...sa ki vin fome yon mas ke yo rele timè, nan kad kansè an timè an maliy

Kisa k ka koze selil yo mitipliye san rete?
Enfliyans ekstèn tankou radyasyon, viris, sibstans toks*k, e sèten faktè jenetik...

Nan kad kansè kòl matris la selil kanserez yo devlope a pati mikèz kòl matris la

Ayiti se peyi nan karayib la ki gen ensidans ki pi wo nan zafè kansè kòl matris , swa 93.2 pou 100000 abitan e to mòtalite an se 53 desè pou 100000 abitan, chif sa se a koz majorite fi ki fè kansè kòl se lè yo nan stad final yal lopital.

Moun ki a risk fè kansè kòl matris yo se:

-moun ki enfekt pa yon viris ki rele HPV ki nan majorite ka responsab kansè kòl lakay fi e kansè peni lakay gason, viris la transmèt nan rapo seksyèl donk tout moun a risk ,li responsab kansè gòj tou nan fè felasyon(tibèf)

-fi ki fimen tabajis: sibstans nosiv nan lafimen tabak la andomaje selil nan kòl matris la

- le w fè sèks avan 17 an, e moun ki gen plizyè patnè

-tout sa ki ka bese sistèm defans ou tankou SIDA , oubyen moun kap pran medikaman si yo te fè yon grèf òga'n

-moun ki fè plizyè timoun , menm si yo pa konn rezon an men yo panse chanjman òmonal ki lye a gwosès la jwe yon wòl nan sa

- yon moun ki te fè yon maladi seksyèlman transmisib, yo remake moun sa yo gen plis chans pou devlope kansè a

- moun kap pran konprime planin, a koz efè òmonn planin sa yo jwe an

- kondisyon sosyo ekonomik paske gen yon lè pou chak fi pou fè pap test

Gen 4 stad nan kansè kòk matris:
Stad I: Timè an limite nan kòl matris la

Stad II:Timè an depase kol la men li pa atenn 1/3 vajen an

Stad III : Timè an depase kòl la , pawa basen an, pran 1/3 nan vajen an, e menm rive jwenn irtè an( kanal ki relye ren an a vesi)

Stad IV: Timè an kite kòl e atake lot òga'n ki a kotel yo

Ki siy a sentom moun nan ap santi sil fè kansè:
Lè moun nan ap fè sèks pi lap senyen,oubyen aprè rapò an, menm an absans de rapò seksyèl moun nan konn rete lap remake san ap sot nan vajen li

- moun konn ap bay yon ekoulman woz ki gen vye sant

-fatig

Li konn gen doulè, pyel konn anfle, li konn ap p**i san, li konn ap plede p**i men lèl al p**i li bay yon ti tak p**i, li konn toujou gen yon fo bezwen al twalèt

- moun nan ap pèdi pwa

Ki pronostik vital yon moun ki fè kansè kòl matris:
Sa depann de stad la,volim nan, e si kansè an metastaze ( sa vle di sil kite kòl la al atake lòt òga'n )

Nan stad I moun sa gen 90 a 99% chans poul viv pandan 5 an

-nan stad II li gen ant 50 a 70 % chans poul viv pandan 5 an

-nan stad III li gen 30 a 50 % chak poul wè 5 an

- nan stad IV li gen mwens ke 20 % chans poul wè 5 an ankò

Prevansyon :
met prezèvatif, kanpe sou fimen

Gen yon vaksen yo bay kont sewotip HPV ki pi danjre yo, ke yo bay depi tou timoun , avan yo antre nan premye rapò seksyèl yo, m pa kwè nan nan moman nap pale la sil enskri nan program vaksinasyon MSPP

Ann fon ti pale de " Pap test"
Kisa li ye ?

Se yon egzamen , senp, san doulè , li pèmèt yo gade si kòl matris fi a gen selil prekanserez , ou byen selil kansè nan kòl matris la .

