Travel and Immigration Assistance and Consultancy

TRAVIMAC se yon ajans ki la pou akonpanye tout moun ki bezwen nan pwosesis vwayaj e imigrasyon GRATIS

#TRAVIMAC (Travel & Immigration Assistance and Consultancy) se yon ajans ki ofri sèvis akonpanyeman a tout moun ki vle antame yon pwosesis vwayaj e imigrasyon. Pami sèvis nou ofri yo, ou ap jwenn:
-Asistans nan pwosesis demand viza (Mexique, Canada, USA, Cuba, elatriye)
-Asistans nan pwosesis imigrasyon (Rezidans, demenaje nan yon lòt peyi, etudye a letranje, elatriye)
-Asistans nan vwayaj (Achte

31/05/2023

Kite TRAVIMAC edew Nan koze vwayaj.

23/04/2023

,
Siw gen difikilte pouw pran randevou pouw Al siyen paspow, pa enkyetew jis bay travimac edew.
Rele Nou Nan 34597520/ 40862749

09/04/2023

🚨TAEKWONDO ! Jessica Lee vient de donner à Haïti une autre médaille D'Or 🥇 au Costa Rica 👏🏾👏🏾🇭🇹

02/04/2023

Travimac à votre service pour Immigrer au Canada

08/03/2023

.
MEN NOUVEL LA:
Ou menm ki gen dokiman ou te swete legalize anbasad Mexique, TRAVIMAC ap jere sa Pou ou. Kontakte Nou kounya....

26/02/2023

Envoyez Vos documents en toute securité avec

24/02/2023

Nou se

26/01/2023

: Administrasyon regrèt anonse a fidèl kliyan li yo ke li kanpe sou sèvis demand paspò pou jiska nouvèl lòd, li dezole pou konsekans sa ap genyen sou tout moun ki kwè nan kalite sèvis li yo. Desizyon sa a pran paske li paka rive sèvi kliyan li yo avèk diyite.

11/01/2023

Gen paspow disponib se you nesesite, se you dokiman idantite li ye. Pa tann lew gen ijans pouw fèl.
vle edew jere sa, jwenn ak Nou.
TRAVIMAC se kote ki pi fyab pouw konfye sèvis ou

Notre serieux fait la difference

03/01/2023

: l'equipe de Travimac souhaite a ses aimables et fideles clients une annee de paix et de prosperite.
Toujours le meme amour de vous servir!!!!

16/12/2022

et Régions nécessitant un visa pour se rendre au Mexique :

Les ressortissants des pays ou régions suivants doivent obtenir un visa pour se rendre au Mexique . Pour les loisirs, les affaires ou toute activité non rémunérée au Mexique qui ne dépasse pas 180 jours , vous devez demander à un consulat mexicain un visa de visiteur sans autorisation d'exercer des activités rémunérées.

L'étranger qui présente l'un des documents suivants n'aura pas besoin d'un visa mexicain :

a) Document prouvant la résidence permanente au Canada, aux États-Unis d'Amérique, au Japon, au Royaume-Uni de Grande-Bretagne et d'Irlande du Nord, dans l'un des pays qui composent l'espace Schengen, ainsi que dans les pays membres de l'Alliance du Pacifique ( Chili, Colombie et Pérou).

b) Visa valide et à jour du Canada, des États-Unis d'Amérique, du Japon, du Royaume-Uni de Grande-Bretagne et d'Irlande du Nord ou de l'un des pays qui composent l'espace Schengen.

c) Carte APEC Business Traveler (ABTC) adoptée par le Mexique.

d) Certificat qui l'accrédite en tant que membre de l'équipage de l'aéronef dans lequel il arrive.

e) Livret maritime, si vous faites partie de l'équipage du navire qui arrive dans un port mexicain pour un voyage international. Si le membre d'équipage arrive par avion pour rejoindre un navire ancré dans un port national, il doit présenter, en plus du livret maritime, un document prouvant son inscription, les données du navire et le port mexicain dans lequel il se trouve.

