santé au Naturel

santé au Naturel

se nourrir à la naturelle pour être en bonne santé

18/05/2024

Ou konn tande pale de H pylori men èskew konnen se pa yon maladi ki rele konsa ??
Dezyèm pati !!!

Maladi a rele ( Ulcère gastro-duodénal ) ale sou paj nou ki se santé au Naturel pouw jwenn premye atik la siw potko wèl e konsa tou wap byen konprann dezyèm pati atik la !!!

Daprè yon etid realize an frans 90000 moun gen yon ulsè chak ane e nan 85 a 95% ka yo se H pylori ki koz e yon moun plis ka fè ( Ulcère duodénal) ke ( Ulcère gastrique )

Nan premye pati atik la nou te pale de kisa ki H pylori a ak kisa ki Ulcère gastro-duodénal epi kisa ki koz yon Ulcère gastro-duodénal.
Nap kontinye pale de koz yon Ulcère gastro-duodénal ak plis enfòmasyon !!

3 faktè ki koz ou fè yon ( Ulcère gastro-duodénal) !!!
Nan lestomak ou gen 2 group selil youn kap produi asid ki pou fonn manje a ( suc gastrique) epi yon lòt group selil kap produi yon sòt de substans ki rele ( mucus ) pou proteje lestomak la kont asid sa ebyn H pylori ki se premye faktè ki bay Ulsè a li atake dezyèm group selil la e lè sa li fè pati nan lestomak la li atake a anfle sa rele ( gastrite ) e lè enflamasyon sa pa trete asid la jwenn yon trou vid poul manje lestomak la nan pati ki anfle a e lè sa ou devlope yon ( Ulcère gastrique ) e se menm bagay la tou pou ( Ulcère duodénal la ) epi H pylori a reziste kont efè asid la.

Dezyèm faktè a se yon group medikaman ki rele ( Anti-inflammatoires non stéroïdiens AINS ) ak ( Aspirine ) 2 medikaman sa yo bloke sekresyon yon anzim ki responsab poul ankouraje dezyèm group selil nan lestomak la produi ( mucus ) sa ki vin koz asid lestomak la jwenn mwayen poul manje anndan lestomak la e lè sa ou devlope yon ( Ulcère gastrique ) e se toujou menm bagay la pou ( Ulcère duodénal ) la.

Twazyèm faktè a se yon tumeur trè ra ki koz lestomak ou produi anpil asid donk vin gen plis asid e mwens proteksyon arive yon lè wap devlope yon Ulsè.

Ki siy ak senptom ki ka fèw panse ou gen yon Ulsè ??
Wap santi yon doulè ant anba tetew ak kèk santimèt anlè lonbrik ou pati sa rele ( epigastre al gade nan imaj la ), wap santi yon anbara nan lestomak ou wap mal pou fè dijesyon
Wap gen yon sansasyon ke lestomak ou ap brile ( efè asid la ) oubyen yon kranp nan lestomak ou, doulè sa yo ap parèt 1h a 3h apre fin manje e pafwa se yon bagay pouw manje ankò pou kalme doulè a
Konsa tou ou konn gen vomisman

Gen lòt faktè ki agrave ka maladi a ankò tankou FIMEN, BWÈ KLEREN, TRÒP KAFE, MANJE KI TRÒ EPISE, FWI KI GEN TRÒP ASID TANKOU SITRON, ZORANJ EKSETERA

Siw rive la nan fen atik la sèke ou te trouve piblikasyon an enpòtan donk monte sou paj la pouw al " suivre ak j'aime " paj la pou ankouraje travay la.
Epi pa bliye lèw fin li atik la patajel pou yon lòt ka enfòme menm jan avèw !!!

14/05/2024

Ou konn tande pale de H pylori men èskew konnen se pa yon maladi ki rele konsa ??

H pylori a se yon mikròb li ye, ki chita kòl nan lestomak ou ki konn anfle kèk pati anndan lestomak la e lè enflamasyon sa pa trete li bòw yon Ulsè ( Ulcère gastro-duodenal ). Non konplè mikròb la se ( Helicobater Pylori ) epi se yon mikròb ou atrape depi nan anfans ou.
Donk moun pa konn fè H pylori men ou ka fè yon ( Ulcère gastro-duodénal ) a koz H pylori

Men kisa ki yon Ulsè ???
De manyè jeneral yon Ulsè se yon maleng, yon blesur, yon plè ki pa janm ka geri donk ou ka gen yon Ulsè sou pow e anndan kòw sou veso sangenw yo ak nan lestomak ou lè sa yo relel ( Ulcère gastrique ou duodénal ) oubyn nou ka di ( Ulcère gastro-duodénal )
Nan atik sa nap pale de ( Ulcère gastro-duodénal ) ak H pylori.

Kisa ki ( Ulcère gastro-duodénal ) la ???
Aprew fin brase manje a nan bouch ou lestomak se ògan ki resevwal la e ki responsab pou fonn manje a e li fè pati de aparèy dijestif ou ki pèmèt ou fè dijesyon e pran sa kò a bezwen nan manje a epi dèchè yo al rete yon kote pou evakye pa boudaw !!!
Ebyn yon ( Ulcère gastrique ou duodénal ) se lèw gen yon maleng ou yon plè nan lestomak ou ki pa janm geri e lè sa li rele ( Ulcère gastrique ) e yon ( Ulcère duodénal ) se lè li nan Duodénum ou, duodénum nan se yon pati ki vini jis apre lestomak la li se premye pati de sa ki rele ( intestin grêle ou petit intestin ) an.

