Les cayes Haïti

Les cayes Haïti

Tu pourrais aussi aimer

S&J store
S&J store
Onalerona
Onalerona

BOTE VIL LA

01/04/2024

Kontinye gade pridans nou, si nap kondwi pa bwè, si nap bwè pa kondwi. Fokis sou tèt nou ,regle zafè n olye de pa lòt moun. Fokis sou mwa sa lòt yo gentan pase, ann pa ret sou sa n pa fè pandan mwa pase ann kòmanse yon bgy kap itil nou pou mwa sa.
Epi kanal yo pap kanpe , Ayiti pap ret kote l ye an ,fok nou tout met men poun sòti l la.✊️✊️🇭🇹🇭🇹

29/03/2024

Map salye tout moun ki fè chwa pou swiv paj nou an ,m rete kwè se yon bon chwa. Paj sa kreye nan lide pou vann bèl imaj de peyi nou presizeman Sid la menm si pa rapò ak sitiyasyon an nou poko ka pataje plis kontni.
Map atire atansyon nou sou de bgy ki vrèman empotan, nou pa mande tèt nou pouki tout medya entènasyonal lè yo vin isit se pou sèlman pran vye imaj al vann peyi nou mal, konbyen fwa CNN, NBC, BBC ect.... vin isit pou filmé bon bgy pou al vann peyi nou ,yo jis ap chèche frem, yap chèche popilarite. Ayisyen sispann ak bagay lè n nan travay yon etranje mande n sakap pase isit la se tèt anba nou rete , nou nan peyi yo nou wè bèl bgy nou ti bidonvil tou ,nou wè volè ,gang ,nou wè teworis yo jis pa eskpoze yo sèlman. Ann mete men pito poun sove kapital nou ,menm jan J***y toujou dil Pòtoprens pa Ayiti li pap janm Ayiti gen lòt 9 depatman. Bravo ak tout moun ki kontribiye pou réalisé kanal sa. . Ayiti ap renèt kanmèm🇭🇹🇭🇹. Kenbe fyète nou ,nou se premye pèp nwa ki libere, nou jis dwe sispann bay volè dirije peyi an ak apatrid.

27/03/2024

Un grand merci à mes nouveaux followers ! Ernest Vital, Jeanty Michelin, Guerline Alcegaire, Mérius Berline

24/02/2024

Chapo ba pou nouvo fanatik mwen yo! Mwen vrèman kontan konekte avèk nou! Marlène Merise, Junior Paillant Junior Paillant

12/02/2024

Malgré yo kraze football isit ,sa pa anpeche yo briye, menm si n pa champion nou nou pran mvp tounwa a, felisitasyon Lourdji nou avè w nou renmen w kontinye briye ,nap tann ou pou swit la.🇭🇹🇭🇹🇭🇹❤️❤️❤️.
Yon jou pèp la ap pran desten l an men pou sak anpeche n viv yo, plen lot talan kap pase mal isit ,nou dwe jwenn yo.

11/02/2024

Bay atis la chans li mesye, pa gaspiye talan l ,kelkesoi sal ta fè an, li merite chans li ,li gen yon fan base ki renmen l ,li gen talan. .

13/01/2024

Twòp se twòp ,fòk nou frennen timoun sa yo ki fi n deraye nan nan peyi a, nap resikle yo ,nap ede yo veye sou tèt yo paske paran yo genlè demisyone. Kot paran ki tjrs konn ap veye sou pitit yo?? Pran responsabilite nou ok.ke n vle l ou pa timoun jodi granmoun demen yo se avni peyi a ann ede yo soti nan tou yo ap rantre tèt yo a. Pataje sa pou 10 depatman yo fèl.

08/01/2024

Sispann felisite fanm sa yo ,se kòm ou gen yon flè ke w renmen anpil ou vle pou l grandi menw sispann aroze l. Pwoblèm ki gen isit nou plis ankouraje medyokrite jis pou vyouz. Jan de fanm sa yo ra anpil, yo pran risk ke anpil nan nou pa pran, ann voye lanmou ak fòs pou yo, fanm sa yo bèl depi nan kò rive nan nanm, an 2023 a m pat panse si te gen tout fanm djanm sa yo, gen anpil lòt anko mp vini ak yo. Pataje l pou yo wè lanmou nou pou yo paske c pa nan sèl kanal la pou yo kontribiye sèlman Ayiti bezwen yo.🇭🇹🇭🇹🇭🇹❤️❤️

06/01/2024

Saint Jean du Sud et Ozanana beach

Edem pataje foto sa pou fanmi carl Louis Mario ka jwenn li , li Di l tap viv st Domingue pandan li te soti ak Yon zanmi al HT immigration pran yo dépote yo ayiti , zanmi an pran Yon machin avel li wé li ateri kfou li pa konn okenn Moun isit fanmi l soti st jean du sud alors li nan komisarya Omega carrefour