Kòman li dwe fèt ?
1)dwe gen yon eka omwen 10 jou aprè dènyè règ ou
2) ou pa dwe fè bagay 1 jou anvan tès la, ni mete krèm, jèl , mous ak medikaman nan bouboun ou, ni mete bagay nan dlo pou fè twalèt deba ou

3) Fanm nan dwe gen 25 lane a 65 lane , pi ou dwe fèl chak 1 a 3 zan selon sa rezilta revele

Ki enpòtans paptès la ?
Kansè kòl matris la , se dezyèm fòm kansè ki pi frekan kay medam yo, e se dezyèm koz kansè ki tiye medam yo aprè kansè nan tete , e nou jwenn kansè sa plis nan peyi soudevlope yo , e yo trape viris la nan fè bagay

Li enpòtan pouw fè pap test viris sa koze lezyon non sèlman nan kòl matris la ,menl kozel nan bouboun nan, deyò bouboun nan ak lòt ògan.

Eskew fè pap test ou deja?

Like & pataje pou plis moun jwenn konesans
Idantifye yon moun li avèw
Norbrun Kerry & Nurse Augustin

19/08/2021

Anpil fi an Ayiti ap pran piki Depo-provera (piki planin)pou gwosi men yo pa konn valè danje ki gen nan sa, ki ka menm voye yo anba tè

Pataje tèks sa pou ouvri je popilasyon an sou danje ki gen nan pran piki Depo-provera ,medam yo konn pranl san okenn avi medsen , san okenn ekszamen ,san yo pa konn si yo konpatib avèl e pa konnen sa yap chèche an se efè segondè piki an se pa pou sal fèt ,efè li ka genyen sou sante yo ,genyen ki pa chèche konnen veritab wòl piki sa men yo pranl pou yo gwosi

Sa rive anpil fwa yon fi nik al nan yon famasi li mande pou vann li depo-provera ,aprèl al jwenn yon moun (ki ka yon pèsonèl sante) pou ba lil, nan lespril ,sa lap chèche se gwosi, pa kont piki depo-provera se yon piki planin ki la pou anpeche moun fè pitit, e ke se pa tout moun ki ka itilizel paskel gen danje ladann ,gen ekszamen pouw fè avan yo baw li eben youn efè segondè piki sa se fè moun gwosi, men ala baz li pat fèt pou sa

Tout fi paka sèvi avèl, avanw sèvi gen ekszamen ou ta dwe fè paske gen kèk danje tankou:

-yon moun kap pran piki depo-provera dwe pa gen okenn pwoblèm san, paske piki sa ka fè sanw fè boul e boul sa ka al ateri nenpòt kote pou bouchel, tankou nan sèvo poul baw stròk, nan kè pou ba w kriz kadyak,nan poumon pou baw anboli, e pa bliye siw ap pran piki sa ou ta remake ou wè flou, ou ap esoufle , pwatrin ou ap fèw mal se kouri rapid al kay Dr

-li konn baw pwoblèm pouw rejwenn fètilitew sa depann de konbyen tan ou genyen depiw ap pranl e se youn nan rezon ki koz li konn fè fi sa yo pa janm wè règ yo ankò pandan yap pranl lan e sa ka menm gen efè sou ou lèw ta deside fè yon moun timoun,ou ka tann jiska 6 a 8 mwa depiw kanpe sou piki an avanw resi ovile

-adolesan pa dwe pran piki sa paskel ka bal pwoblèm nan zo , zo yo paka atenn mas poul atenn nan e ka ba yo yon maladi ki rele "osteoporose"

-gen risk kansè ladann tankou kansè tete, kansè kòl matris , pa kont li redwi risk kansè nan andomèt ( yon kouch ki anndan matris la)

-si fi an fimen pi lap pran piki depo-provera gen gwo risk pou andomaje kèl a veso kap transpòte san nan kòl

-gen risk depresyon siw ta remake pandanw fin pran piki sa ou wè anyen pa enteresew, imèw chanje , ou dekouraje a lavi ou pa nan pow se kouri al kay Dr wap antre dwat fè depresyon ki ka fatal pou ou

