Ti Koze ak TT pou ODV

Ti Koze ak TT pou ODV

Cette page est conçue pour vous informer et former. Ti Koze ak TT pou ODV: Operasyon Demaske Vagabon est là pour vous accompagner dans les infos fiables.

Merci de supporter l’initiative.

Maryani nouvo teritwa pèdi, gade aksyon nèg yo ! Nou bezwen vizyonè pou dirije Ayiti, tande sa… 30/11/2023

Maryani nouvo teritwa pèdi, gade aksyon nèg yo ! Nou bezwen vizyonè pou dirije Ayiti, tande sa…
https://youtu.be/IyZYsvNIeX4 Li klè Peyi a pap dirije !

Maryani nouvo teritwa pèdi, gade aksyon nèg yo ! Nou bezwen vizyonè pou dirije Ayiti, tande sa… Ariel se yon gwo ka, Maryani sou wout teritwa pèdi !

23/11/2023

Yo vle ouvè fwontyè a

29/07/2023

Haiti is for all Haitians, fight for it.

22/08/2022

Profane Victor dwe pran kòd si tout sa Pierre di yo verifye. Misye genyen 7 konntenè nan Dwàn lan, li pote machandiz nan yon sèl ki deja verifye kote li te di se Pèpè ki ladan l, li deklare sèlman 500 mil goud poutan se whisky ki anndan l ki evalye ak plis pase 7 milyon goud. Sa vle di Leta t ap fè yon defisi 6 milyon 500 mil goud. Eske nou wè lèm te di nan emisyon an pi fò nèg ki gen lajan Ayiti yo pa legal, se nan Koripsyon yo fè l, kontrebann, vòlò… Ayiti se vrèman yon Peyi difisil… Nou mande pou yo kontinye fouye tout Konntenè yo souplee… Rete branche… Roudy Sanon di koze sa kèk jou wi depi lè premye kagezon zam lan ki te vini nan non Legliz Episkopal la… TT

22/08/2022

Nan yon emisyon m t ap fè avan yè m te fè yon pwen sou koze sa, petèt gen moun ki te ka pa kontan men se yon verite malerezman. Daprè janm konprann epi obsève bagay yo pi fò moun ki gen gwo lajan Ayiti yo pa legal. Se lajan Koripsyon, kontrebann, anba tab. Yo pa janm pase nan sikwi legal, yo toujou bezwen yon parenn, yon marenn pou brase lajan sal. Yon nèg pa konn li ni ekri epi li rive palmantè ki pral gen misyon pou pwopoze lwa pou tout yon nasyon, nèg sa a ki refleksyon li ka fè si se pa vòlò, antre nan Koripsyon tout longè. Menm nèg sa yo ki t ap vòlò Ayiti vin tonbe USA, Canada, France, Brésil, Chili etc. nan yon sistèm kote se Ouvriye ki travay ki merite salè, yon sistèm kotew ka jwenn tout saw vle men se travay pou travay siw pa vle peri nan prizon paske sikwi kout yo souvan mennen ak prizon Ou simetyè.

Nèg la pa t janm kalifye pou l te minis, DG, senatè, DP epi li t ap brase milyon Ayiti akoz sistèm nan pa janm fè egzijans. Konstitisyon an bezwen yon bon pase men nan sans sa a ki pa mete ankenn baliz pou yon moun kandida depiw se Ayisyen… Ayiti preske tout sa ki legal enposib poutan tout sa ki posib ilegal… nou alanvè… M aleee. TT

21/08/2022

Sa pa nan zòn Dokou, sou anlè Medivye, aprè Meyòt daprè abitan yo…

21/08/2022

Genyen gwo menas sou tèt chak grenn fidèl nan legliz “Roc Solide” yo nan Taba, akoz nèg yo vin manke libète pou deplase al kidnape moun jan yo te konn fè l avan, yo tonbe kidnape moun ki tou prè yo kounye a tankou: anndan Dival menm kote y ap viv Doudoun espesyalman. Sou baz sa a y ap siveye fidèl legliz la pou kidnape, yo fache akoz yon Patwouy CBIM ki tou bò legliz la ki daprè sa nèg mawon yo jwenn bandi yo wi deklare patwouy PNH la plis siveye legliz la olye moun ki nan zòn lan.

