Cleeford Raymond

Jeune Chretien! Paj sa kreye nan objektif pou fè evanjelizasyon!

08/15/2021

Mwen prezante senpati’m ak tout viktim nan gran sid yo!
Jan nou ka pote solidarite avèk yo pa izite!
Ke Bondye kontinye beni nou!
Si’w epanye pa di se yon gras paske Bondye nan konpasyon’l pa fè yon kategori gras, Bondye pa nan patipri…
Petet se jou pa’w ou epanye!

10/28/2019

Happy Birthday To me!

Mèsi Bondye pou gras li fè'm, yon ane difisil men motivasyon'm, anbisyon'm, detèminasyon'm fè de ane a yon bèl ane!
Pase de salarye a patron, pase de chomeko a 2 antrepriz (GloryCommunication & Lakay Pa'm) se yon gras!

La jenès pa limite tèt ou nan anyen, just fè tèt ou konfyans, eseye eseye menm lè nou pa gen mwayen, gen anpil gwo baryè agresivite ak pasyans ka kraze!

10/01/2019

Pa gen bagay mwen rayi lè yo di Oh nou tout responsab sa kap pase nan peyi a...

Yon peyi mande'w al lekòl ou ale
Li mande'l al aprann ou ale
Li mande'w chèche travay ou fè'l!

Mwen ki pi mal li pat mande'm envesti pou kreye anplwa, mwen fè'l jis pou ede jèn peyi'm!
Bon ki kisa mwen responsab la?

Poutet mwen pat al vote yon bann volè ke mwen pat kwè nan yo!
Peyi blok gen sèvis mwen tap ofri mwa sa yo pa vin fè enstalasyon pou mwen!

Move jesyon leta mwen responsab la?
Kob nap gaspiye nan Ona nan bay gwo otorite prè pou peye sou 70 ans? An palan de Ona mwen gen plis ke 8 mwa depi'm depoze pou yon prè yo pa janm rele'm 😂 ( Donk yo bliye'm)
Mwen jis anvi konnen sa'm responsab kòm nou di souvan tout moun responsab!

04/28/2019

Tout sa wap fè nan vi'w ki parèt difisil e ou jwenn anpil difikilte ladan, mwen konseye'w motive menm lè lòt moun ta lage'w nan wout, bay plis ou menm, double motivasyon ou pap regret...

Plan Bondye gen pou ou a mande pou'w fè anpil sakrifis pèsonèl, li mande objektif, li mande pa ret chita tann benediksyon!

Bondye beni'w a travè sa wap fè, li pa beni parese!

04/07/2019

Sa Bondye te di'w nan zorèy la, lap fè'l piblikman, sa'l te revele'w nan somèy la, lap fè sibitman, ou bezwen selman enstale Bondye nan lavi'w e ba li enpotans nan lavi'w menm jan ou bay whatsapp enpotans sou telefòn ou...

Bon dimanche

01/11/2019

Bondye beni nou
Opportunité D'emploi
Se yon platfòm ki kreye nan sousi pou ede jèn diplome ak lisansye jwenn travay nan plizyè domèn!
Kritè pou'w nan gwoup sa.
1) Fòk ou gen diplom ou lisans nan yon domèn
2) Fòk ou pa egoyis
3) Fòk ou respekte moun

Nb: Se pa yon gwoup moun ap ka fè pakèt deba pale anpil, men ou ka pataje konsèy ki gen rapò ak kijan yon moun prepare cv li profesyonel e teknik sou jesyon yon travay

KLIKE SOU LYEN SA ==>https://chat.whatsapp.com/Gnb9IqGXqBeIU3zYtz77u6

09/16/2018

Happy Birthday Shidline Nicolas yon jèn fi kap fè anpil efò pou'l fè diferans,ke Bondye Kontinye beni'w e kontinye kenbe'w lakay li...
Ede'm di gran sè'm bòn fèt!
Bon dimanche!

08/19/2018

Personne ne peut créer ta mission, personne ne peut te dire qui tu dois être!
« Tu es l’auteur de ton propre destin »

07/22/2018

Lè'w rantre Bondye nan plan'w yo ak nan projè'w yo, ou met kite tout moun trete'w de tèt kana yon lè yap anvi'w monte tab yo...
Ke Bondye kontinye fè chemen ak chak grenn nan nou!
Bon dimanch

05/23/2018

Mwen vle atire atansyon nou sou yon bagay enpòtan: Ou menm jèn kap itilize telefòn, pa kite okenn moun fè'w fè grimas, moun kap pibliye afè yo kap di'w di "AMEN", si'w bezwen lavi'w chanje di "AMEN" si"w bezwen maladi'w geri di "AMEN" sa pap pote anyen pou ou, pa okipe pèsòn kap itilize'w pou fè Like...
Sèl sa ki ka chanje lavi'w se la fwa'w, detèminasyon'w!
Priye, al lekòl, ogmante rezotaj ou, epi aprann yon bagay kap itil ou se sa yo ki ka ede lavi'w chanje!

Bòn Nwi Ke Bondye Beni Nou!

