Dr J'ai Froid

Informations de contact, plan et itinéraire, formulaire de contact, heures d'ouverture, services, évaluations, photos, vidéos et annonces de Dr J'ai Froid, Santé, Delmas 33, Port-au-Prince.

01/01/2023

Bonne fête de l'indépendance et heureuse année 2023!

Photos from Dr J'ai Froid's post 25/11/2022

Journée de retrouvailles de la promo avec le laboratoire Farmatrix qui nous accompagne depuis les préfacs jusqu'à X ce 24 Novembre 2022.

24/11/2022

Dr Maxime Lafaille un camarade de la promo dans ses œuvres !

13/11/2022

KI SA KI ULCERE DE LA JAMBE LA?

Mo ilsè a anpil moun nan peyi Ayiti konn tande li men anpil fwa yo pa vrèman konprann sa li vle di. men jodi a mwen vle explike nou sa ki ilsè a vreman.
Ilsè se lè ou gen yon kantite sibtans k’ap pèdi nan yon ògan ou nou ta di se yon ògan ki ap pèdi pati ki fome li. Tankou lè nou di ilsè estoma se le ou gen nan mikez ki se kouch ki tapise ou glasiye anndan estoma k’ap dechikte e li vin kreye yon blesi, se yon fason pou mwen di ou depi yon ògan gen pati k’ap pèdi ladann yo kapab rele l’ ilsè ògan ki frape a. Tankou nou ka pale de ilsè coneyen nan zye nou e ilsè janb lè nou gen pèt sibstans nan ògan sa yo.
Janb menm selon kote ou sòti, tankou nan peyi mwen nan nò Ayiti, le moun nan di ou janb li vle pale de ògan jenital li. Janb nan anatomi moun li vle di pati nan kò ou ki chita ant cheviy ou e jenou ou tout moun rele li pye ke yo mache e poutan pye nan anatomi vle di soti nan cheviy pase nan pla pye plis zotèy yo.
Ki donk ilsè janb la se le ou gen sibstans kap pèdi nan po pye a ki kronik san li pa gen tandans pou li sikatrize. Li vin bay yon blesi ke yo kon di maleng tou depan zòn ou ye yo konn di tou se yon pye java e moun yo konn menm ale pi lwen pou yo di se yon kout poudr yo pran depi plus ke setan ki pa janm trete paske poudr pa trete konsa.
Ki sa ki lakòz e kouman ilsè a presante?
2 koz ki kapab bay ilse janb la se:
1. Koz vaskile ki plis responsab, met kesyon a 90 %
2. Koz enfeksyon, e lòt kòz tankou tromatis nan pye men ki pa fasil pou rive a 10%
Menm jan avèk anpil lòt ògan nan kò nou, janb nou yo dwe resevwa san e san dwe bay sibtans nesesè pou yo fonksyone e san dwe kite yo tou pou li retounen nan kè pou li ale trete nan poumon nou pi li k resèvi.
E ben 3 veso sangen ki responsab sa: atè yo kap mennen san nan janb la , kapiye yo kap fè echanj la e ven yo kap retounen avèk san nan ke nou.
E ben maladi ki devlope nan ven yo represante 70% kòz ilsè janb la e maladi ki devlope nan atè yo presante 10 a 15% e dèfwa yo tou 2 ansanb 15%.
POU VÈN YO
Se san ki fin rive nan pye ki pa kapab retounen byen. ki sa li bay kom konsekans
• Sikilasyon san vin ralanti
• Kapiye vin gonfle ak san, ki pral fè pye yo anfle sa yo rele edèm pye ou ben maladi gro pye.
• E globil blanch pral agrese veso yo, ki pral fè libere yon group sibtans tankou: sitokin, lekotriyèn, anzym kap degrade proteyin yo avèk apil radikal lib
• E ki pral bay soufrans nan tisi nan pye a
Prezantasyon plè a
 Li otou maleyòl yo, souvan piro maleyòl entèn
 Li prop nan k yon varis = ven dilate
 Janb noun nan anfle ou gro pye e pye yo lou
 Li kapab gen ti doule ou pa genyen li
 Li pap fon li plis k elaji
 Li souvan la lontan e se yon nan rezon ki fe moun nan ap diw koud poudr pa soti konsa sou moun.
POU ATÈ YO
Se yo ki nouri ògan nou yo, depi yo malad tankou enflamasyon yo - aterit, l’ap lakòz
• Pye pap byen resevwa ou pa resevwa oksijèn avèk eleman nitritif k bon pou li.
• Puiske yo pa nouri, sibtans toksik pral plen yo, yo pral sofri e vin iskemye pa laswit mouri pou yo vin nekroze = pouri.
Prezantasyon plè a
• Li souvan devan e deyo pye a, li pap pran tan pou li gaye nan tout pye a
• Doulè a chita la,li menm anpeche malad la dòmi
• Po pye moun nan vin nwa e lè wap gade li wap wè kote li bone a e lap pran plis teritwa chak jou.
• Li rive souvan kay dyabetik, ak moun ki gen tansyon ro yo e moun ki te sibi yon tromatis nan pye.