Nou ka remake nèg yo leve bonè pou pete bal, yè se yon tantativ kidnapping ki mennen ak dram ki pase a kote 3 manm legliz la asasinen pami yo Sondjine ki nan sèvis akèy legliz la. Bagay yo pa piti, yo tris anpil. Si yon moun genyen pou pou al legliz nenpòt legliz la ki sou jiridiksyon Kwadèboukè, mwen konseye nou vrèman anpil pridans…

Mwen konnen enfòmasyon sa ka deranje men m oblije di sa m jwenn atè a pou ede pwoteje kèk vi… Se pa janm kont nou gen ak pèsonn, se jis yon ti koudmen n ap bay Peyi a… yo relem Theriel Thelus (TT).

21/08/2022

Chèf gang Izo non sèlman fouye anpil twou anndan Vilaj la, li enstale plizyè kamera, li genyen pou pipiti yon dwo n, epi yon chaloup. Se chaloup sa a li te sèvi pou t al pote ranfò bay G-Pèp nan goumen ak G-9 la. Misye enstale anndan an tou plizyè bonbòn gaz nan divès kwen estratejik pou si ta gen yon atak menm jan gang 400 Mawozo a te fè sa tou.

Yon operasyon nan Vilaj la ap mande mwayen men sitou enfòmasyon. Chèf Peyi dAyiti ou mèt rele yo, ekri yo malerezman yo pa janm disponib lollll yo tèlman ap travay pou PÈP la, yo toujou okipe… Antouka sonje mwen menm TT se yon ti koudmen m ap bay Peyi a. Kòm yo tout swiv mwen sou Facebook la, sonje sa fè 2èm enfo konsa m pataje sou Vilaj la… Mèsi tout moun, toujou pataje l yonn ak lòt pou tout je wè TT te toujou ap alète yon seri bagay… TT

20/08/2022

Mesaj pou tout sitwayen Ayiti oubyen nan dyaspora: Chwazi moun w ap poste ak yo, si w pa konnen yon moun pa nan kanpe pran foto ak li, lari a pyeje. Sispann plenyen lè ODV a frape pòt ou, se respèw pou fè. Depiw nan poste, chita, bay blag ak bandi ou se bandi. Chèf gang pa dwe soumoun ni alèz.

Nèg la ap touye moun, l ap vòlò, li nan kidnapping epi menm nèg sa nan tout emisyon jounalis ap pale tankou se yon bon moun. Li nan tout lari ap flannen tankou se moun serye. Kikote bandi konn soumoun konsa ? Fòk gen yon revolisyon ki fèt nan Peyi a, bandi twò alèz. Bandi pa dwe gen somèy…

Depi yon nèg Ou nan tout pwogram chèf gang ap reyalize, Ou nan match foutbòl ak yo, Ou nan chita bwè ak bandi atann limyè ODV a ap rive sou ou epi pa plenyen. Lagè avèti pa touye kokobe, men fòk kokobe a pa rebèl tou… TT

20/08/2022

Yon nèg polisye ou diw pa vle wè gang, ou se bon moun ok m poko janm diw se gang. Sepandan ou nan tout pwogram, match foutbòl, anbyans bwè byè ak chèf gang. Kisaw ye menm ? Sa k sanble rasanble ! Fòk Alex te touye yon polisye devan nou pou n te finalman admèt Alex Amstrong Dumornay se yon chèf gang kriminèl asasen. Dat m ap di sa, Morvan di sa nou pa t janm kwè…

