Zero Goud

Zero Goud fòmew san enkyetid.

11/10/2022

Jèn Ayisyen sa se pou.
Kreye pwòp mastercard ou.
Pa bliye patajel pou on lòt kapab rezoud ti pwoblèm sa sil t genyenl.
👉www.pgecom.com

Like patajel. 🤝

11/10/2022

Pati 2

Le'w finn mete kantite an ke'w ta renmen rechaje a epi klike sou bouton rechaje a.
Sistem lan ap mande'w pou'w konfime tranzaction an
Wap senpleman klike sou kote ki di'w "Agree" a.

11/10/2022

Pati 3

Ou ta sipoze rive nan pati kote wap bezwen mete information kat ou a.
Yes ou kapab rechaje avek kat virtuel ke'w te kreye an
Wap mete ansanm de information sa yo
Nimewo kat la.
Dat expiration kat lan
CVC a.
Peyi ke'w te kreye kat lan
Zipcode la.
Le'w fini, wap senpleman peye bouton ki make "Process Payment" la.
Epi balans ou ta sipoze rechaje lapoula.

11/10/2022

Pati 1
Premye bagay ke wap bezwen pou'w fè
Se ale kote ki make "Balance" lan
On fwa ke'w rive la
Wap senpleman mete konbyen kob ke'w ta renmen rechaj balans ou
Epi klike sou kote ki make "Recharge" la.

Photos from Zero Goud's post 11/10/2022

Rechaje Balans avèk Mon Cash
Nan aktik sa mwen pral moutre'w fason ou kapab rechaje ansanm avèk Mon Cash

Gade anba nan foto yo

Imaj 1
Wap bezwen ale nan dashboard lan
Epi wap bezwen klike sou kote ki make Recharge with Mon Cash

Imaj 2
Le'w rive nan pati sa
Wap senpleman chwazi option Mon Cash lan
Epi wap mete kantite dola ke'w vle resevwa an
Epi klike sou Pay Now

Une fwa ke'w finn klike la
Sistèm lan ap tou fè kalkil konbyen taux du jou Visa an
Epi answit frè rechaj lan pou'l ba'w kantite montan an ap ye an gourdes
Wap senpleman klike sou Agree si'w vle kontinye avek rechaj lan

Imaj3
Le'w finn asepte avek rechaj lan
Lap mennne'w nan interface Mon Cash lan
Kote wap mete nimewo telf ou avèk PIN mon cash ou
Epi answit Mon Cash ap voye yon OTP (Code verification)
Pou'w kapab konplete transaction an

Imaj 4

Si tout bagay pase an byen
Ou ta sipoze wè montan an sou balans ou san pwoblèm

Yayyy felisitasyon
Ou apenn aprann fason ou kapab rechaje balans ou avek Mon Cash

ExchangeRateComp 11/10/2022

Men pwosesus ke nou anplwaye pou rechaje kat ou a.

Depo Taux Du Jou
$1 usd => 140.76 gdes + Fees

Retrè
$1 usd => 129 gdes

Frè
Bankè: +7% fees
Mon Cash: +8% fees

NB: Rechaj minimum se $5 usd
Yon ajan ka ba'w li nan mwens ke taux nou afiche an
Men li pa sipoze ba'w li plis ke taux sa

1- Poukisa nou chaje 8% antanke frè pou mon cash?
Frè nou an se 2% nou chaje, Men kòman frè an detaye
4% processing fees
2% platform fees
2% mon cash fees

Total: 8% fees

2- Poukisa taux nou an wo ke pa Bank yo?
- Nou itilize taux ke Visa chaje bank an Haiti yo. Sa vle di si'w genyen yon kat nan bank an Haiti yo, se taux sa ke yo chaje'w avek kat ke'w genyen an le'w ap fe tranzaksyon en ligne. Ou ka jwenn plis detay sou lyen sa

ExchangeRateComp Exchange Rates & Currency Conversion Calculator - Use the converter to get an indication of the rate you may receive when using your Visa card. Learn more.

