WAYAL

WAYAL

Wayal une entreprise de créativité dans le secteur textile

Photos from Impact Hub Port-au-Prince's post 22/02/2024

Rejwenn nou nan kominote a sou Facebook pou w patisipe nan Giveaway sa n ap òganize pou relansman kominote dijital la. Rejwenn nou: https://bit.ly/ihpapdigitalcommunity

Objektif giveaway sa a se re-konekte, re-enspire, ak re-dinamize kominote a.

🎁 Prim yo se:
1️⃣ Yon Apple Gift Card $25 US
2️⃣ Yon Domestika Gift Card $20 US (pou w swiv kou an liy)
3️⃣ Yon plan hub Pam nan Impact Hub PauP

Men sa w dwe fè pou w patisipe:
1. Vin yon manm ofisyèl: Ranpli fòm sa nan 3 minit pou w vin yon manm ofisyèl nan kominote Impact Hub P-au-P pou ede nou adapte kontni kominote a, evènman yo, ak diskisyon yo pi byen nan enterè ak bezwen ou yo.

2. Pataje enspirasyon w: Pataje yon bagay nan kominote a ki enspire w - li ka yon videyo, yon sitasyon, yon liv, yon foto oswa yon moun. Di nou poukisa li enspire w.

🗓 Dat limit: Enskripsyon yo dwe soumèt anvan 10 mas.

Si w poko nan kominote a, rejwenn nou: https://bit.ly/ihpapdigitalcommunity

Photos from WAYAL's post 25/08/2023

Femme ne laisse jamais quelqu’un vous dire “ vous n’y arriverez pas”. Ne vous sous estimez pas, ayez confiance en vous et créez votre propre définition du succès

Photos from WAYAL's post 08/03/2023

Mwen dedye jounen sa ak tout fanm vanyan, ki gen kouray pou afwonte lavi.

09/12/2022

9 décembre 2019 - 9 décembre 2022

Mesi ak tout kilyan kite fè nou konfyans, lè nou te lanse WAYAL . Mesi ak tout Moun pou konsèy yo, nap fè efò poun korije tout erè , poun bay Yon pi bon sevis toujou.
Nou pap abandone malgre difikilte nap rankontre, nap korije e travay pi Di poun vanse pou pi devan.

Nou renmen w anpil , kontinye fè nou konfyans . Siw potko rantre nan fanmi Wayal nap envite w fè sa kounya ou pap regret.

30/11/2022

11 mois pase , rete Yon mwa pou ane 2022 fini.
Nan Yon peyi plen latwoublay, eske mreyalize tout pwojèm yo ? Eske sa vle Di ke mpap rekomanse an 2023 ?
Gen Yon sitasyon ki Di:
La frustration d'hier doit déjà être la motivation d'aujourd'hui.
Menm si ou santi w pa enspire ni motive, tande sa kè w Di, reflechi e reponn ak dezyem kesyon an.



😀😀

10/11/2022

Différent style avec un kimono Wayal
Sa wap tann pouw pran youn

01/10/2022

Brillez de mille feux avec Wayal

29/08/2022

Pa kite okenn Moun , ni eprèv lavi a fe w pa viv bel moman sa yo.

Pa bliye Wayal vle make moman sa yo pou ou, jis HT yon bikini Wayal. Sezon ete a poko fini

Photos from WAYAL's post 25/07/2022

Pa dim wap prepare 2eme mwa vakans san ou pa HT Yon bikini Wayal.

Yon vakans san Yon ti beny pisin, san Yon ti beny lanmè. Mpa kwè wap rele l Vakans🤦

Ekri nou pou bikini paw la

Photos from WAYAL's post 28/06/2022

Eske ou konnen kisa Yon bikini ye?

Yon bikini se yon mayo de beny ki an 2 pyes, soutyen ak kilot .

E Ki kote bikini soti?
Se nan lane 1946 ke Louis Réard kise Yon fransè , li envante bikini paske medam yo te konn rekase mayo beny yo pou yo ka bronze ( sa vle Di bay ko yo Yon ti solèy).
Sezon ete se Youn nan sezon ki fe Cho anpil, chaje plezi e plaj yo toujou chaje ak Moun.
Wayal panse ak bikini wax pou nou 100% koton
Eske ou plase komand paw la deja?