TT toujou ap fè bon travay men depi dlo TT a mouye jaden nou li te gentan pa bon lollll Alex se yon gwo chèf gang, kriminèl epi li gen plis toutè sou wout Frè a pase PNH, chaje polisye an fonksyon ki nan baz li… Rete branche… Pral gen plenyen wi… Yo relem Thériel Thélus (TT), se pa kont nou ak pèsonn se jis yon ti koudmen n ap bay Peyi a…

19/08/2022

M ap mande PNH pou l vijilan anpil nenpòt lè yo ta panse pou mennen yon operasyon Vilaj. Izo plase kamera nan preske tout kay ki gen etaj nan Vilaj la. Epi pare pou nenpòt atak pou yo kache anlè ap vide bal… Kidonk nenpòt lè n panse yon operasyon Matisan se boukle l nèt ak bato sou lanmè, bon blende epi elikoptè, sinon li pap fasil ditou daprè enfòmasyon m jwenn atè a… Rete branche, epi make pòs sa a… TT

19/08/2022

Plèn: Lanmò san jou, Gaspiyay, Ronald, Azouken, Galaxy, Chelo, Azibe, Tchouko, Jeneral Michel, Bigelson (Tit, Rezinye), Ti Yvenson, Dominique, Bout Black, se kèk pami gwo bandi gang 400 mawozo ki dwe avan lontan “Mortellement blessés”. TT

13/08/2022

Men koze a : Finalman Mèt Caleb Jean Baptiste lage koze Vitelòm nan. Verite pa janm kache. Wendy te pran ti bout video sa sou emisyon Maten Deba… Tande koze wi zanmi yo… TT

12/08/2022

Anpil pridans. Daprè enfòmasyon ki rive jwenn nou, ta gen plizyè bandi ki ta anvayi Fonvèrèt. Anpil ladan yo ap tante pran direksyon Tyòt, Bodoari. Genyen tou k ap chache Ougan pou renouvle pwen yo. Toujou daprè enfo nou jwenn ta gen plizyè ladan yo ki nan blòk Ti Savann, Bonòm zòn Ti Poulèt yo, m aprann menm Je wouj ta anlè a nan zòn kay Dasi nan kayetye… Si n pa aji vit pita ap pi tris… Pa gen kote pou bandi vin kache nan Fonvèrèt… Rete branche… TT

11/08/2022

M ap redi l epi m asime l. Si DCPJ vle itil peyi a pi plis mande sipò Digicel ou Natcom epi retrase kantite apèl Magalie Habitant fè soti vandredi pou rive dimanch maten, konsa n ap konprann pi klè ki sous Ensekirite a sitou nan Kwadèboukè, Site Doudoun… TT

11/08/2022

Konsèy mwen pou tout moun. Depi ou gen kay, machin, zam pèsonèl ou bandi pran se pote plent rapid epi pran medya pou denonse l. Konsa si yon bagay rive tout moun ap konnen w te alète sa. Se pa lè la polis fin frape pou n ap kriye, m te di sa avan yè nan emisyon an anpil kay bandi yo sèvi se kay moun malandren yo pran, anpil manm nan dyaspora viktim ak koze sa, se pou sa m pat dakò ak metòd PNH la pou kraze kay yo. Toutfwa si bandi pran yon kay ou pou sere moun yo kidnape epi pèsonn pa janm denonse sa ou vin parèt otomatikman konplis.

Yon fwa ankò depi bandi pran kay ou se pote plent nan DCPJ oubyen komisarya ki pi pwòch la anplis sa pran medya, soti nòt pou atire atansyon tout moun pou di ou gen yon kay tèl kote, nan tèl adrès, depi kilè nèg ak zam okipe espas la. Souvan anpil Ayisyen peye konsekans neglijans yo malerezman… Se tris, se grav Sa k ap pase Ayiti la a… TT

11/08/2022

Yon fwa ankò m ap mande pou moun Leyoga n, espesyalman nan Dabòn, Bosan anndan Belòk pou yo rete vijilan. Ta genyen plizyè nèg Matisan melanje ak kèk nèg Mawozo yo ki ta debake nan blòk sa yo. Siveye vizaj nou pa t konn wè yo. Mèsi… TT

