Jules vixonne

Jules vixonne

Abonnez-vous à cette page afin de savoir tout ce qui se passe dans le monde!

10/10/2022

Ça va mal!!

10/10/2022

Reyaksyon popilasyon kek peyi an ewop swit ak chète lavi Kap ogmante preske chak Jou.

06/10/2022

Moun kap ekri diskou pou towo saa li met revokel wi. Antouka sa sot di laa menm?

26/08/2022

Kwèm siw vle si DCPJ kontinye travay li a se pap selmn legliz episkopal nn lp jwenn lot tuju . Hmmm lgliz

25/08/2022

Omwenl asume responsabilitel eu kap kritikel la saw fe?

24/08/2022

Tole Kap fet sou rozo yo swit ak deklarasyon Moïse Jean Charles la fem we 3 prensipal choz sa yo:

1) yon bank gen plis Vale ke lavi ayisyen Kap mouri chak Jou nan peyi a paske janm wè feso a kifet Pou di non bank paka boule a sa pa janm fet pou di non lavi ayisyen paka ap fini konsa.

2) Neg ak fanm politik Kap di MJC di pouyal boule yo se pa ak pawol la yo gen pwob nn men se ak lidè pitit Dessalines nan gen yo gen kont paske menm moun sa yo fe plus ke deklarasyon saa, se menm yo menm nan Kap bay bandi zam,se yo Kap pyetine dwa moun kounya yo vle pase Pou moralis.
4) Ayisyen pagen moun kivle sitiyasyon laviw chanje vre se kanpe goumenl ye dat dola a ap moute, poukisa se le Moïse Jean Charles lanse manifestasyon an ke leta getan ap pran mezi,ke dola a getan dsann tout dsann sa yo. Nou getan pwodwi ase kife sa?
Antouka ayisyen mw jus vle di nou MJC se yon lidè pou'n pote sipò nou bali pafwa nou k pa dkor ak metòd li yo,ak sa lap di yo men gade pouw we li toujou bay ti rezilta. Nan tout neg kap fe politik nan peyi a laa MJC se sel neg ki yo plus pavle we,ke yo plis kritike men menm Kew pavle wel,menm Kew kont li kèw ap fel yon ti kredi kantmenm paskel miyò lot yo.

24/08/2022

Ann swiv sa MJC ap di yo, pa tandel selon sa yo vle few konprann nan, men selon saw tande.

07/07/2022

Yon jou lèm wè aparèy jistis peyim ap byen fonksyone,kote pap gen fos kote, kote jij pap vann jistis mava mande jistis pou men pou kounya a se jis Yon gaspiyaj eneji. Pandan 10denye ane sa yo se rejim politik ke te ladanl lan ki mete peyi a ajenou,kote pyes enstitisyon pap foksyone. Fok jovenel t konnen li se t Yon chef leta,wol li sete asirel ke peyi,ak tout enstitisyon yo tap fonksyone. Malerezman se Pat Sak t enteresel ebyen jodi a fol konnenl Pat travay poul jwenn jistis. Malgre tout deriv Jovenel t fe ak akolit liyo nan tet peyi map kontinye kondane fasonl mouri a menm jus vle fel konnen se deriv li yo ki mete peyi a kotel ye laa.

Map tou pwofite di tout politisyen ayiti pa byen prive Nou, le yo nome nou,u byen vote Nou fok Nou fe travay ke pep la voye Nou fè, konsa listwa va raple jenerasyon kap vini yo ke Nou t fe Yon bgy serye pandan Nou tap viv.

Ann goumen pou Nou mete peyi a soupye pito,kote nap gen Yon jistis ki paret ak pyes gwo zotobre lè a mw map ede Nou mande jistis pou Jomo.

06/07/2022

Wal legliz,wap priye se byen paskem paka kont fwaw men toujou bat pouw pa yon alyene. Bat nan tout sa pastè yo ap diw pouw tuju rete lisid.

26/06/2022

Nan peyi dayiti se dosye ki antre dosye,ou t met wè dosye a Cho yap antrel kantmenm. Semaine pase a Willot Joseph tap denonse patnel,boul grenn li gen yon komisè San dout menm kolòn nan ki te vle fe about,epi dosye a tou antre nan tiwo. Siw kite neg isit fè ladenyè sou ou se ou Kap wel frem.....

