Nad la Famille

Nad la Famille

Nap pale krite pou chwazi yon moun pou fe vi'w, nap pale de (fanmi mari, fanmi madanm e fanmi fiyanse

04/01/2024

Si neg ki nan viw la pap regle anyen ak ou pa pedi tanw, cheche neg destin reseve pou ou a. Lew ak neg destin reseve pou ou a tout bagay ap vini natirel, ou pap nan goumen pale anpil , wap jis we se moun paw la. Pa ret fe 14, ans 20 tan nan meze ak neg.

03/03/2024

Neg oubyen fi ki renmenw nan pa vin pran saw genyen li pap vin bay sevis epi pou ap peyel, li pap imilyew paskew manke mwayen okontre lap met tet li ak ou poun ale pi devan. depiw nan yon relasyon ou we se saw genyen moun nan vin pran, kite relasyon sa moun nan pa beswenw vre.

02/17/2024

Lew ak yon moun li pa la selman pou nou fe bagay, fe jalouzi, veye timoun, jourew nan kay la fok moun sa lew beswen yon konsey fol ka bawoul. mwen renmen le menaj mwen banm konsey. kibo selibate yo jwenn konsey menm?

01/07/2024

2024 nou pa nan afe bon fanm bon gason ak moun, sak enpotan se fe tet ou plesi epi si moun ki anfans ou a sou kou oumenm tou bal kou. dat wap fe bon fanm ak bon gason saw wew te janm jwenn ladan chanje bagay yo. La vie est belle et simple.

11/22/2023

Yon natif cancer toujou bel anba koule ble li. Lew ap cheche yon moun pou met nan viw, toujou apran konnen eske moun sa konpatib ak ou eske dat li fet ale ak dat paw, eske planet ki sipote yo mache ak paw. cheche konnen karate moun nan genyen eske li prale ak paw avanw tonbe damou, sinon ou gen pou we tout koule akansyel genyen.

10/25/2023

Lew avek yon moun li pa beswenw, ou menm kitel trankil moun ki beswenw nan wap jwenn li defwa li konn tou prew la ou pa menm konn sa paske pyew mare ak yon moun ki pa menm beswenw menm. La vie a simle li bel.

09/30/2023

La vi a bel kote ki gen lanmou, si'w poko jwenn lanmou kote'w ye a mache pou pi devan pou trouve'l. Lanmou pa gen afe nivo detid, mwayen ekonomik, bel ou led, jen ou vye men sa ki enpotan se jwenn lanmou. Depiw jwenn lanmoun ou jwenn la joie, la paix.

09/02/2023

Apre la vi'w se la pe'w ki pi enpotan pa mete yon moun nan vi'w kap vin trouble la pe'w.

08/28/2023

li pa bon poun rete mouri nan yon relasyon ki pap mache menm pou timoun yo. la vi a simp li bel tout sa ki anpechew viv byen dekolel sou ou, gen gason ou fanm ki nan la viw se tankou p*s ki sou chien yap bwe tout sanw. pran libete nou cheche la paix nou se sa ki enpotan.

07/16/2023

Tande ti bout video sa.

06/21/2023

Eske'w single kisa ki fe sa?

05/29/2023

Enjoy chak segond yap pase ak moun ki nan viw la, bliye pase panse ak avni.

05/29/2023

Ou ka toujou viv yon vre lanmou paske vre lanmou still la. pa janm asepte rete nan relansyon ou we ki pa gen avni, pa asepte fe sakrifis pou yon moun ou nan relasyon ak li ki pa pre poul janbe yon rigol ak ou siw nan relasyon konsa bay vag moun paw la la jis pran yon ti pasiyans pou jwenn li.

05/13/2023

Bonsoir cherim yo mwen vle fe nou konnen mwen tounen sou paj la nap gen nouvel mwen souvan. mwen renmen nou anpil.

10/30/2022

Cheri'm yo koman nou ye? Mwen konnen anpil nan nou Haiti e problem yo anpil nan peyi a, sa ki rive bay anpil moun stress, men piga nou dekouraje yeux Bondye sou nou, bon kouraj nan moman difisil yo.

10/30/2022

Le'w renmen oubyen fiyanse ak yon moun epi'w we relasyon an paka mache malgre tout efo ou fe, ou dwe kite relasyon an pa antre nan mariyaj ak piyes problem ki paka resoud, paske nan mariyaj la pral gen plis problem toujou e le sa ou pral soufri e ou ka menm pedi la vie.

08/15/2022

Pa mete moun nan relasyon'w.

07/31/2022

Paj sa rele Nad la famille, nou pale de relasyon et nap pale de fanmi , ki suje ki enteresew sou relasyon ou fanmi'ou ta renmen nou trete pou ou? ou vle nou fel nan yon live oubyen yon video? like paj la envite yon lot like li tou.

07/31/2022

Lew ap cheche moun pou mete nan vi'w cheche yon moun ki konprann ou, moun kap gen kouraj pase difikilte la vi ansanm ak ou, moun kap grandi ak ou, moun kap la pou ou nan vyeyes ou.

07/31/2022

Si'w pa tretel byen li pap ka renmen'w, li pap vle ret kote'w, li pap vle tande pale de ou, yon jou wap chechel ak limye nan plen midi ou pap jwenn li. menm bet renmen yo tretel byen.

07/23/2022

Dieu est pour nous un refuge et un appui, un secours qui ne manque jamais dans la detresse som 46:1, remet problem relasyon, detres, soufrans, imilyasyon, deseptyon, beswen yon mari, beswen yon madanm ect lage yo nan men Bondye fel konfyans lap aji pou ou.

07/03/2022
06/25/2022
06/18/2022

Yon neg ki trouve yon bon fi trouve la vie.

06/12/2022

Kek pwen pou konnen.

06/12/2022

Yon ti foto pou nou!

06/02/2022

Depiw we ou ak yon moun li pa tande konsey ou se fanmil ak zanmil ki konte pou li, se yo ki konseyel menm si ou toujou pale ak fe lot bagay ak moun nan map diw relasyon an kraze deja.

05/29/2022

Nan lanmou pa gen fose depiw we wap fe pil efo pou moun nan konpran ou konnen pa gen lanmou lage pyew.Moun paw la la kouw jwenn li wap we tout bagay vini byen fasil san efo.

05/29/2022

kek bagay pou verifye avanw mete yon moun nan viw pou pa regret, facebook pa kite tout video a monte. siw renmen video a bay pay la yon like, komante share li ak yon lot moun please. prochen video a ap pale koman lew gen yon moun nan viw koman pou kenbe poul pa ale. mwen renmen nou.

05/26/2022

Video yo ap komanse lage sou paj la Dimanch.

Want your public figure to be the top-listed Public Figure in Springfield?
Click here to claim your Sponsored Listing.

Videos (show all)

Tande ti bout video sa.
Eske'w single kisa ki fe sa?
Pa mete moun nan relasyon'w.
Gade ti video sa jis Nan fin li.
Kek pwen pou konnen.
kek bagay pou verifye avanw mete yon moun nan viw pou pa regret, facebook pa kite tout video a monte. siw renmen video a...
Video yo ap komanse lage sou paj la Dimanch.
Hello tout moun video yo ap vini nap komanse mete video nan weekend la.

Category

Telephone

Website

Address


65 Belmont Avenue
Springfield, MA
01108