27/12/2023

Pa fèm pale anpil non😂😂😭😭

25/12/2023

Kiyès ki songe bèl ti chanjman sa😂😂

23/12/2023

Medam sa yo merite anpil lanmou❤️❤️, yo pa sèlman di kanal la pap kanpe ,yo kanpe pou kanal la pa kanpe. Kanal sa dwe yon sit istorik pou tout moun al vizite, sin deside fè peyi anpil touris ap vin ladanl.🇭🇹🇭🇹

18/12/2023

🔴Endividi moun pa rive identifye touye ak bal ayè oswa dimanch 17 desanm 2023 Christalien Holière Okay, Zòn Chapantye. Aksyon sa pase vè 9h, viktim lan rann dènye souf li nan lopital Ofatma maten lendi 18 desanm lan. Kontinye fè ti klan pou n fè zen, ou gen kontwòl tout vil ou moun ap mouri chak jou asasinen ladan l epi fanatik ou yo dèyèw. Pòtoprens t komanse menm jan.

18/12/2023

Sa pa sanble tiraj mnm, neg yo pa vle gro ekip kwaze menm bonè konsa.

16/12/2023

Lèw gade ekran an twòp, li ka fè yeuxw brile w.misye ap resevwa move nouvèl ,fanm lan ap konstate. Tris reyalite.

14/12/2023

Moun Okay se swa nou ede verite blayi oubyen yon jour lè pitit nou kòmanse vyole, asasinen, kidnape devan je n na kòmanse pale.

K**a egziste, m pap di plis.

12/12/2023

Sanksyon, èske nou ka di yap Sanksyone ayisyen?? M pa kwè non , m panse yap sanksyone tinèg ki gen foli ameriken paske pa gen okenn ayisyen sou la tè ki tap kraze peyi l konsa asasinen chak jou frè l pou ti enterè mesken. Nèg ki sou pouvwa a, sa se pou nou sere l yon kote paske m wè konsyans nou antere,nèg yap sanksyone yo te pi fidèl pase nou dayè blan an gentan pa renmen nou li wè pèp la pa renmen n, kou pa nou dèyè bann esklav, nou pa wè jan pitit peyi a ap tonbe chak jou?? Nou pa wè jenn fanm kap vyole chak jou?? Nou panse menm si yo ta sanksyone nou nap gntan transfere kob la sou non fanmi nou , menm ti bebe nan vant madanm nou ap sanksyone, m pat konprann pouki yo fè sa non pou yon timoun ki pa konsyan, lèm reflechi m wè se kanè ki fèt sou non yo ki gentan twò bèl ,blan meriken di prete m sa.
Gen nan nou blan ap tèlman dechèpiye nou, menm mande nap mande, konsekans lan pou pi devan lè chak grenn ayisyen pra l ban nou sa nou merite. Yo di sanksyon pap fè anyen pou peyi a, chak sitwayen se peyi l yo aprann li renmen, sispann radote de sa met men w pou peyi a sove,blan pa sovè c yo k t mete n nan esklavaj, kite l sanksyone esklav li yo.
Ayiti dwe debou, Ayisyen pliye men nou pap kase, nou se rozo. 🇭🇹🇭🇹

09/12/2023

Pa di nou pat konnen . Pa bliye patage l pou plis moun wèl.

08/12/2023
08/12/2023

Pou tizè boul yo

07/12/2023

Retabli vit Corven ,nou bezwen w.
❤️❤️🇭🇹🇭🇹. Fòk championa nasyonal yo reprann. Nou gen twòp lòt Corven kap gaspiye. Patage l pou dirijan malpwòp nou yo wèl.

07/12/2023

Bo lakay la se 2 moun ki met ansanm poun konpoze yon numero, e bò lakay ou?

04/12/2023

Pase yon bon lajounen lafami.
Lanmou ak lapè sou nou❤️❤️

01/12/2023

Toutotan nou anvi se kanpe goumen l ye, nou pap bay vag, nou rete yon mwa toujou, gen chans pou n fè yon bgy kap itil nou pou 2024 sDv.
Ann fokis sou afè pa n ,zafè moun pa zafè n.
Lanmou lafami❤️❤️

29/11/2023

Gen d blag ou banm c pa blag la map ri non, c ou map ri ak vye blag la, epi m wew ap ri tou 😂😂, oubyen m fè yon vye ri pou w pa dim derespekte w.
Pase yon bon lannuit lafami ❤️