11/10/2022

Men on ansanm Kesyon e Repons nan Pwogram PG Rewards lan
Men yon list de kesyon ke anpil moun poze souvan sou platform lan

1- Mwen bezwen aksè avèk mastercard lan?
- Wap bezwen kreye yon kont sou platfòm lan, epi wap ka kreye kat mastercard/visa san limit pou kò'w lè'w finn pase verifikasyon idantite'w sou platform lan. Pou'w kapab jwenn aksè platfòm lan, wap kreye yon kont sou lyen sa https://topup.pgecom.com/signup

2- Pa ki mwayen mwen ka rechaje kont mwen?
- Ou kapab rechaje kont ou pa youn nan mwayen sa yo
a: Mon Cash, itilize lyen sa Mon Cash wap ka jwenn fason pou'w fè sa
b: Kat de kredi, ale sou lyen sa, Card
c. Pa PayPal, ou ka swiv plis sou lyen sa, PayPal
d. Si'w gen yon zanmi'w ki sou platform lan, li ka rechaje balans ou, Swiv aktik sa
e. Avek fonksyonalite Payme an, nenpot moun ka rechaje balans ou san ke li pa sou platfòm lan. Swiv aktik sa
f. Ou ka rechaje balans ou ansanm avek Zelle
g. Ou ka menm rechaje balans ou ansanm avek CashApp

3- Eske mwen ka fè retrè?
- Yes ou ka retrè sou platfòm lan pa mon cash . Retrè pa bank USA avek PayPal lan ap vini tre byento

4: Kòman pou'm fè retrè?
- Men fason ou ka fè retrè
a: Pa yon ajan, kontakte yon ajan sou lyen sa
b: Pa yon mon cash, senpleman swiv atik sa
c: Yon zanmi'w, yes si yon moun ki sou platform lan, li ka ba'w kob lan cash epi ou fè transfè pou li
d: Sou PayPal, yes ou ka fè retrè sou Paypal tou (Fonksyonalite sa ap tounen ankò)
e: Pa bank, senpleman moun USA ki ka itilize opsyon sa, yes nenpòt bank nan USA, Pati sa ap tounen trè byento

5- Eske mwen ka achte crypto sou li?
- Yes, ou ka achte crypto direk sou platform lan pa yon ajan

6- Eske mwen ka achte sou Amazon oswa nenpòt kote en ligne?
- Yes, wap ka achte nenpòt kote yo asepte visa oswa mastercard

7- Eske mwen ka jwenn kat fizik lan?
- Yes, wap ka jwenn li. Wap senpleman bezwen yon address USA pou'w resevwa'l epi wap responsab pou'w fè'l antre an Haiti. Ou ka itilize Shippex oswa nenpòt lòt konpayi Shipping an Haiti ki fasilite'w antre pwodwi an Haiti.

8- Eske mwen ka rechaje kat virtuel lan?
- Yes, wap ka rechaje kat lan san pwoblem. Nenpot kob ke'w resevwa sou platform lan, li tou dispo sou kat ou an

9- Ki maximum kòb ke mwen ka mete sou kat virtuel lan?
- Nou pa gen yon maximum ke'w ka genyen sou li, men nou gen yon maximum de transaction ke'w ka fè pa jou sou li ki se $500 usd. Si'w ta renmen nou ke nou ogmante'l, ekri nou nan sevis a la kliyantèl lan

10- Mwen wè'm pa ka kreye kat mastercard/visa pou yon lòt moun kisa, ki fè sa?
- Ou ka senpleman kreye kat virtuel mastercard/visa pou tèt ou, si'w vle kreye kat virtuel lan pou lòt moun, wap bezwen devni yon ajan

11- Kòman pou’w kreye yon kont sou platform lan?
- Se sèlman yon invitasyon ke'w ka jwenn. Wap kreye yon kont sou lyen sa https://topup.pgecom.com/signup

12- Kòman pou’m devni yon ajan?
- Pou'w devni yon ajan, ou ka jwenn tout enfo yo sou lyen sa ajan

13- Eske mwen ka achte sou Amazon, Alibaba, AliExpress avek kat lan?
- Yes wap ka fè’l san pwoblem