Source: Institut national de Migration du Mexique

: Cordialement à votre service

14/12/2022

a votre service

24/11/2022

Nou se referans nan zafè imigrasyon, pa ezite kontakte Nou pou tout konsiltasyon ak konsèy.

17/11/2022

⚠️⚠️⚠️ Message Important ⚠️⚠️⚠️

ap mandé pou tout kliyan ki te nan lis moun kap tann randevou pou Anbasad Mexique la, pou antre an kontak avèk nou “ manière impérative et urgente dans les prochaines 24 heures à partir de cette publication” sou whatsapp.
Lèw ap ekri nou, nan Tèt message ou a, ekri kòd RDV-MEX-VS si se pou viza, RDV-MEX-LG pou legalizasyon, jis poun ka bay mesaj ou a priorité.

Siw se yon nouvo kliyan ki bezwen randevou, ou kapab ekri nou tou poun wè si nap ka fè plas pou ou nan lis la.

Pa bliye nou menm nan , nou la poun sèviw ak tout kè nou.

⚠️⚠️⚠️⚠️⚠️⚠️⚠️⚠️⚠️⚠️⚠️⚠️⚠️⚠️⚠️⚠️

17/11/2022

⚠️✅⚠️ Nan Anbasad Mexique ⚠️✅⚠️

ap Anonsew ke vandredi 18 novanm pwochen, wap kapab jwenn Randevou pou demand: ak Legalizasyon nan Anbasad Mexique la.

Siw vle nou edew nan pwosesis pran randevou a, pa ezite kontakte nou.

Pa bliye nan , nou la poun sèviw ak tout kè nou.

16/11/2022

TRAVIMAC ap anonse a Chak moun ki Haiti oubyen Republique Dominicaine, ki vle ale nan you lot peyi e ki pa gen gwo mwayen, nou gen you sèvis espesyal nap bay pandan fen ane a pou you ti kras kob.
- chili San viza
- brezil San viza
Nb: pa bliye avek rezidans chili a ou ka vwayaje mexique avel.
Pa ezite kontakte Nou sou bouton Whatsapp ki sou paj la oubyen sou messenger.

14/11/2022

nan Anbasad Mexique

Ou bezwen pran yon randevou pou yon demand nan anbasad Mexique?
Randevou legalizasyon? Viza ?
Nou la poun edew.

Nan , tout plezi nou se pou nou sèviw ak tout kè nou.

14/11/2022

————— —————

Jodia mwen vin pale de nou pou . Viza Etidyan pou Mexique fè pati de youn nan 3 kategori viza ke peyi Meksik ofri.

Viza Etidyan an ye ?

Viza etidyan an se yon dokiman yap enprime sou paspòw, kap otorize ou ale Mexique avèk pèmisyon pouw rezide nan peyi tankou etidyan. Rezidans etidyan an renouvle chak ane e pouw renouvlel, fòk lekòl la baw yon lèt ki di ke ou enskri oubyen wap etidye nan lekòl la.

Menm jan ak viza touris la, viza etidyan an valab pou 6 mwa Sèlman a pati de moman ke yo apwouvel la. Ki Donk, osito ke yo ba oul, ou gen 6 mwa pouw antre Mexique e Lèw rive Mexique, wap gen Sèlman 30 jou pouw prezante nan yon biwo imigrasyon pou yo ka baw ti kat vèt etidyan an.

ou ka fè ak Viza touris la?

A diferans de viza touris lan, viza etidyan baw plis dwa sepandan ou pa ka travay legalman ak viza/rezidans etidyan, sof nan kad étud ou, pa egzanp siw ap fè staj. Viza/rezidans etidyan Sèlman otorizew pouw etudye nan nenpòt lekòl kote ou admi. Ak rezidans etidyan an, ou ka fè valè antre soti ou vle Mexique san pwoblèm, toutotan rezidans lan valid, sa ki diferan de viza touris lan.

viza etidyan an koute?

Pou le moman, viza a koute Sèlman 48 USD, ke wap gen pouw peye nan jou wap prezante dokiman yo.

dokiman ou gen bezwen ?