Kisa ki koz yon ( Ulcère gastro-duodénal ) ???
Yon ( Ulcère gastro-duodénal ) nan 80 a 90 pousan ka yo se mikròb sa ki rele H pylori a ki koz li men konsa tou lèw pran medikaman ( Anti-inflammatoires non stéroïdiens (AINS) et d’aspirine ) oubyn yon tumeur .
Pou atik la pa trò long nap fin pale de maladi a nan yon lòt piblikasyon donk klike la 👉 santé au Naturel pouw al sou paj la epi klike sou " Suivre epi J'aime " pouw rete an aktyalite de tout piblikasyon nou yo !!!

05/05/2024

IPÈRKOLESTEROLEMI ( maladi Kolesteròl)
IPÈRTANSYON ( maladi tansyon )
IPÈRGLISEMI ( maladi DYABÈT oubyen maladi S*k ) ki rapò, ki lyen oubyn ki zanmitay ki egziste ant 3 maladi sa yo ??

Yon moun ki gen youn nan maladi sa yo li fasil pouw gen youn nan lòt 2 yo oubyn yo 3 yon sèl kou e lè sa ou se yon ( mò vivan ), ou se yon moun ki pa gen anpil tan pouw viv paske nenpòt ti erè ou fè ka koutew laviw.
Lèw fè youn nan maladi sa yo, yon erè egal 25 men lè se tou le 3 ou genyen erè a miltiplye pa 3 donk erè a egal a 75 se kòmsi a chak erè ou gen 75 pousan chans pouw tou kadav ( tou mouri ) siw pa mouri ou ka andikape oubyen yon bò nan kòw konn pa fonksyone !!!

Ki relasyon ki egziste ant 3 maladi sa yo ???
Se kòmsi 3 timoun ki gen menm manman men pou 3 papa diferan epi 3 papa sa yo se 3 frè donk anplis timoun yo se frè, yo se kouzen ankò.
Premye relasyon ki egziste ant 3 maladi sa yo se Sanw, tou le 3 koz San nan kòw mal s*kile paske yo bay yon maladi ki rele ATEROSKLEROZ ( Athérosclérose ), se yon mas grès ki bouche ou prèske bouche rout pou Sanw s*kile nan kòw.

Dezyèm relasyon ki egziste a se ke 3 maladi sa anpil moun konn ap viv avè yo men ou pa konnen depiw santi siy ak senptom yo se ke li gentan tro ta, sa vle di maladi a gentan byen chita anndanw

Twazyèm relasyon ki egziste a se ke maladi sa yo koz menm kalite maladi ou problèm ki pi grav tankou Arterit ( Artérite ) ki se yon enflamasyon veso sangenw yo, maladi Kadiak, maladi Vaskilè, maladi nan ren ( insuffisance renale ), maladi nan pwatrine ( angine de poitrine ), maladi nan zye jis rive ou avèg...

Katriyèm relasyon ki egziste a se ke maladi sa yo pouw fè yo fòk an premye lye ou te gen paranw ki fè yo asosye ak lòt faktè tankou Strès, Fimen, Alkòl, obezite, yon movèz alimantasyon, yon mank eksesiv aktivite fizik ( ou pa fè okenn spò ), se sak fè depiw fè youn nan maladi sa yo doktè ap voyew fè spò menm 30 minit nan yon jounen.

Senkyèm relasyon an se ke maladi sa yo pa geri depiw gentan genyen doktè ap jis edew viv avèl men ou pap janm geri !!!

Ebyen se sa ki koz depiw fè youn nan 3 maladi sa yo li probab pouw gen yon lòt oubyn tou le 3 donk li enpòtan poum diw siw fè youn nan maldi sa yo konprime doktè ap preskriw pap sifi pouw edew viv avè yo pi gro bagay la se ou kap fèl lèw gen yon mòd de vi ki sen pa egzanp ou pa fimen, ou manje fwi ak legim, ou evite konsome tròp grès ak twòp produi s*kre, ou fè yon aktivite fizik kap edew boule kalori epi pase wè yon doktè depiw kapab pou kontrole santew !!!
Siw se nouvo sou paj la ou ka al gade atik nou te pibliye sou maladi sa yo lèw klike la 👉 santé au Naturel

Siw rive nan fen atik sa se kew te anvi konn plis sou maladi a donk ankoure paj la lèw al "suivre" epi " j'aime " paj la lèw klike la 👉 au Naturel yon senp ti jès pou ou men ki se anpil pou nou. Mèsi !!!

30/04/2024

Ou konn tande pale de maladi S*k ?
( twazyèm pati )
Nan piblikasyon sa nap kontinye pale de maladi DYABÈT, nou te pale de fòm DYABÈT ki pi grav yo nan piblikasyon pase yo e siw pat gentan wè yo ou ka klike sou 👉 santé au Naturel oubyen klike la 👉 oubyn pouw jwenn atik pase yo !!

Gen de fòm DYABÈT ki pa grav men ki konn mennen ak sa ki grav yo sitou ( DT2) a siw pa chanje mòd de vi ou genyen !!!
Dyabèt sa yo rele PREDYABÈT epi DYABÈT de Grosès oubyn DYABÈT Jestasyonèl !!