14 Eske map ka voye kòb ba yon moun sou Western Union, Oswa biwo transfè yo
- Non ou pap ka fè sa sou sistem Nou an

15 Eske Mwen ka resevwa kòb sou sistem lan?
- Yes, nenpot moun ki sou sistem lan ka Voye kòb ba ou sou sistem la. Lap senpleman bezwen email ou.. Si moun lan pa sou sistem lan, wap bezwen akse avek fonksyonalite Payme an

16- Eske si Mwen Haiti, Saint Domingue, eske mwen ka itilize sistem lan?
- Yes, nenpot kote ou ye ou ka itilize sistem lan. Depi Peyi’w lan pa nan list peyi ke USA bani yo

17- Sim an Haiti, Eske Mwen ka rechaje yon telf yon moun ki Saint Domingue?
- Yes wap ka fè sa san pwoblem. Ou ka rechaje telf nenpot moun ou vle nan plis pase 120 peyi nan mond

18- Eske Mwen ka rechaje ni Natcom avek Digicel?
- Yes wap ka fè sa san pwoblem

19- Eske Mwen ka rechaje balance Mwen avek Mon Cash?
- Yes wap ka fè Sa, rechaj mon cash lan otomatik. Wap senpleman ale sou lyen sa pou plis detay lyen sa

20- Eske nou gen yon aplikasyon mobile?
- Non, nou poko genyen, men ou ka download app lan sou IOS oswa Android

21- Eske Platfòm lan gratis pou'w itilize?
- Yes, platfòm lan gratis pou'w itilize. Ou senpleman peye frè rechaj lan. Ou ka gade konbyen frè nou yo sou kalkilatris sa

22- Mwen rechaje balance mwen avèk kat de kredi/mastercard, mwen pa jwenn kòb lan non?
- Yes kòb lan ale, senpleman refresh paj, epi wap wè nouvo montan an parèt

23- Konbyen nou chaje pou yon transaction?
- Sa pral depann de ki transaction ke wap fè sou platfòm lan. Nou ankouraje'w gade tout frè nou yo sou lyen sa https://topup.pgecom.com/feecalculator

24- Mwen ta renmen fè yon interview avèk PDG, kòman pou'm fè sa?
- Senpleman ekri nou sou Facebook epi nap ka ede'w organize sa

25- Mwen wè'm gen $5000 usd sou kont mwen, eske mwen ka itilize'l?
- Depi'w wè $5000 usd sou kont ou, se paske ou nan pati simulasyon. Sa vle di tout transaction ke wap fè avek $5000 usd sa, se tests lap ye

26- Mwen finn teste'l, mwen anfom, mwen bezwen lanse kounye an, kisa pou'm fè
- Wap senpleman kreye yon kont sou lyen sa https://topup.pgecom.com/signup pou'n ka ba'w aksè avek kote ou ka fè bon jan transaction an

27- Eske mwen ka asosye kat lan ansanm avek kont PayPal mwen?
- Yes wap ka fè sa san pwoblèm

28- Eske mwen ka jwenn detay transaction yo?
- Yes, ou ka jwenn tout detay de frè avèk kalkilatris nou an https://topup.pgecom.com/feecalculator

29- Eske mwen ka peye subscriptions tankou plan Netflix?
- Yes wap ka fè san pwoblem
42- Eske nou chaje'w pou tranzaksyon internasyonal
- Non. Ou pa gen okenn frè tranzaksyon international ke wap peye sou kat lan

30- Ki kote mwen ka fè tranzaksyon avèk kat lan
- Ou ka fè transaction sou ansanm de kote sa yo, Amazon, Ebay, Facebook Ads, Google Ads, Netflix, ou ka ale sou lyen sa pou'w jwenn yon lis byen detaye https://help.pgecom.com/ht/article/men-lis-de-kote-kew-ka-itilize-kat-lan-74e58s/

31- Eske kat lan gratis?
- Non, pou'w genyen kat lan, wap bezwen peye $8 usd pou'n kreye kat lan pou ou.

