Bout pawòl pam

Bout pawòl pam est une page d'aide à la motivation et au dèveloppement personnel

18/06/2023

Dimanch 18 Jen
☘Lizay zanmitay🌤
Sezon 3 epizod 6

Anpil fwa chagren, laperèz, move lavi fè nou pran nan pyèj fo zanmi, pi devan ki pral lage nou nan ron pou wè mach nou, veye bèl pawòl plis mize sou aksyon kosekan!


yon koutwazi Bout pawòl pam ak sipò
Mackenley François Klan

https://www.instagram.com/p/CtobortuZLc/?igshid=YmM0MjE2YWMzOA==

17/06/2023

Samdi 17 Jen
☘Lizay zanmitay🌤
Sezon 3 epizod 5

Gen moun ki nan sèk ou se yon rin li ye, li toujou pretan li ap ankouraje w pou li ka mye ekspkwate w, men ou pa janm wè do men l se pla men l ou tjou we.


yon koutwazi Bout pawòl pam
Ak sipò Mackenley François Klan
https://www.instagram.com/p/CtlucLiOdbu/?igshid=YmM0MjE2YWMzOA==

16/06/2023

Vandredi 16 Jen
☘Lizay zanmitay🌤
Sezon 3 epizod 4

Nan lavi fòk ou konn limit ou, gen lojik ki pa pou ou. Apran lonje dwet ou kote l ka rive, fè moun wè pap itil anyen.


yon koutwazi Bout pawòl pam
Ak sipò Mackenley François Klan
https://www.instagram.com/p/CtjNFgirl7K/?igshid=YmM0MjE2YWMzOA==

15/06/2023

Jedi 15 Jen
☘Lizay zanmitay🌤
Sezon 3 epizod 3

Kontinye fè sa w konn fè, paske lè w pa genyen l ankò pa gen pèsòn ki pral lonje men ba w, paske yo gentan gen responsablite yo. Jere sa w genyen an byen.


yon koutwazi Bout pawòl pam
Ak sipò Mackenley François Klan
https://www.instagram.com/p/CtgiXpCuqS8/?igshid=YmM0MjE2YWMzOA==

14/06/2023

Mèkredi 14 Jen
☘Lizay zanmitay🌤
Sezon 3 epizod 2

Nan goumen pou chanje yon reyalite ki tris, ou konn tonbe sou resif. se pa paske pòt ki ouvri a pa bon, kèk fwa presipitasyon fèn tonbe sou koze nou pat janm atan!

Avan kouri aksepte opòtinite yo analize si objektif ou yo ap respekte, si rèv yo ap pran chè.


Yon koutwazi Bout pawòl pam ak sipò Mackenley François Klan
https://www.instagram.com/p/CtePkrMLmhB/?igshid=YmM0MjE2YWMzOA==

13/06/2023

Madi 13 Jen
☘Lizay zanmitay🌤
Sezon 3 epizod 1

Yon reyalite ki tris, gen moun ki antre nan vi w ki telman kwense w li pa ba w tan pou evolye, pou konnen kiyes ou ye, pou panse pou tèt ou elatriye. Anpil fwa moun sa konn vle fè w byen men san rann kont li detwi moun ou ye a.

Si w gen yon moun konsa pale avel pou fel konpran ou bezwen tan pou ou!


yon koutwazi Bout pawòl pam ak sipò Mackenley François Klan
https://www.instagram.com/p/Ctbca0fLs6v/?igshid=MzRlODBiNWFlZA==

12/06/2023

Lendi 12 Jen
☘Lizay zanmitay🌤
Sezon 2 epizod 30

Se yon reyalite nou paka inyore, se toujou sa ki pi mal yo ki eleman esansyèl nan kreyasyon richès yo sibi sa nan yon aspè sosyolojik ak sikolojik, jouk li tounen yon dogme pou anpil nan yo.


yon koutwazi Bout pawòl pam
Ak sipò Mackenley François Klan
https://www.instagram.com/p/CtY2bVtLIwd/?igshid=MzRlODBiNWFlZA==

11/06/2023

Samdi 10 Jen

☘Lizay zanmitay🌤
Sezon 2 epizod 28

Yon ti limyè pou kèk moun ki chwazi kwense tèt yo nan fè nwa inyorans, pou yo mal mennen yon lòt pou yon sipò yo te ba li sou yon fòm ou yon lòt. Li miyò lè sa w ap fè a pou fèl ak lanmou epi san rekonpans demen!