05/18/2018

Bòn fèt Drapo pa si pa la!
Eske nou serye?
Moun Chili yo nou serye tou?
Moun kap chaje koulè po yo a nou fyè vre?
Ki fyète yon jèn Ayisyen gen pou'l pale de drapo'l?

Mwen konsidere chak gason kap di bòn fèt drapo, tankou yon nèg ki wè yon fanm byen anfòm, li bezwen pase kèk moman avèk li, lap di'l renmen'l kou'l fin kouche'l li kite'l.

Mwen konsidere'm chak fanm kap di bòn drapo kòm yon fanm ki wè yon nèg gen lajan lap di'l renmen'l pou'l ka pran kòb yo pou'l kite'l.
Sa'm vle di pa la, drapo se pa 2 moso twal youn ble e youn wouj la ki baz li, baz la se Deviz ki konsolide'l lan ki se "LINYON FÈ LA FÒS", 200000 Ayisyen al chili pou yon valè 600 000 0000 $ us minimòm pandan 200 000 sa te ka met ansanm pou chanje sistèm lan.
Nou pran timoun yo chak maten nap fè yo chante Mon Drapo popo mon joli peti drapo, pandan nou fè yo inyore 《Pour le Pays, pour les Ancêtres
Marchons unis, marchons unis
Dans nos rangs point de traîtres
Du sol soyons seuls maîtres
Marchons unis, marchons unis
Pour le Pays, pour les Ancêtres
Marchons, marchons, marchons unis
Pour le Pays, pour les Ancêtres》E fè yo konprann li, fè yon rantre pawòl sa nan fason yap viv.
Nou gen 3 pouvwa
1) Ekszekitif
2) Lejislatif
3) Jidisyè

Premye: ki se Ekszekitif koripsyon ap taye banba, tout nèg ap volè
Dezyèm: ki se Lejislatif sa se pi gwo wonte pèp ayisyen, espas sa menm se yon gagè, yon jeng, kote yon bann dròg dilè, yo fè preske tout vi yo ap fè deal dròg, kou yo fin gen lajan, yo vle gen pouvwa tou, e nou vote yo vre.
Twazyèm: Se enstitisyon ki pi moral ke'n ta dwe genyen, yo lage nan volè, nan vann jistis.

Kòmsi nou fyè vre? Majorite nan nou depi'm gen yon ti koze rezidans kap regle menm lekòl nou pa vle ale ankò.

Eske nou fyè? Mwen si'm ta di'm mwen fyè mwen ipwokrit anpil, paske palmis sou paspò'm lan, sou kat idantifikasyon nasyonal mwen an pa fyète'm!

05/13/2018

Bonjour et Bon Dimanche!

04/29/2018

Yon ti kal nan temwanyaj mwen Fre Gabe Feat Stanley Georges...
Yon istwa ki tris men ki ba'w plis ankourajman pou'w sèvi Bondye, kontinye sèvi Bondye ak fidelite li pap fè'w wont...
Pataje video, paske sa ka ede'w chanje yon moun!
LINK YOUTUBE :https://youtu.be/7EyEvZWtayg

04/16/2018

Bon midi ak Jezi...

04/02/2018

Yon minit plezi ka vin 50 ans soufrans...
Ta dwe gen plis sansibilizasyon sou koze MST, paske jèn kounya plis pè grosès ke sifilis ki se yon enfeksyon trè grav!
Se pa ni 2 ni 3 jèn ki pran risk, kòm yap pale lontan mwen anvi'w pa gen prezèvativ, ahah cheri mwen mèt fè'w konfyans?
Oui cheri!
"Epi kite'l mache"
Podyab Hummmmm!
Alors prudent!!!

BONDYE PAKA PWOTEJE'W NAN SA SE OU KI PWOTEJE TÈT OU!

03/30/2018

Menm jan ak Jezi nou chak gen yon vandredi sen kap pase nan lavi'l, ou pa oblije mouri ou pou yo kloure'w sou kwa, men li ka yon problèm familyal, yon problèm okonomik, li ka yon maladi, sèlman se ret konfyans aprè tout soufrans ou pran nan vi'w, menm jan ak Jezi kite soufri anpil kite resisite dimanch, ap gen yon dimanch pak nan lavi'w tou, kote wap ere, kote soufrans ou ap fini, kay ou ap peye, wap jwenn travay epi pitit ou pral lekòl...
Bon Vandredi Sen!

03/17/2018

Anpil fwa nou di Bondye konn bay li pa konn separe, anpil fwa nou di ke nou pa gen chans pou'n jwenn yon bon moun, men nou toujou bliye ke moun pa'w se ou ki pou kreye'l paske se nou tout ki pa bon!

Bon samedi!

03/04/2018

Si'w se yon bon tè depi'w plante Bondye lakay ou, ou paka rekòlte benediksyon...

Ke Benediksyon Bondye rantre nan lavi'w, nan fwaye'w, nan machin ou, nan travay ou!
"Bon Dimanch"

03/02/2018

Jèn fi, jèn gason je'w pa pako janm ouvri toujou, ou pa remake pi fò zanmi'w genyen, se lè'w gen nan men'w yo avèk ou, ou pa remake depi se pa pou program al trip yo pa janm la...