1- Yon fòmilè ranpli (Wap jwenn li sou paj anbasad la)
2- Paspòw ki valid (o mwen 6 mwa)
3- Yon foto idantite (Dimansyon Paspò)
4- Atestasyon lekòl / inivèsite kotew enskri a
5- Prèv de sòlvabilite ekonomik (jistifikasyon ke ou gen lajan pouw fè étud la)

prèv de sòlvabilite ou ka bay?

Prèv de sòlvabilite a vrèman enpòtan nan Lè wap fè demand lan, selon eksperyans nou, se yon eleman endispansab paske yo baze sou sa pou detèmine si yap baw viza a ou pa.
Kòm prèv de solvabilité, ou kapab bay swa:

Siw gen mwens ke 25 ane lan:

Ou kapab prezante résous paranw nan preuve de solvabilité a, ki kapab:

1- Yon bancaire de 3 dènye mwa yo ki montre ke ou genyen yon sòld mwayèn pou piti 8,435 dola US

Oswa

2- atestasyon de travay

Oswa

3- yon lèt ki di a baw yon bous konplè.
Kap kouvri tout étud lan.

enfòmasyon Atestasyon travay la dwe genyen?

Atestasyon de travay la dwe gen ladanl:
1- Nonw konplè
2- Pòs / fonksyon ou okupe
3- konbyen tan ou genyen anplwaye (2 an o mwen)
4- konbyen tan kontra a la
5- Salè pa mwa ou touche (865 dola us minimum)

Siw gen plis ke 25 lane:

Li pap posib pou moun pranw an chaj, ki Donk tout prèv de resous finansyè wap prezante yo dwe sou nonw.

Ou dwe prezante sou nonw:

1- Yon bancaire de 3 dènye mwa yo ki montre ke ou genyen yon sòld mwayèn pou piti 8,435 dola US

Oswa

2- atestasyon de travay

Oswa

3- yon lèt ki di a baw yon bous konplè.

Atestasyon lekòl la dwe gen ladanl ?

1- Non konplè etudyan an
2- Nivo etud lan ak domèn etud lan
3- Dire etud lan. (Dat kòmansman ak fen etud lan)
4- Pri enskripsyon an, pri pa mwa eskolarite a. Si yo ofriw yon bous, Atestasyon an dwe mansyone sa e Anekse dokiman ofisyèl ki siyen a la men ki di yo baw yon bous.
5- Kowòdone inivèsite a, sou yon papye manbrete.

N.B: Atestasyon an dwe vin jwenn fizikman e siyen a la men. Si yo voyel ba ou eskane, li pa valab.

ou ka enskri nan yon inivèsite?

Anpil inivèsite bay opsyon pouw enskri an liy, a distans, San nesesite pouw ale dirèkteman nan inivèsite a. Etan etranje, li nesesè pou dokiman enskripsyon ou yo legalize avan nan Anbasad Mexique ki nan peyiw lan, e tradui a espanyòl si tout fwa yo nan yon lòt Lang. Yon fwa ou enskri, ou kapab jwenn lèt Atestasyon an. Gen inivèsite tou ki ka enskriw san dokiman yo.
Konsa tou, siw gen yon moun ki Mexique, li kapab fè pwosesis enskripsyon an pou ou.

ou ka jwenn yon bous étud ?

Nan majorite inivèsite Mexique, toujou gen bous disponib, e gen diferan kategori bous tankou bous ekselans, bous espòtif, bous pansyon, etc. Nan moman wap pran desizyon pouw enskri nan yon inivèsite, enfòme byen de opòtinite bous ke yo ofri. Ou kapab mandé yon bous direkteman nan inivèsite a.
Lòt mwayen ou ka jwenn yon bous, se a travè pwogram gouvènman Mexique lan kote chak ane, li ofri anpil bous. (Bous sa yo tou kouvri depans tankou manje, lwaye kay, etc)

Nan yon pwochen pòs, nap eksplike tout bous gouvènman an yo e chak ki Lè yo disponib.

pouw prezante dokiman yo?