-moun kap bay tete oubyen ki ansent paka pran piki se sak fè avan yo baw li fòk yo konnenw pa ansent ,epi se rezon ki fè se aprè 5 jou aprè règ yo baw li se pou pa koze ou avòte e avòte nan yon move kondisyon ou ka mouri avèk bebe an

-yon fanm ki fè maladi s*k dwe strik nan kontwòl s*k li sil pran piki sa paskel li rann kò an rezistan a ensilin(òmonn ki pèmèt kòw absobe s*k ) sa vin fè kantite s*k la ogmante nan sanw

-Piki sa ka fè kòw kenbe anpil dlo, e sa patisipe nan pwaw pran , konsekans lan prale sou kè a ren an ,travay yo pral ogmante e se la pwoblèm nan, ou pa dwe gen pwoblèm kè a veso

-lè kòw gen twòp dlo presyon an pral sou kè an paske se li ki la pou ponpe san, eben kè an pral fè plis efò e se la tansyon moun nan pral ogmante , siw son fi ki fè tansyon piw ap pran konprime depot provera ou riske fon stròk

Like & pataje pou plis moun nan sosyete an ka jwenn konesans sou danje sa yo

Idantifye yon moun li avèw

Norbrun Kerry Care-ry

09/08/2021

Eske w konnen jiska kounya gen ayisyen nan sosyete an ki pa konn anyen de kis nan ovè aprè tande non an, mwen m pap kite abonem yo nan fènwa ,m konnen nou pa egoyis a konesans lan pataje tèks sa pou plis moun jwenn konesans

Vin li tout sa dwe konnen sou kis nan ovè
Mezanmi pran san nou li tèks sa ,nou pa ta imajine valè ayisyèn ki fè kis nan ovè ki ap eseye chèche yon solisyon
yon ti konesans anplis ap bon pou ou ,pa neglije patajel pou rive jwenn plis moun e sitou sila ki nan bezwen yo

anpil fwa nou konn tande moun ap di yo pa règ yo , yo fè tès gwosès yo pa ansent yo pa konn sak fè sa... konsa tou gen sila ki ta renmen gen pitit men sa pa janm arive fèt,se konn kis nan ovè ki koz

nou pa konn ap mache nap gade yon fi , fizikman li gen karaktè gason tankou li gen ti bab,chaje plim(sa pa vle di chaje plim vle di kis nan ovè) gen fòm gason ,siw ta mandel sil pa gen pitit li ka diw " m pako non , Bondye pako vle ban mwen",se konn kis nan ovè ki koz

anpil moun panse tout kis se menm tout kis vle di operasyon, men se non se pa vre, anpil moun pa konn gen tip kis ki ka transfòme an kansè

anpil ekszanp konsa, m ka evoke pou nou mwen pèsonèlman m pa t konn si kis nan ovè frekan konsa an Ayiti, nan objektif sa m vin pale nou de li

kisa kis la ye? konbyen tip ki genyen? eske tout kis nan ovè vle di opere? kisa moun nan ka santi? ki konsekans li ka gen sou moun nan?

Kis la se yon kavite anòmal ki gen pwòp pawal , ki pi souvan ranpli a likid ki vin fòme yon ti poch nan ovè a(òga'n ki pèmèt fi an ovile)

anpil fwa se nan kad egzamen kay jinekològ, moun nan ka dekouvri li fè kis nan ovè, paske nou souvan inyore siy a sentom yo oubyen dèfwa nou konn genyen yo nou pa santi ou remake anyen.