05/06/2022

Denye jou sa yo swit ak bandi komisè t touye a, mw swiv anpil reyaksyon, mw sezi, neg kigen vizibilite, neg ak fanm ki nan leta t kounen dwa moun t ekziste. Mesye dim kidwa moun ke nou respekte nan peyi a? Dim kisa kifet nan peyi sa a kijanm fet ak lalwa,? Dpi nou dim omwen youn map ede nou kouri deye komisè a. Kite ipokrizi saa tande mesye epi kite komisè a fe travay li.

14/05/2022

Sa poko gen menm yon ane dpi André Michel tap denonse neg kipa nan leta a epi kigen pil polisye kap bayo sekirite, e menm sot gade yn videyo laa se yon kòtèj mw we avoka pèp la genyen. Bann blofè...

28/04/2022

Sak bel nan peyi a tanzantanw tande gen rate gaz poutan pajanm gen rate bal. Sak do fesa menm, selon ou?

25/04/2022

Janm we bgy yo prale laa sinou pafe yn leve kanpe lap pi grav wi.

17/02/2022

Talè a map di dpi kilèm tande yon nouvèl pozitiv de ayiti yon nouvel ki k fem souri e fyè, epim panse mw pa sonje kilè em pajwenn non plus? Eu u sonje kile?

25/01/2022

Enperyalis yo frape Moïse Jean charles poutan pèp la pa konprann. Dpi diskouw deranje yo yap chache yon mwayen pou yo imilyew. Ayisyen ouvè je nou non.....

19/01/2022

Mw renmen Guerrier Henry net mw menm, misye two direk. Mw pajanm bouke tande misye. Lidiw pyes neg paka gen dosye pouli, li se yon pwofesyonel li travay el travay pou kob, mw dkor avew frem paskew two direk.

15/12/2021

Poukisa an ayiti dpi lajistis konvoke yon pèsonalite piblik, sitou otorite, yo tuju ale ak yon pil moun pou fe bri pou yo?

Mw jus paka konprann fenomèn saa, lajistis konvokew se pran avokaw epi ale, men pouki krèy militanw deyew, se komsi se nan raraw prale.

03/11/2021

Se pa inosan kel itilize l'île d'haïti a nn, li gen rezon diplomatik kel itilizel, siw kwem se manti lil, relil, epi siw jwenn yon diplomat fel eseye eksplikel pouw we

03/11/2021

Malgre se yok kraze peyi a metel nan eta kel ye a kom otorite paske yo pajanm regle anyen serye men pou dfann fyete nou kom pep lè yo fè yon tikou nou sipoze di bravo, apre na regle afe pa nou ak yo.

Fyete'n kom peyi pèsòn padwe pyetinel.

30/10/2021

Bandi yo santi yo gen twop pouvwa, yap pale sou radyo chak jou, yo nan lari tout tan se nomal pou yo antre nan yon lkol pou tire elev, paske yo konnen pagen leta kap di stop.

Swa nou tout di non ou nou tout mouri.

04/10/2021

Rezo sosyo se la vi mesye, gad jan yo t getan mankem

28/09/2021

Si pwojè sendomeng genyen an kise antre sou sol papa Dessalines nan pou met lapè, swa pou kontwolel ak solda yo ta reyisi map parem pou politisyen sanvègòy, volè, chyen ayisyen sa yo pral pran poz nasyonalis yo poum di yo sa kasayol te di bèf la. Paske se yok met peyi a eta sa pou sendomeng tarive gen gwose ide saa, antouka map tann nou mesye politichyen kap kraze peyi a pou nou ta kite ayisyen pran gwose souflet saa nan men dominiken ak tout kominote entènasyonal la.

Bann chyen mouri

14/09/2021

Joseph Lambert prezidan sena a ta sou wout pou prete seman kom prezidan pwovizwa dayi aprè midi 14 septanm 2021 an. Selon plizye sous fyab plizyè jounalis deja sou plas nan sena a pou kouvri prestasyon sèman ansyen senatè Lambert kom prezidan pwovizwa.