PREDYABÈT ki sa li ye ??
Nan piblikasyon pase yo nou te di ke DYABÈT se lè sanw gen tròp s*k ladanl ebyn Predyabèt la se lè sanw gen plis s*k ke sa li ta dwe genyen men li pa gen ase pou doktè diw Dyabetik, pa egzanp si yo voye yon moun al pran demi bokit dlo epi li vini ak twaka (3/4) bokit ebyn demi an se mezi nòmal la, twaka (3/4) a se sak depase a men ki pa pwob nan men si bokit la plen la se pwoblèm nan.
Kantite S*k nòmal ki nan sanw dwe anviron 2 gram pa lit san ( 2 g/l )

Ki pwoblèm fòm DYABÈT sa ka bay pi devan e ki siy oubyn senptom kap fèw konnen lèw genyenl ??
Li ka vin rann ou fè Dyabèt tip 2 a men se siw se yon moun ki pa fè okenn aktivite fizik ( menm mache a pye ), siw konsome anpil produi s*kre, siw fimen anpil, siw obèz e siw te gen paranw ki Dyabetik ajoute sou sam sot di yo ou gen anpil chans pouw Dyabetik yon jou.
Fòm DYABÈT sa pa gen okenn siy ak senptom se lè ou ale lopital doktè ka wè sa nan sanw !!!

DYABÈT de Grosès la oubyen DYABÈT Jestasyonèl ( Gestationnel ) ki sa li ye ??
Se fanm ansent ki rankontre fòm DYABÈT sa e sa ki koz la se Plasenta ki se ògan ki pèmèt yon manman nouri pitit li ( lè timoun nan anndan vant li ), Plasenta konn produi yon kalite òmon (hormone) ki rann selil kò fi a pa vle aksepte Ensulin nan epi PANKREA a paka produi ase Ensulin poul konbat pwoblèm nan donk fanm ansent lan vin antre nan sa yo rele IPÈRGLISEMI ki vle di li vin gen tròp s*k nan Sanl donk li vin Dyabetik.
Fòm DYABÈT sa anviron 3 a 20 pousan fanm ansent fèl !!!
Nan 90 pousan ka yo maladi a disparèt apre fanm nan fin akouche men si fanm sa pa pran prekosyon pi devan li ka fè Dyabèt tip 2 a.

Kisa ki ka koz yon fanm ansent fè fòm DYABÈT sa ??
Fanm ansent ki gen 35 ane ou plis
Fanm ansent ki gen yon kantite pwa ki depase
Fanm ansent ki te gen paran yo Dyabetik
Fanm ansent ki te fè yon ti moun ki peze 4 kilo
Fanm ansent ki te devlope fòm DYABÈT sa deja
Fanm ansent ki te Predyabetik deja
Fanm ansent ki te gen plizyè kis anndanl poun site sa yo sèlman

Fòm DYABÈT sa pa vrèman gen siy ak senptom paske sa wap santi yo tankou fatig, p**i souvan se menm bagay yon fanm ansent genyen donk li pa vrèman genyen.

Siw rive nan fen atik sa se kew te anvi konn plis sou maladi a donk ankoure paj la lèw al "suivre" epi " j'aime " paj la yon senp ti jès pou ou men ki se anpil pou nou. Mèsi !!!

15/04/2024

Ou konn tande pale de maladi S*k ?
( Dezyèm pati )
Nan piblikasyon sa nap kontinye pale de maladi DYABÈT pi presizeman DYABÈT tip 2 ( DT2 ) nou te pale de DYABÈT tip 1 deja e siw pat gentan wè premye pati atik sa gen de bagay wap mal pouw konprann donk klike la 👉 santé au Naturel oubyen klike la 👉 pouw jwenn premye atik la !!

Kisa DYABÈT tip 1 an ye ??
Maladi sa devlope ak yon derègleman nan kòw pi presizeman nan PANKREAw, nan premye pati atik sa nou te pale de PANKREA ki se ògan ki responsab pou regle koze s*k nan kòw, ògan sa kreye yon bagay yo rele Ensulin ki responsab poul pran s*k ou jwenn nan manje poul distribyel nan kòw ebyn lèw gen DYABÈT tip 2 a se de bagay ki koz sa, swa PANKREA produi Ensulin men li pa produi ase pou fè travay la oubyn selil kòw yo deside fè rebèl ak Ensulin nan ( yo di Ensulin nan pap antre anndan yo ), nan tou 2 ka sa yo gen yon lè PANKREA ap rive yon kote li fè kòlè li pa produi Ensulin menm lè sa ou menm kap manje yon valè bagay dous chak jou ou vin gen tròp S*k nan kòw konsa wap vin IPÈRGLISEMI ( hyperglycémie) sa ki konn koz Sanw vin mal pou s*kile e ki ka rete kèw, oubyn anfle pyew jis li enfekte epi yap koupel, ki konn koz ou avèg eksetera.
Maladi DYABÈT 2 a atake moun ki gen plis ke 40 lane ki diferan de DYABÈT 1 an ki atake timoum de 8 ane rive jèn ki gen mwens ke 30 ane.
Lasyans estime ke 90 pousan moun ki Diabetik se DYABÈT 2 a yo fè !!

Kisa ki konn koz ou gen DYABÈT tip 2 a ??
Premyeman pouw gen maladi sa fòk ou te gen yon paranw ( manmanw oubyen papaw ) ki te genyenl oubyen tou yon sèw ou frèw men se pa ase pouw fè maladi sa, lòt bagay yo se :
Ou obèse ki vle di kew trò gro pou wotèw, ou gen tròp grès nan kòw
Ou manke pratike spò oubyn sak rele spò a ou pa fè sa menm, menm mache ou pa mache souvan
Ou fimen anpil
Ou mal manje, mal manje se lèw manje anpil bagay dous sitouw siw se yon moun ki renmen bwè bwason gazez.