#100%Cotton

23/06/2022

Mwen te toujou swete patisipe nan foire, vini ak nouvèl akseswa ke ou ka fè ak twal afriken.

E Mwen te reyisi jounen sa , Mwen te reyisi l pa paske Mwen te rantre anpil lajan jou sa . Men paske tout Moun kite vizite tab Wayal te remake ke tab sa te diferan ( se te pawol prof Nicolas nan lekol juvénat sacré coeur Carrefour). E ki te tou profite envitem nan foire nan juvénat malerezman ki pat Yon jou ferye. E Mwen swete onore pwomes sa lot ane si m gen lavi toujou.
Wayal ap tann ou e ou pap regret

Ete a rive, eske ou HT bikini Wayal paw la deja ?

Kontakte

Photos from WAYAL's post 12/06/2022

L'été s'annonce, l'été s'annonce se pa lè pou w kay blan.
Se lè pou nan peyi w , vin pase vakans, vin pran beny lanmè ak bikini Wayal.

Ki avantaj ki genyen lèw itilize Yon bikini ki a 100% koton ?
Koton se Yon matyè natirèl, pifo moun santi yo byen le yo mete yon rad oubyen linj ki gen koton. Sa vle Di lè po yo an kontak li pa fe anyen, paske se pa tout po ki byen nan nenpot twal. Se sak fe se linj ki fèt ak koton ki vann pi rapid ke lot yo.

Koton évite w pran alèji oubyen po w irite lè li an kontak ak li.

Chwazi bikini Wayal, se inkane konfyans, konfò, sekirite e dousè lè wap benyen ak li. Vin viv eksperyans sa ak bikini Wayal

Photos from WAYAL's post 07/06/2022

Eske w konnen ou ka transfome Yon wob senp, Yon pantalon, Yon chemiz ak Wax Africain ?

Sa fe kek mwa nou wè sou Facebook vidéo kote gen designer kap dechire wob sou medam Yon nan lari pou pote Yon touch spesyal nan wob sa. E nou wè transfomasyon an.
Ou ka pote Yon transfomasyon sou Yon wob ou fel tounen jip oubyen Yon lot bagay sa rele resyklaj. lot semen Map montre nou Yon chemiz ki gate ke Wayal resykle. Ni tou ou ka toujou renmen wob sa men ou vle ajoute Yon touch spesyal ladann tankou penti, oubyen ak Yon lot twal ou fè flè, kè, papiyon elatriye.

Jodia Map montre w koman Wayal transfome Yon wob senp e mete Yon twal Wax afriken ladann.

Ou vle Youn konsa?
Kontakte

01/06/2022

Dèfwa manvi bay vag akoz obstak map rankontre tankou sitiyasyon peyi a ak lot pwoblem melanje ak fatig. Men lèm sonje ke chak obstak ki devan w gen yon opotinite ki kache deyè l, chak lè ou pran yon so ou dwe leve pou w vanse pou pi douvan paske ou pa dwe abandone sa w te komanse a.

Se premye fwa m planifye yon ane, ekri tout sa mdwe fe nan kanè, men se ane mjwenn plis defi poum relve. A chak defi m relve, yon lot parèt men mpap abandone paske lavi se pou moun kap pran baf nan men l men ki pap bay vag.

Gras a Dye mte swete patisipe nan Yon jounen pòt ouvè pou poum grandi lis kliyan m yo. Yon nouvo mwa, nouvo objektif. Resyklaj de Yon chemiz ki te gate

08/05/2022

Yon 8 mai menm jan ak jodia kote Yon solda, Yon papa,Yon Wa, Yon sevitè Bondye te pran nesans . Yon solda paske li konn kijan pou l konbat ak lavi a pou l fè edikasyon 4 pitit fi Bondye te ba li. Yon papa ki renmen pitit li anpil , ki renmen Moun anpil , e ki fè anpil sakrifis pou nou soti sitwayèn onèt. Yon sevitè Bondye ki toujou metel nan sèvis Bondye , frè ki toujou sou lapriyè , le lap priye pou lap site pi l nom mpa menm konnen dèfwa. (Priyè fré sa se 1h li dire😁😁). Yon Moun ke tout zanmi m ta renmen genyen pou telman li saj.