10/09/2021

Le pou'n t met tèt ansanm pou lock peyi, pou kraze brize, pou bloke lkol pandan plizyè mwa, pou fèmen ekonomi peyi a nou tout tap f yon sel diskou. Gen manman ki pèdi pitit, gen pitit kipedi manman gan madanm ki pedi mari, gen pitit ki pedi papa paske yo t kwe nan nou,paske yo t aksepte al manifeste pou chanje dmen yo, pou chanje sistèm nan. Genyenk t kwè nan pawol nou, kite envesti yo nan manifestasyon chak jou, ki andikape jodi a men malerezman nou menm politisyen se nan rans nou tap pase yo. Jodi a men nan anfas responsabilite nou men nou divize, nou youn ap choute sou lot, nou chak vle pran pigwo moso gato a pandan zam nou menm opozisyon ak pouvwa tap distribiye yo tounen fret nan bouda malere chak jou. Pandan lavi vin pi difisil nou menm nap bwè gwo chanpay chak jou nan mache senyen akò ki nan entere pèsonel nou. Poukisa nou mechan konsaa mesye? Poukisa nou pavle bay peyi a yon chans? Kounyaa nap jwi pouvwa nou mesye, men kot trazisyon de ripti nou tap vann pep la? Kot pwosè petrokaribe a? Kot koripsyon nou tap goumen kont lia,? Aaaaa mw bliye gato a dous kounyaa se domi nap domi paskel sikre anpil.

Sel sam k di nou yon jou pep la ap leve kanpe e lap wonfle nou tout bann blofè.

31/08/2021

Pou kraze peyi nou t met tet nou ansanm,nou lock yon peyi pandan plizye mwa, lkol pa fonksyone. Tijèn ap mouri anba bal paske nou t di yo fok yo kanpe men malerezman se tet nou nou tap dfann, safem mal pou san anyisyen kite koule pandan peyi lok yo pou granmèsi. Malchen kap f politik isit sipoze antre nan garaj pou moman saa paske nou tout sal mesye, nou t konn di jenes la barikad se avni yo, itilize jounalis pou fe pwopagann pou nou, nou telman t itilize jounalis opozisyon yo mal yo menm rive mete vi lot jounalis parey yo andanje men jodi a nou divize, youn lot ap vann lot nan lari. Hmmmmmmmm

24/08/2021
21/08/2021

Bravo Péguy Jean de analiz kew fe sou deklarasyon majistra jeremi ki t mande fanatik li atake sovtè kolonbyen yo.
Mw dkor ak ou misye se yon militan tama se yon militan kinan yon djob se pa yon homme d'etat.

20/08/2021

Map di majistra nan sid ki mande pou pep la lenche, oubyen atake kolonbyen kivin ede moun ki viktim nan trableman tè a fe respel, poul pa lage peyi a nan yon ensidans diplomatik.

Sisete yon senp sitwayen kite disa mw t ka pa bal enpotans men se yon otorite, kounyaw panse siw tiye tout konlonbyen sa yo kipote ed yo bay peyi, kolonbi ap chita gade ayiti nan 2jel. Se nou menm otorite san koutcha nan peyi dayi ke resòtisan ayisyen pavle di anyen pou nou, le yo tiye yo nan lot peyi sa pafe otorite nou yo anyen, paske se pouch nou nap defann menm sur ke lot peyi yo pa konsa.

Map di majistra a lew se otorite ou pakite emosyon kouvriw lewao pake, paske pa reprezante fanmiw, ou pale nan yon yon popilasyon se pousa lew pral pale siw gen tafya nan tet ou de femen danw.

Siw vle jovenel jwenn jistis se pakonsa pouw fel se nan kò otorite jidisyè nou yo pou chita pou bay presyon sinon wap lage peyi a nan gwo pwob.

19/08/2021

Kom nou pagen leta men pep la fok nou veye kò nou wi ak pil etranje sa yo, tout peyi ki vini ede nou la yo lakay yo t chaje Koronaviris sepousa lot semaine fok nou atann ak yon ogmantasyon ka kowona nan peyi a

19/08/2021

Etazini bay kob kom ed pou ede moun kisot frape nan trableman tè yo, men malerezman litou voye ekip moun li pou tounen ak kob la lky yo ankor. Menm jan ak 12janvye yon pil ekspè mande nan kisa, jus pou fe kob la ankor epi anyen pa regle.