Kisa wap santi siw gen maladi sa nan kòw ??
Ou toujou swaf
Ou toujou grangou
Vire tounen wap p**i sak koz ou p**i konsa se paske kòw ap bat poul jete s*k ki tròp ou gen nan kòw yo nan p**i a e siw goute p**i a tou wap wèl bòw ti gou dous.
Konsa tou ou konn wè wap grosi oubyn ou wè wap megri
Ou toujou fatige el pa janm pase
Wap wè troub
Ou souvan gen enfeksyon
Wap mal pouw geri lèw blese
Wap santi pla menw oubyn pyew ap pikew oubyn gratew
Siw se yon gason wap gen difikilte pouw rete bande
Si kaw la grav li ka bòw sa yo rele Asidosetoz Diabetik ( ou tonbe nan koma koz ou gen tròp s*k ak grès nan sanw )
Konsa tou siw se yon moun ki fè Kolesteròl ak Tansyon.

Nan prochèn piblikasyon an nap pale de 2 lòt tip DYABÈT ki genyen men ki pa yon danje men yo konn koz ou fè 2 premye yo sitou DYABÈT 2

Suive epi j'aime paj la siw renmen travay la se pou ou yon senp jès men sa ap ankouraje nou kontinye travay la mèsi

13/04/2024

Ou konn tande pale de maladi S*k pa vre men èskew konnen di yon moun fè S*k pa gen okenn sans !!
Maladi a rele DYABÈT, moun ki fèl la ou ka di moun sa Diabetik !!
Men èskew konnen gen plizyè fòm DYABÈT ?
Èskew konnen se yon maladi ki koz plis ke yon milyon moun mouri chak ane ?
Ebyn paj santé au Naturel la pral eksplikew kisa ki DYABÈT la sa nou rele maladi S*k la !!

Kisa ki DYABÈT la ?
Majorite nan sa nou manje gen bagay sa yo ladan " grès, proteyin, s*k " ki enpòtan pou kò a byen fonksyone. S*k la se li ki pote enèji pou kò a se pou sa lèw santi fatig ou bwè yon gazez ou santi li remontew pou yon moman se paske bagay sa yo chaje s*k ladan yo men se pa konseye pouw fè sa ebyn DYABÈT la se lèw gen tròp s*k nan sanw epi kòw paka boule s*k sa lè sa ou nan sa yo rele IPÈRGLISEMI.
Genyen 4 tip DYABÈT ki pi frekan men se 2 ladan yo ki danje ki se DYABÈT 1 ( DT1 ) epi DYABÈT 2 ( DT2 )

Kisa ki DYABÈT 1 an ( DT1 ) ?
Ou gen yon ògan nan kòw ki rele PANKREA se li ki responsab pou li regle afè koze s*k nan SANW, lèw gen manje tròp bagay s*kre li voye yon òmon ( hormone ) ki rele Ensulin al pran s*k sa yo poul al pataje li nan kò a, ensulin nan pran s*k sa yo li pote bay selil nan kòw, bay musk ( muscle ) ou yo, bay fwa a ki mete s*k sa an rezèv ebyn maladi DYABÈT 1 an se lè PANKREA a pa fabrike ase Ensulin pou fè travay distribisyon sa e gen yon lè PANKREA a pap fabrike òmon Ensulin sa menm lè sa vin gen tròp s*k nan Sanw sa ki konn koz ou fè maladi tankou Arèt Kadiak ki vle ke san pa s*kile nan kòw epi ou pap ka respire donk wap kadav ( tou mouri ) siw pa jwenn swen rapid oubyn tou maladi nan ren, oubyn tou li ka fè kèw sispann bat donk ou kadav.

Kisa ki koz yon moun fè Dyabèt 1 ?
Se yon maladi la syans poko janm ka di kote li sòti men yo apèsi ke se sistèm iminitè a ki koz PANKREA a pa fabrike Ensulin ankò, yo rele reaksyon sa " oto-imun " sa vle di ke Sistèm Iminitè a ki la poul protejew se li menm kap detwiw men yo pa konnen sa ki koz Sistèm iminitè a fè zak sa.
Se menm jan ak lapolis ki la pou proteje e sèvi nou epi se li ki deside touye nou.
La syans jwenn ke yon moun ki te gen papal, manmanl, sèl, oubyn frèl fè maladi sa li gen anpil chans poul fèl tou e anplis si lap fimen epil pa fè okenn aktivite fizik epi li manje bagay s*kre anpil ebyn prosesis la ap akselere.
DYABÈT 1 an touche plis timoun dayè se yon maladi ki ka parèt soti nan laj 8 ane rive 30 ane
men se pa pou otan siw depase laj sa ou paka genyenl.

Ki siy ak senptom maladi sa ??
Wap toujou swaf
Wap mèg malgre wap manje
P**i toujou kenbew
Ou toujou grangou, ou toujou fatige
Epiw kòmanse wè troub
Men si li pa geri li ka fèw avèg, li ka tiyew, lap bow pwoblèm nan Ren, pwoblèm nan San, ou pap santi doulè nan manb enferyè yo tankou pyew se sak konn koz tou moun ki fè s*k yo sa konn rive yo koupe pye yo.