Jodia mvle swete bòn fèt Dady, ou se Yon egzanp pou nou. E Mwen renmen w anpil
Yon Wa pou tout Ayiti☺️☺️

05/05/2022

Nan definsyon lavi, echek se Youn ki fe pati de lavi a. Eprèv yo la pou edew amelyore e reyisi yon prochèn fwa. Ou dwe toujou anbraze lavi ak antouzyasm nan komansman tout bagay nan lavi w , swa nan koup oubyen nan zafè travay ou. Toujou fikse objektif, kelkeswa moman wap viv lan e konsa pou w ka toujou ekselan.

La réussite , c'est d'aller échec en échec sans perdre son enthousiasme.

Yon touch spesyal nan abiman w ,se Youn nan objektif Wayal. Kite l fel pou ou

11/04/2022

Pou Mwen, souri se pi bel makiyaj Yon fanm te ka genyen sou visaj li. Menm si pwoblem, obstak ki devanw lan konn vle retire souri sa, men toujou sonje souri.
Souri lè lavi vire do baw
Souri lè lavi a vle foure dwet nan je w
Souri chak le Yon moun byen tretew , e menm lè li pa byen tretew
Souri pou kontajye tout lot Moun ki vle dekouraje

Depiw met Wayal ou pa ka pa souri

27/03/2022

Chwazi Moun ki renmen w

Yon Moun ki renmenw ap akseptew jan w ye , malgre defo w paske li konnen ke pa gen Moun ki pafè.
Yon Moun ki renmen w prè pou l fè sakrifis pou ou
Yon Moun ki renmen w ap proteje w nan tout sans
Yon Moun ki renmenw pap mize sou pwoblem yo men lap edew jwenn solisyon
Yon Moun ki renmen w ap baw Yon lanmou san mezi e ak tout kè l
Renmen Moun ki renmen w

Wayal rive Canada ui zanmi m yo ,kontaktem pou paw la
abiye an fanmi ak Wayal ❤️❤️❤️

Photos from WAYAL's post 08/03/2022

Fanm po nwa, po wouj, po jòn tout gen dwa pou yo fe sa ki fe yo plezi. Yo tout merite menm tretman nan men gason. Yo gen dwa sou kò yo, sou sa yap aprann, yo gen dwa Di non si yo pa sou fè seks paske kò yo se pou yo, yo ka chwazi metye ki fè yo plezi, yo ka chwazi oryantasyon seksyel yo, Moun yo vle a machan, prostitiye, avoka, medsen, antreprenè, agronom, infimye elatriye . Yo tout gen dwa.


'sDay

03/03/2022

2mwa gentan pase , ou poko janm ekri objektif ou yo toujou. Sa wap tann , oubyen ki sa w pè , sak anpeche w avanse. Wap tann ou gen anpil lajan pouw komanse , ki kote w pral jwenn li si sa ki Piti nan menw lan ou pa travay li. Wap tann peyi a bon , dim kilè sa ka chanje. Ou pè pran echek dim ki dim ki entrepriz tt bagay ale dous pou yo.
Dim ki moun lè yo tonbe yo pa kouri leve atè a. Ebyen biznis se konsa
Eseye, eseye jiskaske ou jwenn rezilta.

11/02/2022

Kisa ou ka mete nan Yon sac a main

Sac yo vin endispensab ni pou medam yo ni pou Mesye yo, sitou nan peyi nap viv la.

Lew gen Yon sac a main konsa ,Kisa ou ka mete ladann?
Model sa se Yon sac ou ka ale legliz, nan maryaj kap fet maten, Al nan biwo.
1- wap bezwen Yon pochèt (bous) ki ap gen Kat identite, Yon plim épi lajan likid ou lot, Yon kle USB, Yon ti kanè pou not
2- Yon mini trous ijyen ( sevyèt ijyenik,pansman épi Yon konprime ki pou doulè)
3- swen bote (poud, glos oubyen wouj a lèv)
4- akseswa pou sezon ( tankou parapli si w nan sezon siklòn)
5- chajè telefòn ou
6- Yon liv ( si toutfwa ou pral pran bis, oubyen ekoutè pouw tande mizik pou evite deranje Moun ki kotew)
7- hand sanitizer
8- bagay ki pou kenbe bouch ou fre ( chiklets, sirèt mant, spray pou bouch)
9- Yon ti goute siw ta grangou ( se pa gwo bagay non, tankou lays ,chitos)
10- Yon sak pliyab oubyen nan koutim ayisyen Yon sachè.