32- Eske ansyen kat lan rechajab?
- Non, li pa rechajab. Depi kat lan paret nan dashboard ou, li rechajab

33- Pou konbyen tan ke kat lan valid?
- Li valid pou 3 zan

34- Eske rechaj Mon Cash lan otomatik?
- Yes rechaj Mon Cash lan otomatik

35- Mwen ekri staff men mwen poko jwenn repons?
- Yes, nou garanti'w repons nan 24 heure de tan. Si'w pa jwenn repons aprè 24 heure de tan an, ou ka ekri nou ankò

Nou espere ke sa reponn avek kesyon yo

Top Up PG Rewards allows you to create, and manage your virtual cards. Receive and transfer rewards everywhere in the world.

11/10/2022

Une fwa ke'w finn fè sa
Wap revize frè an
Epi wap klike sou confirm.

"Nap raplew ke nou voye kat yo selman Etazini".

11/10/2022

Wap kontinye toujou pouw sa jwenn kat la fizikman.

Wap mete non ke'w vle ki paret sou kat lan
Epi wap klike sou bouton ki make Order Physical.

11/10/2022

Kòman pou'w jwenn kat fizik ou a.

Nan pati sa mwen pral montre'w fason ou kapab plase kòmand kat fizik ou

Premye bagay wap fe
Se ale nan pati ki make Dashboard la
On fwa ke'w rive la
Wap bezwen desann anba nèt
Jiskaske ou rive kote ki make *Order your Physical Card*

Wap klike sou bouton ki make *Here*

11/10/2022

Nou poko mete pèman Apple Pay, men integrasyon sa ap vini trè pa two lwen. Kat lan genyen yon limit $500 usd pa jou. Ou ka mande pou aktive kat blue an pou'w ka elaji kont ou. Men si'w vle depase plis transaction. Nap bezwen plis enfo nan men'w.

11/10/2022

Ki limit ki genyen sou kat lan

👉Nan pati sa mwen pral ba'w ansanm de limit ke kat la genyen sou li

👉Ou pa ka fè youn nan transaction sa yo

👉Transfè Lajan (Transfer Wise, Xoom, Western Union konsidere antanke yon transfè lajan)

👉Biznis ki gen rapò ak zam afe
👉Telemarking deyò
👉Biznis Tabak
👉Biznis ki gen rapò ak marigwana
👉Sèvis lajan ki soti nan enstitisyon ki pa finansye (ki gen ladan lajan kript)
👉Sekirite koutye / dilè
👉Sèvis relasyon
👉Salon masaj
👉Lotri Gouvernman
👉Kous cheval/chen ki gen lisans gouvènman
👉Paryaj, ki gen ladan tikè lotri, chips jwèt kazino,
👉parayj ki pa nan p*s, ak miz sou kous.
👉Nenpòt business ke USA bloke, nou pa fè business 👉ansanm avek yo tou, ex: 1XBet, Perfect Money

Mwen espere nou byen li parti anlè a.

11/09/2022

Ekzijans ak Diderans (BUH vs PGwards).🤝🤝

1_BUH: Gen yon frè anyèl ke li chaje'w.

PG: Nou menm depi'w rechaje balans, ou pa gen okenn frè ke wap peye.

2_BUH: Kòb ke'w genyen sou BUH an se gdes li ye, sa vle di ou pa vrèman konnen konbyen kob fix ke'w genyen sou kat lan paske chak jou taux an chanje.

PG: Lè'w gen $10 usd sou PG Rewards, se $10 usd ke'w genyen paske se an dola ke kòb lan ye.

3_BUH: Sou chak tranzaksyon ke'w fè avèk kat BUH lan, ou peye yon frè international.

PG: Depi'w finn rechaje kat ou sou PG Rewards, ou pa peye okenn frè international paske kat lan se yon kat international.

4_BUH: Pou'w rechaje kat BUH lan, fòk ou pase nan Bank pou'w tann nenpòt 3 heure nan lignes.

PG: Kat nou an ou pa menm bezwen soti pou'w rechaje'l.

5-BUH: Ou pa ka konekte kat BUH lan avèk PayPal.