DYABÈT 1 an gen yon sèl tretman men se pa geri wap geri lap jis kenbew an vi.
Se yon piki ki gen Ensulin ladan epi yap mete nan Sanw puiske kow pa fabrikel ebyn yap metel nan sanw atifisyèlman poul fè travay li.

Nan prochen atik la nap pale de DYABÈT 2 a ke 90 pousan moun ki fè s*k se li yo genyen an.

Pa ezite swiv paj la pouw ankouraje travay la pou ou se yon senp jès men pou nou se anpil bagay.

10/04/2024

TANSYON OU PRESYON Arteryèl :
Ou dwe konnen ke se pa yon bagay ki nan kò nou men se yon sòt de kalkil ki pèmèt yon doktè konnen ki lajè veso sangen nou yo oubyn nou ka di ankò ak ki fòs san ap s*kile nan veso sangen yo !!

Kisa ki TANSYON oubyn Presyon Arteryèl la ?
Tout bagay kòmanse nan Kè a ❤, Kèw pèmèt san s*kile nan tout kòw e chak lèl bat li egzèse yon fòs sou veso sangen yo ( venn ak artè yo ), fòs sa li egzèse a se li ki rele Presyon Arteryèl la oubyn Tansyon an, se menm jan ak yon ponp epi yon tiyo kap pote dlo ( ponp lan se kè a epi tiyo yo se veso sangen yo ) ebyn anndan tiyo sa gen yon presyon ( fòs ) ke ponp lan egzèse sou tiyo a.

Poukisa yo di gen moun ki fè maladi TANSYON ?
Nap pran egzanp tiyo a, ebyn lè ponp lan ap ponpe dlo nan tiyo yo li egzèse yon fòs men tiyo a ase laj pou dlo a pase nòmalman men sa konn rive tiyo a bouche a mwatye donk anndan tiyo a vin gen yon blokaj dlo a vin mal pou s*kile sa vin koz yon pwob anndan tiyo a ebyn se menm pou Kè a lè artè ( artère ) yo bouche a mwatye gen yon pati nan artè a san gonfle li mal pou pase e gen yon lòt pati lap koule tou piti se sa ki koz ou fè maladi TANSYON ki ka vin koz ou fè yon Aksidan Kardyo Vaskilè ki vle di kèw sispann ponpe SAN nan kòw epi siw pa jwenn swen ou kadav ( tou mouri )
Maladi a rele IPÈRTANSYON ( HYPERTENSION)

Ou gen dwa pa fin byen sezi saw sot li a nap travay pou nou fè yon video konsa wap wè imaj e wap tande lè sa wap konprann pi byn.

Tansyon an gen 2 valè yon gro ki rele Presyon sistolik e lòt chif ki pi piti a li rele diastolik, yon Tansyon nòmal dwe ant 10 a 14 pou gro a e 6 a 8 pou piti a donk yon moun ki gen Tansyonl 10 pa 7 oubyn 11 pa 6 oubyn 14 pa 8 pa yon pwoblèm

Kisa ki koz ou fè Tansyon ??
Nan majorite ka yo la syans pa konnen men dèfwa se yon lòt maladi ki konn koz tankou Kolesteròl oubyn Dyabèt tip 2 oubyn maladi nan ren oubyn tou ou konn sòti nan yon fanmi depi yo rive yon laj tout moun fè maladi TANSYON.

Kisa pouw pa fè oubyn fè lèw fè maladi TANSYON ?
Ou pa dwe fimen , ou pa dwe konsome anpil sèl, ou dwe fè spò nenpòt bagay ki ka fèw swe, ou pa dwe manje tròp grès, manje plis fwi ak legim ( manje natirèl ), ou pa dwe bwè tròp kleren poun site sa yo sèlman.
" Pa bliye se mèt kò ki veye kò "

Kisaw ka santi lèw fè maladi Tansyon ?
Tèt fè mal, doulè nan pwatrin ou, ou ka wè troub eksetera.

Men siw gen yon tansyon ki rive nan 18 pa 12 siw pa desann li rapid ou ka kadav men wap santi anpil bagay tankou :
Wap gen yon tèt fè mal ou paka sipòte
Doulè nan pwatrin ou
Tèt vire wap santi tout bagay ap vire kotew ye a
Wap gen difikilte pouw respire
Anvi vomi
Wap wè troub
Wap gen nenw kap senyen
Wap santi kèw pap bat nòmal e se sa kap koz ou fè yon arè kadiak
Wap santi anpil bri nan zòrèy ou

Siw santi plizyè nan senptom sa yo di pou yo mennenw lopital rapid rapid

OMS ( òganizasyon mondyal sante ) di daprè yon etid ke plis ke yon milya moun nan 30 a 79 lane fè IPÈRTANSYON e ke 46% ladan yo pa konn si yo malad e li kontinye poul di ke pi fò moun ki fè tansyon 66% viv nan peyi ki pa gen lajan tankou ayiti

Gen yon valè bagay poun ta di men nap kanpe la pou atik la pa trò long jis tann video a

Pa bliye ankouraje paj SANTÉ AU NATUREL lèw abòne ak paj la epi j'aime.

08/04/2024

Èskew konnen tout moun gen Kolesteròl ?
Lèw di yon moun fè Kolesteròl pawòl sa pa gen okenn sans !!!
Èskew konnen se pa yon maladi men yon eleman nesesè nan bon fonksyon kòw ?