11/08/2022

Se pou premye fwa Lanmò san Jou panike nan nivo sa a. Si PNH pran dispozisyon l ap kraze gang 400 Mawozo a epi Lanmò ap blese mòtèlman… Anpil ti sòlda ap kite baz la pou al kache lòt kote. Mibalè, Bèlfontèn, Leyoga n, se kote yo plis ale aktyèlman… Ann pote kole pou n bare bandi… TT

10/08/2022

Nou sonje dosye Bòkò Tinèg nan Mayisad lè n t ap denonse gang 400 egare a ? Eben manm nan popilasyon Lyankou a melanje ak la popo Latibonit etenn souf bòkò a ki daprè sa yo rapòte misye te konn ap pote bal pou bandi… Rete branche… TT

09/08/2022

19 août 2021 aux Cayes…

09/08/2022

Ti Magali frape ankò maten an nan Kafou Palan, antre Nway nan Kwadèboukè… Loukendy Profète se ta yon manm aktif gang 400 mawozo ki bazel nan Kafou palan. Misyon li se detounen kamyon epi kidnape moun, daprè yon sous pwòch la popo. Misye ta fè li pati gang Remy an epi se la tou li abite.

Maten an Ti Maga kwaze ak li nan yon wout kwense, pat gen mwayen pou rale ‘back’ san retwovizè paske kwazman an te parèt difisil epi konplike… Il a été mortellement blessé… TT

09/08/2022

Kounye a yon ekip moun k ap mache bouske manje panse yo pi eklere, pi maton, pi fò, pi konvenkan, pi ebtèlijan pase tout sitwayen nan Peyi a. Podyab !

SDP fann konsa kounye a:

S: pou Nènèl Cassy
D: pou Marjory Michel
P: pou Michel André

Moun sa yo panse yo pi entèlijan pase 11 milyon Ayisyen. Jou Pèp sa a revòlte gen moun li dwe bay vizit tanzantan pou sanwont, pou san konviksyon pou blofè. Yo tout ap pale nan non Pèp alòske yonn pap viv bò kote Pèp la, yonn pap travay pou Pèp la vre, tout se manje y ap bouske… Sispann pase sosyete a nan salami mezanmi. Je nou kale kounye a, nou wè kou a, nou konprann kou a… TT

08/08/2022

Junior civil alyas “cloud beyond” fenk tonbe la nan yon kwazman ak Miskaden. Misye t ap travèse jiridiksyon an pou ale Pò Sali. Li te parèt sispèk epi yo jwenn sou li kèk katouch ki ta tire nan Galil ou M4… Rete branche… TT

08/08/2022

Tout kote ki gen bandi ak zam sou jiridiksyon Kwadèboukè a nèt sanble mete ansanm pou tante panike PNH. Depi 1:30 pou jis moman m ap ekri la a bal ap pete. Bagay grav nèt… TT

08/08/2022

SOS pou Kwadèboukè. Se tankou se tout gang nan zòn lan nèt ki mete ansanm pou kraze Kwadèboukè tèlman katouch ap tire. Chèf gang nan tèl blòk ap voye bal bay lòt pou ranfòse kapasite l. Bagay tèt chaje nèt wi. Pa gen dòmi non… TT

08/08/2022

Koze mande chèz, daprè sa ti zòrèy pataje ak nou, depi Ti Maga vide Kòlèg atè a, chèf gang kriminèl Lanmò 100 jou pentad pentad. Misye tou rete nèt nan Dimilso. Li ta fè yon espas anba lakay li mete yon mach, men sou espas la li ta tou mete yon ti kay lwa…N ap mande pou PNH degaje l pou bay mouche Lanmò yon ti vizit pou nou souplee… TT