Gen 2 tip kis nou ka jwenn
1- kis oganik
Li menm li pa regrese , li lye a yon timè ki pi souvan Benin men ki konn vin maligne kap vin baw kansè ,nou jwenn kiss òagnik yo plis Kay fi ki menopoze( avèk laj ki fè 12 mwa san règ) a koz de absans ovilasyon nan laj sa, yo konn ap ogmante volume ane aprè ane, selon konpozisyon Ann pran pa ekzanp" kyste dermoïde" kote anndanl yo konn jwenn "poils"

nan tip kis sa se opere yo opere moun nan pou retirel

2-kis fonksyonel ke nou jwenn pi souvan lakay fi ki fè nan laj pou fè pitit a koz de prosesis ovilasyon...ovè an gen yon pakèt folikil(ki gen ovosit la pou pèmèt fi an tonbe ansent lan) aprè yo fin ranpli fonksyon yo , yo ta sipoze regrese nan ka sa yo transfòme an kis , lè se folikil la ki konsène ou konn paka ovile se sak fè moun ki fè kis anpil fwa gen pwoblèm règ a difikilte pou fè pitit

kis sa se medikaman doktè bay moun nan pou met ovè ano repo pou kis yo redwi

Gen sa sa yo rele syndrome des ovaires micropolykystiques( kis nan ovaire)
Sal ye ?
Se lè gen yon to yon òmonn(sibstans kinlibere nan kò an ki pral aji a distans) ki rele LH ki twò elve tandiske to FSH la konn nòmal li konn menm ba,vin fè fi sa yo vin ap sekrete anpil òmonn gason e sak fèw wè yo konn gen trè gason se yon maladi ki manifeste pa yon "hyperandrogénie" nou konn wè fi sa yo konn gen karaktè gason yo konn gen bab, plen plim

moun nan konn gen sa yo rele "obesité androïde "(anlè l pi gwo ke Anbal )

li konn gen pwoblèm règ yo , gen moun ki fè kis ki konn ovile selman 2 a 3 fwa nan yon ane sa konn rive...e konn fè plizyè mwa san règ

gen "syndrome des ovaire multifolluclaire"
Ki karaktetize pa yon ralantisman de sekresyon de yon òmonn ki rele GnRh pa gland ki rele hypothalamus se gland sa ki bay premye sinyal règ yo, li sansib a imè fi an se sak fè imè fi an konn gen repèkisyon sou règ li

Diferans kap gen ant "syndrome des ovaires multifolliculaire a syndrome des ovaires micropolykystiques "Sè ke pap gen karakteristik gason tankou fi a pap gen bab li pap plen plum etc...

Kisa w ka wè ou santi?
-Yon doulè Anba vant, defwa ou konn santil on bò nan vant ou ,tankou yon bagay pezew

-trouble règ ou konn remake ke lap bay ti reta detanzantan, li pa bay anpil San, li konn baw gwo doulè lè règ

-Nou konn remake nap bay sang en deyò de règ

-Ou al p**i souvan sanw pa bay anpil p**i

-Ou konn konstipe souvan oubyen ou konn santiw gen twalèt lèw al nan twale ou pat gen twalèt vre nou pral wè sak koz sa pi devan

-Vant moun nan konn vin gwo sa se lè kis la Vin gwo

Ki konplikasyon kis yo ka bay?
kis la tòde sou li menm ,lè sa moun nan ap santi yon gwò doulè entans,li konn akonpanye de Noze a vomisman

- moun nan konn ap pèdi anpil san ,sitou nan kis fonksyonel la moun nan konn ap pèdi San sa konn menm a rive fè moun nan anemi

-kis la konn dekoule
La gen yon doulè entans,Souvan asosye de Noze a vomisman

-Kote kis la konn vin telman gwo li konprese òga'n ki akotel yo tankou vessi lè sa moun nan plede al p**i se ti kal p**i lap bay

Li ka konprese re**um nan tou ,lè sa moun nan konn konstipe oubyen
santil gen twalèt souvan poutan lèl al twalèt li pa bay anyen se kis la kap peze re**um nan

-lèl gwo Si fi a ansent li ka anpeche pasaj tèt foetus(bebe ki nan vant manman) la lè konsa se sezaryenn yo fè pou moun nan