Kisa Kolesteròl la ye menm ?
Kolesteròl la se yon ansanm de Proteyin e lipid ( Protéine et lipide) li ye sitou plis lipid e lipid la li menm se matyè gra nou gen nan kò nou e ki enpòtan nan fòme manbran selil nou, nan fòmasyon òrmon ( hormone) nou , nan vitamin D eksetera

Kilè Kolesteròl la vin yon maladi ?
Pou Kolesteròl la s*kile nan SANW li gen 2 bagay ki transpòtel youn rele ( LDL ) lipoproteyin fèb dansite e lòt la rele ( HDL ) lipoproteyin a gro dansite, li pral yon maladi se lè gen tròp ( LDL) nan Sanw lè sa li pral kite yon ekip grès nan SANW ( tankou janw wèl nan imaj la ) ki pral bouche venn ou se poutèt sa yo rele LDL yo movèz Kolesteròl paske yo ki koz ou malad la , yo fèw fè maladi arè kadiak ki vle di kèw rete li sispann bat e siw pa jwenn swen rapid ou kadav ( tou mouri )
( HDL ) yo menm responsab pou yo pran grès sa yo move Kolesteròl la kite a poul potel nan fwa a pou fwa a li menm ka eliminel se pou tèt sa yo rele HDL la bon Kolesteròl.

Kolesteròl la sòti an pi gran kantite nan Fwa nou ( 70 pousan ladanl ) e lòt ( 30 pousan an ) sòti nan sa nou manje tankou vyann, ze , lèt eksetera.
Maladi a pa rele Kolesteròl men IPÈRKOLESTEROLEMI ( HYPERCHOLESTÉROLÉMIE )

Kisa ki koz ou fè IPÈRKOLESTEROLEMI :
* Moun ki pa fè aktivite fizik men mache mou sa yo pa mache anpil
* moun ki obèz ( moun ki trò trò gro an fonksyon de laj ak wotè yo )
* Lèw manje ak dezekilib sa vle di ke ou manje plis bagay ki sòti nan bèt tankou ( vyann, ze, lèt eksetera ) ke fwi ak legim.

Kijanw ka desann Kolesteròl ou se lèw manje plis fwi ak legim ak pwason wi vyann pwason se sèl vyann ki bon pou kò a anpil e pou desann Kolesteròl ou.

Siw te renmen atik la pa ezite suivre, j'aime paj la pouw ankouraje travay la.

07/04/2024

Èskew te konnen fè SÈKS pa gen okenn repèkisyon négatif sou kò a ?? ( a mwen ke wap mal manje epi wap plumen la se pa sèks kap touyew men anemi ak fatig )

Men lis bon bagay ki genyen nan fè SÈKS :
1 - Mouvman gouyad yo pèmèt kolonn vètebral yo jwe donk yo pap rèd konsa ou pap pran baton bonè

2 - li fè nou ( de bonne humeur ) ou pa toujou wè lèw sot fè yon bon plumen ou santiw leje ou santi kèw kontan ebyn lèw ap fè SÈKS kòw libere yon bagay ki rele ( hormone du bien-être) se sak fè kèw kontan apre plumen an.

3 - li edew konbat maladi prostat ( nou te pale de prostat sou paj la deja fè yon koudèy nan paj la pouw konn plis de sa )

4 - li redui risk pouw ta fè yon ACV ( arrêt cardiovasculaires)

5 - lèw fin fè SÈKS li edew dòmi pi rapid e pi byen, èskew pa konn swiv sa ?

6 - li bon pou pow, sak fè sa ebyen lèw fè SÈKS li ogmante s*kilasyon San nan kòw pandan bagay la lè konsa sanw pote vitamin nesesè pou po a

7 - san nou pap bliye ke se yon spò eeeh wi pa bliye lè wap fèl ou swe anpil ou boule anpil kalori e nou tout konnen spò bon pou kò a anpil

8 - epi se yon bon remèd kont grip ak rum sak fè, ebyn depiw fè SÈKS souvan li ranfòse defans kont mikròb nan kòw e 2 bagay sa yo se mikròb ki bay yo

9 - li edew konbat strès fin fè yon bon plumen la epi wap wè se kòmsi pwob ou yo pa menm bagay la paske nivo strès ou desann

10 - li soulaje doulè eeeh wi lèw fè SÈKS li libere yon bagay ki rele ( endorphine ) ki apeze doulè a

11 - fè SÈKS edew gen bon relasyon ak antouraj ou, li edew gen konfyans nan ou menm, li edew konbat depresyon strès ka ba ou sitou strès se pa yon bagay ki manke an ayiti

Pa ezite pataje eksperyans ou nan kòmantè de saw konn trouve nan atik sa lèw konn fin fè SÈKS
Pa ezite plumen depiw jwenn 😉

Suivre, j'aime epi pataje pouw ankouraje paj la kontinye travay la ki se pote enfòmasyon sou santew pou ou

05/04/2024

Èskew konn tande pale de PROSTAT oubyn maladi PROSTAT ( Prostatit )
Prostat la se yon glann sèlman gason genyen ki konn anfle lèl anfle a li fèw mal e li bay anpil lòt pwob lè sa ou fè maladi ( PROSTATIT ) ou malad nan prostat ( maladi sa se sèlman gason ki fèl )
Maladi Prostat la ( Prostatit ) ka vini sou gason an 2 fason swa li egu ( aiguë an fransè ) ou kronik ( chronique).
Men gen plizyè tip tankou :

Prostatit enfektyez egu, se youn nan maladi prostat la mikròb ( bakteri ) ki sòti nan vesi a oubyn nan sanw ka ba ou, se li menm tou ki vin ak plis doulè.