KI MOUNKI PLIS EXPOZE AK ILSE JANB LA?
 Se moun aje, souvan alite
 Se moun ki konn fimen
 Moun ki dyabetik, ki soufri tansyon ro
 Moun ansent, moun obèz
 Moun ki t resevwa yon tromatis
 Moun ki konn kape anpil
 Moun ki gen problèm kolesterol
 Moun ki gen TVP e mou ki gen istwa ilsè janb nan fanmi yo dwe veye li.
Ki donk ou gen maleng nan pye epi pye ou anfle, sa pa vle di se manje yo ap manje ou. Gen trop koz ki ka fè ou malad nan pye, tankou nou pran ilsè nan janb avèk lòt tankou:
1. Maladi nan kè, maladi nan ren
2. Yon lenfom, yon kansè nan po
3. Malpeforan plantè, gangrèn etc
E fok mwen raple nou, ilsè janb nan ka vin konplike pou li koze
1. Enfeksyon q ka mennen ou nan yon eta chòk ki kap koze lanmò si sa pran an chaj rapid.
2. Li ka vin bay kansè, emoraji, eczema
Ki donk, li ka menen ou nan retire janb = anpitasyon janb la. Pi bonè se granm maten le ou wè siy ak semptom sa yo se lopital pou ale avan tout sa ou panse.
Dr Geffrard, zanmi wap swiv la!
Envite zanmi ou suiv paj la, svp!

Photos from Dr J'ai Froid's post 11/11/2022

cérémonie de remise des lettres d'affectation de nouveaux résidents de 3eme cycle d'études médicales de la Faculté de Médecine et de Pharmacie, de Biologie et d'optométrie de l'UEH, ce vendredi 11 Novembre 2022.