yon koutwazi Bout pawòl pam ak sipò Mackenley François Klan
https://www.instagram.com/p/CtVKWFlJSUD/?igshid=MzRlODBiNWFlZA==

11/06/2023

Dimanch 11 Jen

☘Lizay zanmitay🌤
Sezon 2 epizod 29

Anpil fwa yo kraze zèv entèlektyèl, paske yo itilize yo mal sou pretèks entèlektyalite (lasyans) pa itil anyen nan sosyete nou an poutan chak kouch nan sosyete a konte. San la syans kijan n ap fè kesyone epi akouche ak solisyon.


yon koutwazi Bout pawòl pam ak sipò Mackenley François Klan
https://www.instagram.com/p/CtWTRm8ufuU/?igshid=MzRlODBiNWFlZA==

09/06/2023

Vandredi 9 Jen

☘Lizay zanmitay🌤
Sezon 2 epizod 27

Chwazi nan ki lo w ap atache w, paske lavi pa gen pitye pou okenn moun ki bay Laperèz pye leve sou li!


yon koutwazi Bout pawòl pam ak sipò Mackenley François Klan
https://www.instagram.com/p/CtRDZ9Ar-4-/?igshid=MzRlODBiNWFlZA==

08/06/2023

Jedi 8 Jen

☘Lizay zanmitay🌤
Sezon 2 epizod 26

Sa enpòtan pou pran tan pou tèt ou, pou pozisyone lavi w, avni w, yon fason pou apran konnen kiyès ou ye, kote ou vle ale, ki chimen pou prete. Pou pi douvan moun pa pase w pou plan b, ni ou pa akize moun echèk ou!


yon koutwazi Bout pawòl pam ak sipò Mackenley François Klan
https://www.instagram.com/p/CtOhJm8L7OA/?igshid=MzRlODBiNWFlZA==

07/06/2023

Mèkredi 7 Jen

☘Lizay zanmitay🌤
Sezon 2 epizod 25

Yon bon klate lespri ap itil ou , souvan moman feblès nou yo sòti nan moman pi sonb lavi nou, e fènwa sa yo konn mank limyè ki pwojte sou pwop tèt nou!


yon koutwazi Bout pawòl pam
Ak sipò Mackenley François Klan
https://www.instagram.com/p/CtL7f1oraIR/?igshid=MzRlODBiNWFlZA==

06/06/2023

Madi 6 Jen

☘Lizay zanmitay🌤
Sezon 2 epizod 24

Lè moman pa w la rive menm wòch yo ap pale pou ou, paske madichon pa janm dire sou kò 100tan. Kite yo fleri, lè jou paw la rive se donnen w ap tou donnen.


yon koutwazi Bout pawòl pam
Ak sipò Mackenley François Klan
https://www.instagram.com/p/CtJazD7LsqF/?igshid=MzRlODBiNWFlZA==

05/06/2023

Lendi 5 Jen
☘Lizay zanmitay🌤
Sezon 2 epizod 23

Lajan se sous anpil fistrasyon, pandan li se yon zouti ki ka fè byen, gen moun ki itilize l mal, gen moun ki ta toujou vle ap lonje men ba w yon fason pou ka toujou domone w. Yo pa janm swete wè w pwogrese.


yon koutwazi Bout pawòl pam ak sipò Mackenley François Klan Steves J. Bryan
https://www.instagram.com/p/CtGw6NDuLOl/?igshid=MzRlODBiNWFlZA==

04/06/2023

Dimanch 4 Jen
☘Lizay zanmitay🌤
Sezon 2 epizod 22

Gen pongon ki rantre nan lavi w, ki deside rete malgre tout bagay, se tankou ou pwovèb la di : "Se byen jwen ak byen kontre." moun sa deside avanse avè w malgre tout divèsite ki gen ant ou avèl ✨. Ankouraje chak fwa ou jwen okazyon an!

yon koutwazi Bout pawòl pam ak sipò Mackenley François Klan

https://www.instagram.com/p/CtExenarksg/?igshid=MzRlODBiNWFlZA==

03/06/2023

Samdi 3 Jen

☘Lizay zanmitay🌤
Sezon 2 epizod 21

Pa melanje konpòtman ki se yon bagay ki lye ak espas avek karaktè ki se yon bagay ou fèt avèl, kote konpòtman w ka chanje fas ak kek sitiyasyon, karaktè w ak kanpe rèd kou bwa makak.

yon koutwazi Bout pawòl pam
Mackenley François Klan
https://www.instagram.com/p/CtBtJnoOwua/?igshid=MzRlODBiNWFlZA==

02/06/2023

Vandredi 2 Jen
☘Lizay zanmitay🌤
Sezon 2 epizod 20

Silans pa vle di absans, ni manke bon sans, pito yon moun chèche konpran silans olye l al kesyone tibilans.