Pouw prezante dokiman yo, wap bezwen pran yon randevou nan Anbasad la. E se nan jou, nan Lè randevou a Sèlman yap resevwaw pou Analize dosye ou a.

pouw pran randevou ?

Nan pwochen pòs lan, map fè yon vidéo poum montre kòman nou kapab pran randevou.

ki gen Randevou ?

Chak fen mwa, toujou gen Randevou disponib pou pwochen mwa.

Sof nan moman nap ekri la, pat gen viza disponib akoz de raté gaz la.

Konsèy:

Legalize tout papye lekòl klasik ou oubyen inivèsite ou. Préparew, kòmanse mete Lang espanyòl la sou ou.

Atou: Ou ka enskri nan yon lekòl Lang tou, li valab pou yo baw Atestasyon pouw al mandé viza.

Mèsi paske ou rive jis la !
Pa bliye nan , nou la poun sèviw ak tout kè nou.

Rete branche ! Abone ! Pataje nou epi nap wè nan pwochen pòs lan.

14/11/2022

Ou te konnen ou ka antre Mexique pa vwa enfòmèl lan, San ou pa pase ni Panama, Ni Bélize ?
Ou kapab pase pa Guatemala. Etan done Guatemala pataje fwontyè ak Mexique, ou ka fè menm janw tap fè pou Bélize la.
Siw Sendomeng deja , lap fasil pouw antre Guatemala . Pa egzanp, le 07 décembre pwochen, wap jwen vòl avyon pou Guatemala.

Sèlman ou bezwen al mandé viza Guatemala a, ou ka fè sa fasil siw Sendomeng.

Siw ayiti, ou ka mandé viza a travè de “Consul honoraire” ki ayiti a.

Pa bliye nan , nou la poun sèviw ak tout kè nou.

14/11/2022

nou bay sou vwayaj Mexique 🇲🇽 :

Siw entèrese pouw vwayaje ✈️ Mexique, nou la poun sèviw ak tout kè ❤️ nou. Nou la poun asistew nan kèlke swa vwa ou ta chwazi pouw rive a destinasyon an.

Pou antre Mexique, genyen 2 vwa.
1- Vwa fòmèl lan:
Se vwa légal lan, se lè ou chwazi al mandé yon viza nan Anbasad Mexique ki ayiti a, pouw kapab antre Mexique. Lè se vwa sa ou chwazi, nou menm nan , nou la poun asistew nan tout pwosesis lan. Nou la poun eksplikew tout pwosesis lan, fè dosye a pou ou, pran randevou pou ou pouw prezante demand ou an, ranpli fòmilè pou ou, preparew pou interview ak konsil lan, elatriye !

2- Vwa enfòmèl lan:
Se lè ou chwazi pouw antre Mexique pa yon lòt peyi, tankou Bélize 🇧🇿 oswa Guatemala 🇬🇹 Nan ka sa tou, nou la poun edew. Nou la poun eksplikew tout opsyon ki genyen, edew konstwi yon itinéraire, eksplikew tout viza wap gen bezwen, fè rezèvasyon hôtel Ak ticket 🎫 avyon, etc. Sèlman, wap peye sa li koute a. Konsa, ou kapab chwazi meyè opsyon an.

Nap raplew ke nan Travimac, nou pa bay viza, tout sèvis konsiltasyon nou yo gratis. Nou Sèlman vle fasilite laviw nan pwosesis lan. Sepandan, siw vle nou fè demach pou ou, nap kapab asignew yon ajan ki pou edew epi ou lap negosye pri li avèw.

Nan Travimac, nou la poun sèviw.

14/11/2022

nou ofri an jeneral:

se ajans ki fòme pa plizyè benevòl ki deside ede sitou konpatriyòt ayisyen nan pwosesis vwayaj yo.
Tout moun ki konfòme gen yon ekspètiz de o mwen yon peyi ak tout lwa imigrasyon ki egziste nan peyi sa.
Nan , nou toujou ap chèche opòtinite pou konpatriyòt nou yo.