Prostatit enfektyez kronik, ou toujou pranl nan mikròb ( bakteri ) men doulè yo pa rete yo plis ale tounen pandan plizyè mwa e doulè yo pa fò menm jan ak Prostatit egu a.

Prostatit Kronik, sa li menm se pa nan mikròb ( bakteri ) ou pranl li jis rete li parèt jiska prezan la syans pa konn sak koz li provoke doulè menm jan ak lòt yo epi doulè a ale tounen menm jan ak dezyèm nan.

Ki siy ak senptom kap fèw konnen siw fè maladi sa :
* Wap santi doulè nan zòn pati jenital ou oubyn nan pati lonbrik ou oubyn ankò nan boul grenn ou ak peni an
* Wap wè san nan p**iw
* Wap santi peni an ap boulew lè wap pise e lap fèw mal
* Lèw ap ejakile lap difisil e lap fèw mal
* Wap gen ekoulman nan peni an
* Doulè nan Rektòm ou ( tou boudaw ) ou toujou santi li peze
* Ou toujou bezwen pise
* Difikilte pouw pise
* Enfeksyon irinè ( nan pise )
* troub seksyèl ou vin pa sou fè bagay

Si prostat la pa trete li ka bòw septisemi ( enfeksyon nan sanw )

Siw santi plizyè nan bagay sa al wè yon doktè e lè sa doktè a ap foure yon dwèt li nan boudaw poul ka wè si prostate ou anfle .

Pa ezite swiv paj la pouw toujou jwenn enfòmasyon sa yo konsa wap ret plis an sante
J'aime epi partager pou atik sa ka touche plis moun

05/04/2024

Éskew konnen ou ka gen movèz alèn ( djòl santi ) an bon kreyòl malgre ou byen pran swen bouch ou.

Kisa ki movèz alèn nan ( djòl santi ) se lè bouch ou ap bay yon move sant tou senpleman !!!
Ou ka gen djòl santi a lèw mal pran swen bouch ou paske chak lèw manje gen kras manje ki rete nan bouch ou e yo konn koz ou gen kari e kari a depil pa trete ka koz sa

Movèz alèn nan konn soti nan lestomak ou tou lèsa sant kap degaje ap yon ti jan asid men odè a pap agreyab pou otan

Konsa tou malgre ou se yon moun ki byn pran swen bouch ou, ou ka leve yon maten ou brose men li fè midi ou 2h ou pa manje anyen sa ka fè bouch la degaje yon vye odè

Lè bouch ou sèch gen moun ki konn manke saliv nan bouch yo tankou moun kap fimen ebyn bouch sèch sa konn vin fè bouch ou bay movèz odè a sitou lê maten paske lè swa bouch ou pa produi anpil saliv

Gen anpil maladi tou ki konn koz bouch degaje anpil odè ki pa konn fin trò agreyab pou moun ki prew tankou kari nan dan - jenjivit - sinizit - maladi nan fwa e lòt ankò

Men kèk fason ou ka konbat movèz alèn nan :
Brose danw 2 fwa pa jou sitou avanw al dòmi
Itilize dlo rense bouch ou lèw fin manje
Manje kann edew netwaye bouch ou
Epi bye brose lang ou sitou !!
Epi manje chiklèt ki pa dous yo ede bouch ou produi saliv sitou ou menm kap fimen

Eskew te konnen suiv paj sa ap edew konnen plis sou santew 😉
" j'aime " paj la siw te jwenn yon enfo ki itil ou

03/04/2024

Èskew konnen gen yon ekip abitid ke moun konn genyen ki ka fèw pèdi dan nan bouch ou oubyn bòw movèz alèn sa nou rele an kreyòl ( djòl santi ) a.
Grincement des dents an kreyòl ( MANJE DAN ) se youn nan vye abitid ki ap andomahe dan an piti piti e ki ap vin bay dan fè mal

Manje bonbon oubyn bagay ki trè s*kre, ou menm ki renmen manje chiklèt anpil, ou menm ki renmen bwè bwason enègisan paske bwason sa yo gen anpil s*k ladan yo, ou menm ki vire tounen wap manje bouch ou ap bwase de tanzantan sa ki fè bouch ou toujou gen kras saliv ou pa gen tan poul netwaye yon pati nan dechè sa yo .
Tout bagay sa yo ka bòw maladi kari dentè e kari dantè a ka bòw movèz alèn sa nou rele ( djòl santi an kreyòl la )

Moulen tèt plum anba dan nou lè nou strese yon bagay anpil nan nou konn fè ebyn se yon abitid ki andomaje dan nou.

S***e dwèt lè nou piti oubyn bay timoun suson nan yon laj avanse konn koz lè nou grandi dan nou gaye .

Fimen anpil e bwè anpil kafe konn koz ou gen dan jòn e menm trè trè jòn lèw fimen anpil e fimen bay kansè nan bouch e fimen bay anpil moun movèz alèn.

Oubyen ou menm ki renmen manje pistach griye oubyn manje mayi boukannen bay pwoblèm nan dan oubyn koz kari dantè.

Èskew te konnen gen tartre e tarte !!
Tartre se yon ekip kras jòn di ki kole nan danw epi tarte se yon manje ki rele konsa !!