Pa bliye komande sac a main paw nan Wayal, akonpanye chokola ak Yon sac pou medam yo.

Photos from WAYAL's post 01/02/2022

Mwa février, mwa Pèp nwa , mwa lanmou, mwa pouw deside koman w vle pase res mwa yo siw pat gentan fe sa nan mwa janvye. Mwa pou w rejte pwokrastinasyon, pou w aprann jere emosyon w, pou w komanse met strateji deyo pou reyalize rev ou pandan ane 2022 sa , pou w tet ou plezi.

Pa bliye pou komande abiman an koup pou 14 fevrier
Bon mwa fevrye

28/01/2022

Choisit le meilleur dans le domaine de la tenue vestimentaire , d l'expression verbale, de la conduite. L'élégance est une manière d'être, de se tenir, de parler .

A 25 ans on dit que la femme se distingue de par son goût ( li pa mete tout stil model rad ki vini ki alamod), son choix en matière de vêtements.

Alors j'ai choisi de porter les vêtements cousu en tissu Wax africain.
Contacter Wayal pou paw la

Photos from WAYAL's post 24/01/2022

Istwa a main la depi sou tan esklav, e se Yo kite konn rasanble pwal chèv pou yo reyalize Yon valiz. Tan ap pase ,se konsa vin gen diferan tip valiz tankou Sacoche, sac a Bandoulière, sac a dos, shopper, sac baguette, sac de sport elatriye. Yo chak la pou Yon okazyon
Tan pase yo te konsidere l tankou Yon akseswa pou fanm, men kounya gen sac pou gason.

Jodia map prezante nou sac a bandoulière , se Yon sac ki pou fi, pou gason ki vini sou mache a nan 1950. Se Yon sac pou pwomnad, sitou weekend, Yon sac de voyage.
Kijan Yo pote l, kont kò w épi nan epol, ou ka mete l ak tenue dekontrakte e senp tankou Jeans, Wòb oubyen Jip. Rete konekte ak paj Wayal sou Facebook ak Instagram pouw kon plis enfo sou diferan tip sac e ki sa ki esansyel pouw mete nan Yon sac. Se prochen ti koze nou.

Pa ezite kontakte Wayal pou pase Yon semèn, Yon weekend en

19/01/2022

Jodia mpral pale nou

Anpil fwa Mesye yo konn ap Di medam yo le yo byen abiye , ou trè élégante. Men mpral aprann nou vreman sens mo ki pa selman abiman .

Être élégante, c'est se distinguer des autres et de l'ordinaire. Si vous voulez être élégante, commencez par ne pas faire comme tout le monde ( tout stil ki a lamod ,ou gentan ladann), ne pas suivre la dernière mode à tout prix , surtout oubliez la vulgarité.

Être élégante, c'est de choisir votre propre style, ce qui vous ressemble et qui vous va ( mete rad ki few byen) et c'est cela qui va vous distinguer ( look sophistiqué ou simple)

L'élégance ne s'agit pas seulement de mode, de vêtements ou de style mais avant tout un état d'esprit, C'est à dire il faut être belle a l'intérieur.

Rete konnekte sou paj Wayal pou konn plis sou

17/01/2022

Ki kote istwa turban soti?

Depi lontan les Perses te konn pran twal pou yo enwoule tèt yo. E sa fè pati de kilti yo nan istwa relijye.

Se nan 18e siècle ke turban vin Yon akseswa nan gad wob fanm oksidantal. Aprè turban vin preske tout mond lan, nan peyi Europe occidentale ( Grèce), Afrique, Asie ( Afghanistan, Inde, Bangladesh) e menm relijyon vin antre nan zafè turban tankou Christianisme, Islam, judaïsme ( sitou pou juif yo)

E jodia li plis Yon akseswa pou fanm , e li trè an vog nan 21e siècle . Fanm yo mete l lè yo nan kay, promenad, nan travay ,legliz elatriye.