Opòtinite tankou :


etud



Pou peyi nou plis ede moun vwayaje, se:






́edusud

.

Sepandan, nou toujou ap aktyalize nou e nou gen enfòmasyon pou nenpòt peyi ou ta bezwen vwayaje a. Sofke gen peyi nap ka edew pi fasil ke lòt, sa depan de relasyon Bilateral Ayiti genyen ak peyi a.

Sèvis nou ofri yo se:


itinéraire (rezèvasyon hôtel, ticket avyon, asirans vwayaj etc)
viza (service payant)

Nan , tout plezi nou se poun sèviw ak tout kè nou.

10/11/2022

————— —————

Jodia mwen vin pale de nou pou . Jan mwen te dil nan yon pòs avan, Viza touris pou Mexique fè pati de youn nan 3 kategori viza ke peyi Meksik ofri.

Viza touris la ye ?

Viza touris la se yon dokiman yap enprime sou paspòw, kap otorize ou ale Mexique pou yon bout tan. Map fèw konnen menm si ou gen viza a sou paspòw, Lèw rive Mexique, ajan imigrasyon an gen dwa poul verifye viza a ak lòt dokiman e menm gen swa deside si lap kitew antre nan peyi a ou pa.
Tout ayisyen gen bezwen yon viza pou antre Mexique. Viza touris la gen yon validité pou Sèlman 6 mwa, li kòmanse konte a pâti de jou yo apwouvel la.

ou ka fè ak Viza touris la?

Viza touris la fè pati kategori *Visa Visiteur*, ki Donk li pa abilitew pouw travay oswa antre lajan sou li. Si toutfwa ou ta fè sa, sa kapab koz ou pèdi viza a. Avèk viza touris la, ou Sèlman ka sikile nan peyi a, ou ka al nan reyinyon biznis tou, al lopital, elatriye men ou pa ka travay sou li.

viza touris la koute?

Pou le moman, viza touris la koute Sèlman 48 USD, ke wap gen pouw peye nan jou wap prezante dokiman yo.

dokiman ou gen bezwen ?

1- Yon fòmilè ranpli (Wap jwenn li sou paj anbasad la)
2- Paspòw ki valid (o mwen 6 mwa)
3- Yon foto idantite (Dimansyon Paspò)
4- Prèv de sòlvabilite ekonomik (jistifikasyon ke ou gen lajan pouw fè vwayaj la) oswa
5- ****Lèt envitasyon (si se yon òganizasyon ki envitew Mexique)****

prèv de sòlvabilite ou ka bay?

Prèv de sòlvabilite a vrèman enpòtan nan Lè wap fè demand lan, selon eksperyans nou, se yon eleman endispansab paske yo baze sou sa pou detèmine si yap baw viza a ou pa.
Kòm prèv de solvabilité, ou kapab bay swa:

1- Yon bancaire de 3 dènye mwa yo ki montre ke ou genyen mwayèn 2,595 dola US

Oswa

2- de paiements akonpanye de atestasyon de travay.

Oswa

3- Patant yon byen *immeuble* ke ou genyen sou nonw, ki egziste depi plis pase 2 an, e ki ap jenere lajan akonpanye de yon atestasyon bankè pou montre konbyen kòb ou antre nan 3 dènye mwa yo.

enfòmasyon Atestasyon de travay la dwe genyen?

Atestasyon de travay la dwe gen ladanl:
1- Nonw konplè
2- Pòs / fonksyon ou okupe
3- konbyen tan ou genyen anplwaye (2 an o mwen)
4- konbyen tan kontra a la
5- Salè pa mwa ou touche (865 dola us minimum)

lèt envitasyon an dwe gen ladanl ?

Si se yon òganizasyon ki envitew Mexique, ou pap bezwen bay yon prèv de solvabilité, òganizasyon an ap kouvri sa pou ou, cependant wap gen bezwen yon Lèt nan men yo kap gen ladanl:

1- Objektif Vizit lan
2- Konbyen tan Vizit lan ap dire
3- Pwomès ke òganizasyon an ap kouvri tout depans yo
4- Kopi pyès identité moun ki siyen lèt lan
5- Relevé bancaire òganizasyon an pou 12 dènye mwa yo, ki dwe montre yon sòld minimum de 8,435 dola US.

pouw prezante dokiman yo?