Yon koutwazi Bout pawòl pam ak sipò Mackenley François Klan
https://www.instagram.com/p/Cs_NbbjLxti/?igshid=MzRlODBiNWFlZA==

31/05/2023

Mèkredi 31 me

☘Lizay zanmitay🌤
Sezon 2 epizod 18

Menm fanmi w konn abandone w paske ou pran yon direksyon ou pa swete, men pigwo konfizyon an se lè ou menm ou chita ou mize sou solitid ou pou pa avanse.


Yon koutwazi Bout pawòl pam
Ak sipò Mackenley François Klan

https://www.instagram.com/p/Cs55yLDuanB/?igshid=MzRlODBiNWFlZA==

26/05/2023

Vandredi 26 me

☘Lizay zanmitay🌤
Sezon 2 epizod 13

Lavi ekri yon nouvo istwa chak jou, men se ou ki konn ak kiyès moun w ap pataje istwa w yo, bon chwa yo pran tan pou fèt epi bezwen bon sans ak limyè!

yon koutwazi Bout pawòl pam
Ak sipò Mackenley François Klan
https://www.instagram.com/p/Css9Z_yO7HP/?igshid=MzRlODBiNWFlZA==

25/05/2023

Jedi 25 me

☘Lizay zanmitay🌤
Sezon 2 epizod 12

Sispann panse tout moun menm jan avèw, nou tout pa gen menm konviksyon, nou tout pa gen menm chimen pou nou swiv!


Yon koutwazi Bout pawòl pam Ak sipò Mackenley François Klan
https://www.instagram.com/p/CsqYiJWuyBj/?igshid=MzRlODBiNWFlZA==

24/05/2023

Mèkredi 24 me

☘Lizay zanmitay🌤
Sezon 2 epizod 11

Sèl ou menm kapab bay tèt ou limit,pèsòn pap ka fèl pou ou, si depi nan komansman ou chita sou sa moun ap di, w ap toujou ret sou plas san w pa janm avanse. Fokis!

Yon koutwazi Bout pawòl pam
Ak sipò Mackenley François Klan
https://www.instagram.com/p/Csn0RmoOD9-/?igshid=MzRlODBiNWFlZA==

23/05/2023

Mardi 23 me
☘Lizay zanmitay🌤
Sezon 2 epizod 10

Se tant w ap analize, se atò w ap jwen repons nan men tan!




Bout pawòl pam
Mackenley François Klan
Krisp Krispek
https://www.instagram.com/p/CslPXaIOAuy/?igshid=MzRlODBiNWFlZA==

22/05/2023

Lendi 22 me

☘Lizay zanmitay🌤
Sezon 2 epizod 9

Gen objektif ou vle abouti, ou oblije fè silans jis ou rive nan destinasyon w.

Yon koutwazi Bout pawòl pam Ak sipò Mackenley François Klan

22/05/2023

Dimanch 21 me

☘Lizay zanmitay🌤
Sezon 2 epizod 8

Si lespri nan fè nwa, se nòmal pou tankou chien ki pèdi chimen kay li, klate lespri w se limyè ki klere w nan tout ti detay lavi w, yon fwa ou pèdi limyè sa se kòmsi ou sispan egziste!

koutwazi Bout pawòl pam Ak sipò Mackenley François Klan
https://www.instagram.com/p/CshpmyyJf6n/?igshid=MzRlODBiNWFlZA==

19/05/2023

Vandredi 19 me

☘Lizay zanmitay🌤
Sezon 2 epizod 6

Gen moun rankont yo se eksperyans pou apran, lè yo ale pa kriye paske yo pat vini pou rete yo te jis vinn ranpli yon misyon. Gen chemen fòk yo kwaze pou lavi ka pran koulè ak kab kòl!


yon koutwazi Bout pawòl pam ak sipò Mackenley François Klan
https://www.instagram.com/p/Csa8cIRuj7e/?igshid=MzRlODBiNWFlZA==

18/05/2023

Jedi 18 me

☘Lizay zanmitay🌤
Sezon 2 epizod 5

Erè Fatal, lavi yon moun pa jije sou sa w wè selman, gen vi entim lan se li ki manman penba, sa l vann lan konn lwen reyalite lavi l, se pa yon kesyon manti oswa blòf, men se plis yon reyalite ki konstwi nan mitan nou akoz jan sosyete nou yo fonksyone. Pa jije mou sou sa w wè!