28/11/2023

Fanm sa fèm panse ak Katrin Flon, Sanit Belè, Klè Erez ,Defile Lafòl ( menm si blan fèn konnen ke l t fòl jis paske t ramase rès kadav anperè a)
C pa fanm 3 pou 4, c pa fanm kap montre kò ak sèvo vid. C fanm ki chaje konpetans ki plen imilite, yon sak siman sou tèt li ,drapo l nan kou l ,yon souri sou visaj li, m we lespoi pou peyi a na vizaj fanm sa. Fanm sa son w rèn ,fanm sa merite onore ,fanm sa merite pou lòt jenn fanm pran l kòm modèl, sispann pran moun tèt vid kòm modèl. M ta ka pran tout tanm pou m ekri pou ou, sa w fè sou kanal la depase m, ou epate m, nou bzwen plis moun pozitif tankou w , peyi a ap gen bezwen w ,kontinye, listwa va kenbe non w . M renmen w e m panse anpil ayisyen frèm yo renmen w tou.se pou Bondye vide Benediksyon sou lavi w .

.
🇭🇹🇭🇹✊️✊️❤️❤️
Pa bliye pataje pòs la pou l rive jwenn li, poul pa dekouraje poul konnen nou apresye nan pi pwofon kè nou salap fè a.

27/11/2023

Ou pa sèl moun ki anvi dekourage non, men nou la nou la nèt ,peu importe jan sa ye nap avanse, menm si n pata avanse ak vitès nou te swete an ,nou pap kanpe. Pase bon lajounen lafami, pa bliye priye avan nou sòti, Bondye se sèl pwoteksyon ki sûr. Lanmou ak sagès pou nou.❤️❤️❤️✊️🇭🇹

25/11/2023

Nèg yo meprize lajenès, yo maltrete n yo imilye nou, yo bay inpe pote zam pou yo sak refize, yo egzile w, tout moun bliye si yo gen zanmi, fanmi sakap fè agòch sakap fè adwat. Peyi a fini nèg yo pa janm pran konsyans, yon jou karma gen pou frape n pou sa n fè lajenès ayisyèn lan. Nou tout pap ka pati ,nou tout pa gen dola pou n pati, menm yon ka nan nou pap ka ale vre, nou dwe batay pou n refè peyi a.

24/11/2023

Epa manti nn.

24/11/2023

Chak matin nou reveye, son w viktwa, ann rekonesan anvè Bondye pito pou n avanse , olye nou kole nan sak t rive yè.
Bon lajounen lafami, toujou menm lanmou an pou nou❤️

Vous voulez que votre personnage public soit Personnage Public la plus cotée à Port-au-Prince ?
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Vidéos (voir toutes)

Pase yon bon lajounen lafami.Lanmou ak lapè sou nou❤️❤️
Bèl epòk wi, lè te gen lanmou😂😂, menm yon fim nèg ki nan pwodiksyon kounya paka fè. M gen pou m retounen al gade tt ansy...
Ann fè yon ti tande ekonomis lan Etzer Emile sou dosye kanal la. Se pa ti bagay piti kap pale la non. #KPK

Site Web

Adresse

Port-au-Prince
Autres Conférencier sur la motivation à Port-au-Prince (voir toutes)
Fevoy Stevens Fevoy Stevens
Christ-Roi
Port-au-Prince

Intervenant sur la motivation

Lang ak Moun Lang ak Moun
Route Des Dalles, Ft Mercredi, Carrefour Feuille
Port-au-Prince

Se yon paj ki la pou ede moun reflechi sou relasyon pwofon ki genyen ant lang ak Moun. Pou fasilite

Rony le Battant Rony le Battant
Port-au-Prince

Dans le souci d'aider nos jeunes, à rester motiver pour atteindre les projets et Les rêves les plus fous.

Oze reyisi Oze reyisi
Chavanne
Port-au-Prince

aider les gens a s'orienter vers ses passion et les aider dans ses development personnel

Teach shelltong Teach shelltong
Port Au Prince
Port-au-Prince, 99410

The BEST place to LEARN

Wilto Motivation Wilto Motivation
Port-au-Prince

j'aide les gens à rester toujours motivé et à devenir la meilleur version de sois ⚡️⚡️💯🇭🇹✅️

beli_motiv_haiti beli_motiv_haiti
Centre Ville
Port-au-Prince, 6110

authentic_marj authentic_marj
Port-au-Prince

Family first! Women please wake up!!!

Évolution AR_HT Évolution AR_HT
Delmas 40B
Port-au-Prince

Analyser

Arbentz LE Penseur_16  HAÏTI Arbentz LE Penseur_16 HAÏTI
Thor 65 Rue Romaire Ou Mahotiere 75 Nelson 2 Prolongée
Port-au-Prince

cette page est conçu pour vous booster sur la motivation personnel.... faire le marketing et la publicité pour des entreprises ect.... t'aider a te metre sur le bon chemin sur le c...

Feyton ekri Feyton ekri
Rue Andral
Port-au-Prince, LILYE

abòne,like, partager kòmante