-Li ka enfecte ovè an e bay absè

-kis la ka dejenere sitou kis òganik la li ka transfòme en kansè depi nou wè kansè nou konprann...

depi nou ta remake siy a sentom sa yo pa neglije al kay Doktè

like & pataje
idantifye yon moun li avèw

Norbrun Kerry Care-ry

22/07/2021

Men kèk siy kap alètew sante bebew la oubyen vil an danje, mezanmi pa kenbe konesans sa pou kò nou , pataje tèks sa pou ede paran ayisyen yo sove plis vi

Anpil fwa nal kay pedyat oubyen lopital twò ta a bebe yo lèn remake lavi yo an danje , sa konn rive malerezman yo konn gentan mouri, nou konn pa menm rive lopital poutan gen siy ki konn alète nou santel an danje

1-lèw peze zong dwèt li oubyen zong pye bebe an li dwe reprann koulèl touswit siw peze zong dwèt li oubyen pyel li pran tan poul rekolore, sa vle di s*kilasyon san mal fèt se konn siy ļi anemi,dèfwa anemi an konn grav, sa valab pou granmoun tou

2-yon fyèv de 38°C oubyen plis lakay yon bebe ki gen mwens ke 3mwa se konn siy kel gon gwo maladi grav se kouri al kay lopital avèl rapid , fyèv la ka dezidratel e w ka pèdi bebew la

3-si bebew la oubyen timoun ou an plede bwè dlo oubyen p**i souvan ,ou wèl toujou swaf se konn siy li viktim de dyabèt(maladi s*k) e dyabèt timoun yo souvan genyen an trè grav souvan se dyabèt tip 1 , lè konsa pankreya pa sekrete ensilin (òmonn ki pèmèt kòw itilize s*k la)menm , se kouri al kay Dr avèl pou fèl ekzamen san a p**i pou wè si to s*k la wo

4-Si bebe an ap vòmi ou wè koulè vòmi an biza :
-Li ka vèt lè sa se bil
-li ka wouj lè konsa se san fre sa vle di bebe an oubyen timoun nan ap senyen pa anndan
-ou ka remake san nwa lè konsa san sa gentan dirije se konn siy lap senyen lontan

5-siw ta remake ti vant li sòti lè konsa eseye pliye jenou sou vant lan si malgre sa ou wèl ap eseye retire menw pandan lap kriye lè konsa pa pèdi tan se kouri al kay Dr rapid

6-siw remake lèw ap benyen ti gason yo oubyen li rapòtew testikil li ( boul grenn )ap fèl mal pa pèdi tan al kay rapid, paske lakay ti gason yo testikil la konn rive sou pwòp tèt li e la sa fèl paka jwenn san lap pouri o fi e a mezi siw pa gentan kouri lopital avèl li ka pèdi testikil ( boul grenn) lan

Like e pataje pou sove plis vi

Idantifye yon moun li avèw

Norbrun Kerry Care-ry

04/07/2021

👎 Men kek move bagay nou dwe evite pratike 👎
- Pa manje trop Maggi
- Pa manje S*k blan
- Pa manje Aksan
- Pa re itilize lwil ki fin fri
- Pa fimen sigarèt ni dwòg
- Pa bwè kleren Etanòl
- Pa manje gwo manje apre 6zè pm
-Pa fin manje pou nale domi touswit
- Pa manje manje ki jele/Freeze
- Pa chofe manje nan microwave san kouvri
- Pa manje yon manje ki gen plis pase 5 jou nan frijidè
- Pa re mete nan frijidè yon manje nou fin chofe
- Pa mete lay ak tout po nan frijidè
- Pa janm kite deyò moso zonyon
- Pa janm fè lekti kouche
- Pa fè lekti lè machin ap kouri
- Pa bwè grenn/comprime kouche
- Pa limen limyè lò nou fenk leve
- Pa benyen nan dlo frèt lò nou fenk leve
Pa janm chita tou pre ekran TV
- Pa janm toufe manje nou ake sachè plastik
- lèw mange pa kouri bwè dlo
- si Telesphone ou nan chaj pa pale avel pandan lap chaje a
- siw apenn leve nan domi pa kouri leve al p**i*
- pa kite telephone ouvri bo tet ou pandan wap domi
Pratike tout sam diw yo la pou nou gen yon sante djanm✍✍☝