17/08/2021

Kamansa ye pou zone kotew ye a?

15/08/2021

Mw pavle pyes moun vin lapidem laa...

Men se meye okazyon wi pou opozisyon an t fe yon feso, sanble lajan al ede moun nan sid yo paske yo nan pwob se pa le pou nou fe manifestasyon selman pou nap itilize pep la. Mesye feyo we nou....

14/08/2021

Nan yon sosyete chak moun gen enpotans yo, tout moun k itil nan branch kel santil pi pèfoman an, se pa tout moun kika fe politik. Ou k medsen rete nan liy ou paskew k ede ladanl, etc....
Mw sot gade entevansyon premye minis Ariel Henry a safem santi bgy ki rele otorite a nou pagen sa nan peyi, nou gen chef men pa otorite. Yon otorite nan priz d pawol li li sipoze metrize tout sa lap di. Ariel gen konseye ke pep la peyi pou li, li gen konsiltan ke nou menm nou peye ak taks nou kipou edel.

Kman yon premye minis fe ap pale apre tranbleman d tè saa poul di gen 2moun ki mouri seyok fel mal anpil, mw t k konpran sa PM nan t vle di menm pap padonel paske avanl t di charabyal la li t sipoze konn sal pral di.

Yon jou lap jou, fos ak tout moun ki viktim yo.

14/08/2021

Mw mibalè nan moman an tranbleman tè a pase fò men kotem pase yo pagen dega. Selon plizye moun pagen dega nan vil la.

30/07/2021

Mw rive nan yon moman laa anyen pa etonem nan peyi a., menm ke yo ta dim men jezi ap bwe tigrog li vilaj de dye ak bandi yo mw pap etone paske peyi saa... Hmmmm.

Mariw mouri janl mouri a sak enteresew kek jou apre se poze kandida pou prezidan, bann alasòs......

20/07/2021

Blan sa yo genyon haine kont nou menm ayisyen chak okazyon yo jwenn pou pyetine nou, imilye nou yo pajanm kite sa pase. Vale bel foto kigen de ayiti gade foto yo chwazi itilize pou prezante sou yon jounal pou pale de ayiti. Yo pap janm padone nou pou radiyès saa nou t f 1804 la men malerezman yo jwenn yon pil politisyen tet anba yap itilize afen pesonel yo odetriman peyi a.

Jou bgy yo bay pou politisyen peyim yo konnen valè peyi saa yap sispann kite blan fe yo krazel. Blan pap janm janm padone nou sa nou t fe yo 1804 la e lilè litan pou nou konnen yo pa zanmi nou, pou'n dfann entere peyi nou pito.
Viv Dessalines, viv 1804.

16/07/2021

Map parem tann neg opozisyon sa yo kipral mande moun al nan manifestasyon lot semaine nan poutan lè pou yo ta pwopoze yon solisyon yo pafel, tout ap fe dilatwa, tut ap eseye rale dra yo met sou yo.

Antouka moman nap viv laa moutre nou aklè tout neg kap pale sou radyo chak jou yo, kap manifeste chak jou yo, ki tuju ap di yo gen altènativ pous soti peyi a kotel yea se manti apre plis ke 7jou pagen prezidan neg yo poko met tet yo ansanm pou di sakap fet.

Kelkeswa kanw ye nan opozisyon an map tann nou lot semaine nan le blan an fin bay moun pal pou nap vin jape sou radyo, bann bourik.
Yon peyi ap soufri konsa, moun ap pran bal, pagen gaz, peyi a pabon epi nap fe dilatwa, nap chache sak nan avantaj nou poutan lè nou sou radyo nou se pibon patriyot kite k genyen, mesye nou pawont. Bann...........

Vous voulez que votre entreprise soit Entreprise De Médias la plus cotée à Port-au-Prince ?
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Vidéos (voir toutes)

Omwenl asume responsabilitel eu kap kritikel la saw fe?
Le bonheur peut etre relatif, on le crée,on le vit chacun de notre façon!
Ribrik: ann di sa'n panse.

Téléphone

Site Web

Adresse

Port-au-Prince