07/08/2022

Jordany, bandi ki tonbe maten an, se yon ti vòlò depi lèl te Lekòl nan Machan. Li te nan prizon plizyè fwa yo arete l pou vòlò. Pou moun Senmak misye te nan Prizon menm jan ak Black, yo sezi lè TT anonse maten an Jordany frape ak Ti Maga… Li tonbe li pa leve ankò… Rete branche… TT

07/08/2022

Daprè yon kad nan nivo EPPLS se jenn gason sa a ki te ansanm ak ansyen senatè a Yvon Buissereth la. Misye rele Ronald, li saj anpil. Bandi ak zam nan Laboul 12 kote chèf gang Ti Makak ap opere touye epi mete dife sou yo nan yon machin Zo reken Plak Ofisyèl… Mwen denonse ti bandi sa yo lontan sa, yo t al kache aprè asasina enspektè Dan-Jerry Toussaint epi 2 jounalis yo. Aprè yon tan yo pase nan baz 5 segonn, yo retounen Laboul 12 pou vin kontinye zak yo. Premye zak yo poze lè yo retounen se touye plis pase 5 moun pami yo yon jenn fanm nan yon kay sou baz yo se pwòch Toto.

Nan zafè kabrit pa zafè mouton sa a Ayiti ap fini nèt. Tout moun pè pran responsabilite yo sou baz depi se pa mwen sa pa gade m, ki mele m… Lè bandi ap touye moun Site Solèy, ba Delma, Matisan, Kwadèboukè etc. Se tankou moun anlè sa yo pa Ayiti, yo pa konsène poutan bandi ap mache sou fyèl yo depi kèk tan la wi. Bandi ak zam kidnape moun Tomasen, Laboul, plizyè kote nan PV la san pwoblèm depi kèk tan la a. KISA N AP FÈ ? Eske n ap kontinye kanpe gade ? Pou bandi touye yon Direktè Jeneral konsa, se tankou sa pa di n anyen non…. Gade kòman yon jenn gason gaspiye waww… Bagay yo depase tris… TT

06/08/2022

Fanm sa ki rele Magalie Habitant, si Otorite Jistis yo pa fè yon jan pou mete l yon kote pou machin pa frape l melanje ak yon seri lòt blofè politik nan Peyi a, zafè gang lan pap janm fini Ayiti ok. Magalie fè yon gwo reyinyon jodi a, li voye lajan nan plizyè baz pou anonse yon manifestasyon dimanch k ap vini la a nan lide pou mande Jistis pou Jovenel.

Mouvman an se pa koze mande Jistis vre, se pito espas manzè ap kreye pou l antre nan pouvwa k ap vini pandan l pwomèt anpil jenn nan Geto yo l ap fè yo travay nan Leta a… Anpil lajan gentan rive nan divès baz… Rete branche ok… TT

Videos (show all)

Yo vle ouvè fwontyè
Sa pa nan zòn Dokou, sou anlè Medivye, aprè Meyòt daprè abitan yo…
Men koze a : Finalman Mèt Caleb Jean Baptiste lage koze Vitelòm nan. Verite pa janm kache. Wendy te pran ti bout video s...
19 août 2021 aux Cayes…
Pierre Guintheur, se yon anplwaye Ed’H k ap viv Debisi. La popo debake lakay li vandredi a epi yo jwenn tout materyèl sa...
Ti Jòj ki la a rèd rèd wi… Palais National… TT
Il faut aimer la nature...
Se pa kont nou genyen ak li non… men tande koze epi sonje tweet sa a. Mèt la k ap pale ak Jean Monard…
Pandan m ap pase nan yon zòn men sa ki rive. Se bon pye moun ki te nan machin lan ki sove yo… Nan yon titan, lajan gaspi...
Bandi yo ki te anvayi Mariani avan yè sou lanmè a…
Peyizan yo k ap pran plezi yo nan Pòdepè k ap rele bare enjenyè TPTC a nan vòlè…Bagay yo anpil…
Kote ti sa a nou pa ka gen la a. Aprè bann milyon nou gaspiye wawwww gade yon gradiyasyon la a nan Palacio de los deport...

Telephone

Website