PG: ou ka konekte nou an avek PayPal san pwoblèm.

6_BUH: Yon moun a letranje pa ka depoze kob sou kat BUH ou an.

PG: Avek kat nou an, nenpot moun nan nenpot peyi kapab depoze kob sou li avek PayPal, MasterCard, Credit Card, menm avek nenpot Bank nan USA.

7_BUH: Yo mande'w $5 usd pou'w rechaje kat epi yo pral chaje'w sou chak tranzaksyon. Sa vle di si'w rechaje pou $300 usd, ou ka we'w peye $5 usd pou rechaje, men lè wap fè tranzaksyon international li ka menm vinn kote'w +$30 usd.

PG: Kat nou an ou peye yon sel frè rechaj ki se taux du jour + 7% avèk yon frè minimum $1 usd.

8_BUH: Pou'w kreye yon kat nan BUH, yo mande'w yon paket dokiman ke ou ka pa menm genyen menm epi kat lan pran 2 mwa avan ou jwenn.

PG: Kat nou an, depi'w finn pase verification idantite'w epi ou rechaje balans, se menm kote ou an ou jwenn kat virtuel ou. Si'w vle pase komand fizik lan, nan mwens ke yon mwa ou jwenn kat fizik. Pandan wap tann kat fizik lan, ou ka komanse itilize kat virtuel ou.

9_BUH: Kat BUH gen yon ansanm de kote ke li pa pase.

PG: Kat lan pase yon pakèt kote. Ou ka jwenn lis kote ke kat nou an pase sou lyen sa.

11/09/2022

Men yon ansanm de kote ou ap kapab itilize kat ou kreye a san pwoblèm.
Nan aktik sa nou pral ba'w lis platform ke'w kapab itilize kat lan

Amazon
Ebay
Uber
Wish
AliExpress
Alibaba
Google Ads
Facebook Ads
GoDaddy
Udemy
Namecheap
Hostinger
Bluehost
Amazon Prime
Apple Store
Google Play Store
Skrill
Shopify
Instagram Ads
TikTok Ads
Google Cloud
Canva
Spotify
Intuit
Apple
Walmart
DBrand
PayPal
Google Storage
Fiverr
Netflix
Shein
Romwe
Mercado Libre
Reason Clothing
Etc.

11/09/2022

Si ou te respekte tou konsiy yo, mwen sur e sèten ke kaw ou gentan nan menw.
Ou ta sipoze ka we tout information de kat ou an
Ou ka itilize'l pou'w achte en ligne epi wap wè transaction yo la.

11/09/2022

Men ki fason pouw antre 6 chif oubyen PIN ou an.

On fwa ke ou klike sou li
Li pral mande'w PIN oubyen 6 chif ou te mete an
Wap mete PIN lan
Epi wap klike sou kote ki make Submit your PIN.

11/09/2022

Men kijan ou pwal antre 6chif oubyen PIN ou a
Kounye an ou pral bezwen ale nan pati Dashboard ou
Le'w rive nan pati dashboard lan
Wap we yon ti zye nan kat lan
Wap bezwen klike sou li.

11/09/2022

Lèw ou fin kreye PIN la
Ou ta sipoze we yon ekran konsa ki moutre'w ke li kreye
Nap raple'w ou pa wè PIN lan oswa chanje'l, oswa modifye'l lèw vle.

11/09/2022

Wap bezwen mete chif 6 chif kew te chwazi an ki se PINs ou an
Li enpotan pou'w sonje'l paske si on moun gen aksè avèk li kapab antre sou dashboard ou a
Une fwa ke'w mete'l
Wap klike sou Create your PIN.

11/09/2022

Men Fason pou'w wè nimewo kat lan.

Pou'w kapab wè nimewo kat lan ou t kreye an
Ou supoze kreye yon PIN
Yon PIN, se 6 chif ke ou chwazi kote se sel ou menm ki konn 6 chif sa
Menm fondatè ki bati platform lan pa konn code sa

Une fwa ke'w finn kreye'l, Ou pa ka modifye'l oswa chanje'l, Li enpotan pou'w sur ke'w sonje'l.