Pouw prezante dokiman yo, wap bezwen pran yon randevou nan Anbasad la. E se nan jou, nan Lè randevou a Sèlman yap resevwaw pou Analize dosye ou a.

pouw pran randevou ?

Nan pwochen pòs lan, map fè yon vidéo poum montre kòman nou kapab pran randevou.

ki gen Randevou ?

Chak fen mwa, toujou gen Randevou disponib pou pwochen mwa.

Sof nan moman nap ekri la, pat gen viza disponib akoz de raté gaz la.

Konsèy:

Yon moun ki vle al mandé yon viza touris, mwen ankourajew kòmanse pwosesis la 3 mwa davans. kòman ? Olye ou al peye 5 a 10 mil dola, ke pafwa se kòb ou mandé prete, mwen konseyew pran kòb sa, chak mwa mete 2 - 3,000 dola sou kont ou. Aprè 3 mwa, al mandé yon relevé bancaire epi prezante demand ou a.

Mèsi paske ou rive jis la !
Pa bliye nan , nou la poun sèviw ak tout kè nou.

Rete branche ! Abone ! Pataje nou epi nap wè nan pwochen pòs lan.

09/11/2022

Ou bezwen konnen ki kote ou ka ale ak paspò ayisyenw lan San ou pa al mande viza nan yon Anbasad ?
Tcheke pwochen statu a….

N.B: Lis la pa ko aktyalize pou fen ane a, paske cuba toujou nan lis gratis la men depi avril sa te chanje.

08/11/2022

Jodia mwen vin pale de .

se yon peyi ki pataje fwontyè ak Etazini, sa ki fè li konsidere kòm yon pon pou fasilite anpil moun antre etazini. Kesyon an se:
Kijan ou kapab antre ?
Ki tip de viza ofri ?
Kòman ou kapab fè pouw jwenn yon viza pou Mexique?

Jeneralman, Mexique 3 Kategori Viza, ki se:
1- Viza Vizitè (Visa Visiteur, Visa Visitante) San pèmisyon pouw fè Aktivite pouw antre Lajan
2- Viza Rezidans
3- Viza Vizitè ak pèmisyon pouw fè lajan.

Anndan chak kategori sa yo, genyen plizyè tip viza, tankou Viza touris, viza biznis, viza pou espò, viza pou regwoupman familial, viza etidyan, elatriye.

Nan yon pwochen pòs, map detaye chak tip de viza yo ak pwosesis pouw jwenn yon viza selon tip ou bezwen an.

Rete branche ! Pataje epi like paj lan pou pwochen pòs lan.

08/11/2022

Kiyès nou ye ?

(Travel & Immigration Assistance and Consultancy) se yon ajans ki ofri sèvis akonpanyeman a tout moun ki vle antame yon pwosesis vwayaj e imigrasyon. Pami sèvis nou ofri yo, ou ap jwenn:

-Asistans nan pwosesis demand viza (Mexique, Canada, USA, Cuba, elatriye)
-Asistans nan pwosesis imigrasyon (Rezidans, demenaje nan yon lòt peyi, etudye a letranje, elatriye)
-Asistans nan vwayaj (Achte tikè, rezèvasyon, elatriye)

Jeneralman, tout sèvis konsiltasyon nou yo gratis, nou pa touche anyen pou sa. Nou pa mande anyen pou nou eksplikew tout demach yo e edew swiv yo, Sèlman siw bezwen nou fè demach pou ou, nou kapab mande yon frè sipò.

Jodia se tou paw pouw bezwen èd nou, demen se ap tou yon lòt moun, Donk pataje paj la.