Yon koutwazi Bout pawòl pam ak sipò Mackenley François Klan

16/05/2023

☘Lizay zanmitay🌤
Madi 16 me

Moun lan nan menm pozisyon avè w, li vle domine w poutan mèt zafè a pa menm bay sa enpòtans. Se yon move manyè kay anpil moun, ki lakòz relasyon sosyal yo toujou mal pase.

yon koutwazi Bout pawòl pam ak sipò Mackenley François Klan

15/05/2023

☘Lizay zanmitay🌤

Souvan w fè foli pou sa w pa menm gen bezwen, poutan sa ki esansyèl la pa menm enterese w. Lavi pa fè kado ou souvan repete l men eske w janm pran tan pou analize l, jere tèt ou, aprann konnen sa ki esansyèl nan lavi w.



Yon koutwazi Bout pawòl pam ak sipò Mackenley François Klan

15/05/2023

☘Lizay zanmitay🌤

Jije yon moun sou sa w wè ka plonje w nan konfizyon, sa wè a pa souvan sa l ye nan reyalite a, paske lavi ou wè la se tanbou de bouda son an konn sòti nan bò ki pa menm frape a.



Yon koutwazi Bout pawòl pam ak sipò Mackenley François Klan

13/05/2023

✨Lizay Larepiblik🍃

Kè kontan se bèl bagay, sitou lè se ak moun ou renmen, toujou pran tan pou manifeste anvi viv ou ak moun ki bò kote w paske pagen pi bèl chante ke lavi,sitou ou pa konn kilè refren an ap rive



Yon koutwazi Bout pawòl pam ak sipò Mackenley François Klan

12/05/2023

✨Lizay Larepiblik🍃

Devye w nan foul la se pa yon bagay ki fasil, paske chak etap ou rive manipilasyon an vinn pi strik, epi sosyete a vinn pi danje. li pi fasil pou fè sa tout moun ap fè a olye ou pran desten w nan men paske ou konn sa w ap kite men w pa konnen sa w pral jwen

Fè sa w renmen, foul la pa yon obligasyon



Yon koutwazi Bout pawòl pam ak sipò Mackenley François Klan

https://www.instagram.com/p/CsJA6OQr0HJ/?igshid=NTc4MTIwNjQ2YQ==

11/05/2023

✨Lizay Larepiblik🍃

Tout vrè valè, kite soude relasyon moun ak moun yo finn disparet rezo sosyal yo vinn pran tan nou, tout lavi nou robotize epi tout tan pou nou ta bay proch nou pase deye yon ekran.

Sispan rezime lanmou ak like Instagram ak facebook.



Yon koutwazi Bout pawòl pam ak sipò Mackenley François Klan
https://www.instagram.com/p/CsGYUgwLQCK/?igshid=NTc4MTIwNjQ2YQ==

10/05/2023

✨Lizay Larepiblik🍃

Gen moun ou bay plas nan lavi w, ki tounen yon rin pou ou, moun lan telman anpwazonnen lavi w li menm fè rayi viv!

Veye moun w ap bay aksè nan lavi w.



Yon koutwazi Bout pawòl pam ak sipò Mackenley François Klan
https://www.instagram.com/p/CsD0z0VL1u3/?igshid=NTc4MTIwNjQ2YQ==

09/05/2023

✨Lizay Larepiblik🍃

Avèk tan gen bagay ou vinn konpran pi byen, lavi son boul lanmou ka tounen rayiman, Ke kontan ka tounen laperèz, motivasyon ka tounen depresyon, jis paske objektif nou yo pa menm. Defwa nou menm fòse yon moun elwanye nou. Jis pou konble ego nou.