Wap bezwen ale nan pati ki make "Setting"
Le'w rive la
Wap klike sou kote ki make "Create your one time PIN"

11/09/2022

Si tout bagay pase byen
Sistem lan ta sipoze tou mennen'w nan pati dashboard lan
Epi wap ka wè kat lan afiche san pwoblèm.

11/09/2022

Yon fwa ou fini ranpli fòmilè sila
Klike sou bouton ki make Confirm la.

11/09/2022

Sistem ki pèmèt ou genyen kat sila pran selman $8 usd pou li kreye kat lan pou ou ki valid pou 5 ans. Si'w pa gen kob sou kont, ou pap ka kreye kat lan.
Pou sa ka rive posib pou ou gen on numero moncash ki la pou edew.

11/09/2022

1_ Yon fwa ke'w rive nan pati 👉virtual card lan
Wap bezwen mete non(👫)ke'w vle sou kat lan
Avek nan ki peyi ke'w ap viv la.
2_ Si'w mete USA, lap mande'w plis enfomasyon
Men si'w an Haiti.
3_ Sistem lan ap tou ba'w yon adress USA ki atache avek kat lan pouw sa utilize san pwoblèm.

11/09/2022

1-Premye bagay ke wap bezwen fe
Se ale nan pati ki make "Virtual Card"
Ou ka jwenn li nan menu a 👉gauche lan
Oubye nan dashboard ou an

11/09/2022

Nan aktik sa mwen pral moutre'w fason ou kapab kreye kat virtual ou ki rechajab.
"Nap raplew ke kat sa kraze tout baryè kew ta kapab genyen pouw lanse buznis ou."

Want your business to be the top-listed Business in Florida City?
Click here to claim your Sponsored Listing.

Videos (show all)

Jèn Ayisyen sa se pou.Kreye pwòp mastercard ou.Pa bliye patajel pou on lòt kapab rezoud ti pwoblèm sa sil t genyenl.👉www...
Vinn kreye pwòp kat ou pou kont ou.PGWARDSwww.pgecom.comPatajel pou plus jeune Haitien kreye pwop buzniss yo.VINN HT

Category

Telephone

Address

72th Noth Sweet
Florida City, FL
34116

Other Business Centers in Florida City (show all)
OiLop OiLop
Fort Lauderdale
Florida City, 33305

Here is Your First choice to grow your business plan with us. Share your plan we Will Grow you business.

Inflatables near me Inflatables near me
Florida City

We deal in both brand new and fairly used products whole sales and retails. Delivery services are av

Robux Giveaway Robux Giveaway
Florida City, 32116

Subscribe here: https://www.youtube.com/channel/UCGBtek_rDXTqen1FLeWkvnQ

Bussiness hubb Bussiness hubb
Newyork
Florida City, 10001

Sates Software tack work from home

Mecanica sin fin Mecanica sin fin
Florida City, 090101

mecanica

Seren Alen weightloss Seren Alen weightloss
Miami
Florida City

Realistic full reborn dolls babies for sale Realistic full reborn dolls babies for sale
4669 W Irlo Broson Memorial Highway, Kissimmee, FL, United State
Florida City, 34746

Good deals ✅✅

One-D Ecomm Empire One-D Ecomm Empire
Florida City, 33411

One-D Ecomm Empire strives to be one of the best places to sell products online with fastest free shi

Wintro Life Wintro Life
United States Of America
Florida City

Wintro Life is a crowd based automatic system to reach your financial goal just by joining it

Amazon Assistants Amazon Assistants
Sarasota
Florida City

Amazon can be very complicated. If you are unfamiliar with how the Amazon Seller Central works.

Aventon Electric Bikes Aventon Electric Bikes
4076 Cherry Tree Drive
Florida City, 33034

Aventon Electric Bikes! A wonderful serenity has taken possession of my entire soul, like these sweet works of beauty that give Every family or loved one the playtime, joy, fun, an...

Money Card Money Card
Florida City

Hii if you are New and want to earn money � then don't think about getting money without any effort