20/06/2021

Pozisyon pou fanm ansent dòmi, fanm ansent pa dwe dòmi sou do ,anpil moun ap poze m kesyon sa ,pataje tèks sa pou plis moun jwenn konesans
Fanm ansent pa dwe kouche sou do men ki mèyè pozisyon pou yon fanm ansent kouche, e ki danje ki genyen lè fanm ansent kouche nan move pozisyon

yon ti konesans anplis ka soulaje anpil fanm asent nan peyi an nan fason yap kouche ,pataje tèks sa pou plis moun atenn an e a sila ki nan bezwen

o komansman pandan yon gwosès ,vant fi an pako gwo , li pako vrèman enkye de kijan poul kouche men lè fanm vant lan kòmanse gwo paske nou konnen pwa matris li vin 100 fwa pi gwo lè fi an nan fen gwosès lan anpil konn enkyè sou kijan pou yo kouche e anpil konn remake a pati de 3 èm trimès la gen nan pozisyon yo pa konfòtab , gen pozisyon depi yo pran l pou kouche yo gen malèz, m jwenn anpil moun pozem kesyon sou ki pozisyon pou yon fanm ansent kouche?

lè vant fi an vin gwo anpil sitou nan 3 èm trimès la e a tout sak ladann (fetis la, plasennta ,likid la bebe an ap naje an) sa gen kòm konsekans ogmantasyon presyon vant fanm ansent lan, nan do , bò kolòn vètebral nou(rèl do)nou gen gwo veso kap transpòte san, gen pozisyon fanm ansent lan kouche ki konn konprime veso sa yo, e lè sa fèt tansyon fi an bese, e se la malèz yo pral kòmanse...

eben aprann sa fanm ansent pa dwe kouche sou do, a lesepsyon lèl al kay Doktè oubyen lèl ap akouche

sak ka rive si fi an kouche sou do?
- gen anpil fi ki konn nik kouche sou do, matris li al konprese gwo veso yo epi tansyonl chite

-debi san ki pral nan ren an konn diminye sa ki grav

-plasennta fanm ansent lan konn dekole pi san vide sou li, a koz de presyon san ki bloke nan matris lan, e la sa grav se lopital dirèk

-si fi an malad nan kè sa ka pi grav, vantrikil goch( ki se yon kavite nan kè an kap ponpe san) konn paka byen ranpli fonksyonl

-a koz "muscle" ki pèmèt nou respire an ki se "diaphragme" matris lan vin soulve, lè fanm ansent kouche sou do yo konn santi yo paka respire byen

-lè matris lan konprese gwo veso yo. san konn ret gonfle nan pati enferyè fanm ansent lan e koze pyel konn vin gwo(gen lòt koz ki ka fè sa)
,premye venn nan twou deyèl konn ogmante e yo konn vin gonfle bay emowoyid

eben ki pozisyon ki ideayal pou yon fanm ansent kouche?
-fanm ansent depi vant lan vin gwo se sou kote goch poul kouche, sil pa alèz li ka pran pye dwat li met sou yon zorye jann wè nan imaj la ,sil ap deplase metel chita oubyen pozisyon panche anavan

m kontan pataje ti konesans sa avèk nou

like & pataje
idantifye yon moun li avèw

Kerry NORBRUN

01/06/2021

Men 10 bon efè berejèn gen sou sante nou,moun ki renmen legim yo ap kontan, dlo berejèn ede moun pèdi pwa li jis nan fen tèks map montre nou kijan poun preparel

Pataje tèks sa pou plis moun ka jwenn konesans paske an An Ayiti nou souvan neglije fwi a legim nou yo kap bon pou sante e adopte vye manje ki pral nwi sante nou, fè nou depanse kòb kay Dr