Konbyen nan zanmi'w yo wap bwè byè, al nan pwogram chak jou ki ankouje'w al lekol?

Konbyen nan zanmi'w ou nan program avèk li toutan lè ekzamen li di'w nou pap soti pran liv ou?
Konbyen zanmi ou nan program toutan ak li lè yo voye'w tounen pou kòb lekòl yo met ansanm pou yo ede'w peye'l?

Aprè Bondye, paran'w, yon bon moun ki nan vi'w pi fò se eksplwate yo vin eksplwate'w ouvri zye'w!

Fè chwa de Bondye kòm zanmi'w paske li pap janm lage'w nan wout!
Bòn joune ke Bondye beni nou!

02/27/2018

Bonjour et bonne journée!
Que ta journée soit une journée de bénédictions...

Timeline photos 02/26/2018

Konsèy Jounen an!
Ke Bondye beni semèn nou, pou ni epidemi grip, ni la fyèv, ni aksidan youn pa rive nou semèn lan!
Bon la jounen e bòn semèn...

02/25/2018

Di Bondye mèsi pou sa'l fè pou ou, sa'l fè pou fanmiy ou malgre moman yo difisil, malgre soufrans wap pran ou toujou gade onètete'w, se pa bon ou pi bon ke anpil moun kap fè sak pa sa yo, menm jan ak yo ou nan nesesite men Bondye fè'w gras ou kenbe tèt ou!
Pataje mesaj sa ak zanmi'w, fanmiy e Like paj lan pou'w Kontinye beni a travè pawòl Bondye a!

Bon Dimanche!

02/23/2018

"Imilite presede la glwa"
Mwen vle nou fè yon ti reflechi sou fraz sa!
Anpil fwa ogèy nou bloke delivrans nou, anpil fwa nou konsyan ke nou fè frè nou an mal, anpil fwa nou konsyan se nou ki fè'l pèdi travay la, anpil fwa nou konsyan se nou ki fè moun lòt bò a pa peye lekòl li, pa peye kay pou li, epi'w chita wap tann delivrans, ou chita wap tann benediksyon Bondye pandan'w lage frè'w ak sè'w la nan soufrans!
Ou menm tripotay ou met frè'w, sè'w, kouzen'w, kouzin nan kondisyon difisil, ou gen okazyon pou'w al kote'l mande'l padon, pran jenou'w mande Bondye padon pou peche ke'w te komèt anvè sè'w ak frè'w la!
Konsa Bondye a beni'w e wap jwenn gras enfini!

02/11/2018

Nenpòt lè'w santi'w pèdi espwa, pa plenyen bay moun, pa kriye jis fè Apèl ak Jezi epi wap jwenn solisyon!
Gen de lè priyè moun paka fè anyen pou ou se ou menm ki pou met jenou'w atè pou'w priye pou problèm ou!

Want your public figure to be the top-listed Public Figure in Kennesaw?
Click here to claim your Sponsored Listing.

Category

Telephone

Address


3995 Frey Road
Kennesaw, GA
30144

Other Entrepreneurs in Kennesaw (show all)
Barrett Business Builders Barrett Business Builders
1005 Cobb Place Boulevard
Kennesaw, 30144

We are a group of professional business associates who come together every Tuesday morning to grow each others' businesses through referrals.

Affiliate Pro Affiliate Pro
286 Watkins Glen Drive
Kennesaw

Teenage Affiliate

BZC Colors USA BZC Colors USA
Kennesaw, 30144

Custom Resin products, we put the color, magic and shine to your ideas

Veronica and Johnny Reyna Enterprise Veronica and Johnny Reyna Enterprise
2961 Owens Meadow Drive
Kennesaw, 30152

Our goal is to encourage others to join us in this community of like-minded people who are doing business online. We hope to inspire others by showing them how this business gave u...

Careerswithsindho Careerswithsindho
Kennesaw

Career Matchmaker

Rockin' Treats Rockin' Treats
Kennesaw

Hello and welcome! If you love amazing treats, you're on the right place!

Ethic Vvnt Ethic Vvnt
1113 Chastain Road NW
Kennesaw, 30144

Official Instagram for Atlanta Georgia Vivint Sales Team Work hard. Play hard. Make yourself a success!

TurnAround Unlimited TurnAround Unlimited
1480 Shiloh Road
Kennesaw

EVERYONE Deserves Another Chance!

Natasha's Digi World Natasha's Digi World
Kennesaw, 30144

Helping people how to earn online and become a successful Digital Business Owner.

MiKaela Davis MiKaela Davis
4290 Bells Ferry Road STE # 134-2036
Kennesaw, 30144

Founder & CEO of Your Time Notary, LLC 📍GA Mobile Notary Virtual Assistant Partner💰💻 Licensed Financial Professional

Cynthia Fortenberry Moore, Independent Beauty Consultant Cynthia Fortenberry Moore, Independent Beauty Consultant
2100 Ellison Lakes Drive NW
Kennesaw, 30152

Tap this link to Shop NOW: www.marykay.com/Cynthia

McCoy Makeover McCoy Makeover
Kennesaw

women Clothing Store World Wide Shopping