El coronavirus informático: los hackers aprovechan la epidemia para infectar tus dispositivos 08/02/2020

El coronavirus informático: los hackers aprovechan la epidemia para infectar tus dispositivos ☣️ 😷 💻☠️ 🧫

Servicios ItsCys..
Contactanos:
WHATSAPP 📱: 3325800901
CORREO 📨: [email protected]
INBOX.
ItsCys


https://www.google.com/amp/s/www.elespanol.com/omicrono/20200131/coronavirus-informatico-hackers-aprovechan-epidemia-infectar-dispositivos/463953911_0.amp.html

El coronavirus informático: los hackers aprovechan la epidemia para infectar tus dispositivos Los delincuentes en internet están aprovechando el tirón mediático del coronavirus para enmascarar virus de todo tipo en documentos  y vídeos.

08/02/2020

Sabias que existen varios tipos de virus informáticos??? No todos son dañinos, entre los virus más comunes que existen están los siguientes:

Servicios ItsCys..
Contactanos:
WHATSAPP 📱: 3325800901
CORREO 📨: [email protected]
INBOX.
ItsCys

04/02/2020

¿Ya sabes qué tipo de aplicación te conviene? Nosotros te asesoramos ¡Contáctanos!

Servicios ItsCys..
Contactanos:
WHATSAPP 📱: 3325800901
CORREO 📨: [email protected]
INBOX.
ItsCys

www.itscys.com 04/02/2020

Página web personal 💻

http://www.itscys.com

www.itscys.com Una aplicación web o móvil, una página web permite que su negocio o organización tenga mayor alcance y usuarios, por lo tanto aumenta su productividad. Una infraestructura IT ha de ser capaz de proporcionar una plataforma que se adecúe a las aplicaciones y funciones que una empresa requiera, si...

Vous voulez que votre entreprise soit Agence De Voyages la plus cotée à Port-au-Prince ?
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Vidéos (voir toutes)

Immigrer au Canada

Téléphone

Adresse


#28 Delmas 33 Prolongé
Port-au-Prince

Heures d'ouverture

Lundi 09:00 - 17:00
Mardi 09:00 - 17:00
Mercredi 09:00 - 17:00
Jeudi 09:00 - 17:00
Vendredi 09:00 - 17:00

Autres Agence de voyage à Port-au-Prince (voir toutes)
Voyage Nassau-Bahamas Voyage Nassau-Bahamas
Port-au-Prince

Nap k edew rantre Bahamas de fason legal

Maceus International Travel Agency Maceus International Travel Agency
Rue Edmond Paul
Port-au-Prince, 01509

voulez-vous voyager? nous avons tout ce qu'il faut pour vous servir

JF Multi-services & Agence JF Multi-services & Agence
204 Avenue John Brown
Port-au-Prince, HT6110

Nous sommes ici pour vous servir dans vos voyages et vos pieces importantes..

Oe victoria agence de voyage Oe victoria agence de voyage
Petionvle
Port-au-Prince, ED

Business accunt

Vasia agence de voyage Vasia agence de voyage
Pétion-ville
Port-au-Prince

GROUP GRAAL GROUP GRAAL
Port-au-Prince

Online purchase (SHEIN,AMAZON,EBAY ..) Shipping services from USA � , Haïti � Visa dominicain � Passeport Légalisation de toutes pièces

T-Bo Multi-Services & Agence de Voyage T-Bo Multi-Services & Agence de Voyage
Port-au-Prince

Nou bay bon sèvis epin pi rapid !

Le Voyageur Tours & Faucon Agence de Voyage Import Export & Cargo Le Voyageur Tours & Faucon Agence de Voyage Import Export & Cargo
Lalue
Port-au-Prince, 509

Voyager autrement

Cesar agence de voyage Cesar agence de voyage
Port-au-prince
Port-au-Prince

AGENCE DE VOYAGE

Astroworld Agency Astroworld Agency
Maïs Gâté 7
Port-au-Prince

Koze Vwayaj Koze Vwayaj
Delmas 19 Rue Leonard #39
Port-au-Prince

Depi se zafe vwayaj nou la pou nou edew

Agence Oriental Multi services de Voyage Agence Oriental Multi services de Voyage
Port-au-Prince

Agence oriental