27/10/2022

Ki sa yo rele lekore a yo rele li tou ekoulman?
Lekore a se lè aparèy ge***al fi a ap bay yon likid ki pa ge san ladann.
Se yon senptom ki dwe fè nou panse ak yon MST, men sa pa vle di depi fanm nan wè lap bay likid nan pati jenital li se malad li malad pou sa, paske lekore a gen 2 tip: gen youn ki fizyolojik, sa vle di fanm nan pa malad e gen youn ki patolojik se li menm ki bay problèm nan e lè sa li dwe trete. Li menm konn parèt difisil pou menm yon profesyonel sante diferansye yo.
Ki lè li fizyologik, ki lè l’ap paret e ki sa ki koz li?
1. Se lè likid la gen karaktè sa yo
• Li papi irite bouboun fanm nan
• Li pap gen move lode
• L’ap opal limyè ap travese li
2. l’ap parèt sutou avan fanm nan gen mansyèl li e li konn parèt ogmante ant 8 e 15yèm jou nan sikl fanm nan.
3. Koz li se yon fè nomal ki vini de dekrasman vajin an avan mansyèl li e li kapab yon glè selil ki anndan kol matris fi a sekrete.
Nan sans sa, n’ap di fanm nan pa gen pou li pran medikaman pou sa paske se yon fè nomalman fisyolojik, li pa malad pou sa.
Ki lè li se maladi, ki le l’ap parèt e ki sa ki koz li?
1) Se lè likid la gen plizyè nan karaktè sa yo
• Li kapab irite vajin an
• Li kapab gen gratèzon e bay doulè tou le lap fe s*x e aprè rapo s*x
• Li gen move lodè
• Li vini an gran kantite
• Koulè a ki drol tankou vèt, blanch, jòn, griz, etc.
2) Li pa gen yon orè ekzat pou li vini, men defwa se kek jou aprè yon rapo seksyèl ki pa proteje ou ben yon dlo kontamine ke fi a te sevi avè l’ ou kèk jou aprè yon kontaminasyon.
3) Majorite ka ekoulman sa se yon jèm ou mikrob ki bay li, nan jèm say o nou k site tankou:
• Trikomonas
• Chanpiyon
• Gadnerela vajinalis
• Gonokok
• Klamidya/mycoplasma
• E yon paket lot jem banal
Empotan: gen anpil moun ki gen risk pou devlope ekoulman paske yon gen yon malady deja tankou VIH/SIDA avek moun dyabetik yo ou ben moun q gen yon systèm defans frajil.
Chak koz sa yo gen fason yo prezante e trètman yo diferan. Sa fe nou konprann, ou pa ka pran nenpot medikaman pou yo, se yonn nan rezon ki fè ou pa dwe achte medikaman jan nou vle pou nou trete yo paske yon zanmi t diw li gen ekoulaman pou panse se menm koz la epi ou ale pran menm medikaman li t pran pou panse ou pral trete.
Nan sans sa, m’ap ankouraje medam nou yo, lè nou gen problem ekoulman c pou nou chèche wè yon medsen.
Se zanmi nou Dr Geffrard pou konsèy la!
Like paj la, mesi!

Vous voulez que votre entreprise soit Société De Santé Et De Beauté la plus cotée à Port-au-Prince ?
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Vidéos (voir toutes)

Dr Maxime Lafaille un camarade de la promo dans ses œuvres !

Téléphone

Site Web

Adresse

Delmas 33
Port-au-Prince
Autres Médecine & Santé à Port-au-Prince (voir toutes)
Centre de Santé SOVE LAVI Centre de Santé SOVE LAVI
#10, Fontamara 27
Port-au-Prince

Le Centre SOVE LAVI est un établissement de santé offrant ses services dans la région de Martissant

SANTE PLUS SANTE PLUS
Laboule 14, #94
Port-au-Prince, HT6145

Nous transformons en remèdes tout ce que la nature nous offre pour optimiser votre santé.

NOU EGal NOU EGal
Port-au-Prince

C'est un mouvement visant à organiser et élaborer des strategies contre le racisme avec pour objec

Dr Gandhi Bien-aimé Dr Gandhi Bien-aimé
Hôpital De L'université D'État D'Haïti
Port-au-Prince

Dr James Gustave-health for a good life Dr James Gustave-health for a good life
Léogane
Port-au-Prince

Cette page est créée dans le but de sensibiliser la population haïtienne sur la santé en se basa

Polyclinique 261 Polyclinique 261
261, Rue De L'enterrement
Port-au-Prince

Polyclinique261 est un établissement de santé visant à fournir des soins préventifs et curatifs, généraux et spécialisés dans un cadre novateur tout en tenant compte des critères d...

Dr Brutus Dr Brutus
Rue Borgela, #112
Port-au-Prince

Priyorize sante 'w !!!

Clinique Médicale de la Fraternité Clinique Médicale de la Fraternité
Fontamara 27 Prolongé # 20
Port-au-Prince, 509

Clinique Médicale de la Fraternité offre ses services dans plusieurs domaine; Consultation générale,laboratoire,observation, Planning familiale,Services dentaires

Yves Calixte Yves Calixte
Route De Delmas
Port-au-Prince

Page Officielle de Yves CALIXTE

Spécial Braces Spécial Braces
Silo R , Delmas 75 ( Bò Mache Silo) Et Delmas 34 Complexe Seven Stars
Port-au-Prince, 6110

Chirurgien dentiste

Joulajou Joulajou
Clercine 2
Port-au-Prince

Present pour Vous aider a rester en bonne santé