Siw ta renmen antre an kontak a mon panier econo pou fè komand tout saw ap bezwen pou pwovizyon manje nan kay la sanw pa deplase,livrezon gratis rele nan 37193920 siw gen whatsapp klike sou lien sa:
https://wa.me/+50937193920
Wap jwenn yon responsab reponn nou

Nou souvan fè legim a berejèn nou ka konn konsomel men nou pa konn byenfèl sou sante eben men 10

1-li bon pou anemi ki koze pa karans an fè ,kòm berejèn rich an fè li rekomande pou moun ki anemi yo konsomel , e li bon pou globil wouj (yon tip selil ki nan san nou) paskel metabolize pwoteyin

2-berejèn bon pou sante kè a veso a koz li rich an potassium ki kenbe rit kè an stab e li gen flavonoïde ki redwi move kolestewòl la e stimile bon kolestewòl la

3-li rich an antioksidan ki pwoteje selil kò an kont radiko lib pou ede selil yo lite kont vyeyisman e li ede kò an elimine toksin ki pa bon pou li

4-li bon pou sèvo , e pou sante mantal la, li elimine toksin ki nan sèvo e favorize plis san nan sèvo sa ki bon pou sante sèvo an

5-berejèn edew pedi pwa a koz li gen anpil dlo epil pa gen anpil kalori siw son moun ki vle pedi pwa ou paka pase a kote berejèn sanw pa matel nan plaw

6-berejèn bon pou sante zye nou e ede prevni katarat anplis de sa li gen
"anthocyanine " yon konpozan ki bon pou sistèm nève nou, e li rich an vitamin A ki favorize amelyorasyon vizyon

7-li bon pou zo nou, janm te dil li li rich an fè anplis de fer li gen calcium 2 konpozan sa yo trè enpòtan pou zo nou

8-berejèn bon pou cheve,
li rich an vitamin B3 kap stimile kwasans cheve nou anplis de sa, li rich an vitamin A ki pèmèt pwodiksyon sebum( yon kouch grès) ki pèmèt cheve an byen idrate

9-li pèmèt kò an lite kont eksè dlo, eksè dlo konn koze moun pran pwa oubyen monte tansyon moun eben berejèn son bon chwa pouw met nan plaw

10-berejèn bon pou moun ki boule ou bouyi berejèn nan epiw pran chè an lèl frèt ou met sou kotew brile an sa ap diminye doulè an e adousi po an

Pouw prepare dlo berejèn ou bezwen:
-yon lit dlo
- yon berejèn mwayen
-sitwon

Etap:
1-Wap rache berejèn nan an wondèl
2-wap pije sitwon an apa
3- met dlo an sou dife lèl bouyi met berejèn ou te dekoupe yo
4-kitel fe 25 minit ap bouyi
5-etèn dife an kitel repoze pandan 1 è
6-pasel nan pasan pouw ka rekeyi dlo an
7-met ji sitwon an nan dlo an

Ou ka bwèl pandan tout jounen an

Mon panier econo

Pa lapenn pouw ap deplase monte desann ankò siw pa gen tan akoz de travay ,maladi, ou pa vle pran oubyen pè lari an , oubyen lòt koz a yon senp apèl nan 3719 39 20
siw gen whatsapp klike sou lien sa:
https://wa.me/+50937193920

ou ka fè komand fwi, legim, a tout saw ap bezwen nan kwizin e tout saw bezwen pou manje pou yon ti kras kò ,ladann wap ka fè komand:
-panye fwi
-panye legim
-panye epis
- panye salad etc...
-Ou gen posibilite tou pouw fè pwòp panyew
Livrezon gratis ti cheri!!! lap vin jwenn dirèk dirèk lakay ou nan yon ti tan!!!!

Vous voulez que votre entreprise soit Enterprise la plus cotée à Port-au-Prince ?
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Téléphone

Adresse

Tabarre 19
Port-au-Prince
MERCI