Yon koutwazi Bout pawòl pam ak sipò Mackenley François Klan
https://www.instagram.com/p/CsBP-vQLjp8/?igshid=NTc4MTIwNjQ2YQ==

08/05/2023

✨Lizay Larepiblik🍃

Gen liks, ou paka ofri tèt ou lè w konnen konbyen moun ki konte sou ou, defwa w anvi kanpe men rezon lavi w di w kontinye avanse paske gen tét moun pou leve, gen tèt moun pou bese, moun tankou w paka deprime!



Yon koutwazi Bout pawòl pam ak sipò Mackenley François Klan

07/05/2023

✨Lizay Larepiblik🍃

Fòs ou, feblès ou defini lè w anfas moman difisil yo, se analiz eta lespri w ki pral di si ou fò ou byen fèb. Gen moun yo konpran depresyon tankou yon lux, yo paka ofri tèt yo paske chak jou fòk yo kanpe goumen.



Yon koutwazi Bout pawòl pam ak sipoze Mackenley François Klan
https://www.instagram.com/p/Cr8E9AvuEEl/?igshid=NTc4MTIwNjQ2YQ==

06/05/2023

✨Lizay Larepiblik🍃

Emosyon ak santiman fè pati lavi, move emosyon ak move santiman pa ekri non plis men li pa enposib pou dekouvri yo, li sifi pou bay tet ou prensip epi evite satisfè moun avan tèt ou.

Depi plas ou pa la,kite tap la



Yon koutwazi Bout pawòl pam ak sipò Mackenley François Klan https://www.instagram.com/p/Cr5fcUJuwp_/?igshid=NTc4MTIwNjQ2YQ==

05/05/2023

✨Lizay Larepiblik🍃

Si ou nan yon espas kote chòk yo ap vini sou tout fòm, w ap toujou depresif, w ap toujou sijè pou vini pi mal, paske fòs mache ak eta lespri w. Lespri w pa janm anpè si espas la pa nan bon kondisyon

Sof granmèt la ki ka di yon mo!


Yon koutwazi Bout pawòl pam ak sipò Mackenley François Klan

https://www.instagram.com/p/Cr24wU3utLw/?igshid=YmMyMTA2M2Y=

04/05/2023

✨Lizay Larepiblik🍃

Pèseverans konn gen plis valè ke lanmou, edikasyon elatriye paske pèseverans ale nan menm sans ak lanmou, li antre nan tout ti detay w ap antrepran

Pèsevere, pou atenn objektif ou vize a!

Vous voulez que votre personnage public soit Personnage Public la plus cotée à Port-au-Prince ?
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Vidéos (voir toutes)

Téléphone

Site Web

Adresse

Port-au-Prince
Autres Conférencier sur la motivation à Port-au-Prince (voir toutes)
Fevoy Stevens Fevoy Stevens
Christ-Roi
Port-au-Prince

Intervenant sur la motivation

Lang ak Moun Lang ak Moun
Route Des Dalles, Ft Mercredi, Carrefour Feuille
Port-au-Prince

Se yon paj ki la pou ede moun reflechi sou relasyon pwofon ki genyen ant lang ak Moun. Pou fasilite

Rony le Battant Rony le Battant
Port-au-Prince

Dans le souci d'aider nos jeunes, à rester motiver pour atteindre les projets et Les rêves les plus fous.

Oze reyisi Oze reyisi
Chavanne
Port-au-Prince

aider les gens a s'orienter vers ses passion et les aider dans ses development personnel

Teach shelltong Teach shelltong
Port Au Prince
Port-au-Prince, 99410

The BEST place to LEARN

Wilto Motivation Wilto Motivation
Port-au-Prince

j'aide les gens à rester toujours motivé et à devenir la meilleur version de sois ⚡️⚡️💯🇭🇹✅️

beli_motiv_haiti beli_motiv_haiti
Centre Ville
Port-au-Prince, 6110

authentic_marj authentic_marj
Port-au-Prince

Family first! Women please wake up!!!

Évolution AR_HT Évolution AR_HT
Delmas 40B
Port-au-Prince

Analyser

Arbentz LE Penseur_16  HAÏTI Arbentz LE Penseur_16 HAÏTI
Thor 65 Rue Romaire Ou Mahotiere 75 Nelson 2 Prolongée
Port-au-Prince

cette page est conçu pour vous booster sur la motivation personnel.... faire le marketing et la publicité pour des entreprises ect.... t'aider a te metre sur le bon chemin sur le c...

Feyton ekri Feyton ekri
Rue Andral
Port-au-Prince, LILYE

abòne,like, partager kòmante