Rete konnekte ak Wayal sou paj Facebook ak Instagram pou konn diferans de turban ki genyen.

Pa ezite mande Wayal turban paw

12/01/2022

Aprann vize rèv ou pi wo ke pwoblem ou gen pouw konfronte nan vi sa. Nouri lespri w ak choz pozitif , épi wap wè koman laviw pa menm jan ak ane pase yo.

07/01/2022

Le wax est un tissu très coloré avec  divers  motifs. Un motif choisi est répété sur tout le tissu. Ils sont  souvent de grandes dimensions et avec des couleurs contrastées pour être bien visible . Ce sont des éléments de communication  visuel , le wax transmet un message, le motif peut être  choisi selon  des événements , l’actualité etc… On trouve par exemple des motifs géométriques, des impressions fleuries, des objets symboliques, des portraits de personnalité ou de membres familiaux ,  des animaux etc…

Wayal ap few konnen ke gen Yon nouvo stock disponib. Chanje abiman w , oubyen ajoute Yon touch spesyal nan abiman w ( brezo, kravat pou fanm, valiz elatriye )
Kontakte nou pou Yon bel chemiz ,Yon wob, Yon jip pou tout okazyon.

Photos from WAYAL's post 05/01/2022

Yon nouvo chapit ajoute nan istwa lavi m, Mwen vle remesye Dye avan pou ti souf la ki toujou nan Mwen, pou fos li banm poum sipote kelkeswa difikilte mrankontre.
Pou lajwa li toujou met nan kèm, pou fanmi sa ke li banm ki toujou la nan moman lajwa ak moman tristès Mwen yo. Mesi pou zanmi ki toujou ap banm konsey e kap edem jwenn vrè Géralda. Paske mpa pafè, mgen defo ak kalite menm jan ak tout Moun.
Mrenmen nou anpil😍😍😍😍😍😍


👑

02/01/2022

Chak ane nou toujou ap rankontre difikilte swa nan biznis nou ,oubyen Yon lot bagay. Men nou toujou ap plenyen pou obstak sa yo. Men pito nou plenyen annou konveti yo. Paske chak obstak gen Yon opotinite ki kache deyel
Chak pwoblem ka konveti an pwojè
Rèv ou yo fe yo vin reyalite
Sitiyasyon peyi a Di NON, men annou NEGOSYE l

Paske lavi a se ESEYE, ESEYE ANKO, ESEYE YON LOT FASON pouw jwenn bon rezilta. Se ou ki pou fe ane w bel, se pa li kap fel pou ou.
Ann Vanse , Ann pa abandone

Vous voulez que votre entreprise soit Magasin De Vêtements la plus cotée à Port-au-Prince ?
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Vidéos (voir toutes)

Kè kontan, lanmou , pasyon , briye se tout sa yo ou santi lè w met Wayal😍😍😍
Différent style avec un kimono WayalSa wap tann pouw pran youn#Wayal#BrillezDeMilleFeux#KimonoWayal
Brillez de mille feux avec Wayal#KimonoWayal
Bikini Wayal
Mwen te toujou swete patisipe nan foire, vini ak nouvèl akseswa ke ou ka fè ak twal afriken.  E Mwen te reyisi jounen sa...
Wayal livrezon
Siw vle vin Gran komanse pitiJanvier 2019 mwen te gen yon ide kise vann model an wax. Mwen pat gen lajan, mwen te jwenn ...
Siw vle vin Gran komanse pitiJanvier 2019 mwen te gen yon ide kise vann model an wax. Mwen pat gen lajan, mwen te jwenn ...
Gen yon jan ou defile lèw met Wayal#QueenSarahdeJeff#posteanRènakWayal#Wayal
Ou ta renmen gen yon brezo ki fet ak twal afriken, yon pochèt, yon kravat. Kontaktem nan 36822912, 40223436 #Wayal # Pos...

Téléphone

Site Web

Adresse


Port-au-Prince
HT6113

Heures d'ouverture

Lundi 09:00 - 17:00
Mardi 09:00 - 17:00
Mercredi 09:00 - 17:00
Jeudi 09:00 - 17:00
Vendredi 09:00 - 17:00