03/04/2024

Èskew konnen gen yon ekip abitid ke moun konn genyen ki ka fèw pèdi dan nan bouch ou oubyn bòw movèz alèn sa nou rele an kreyòl ( djòl santi ) a.
Grincement des dents an kreyòl ( MANJE DAN ) se youn nan vye abitid ki ap andomahe dan an piti piti e ki ap vin bay dan fè mal

Manje bonbon oubyn bagay ki trè s*kre, ou menm ki renmen manje chiklèt anpil, ou menm ki renmen bwè bwason enègisan paske bwason sa yo gen anpil s*k ladan yo, ou menm ki vire tounen wap manje bouch ou ap bwase de tanzantan sa ki fè bouch ou toujou gen kras saliv ou pa gen tan poul netwaye yon pati nan dechè sa yo .
Tout bagay sa yo ka bòw maladi kari dentè e kari dantè a ka bòw movèz alèn sa nou rele ( djòl santi an kreyòl la )

Moulen tèt plum anba dan nou lè nou strese yon bagay anpil nan nou konn fè ebyn se yon abitid ki andomaje dan nou.

S***e dwèt lè nou piti oubyn bay timoun suson nan yon laj avanse konn koz lè nou grandi dan nou gaye .

Fimen anpil e bwè anpil kafe konn koz ou gen dan jòn e menm trè trè jòn lèw fimen anpil e fimen bay kansè nan bouch e fimen bay anpil moun movèz alèn.

Oubyen ou menm ki renmen manje pistach griye oubyn manje mayi boukannen bay pwoblèm nan dan oubyn koz kari dantè.

Èskew te konnen gen tartre e tarte !!
Tartre se yon ekip kras jòn di ki kole nan danw epi tarte se yon manje ki rele konsa !!

02/04/2024

Eskew konnen ki valè enpòtans Ri 😁🤣 gen sou santew !!
Lèw ri li diminye STRÈS, li redui sa yo rele cortisol nan kòw ki se ( hormone ) ki fèw STRESE a .
Lèw Ri😆 li ranfòse sistèm iminitèw psk lap ogmante prodiksyon selil iminitè yo e konsa wap plis ka reziste kont enfeksyon.
Lèw Ri😆 li fèw li fèw de bòn imè konsa ou vin gen yon sansasyon de byenèt.
Lèw Ri 😅 ou mwens santi doulè nan kòw paske kòw libere anpil substans ki aji tankou konprime doulè.
Li pèmèt yon bon koneksyon ant ou menm ak moun ki nan antouraj ou
Li bese tansyonw epi li pèmèt s*kilasyon san nan kòw trè byen
Li pèmèt ou destrese koz ou detounew de pwoblèm ou yo lè wap Ri 😂
Ou menm ki nan domèn kreativite ebyn Ri 🤣 pèmèt ou pi kreyatif !!
Ri 🤣 pèmèt ou byen dòmi fin pase yon aprè midi nan plezi ou tap byn Ri pita wap wè janw ap byen dòmi ..

Suiv paj SANTÉ AU NATUREL la wap wè jan lap fè kèw kontan 😁

Vous voulez que votre entreprise soit Société De Santé Et De Beauté la plus cotée à Port-au-Prince ?
Cliquez ici pour réclamer votre Listage Commercial.

Vidéos (voir toutes)

Eskew konnen ki valè enpòtans Ri 😁🤣 gen sou santew !!Lèw ri li diminye STRÈS, li redui sa yo rele cortisol nan kòw ki se...
Vitamin C
Vitamin C

Téléphone

Site Web

Adresse

Port-au-Prince
HT6110
Autres Médecine & Santé à Port-au-Prince (voir toutes)
Centre de Santé SOVE LAVI Centre de Santé SOVE LAVI
#10, Fontamara 27
Port-au-Prince

Le Centre SOVE LAVI est un établissement de santé offrant ses services dans la région de Martissant

SANTE PLUS SANTE PLUS
Laboule 14, #94
Port-au-Prince, HT6145

Nous transformons en remèdes tout ce que la nature nous offre pour optimiser votre santé.

NOU EGal NOU EGal
Port-au-Prince

C'est un mouvement visant à organiser et élaborer des strategies contre le racisme avec pour objec

Dr Gandhi Bien-aimé Dr Gandhi Bien-aimé
Hôpital De L'université D'État D'Haïti
Port-au-Prince

Dr James Gustave-health for a good life Dr James Gustave-health for a good life
Léogane
Port-au-Prince

Cette page est créée dans le but de sensibiliser la population haïtienne sur la santé en se basa

Polyclinique 261 Polyclinique 261
261, Rue De L'enterrement
Port-au-Prince

Polyclinique261 est un établissement de santé visant à fournir des soins préventifs et curatifs, généraux et spécialisés dans un cadre novateur tout en tenant compte des critères d...

Dr Brutus Dr Brutus
Rue Borgela, #112
Port-au-Prince

Priyorize sante 'w !!!

Clinique Médicale de la Fraternité Clinique Médicale de la Fraternité
Fontamara 27 Prolongé # 20
Port-au-Prince, 509

Clinique Médicale de la Fraternité offre ses services dans plusieurs domaine; Consultation générale,laboratoire,observation, Planning familiale,Services dentaires

Yves Calixte Yves Calixte
Route De Delmas
Port-au-Prince

Page Officielle de Yves CALIXTE

Spécial Braces Spécial Braces
Silo R , Delmas 75 ( Bò Mache Silo) Et Delmas 34 Complexe Seven Stars
Port-au-Prince, 6110

Chirurgien dentiste

Joulajou Joulajou
Clercine 2
Port-au-Prince

Present pour Vous aider a rester en bonne santé